Konferans Jeneral
Kounyeya se moman an
Konferans Jeneral Avril 2022


Kounyeya se moman an

Kounyeya se moman nou ka aprann. Kounyeya se moman nou ka repanti. Kounyeya se moman nou ka beni lòt moun.

Chè frè m ak sè m yo, konferans sa a te istorik nan plizyè fason. Nou te beni pa lapriyè, mesaj, ak mizik yo te ofri nouyo. Nou te resevwa enspirasyon nan men sèvitè Senyè a yo.

Nou resevwa direksyon enpòtan pou lavni. Priyè m se pou Lespri a pale avèk nou dirèkteman konsènan bagay Senyè a vle pou nou fè yo.

Lavni toujou ensèten. Meteo konn chanje. Sèk ekonomik yo enprevizib. Dezas natirèl, aksidan, ak maladi ka chanje lavi rapidman. Evènman sa yo grandman depase kontwòl nou. Men gen kèk bagay nou ka kontwole, enkli fason nou pase tan nou chak jou.

M renmen powèm sa a pa Henry Van Dyke, ki ekri sou yon kadran solè nan Wells College nan New York. Li di konsa:

Dwèt men fè yon lonbraj

Ki divize lavni ak lepase:

Devan l, lè kache a ap dòmi,

Nan fènwa, ak odela pouvwa ou.

Dèyè l se liy ki pa retounen l lan,

Tan ki pase a pa pou ou ankò:

Se yon sèl lè ki nan men w,—

Se KOUNYEYA kote lonbraj la kanpe a.1

Wi, nou kapab e nou dwe tire leson nan lepase, e wi, nou kapab e nou dwe prepare pou lavni. Men se kounyea sèlman nou ka fè sa. Kounyeya se moman nou ka aprann. Kounyeya se moman nou ka repanti. Kounyeya se moman nou ka beni lòt moun e “leve men ki pandye yo.”2 Jan Mòmon te konseye pitit gason l lan, Mowoni an, “An nou travay avèk dilijans; … paske, nou gen yon travay pou nou fè pandan n ap viv nan kò sa a, pou nou kapab gen viktwa sou ènmi lajistis la, e pou nou repoze nanm nou nan wayòm Bondye a.”3

Advèsè a pa janm dòmi. Se sa k fè, ap toujou gen opozisyon a laverite. M ap repete egzòtasyon sa a m te bay maten an pou nou fè sa k ap ogmante elan spirityèl nou an, elan sa a Elder Dieter F. Uchtdorf te pale a, ki ap fè nou kontinye avanse devan nan kèlkeswa pwoblèm ak opòtinite ki vini.

Elan spirityèl pozitif nou ogmante lè nou adore nan tanp epi nou vin gen plis konpreyansyon sou lajè ak pwofondè benediksyon nou resevwa ladan l yo. Mwen sipliye nou pou nou kontrekare fason mond lan nan rete fokis sou benediksyon etènèl tanp yo. Tan nou pase ladan yo a ap pote benediksyon pou letènite.

Pandan Legliz la ap grandi tikal pa tikal, n ap eseye konstwi plis tanp pou nou kenbe vitès la. Nou gen karannkat nouvo tanp ki aktyèlman an konstriksyon. Plis pase kantite sa a ap renove. Mwen priye pou pwofesyonèl yo k ap travay sou pwojè sa yo nan tout mond lan.

Nan yon espri gratitid ak lapriyè, mwen kontan pou m anonse plan pou nou bati yon nouvo tanp nan chak nan lokasyon sa yo: Wellington, Nouvelle Zélande; Brazzaville, République Démocratique du Congo; Barcelone, Espagne; Birmingham, Royaume-Uni; Cusco, Pérou; Maceió, Bresil; Santos, Bresil; San Luis Potosí, Mexique; Mexico City Benemérito, Mexique; Tampa, Florida; Knoxville, Tennessee; Cleveland, Ohio; Wichita, Kansas; Austin, Texas; Missoula, Montana; Montpelier, Idaho; ak Modesto, Californie.

17 tanp sa yo pral beni anpil lavi nan toulède bò vwal la. Mwen renmen nou, chè frè m ak sè m yo. Pi enpòtan toujou, Senyè a renmen nou! Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. L ap dirije ak gide Legliz Li a. Ke nou rete yon pèp ki diy pou Senyè a, ki te di “Nou kapab pèp mwen epi m ap Bondye nou.”4

Konsènan sa mwen priye, nan non sakre Jezikri, amèn.