Konferans Jeneral
Kris la Geri Sa K Kraze
Konferans Jeneral Avril 2022


Kris la Geri Sa K Kraze

Li ka geri tout relasyon ki kraze avèk Bondye, tout relasyon ki kraze avèk lòt moun ak tout pati nan nou ki kase fizikman ak emosyonèlman.

Sa gen kèk ane, pandan yon reyinyon familyal, ti neve m nan, William ki te gen uitan nan lè sa a, te mande pi gran pitit gason nou an, Briton, si l ta renmen jwe boul avèk li. Briton te reponn avèk entouzyas: “Wi! Mwen ta renmen sa!” Apre yo te fin jwe pandan yon bon tan, balon a te chape devan Briton epi li kraze youn nan po flè antik granparan l yo pa aksidan.

Briton te santi l devaste. Pandan l te kòmanse lantman ranmase moso ki te kase yo, William te mache ale bò kote kouzin l lan epi li te pase men l sou do l avèk amou. Epi li te konsole misye kote l te di i: “Pa enkyete w, Briton. Yon lè m te kraze yon bagay kay Grann ak Granpapa m, men Grann mwen te pase men nan kou m epi li te di m: “Pa enkyete w, William. Se senkan sèlman w genyen.”

Briton te reponn li, “Men, William, mwen gen 23 zan!”

Nou kapab aprann anpil nan ekriti yo sou fason Sovè nou an, Jezikri, ap ede nou afwonte aspè difisil yo nan lavi nou avèk siksè, kèlkeleswa laj nou. Li ka geri tout relasyon ki kraze avèk Bondye, tout relasyon ki kraze avèk lòt moun ak tout pati nan nou ki kase fizikman ak emosyonèlman.

Relasyon kraze avèk Bondye

Pandan Sovè a t ap anseye nan tanp lan, pibliken yo ak Farizyen yo te mennen yon fi devan L. Nou pa konn tout istwa l la konplè, men nou sèlman konnen ke yo te kenbe l “ap fè adiltè.”1 Souvan, ekriti yo sèlman ba nou yon ti pòsyon nan lavi yon moun, epi baze sou pòsyon sa a, nou pafwa gen tandans pou n egzalte oubyen kondane yon moun. Nou pa ka konprann lavi okenn moun si nou baze sou yon sèl moman mayifik oubyen yon sèl desepsyon regretab nan je piblik la. Bi istwa sa yo nan ekriti yo se pou ede nou wè ke Kris la sete repons lan lè sa a, epi Li se repons lan kounyeya. Li konn istwa konplè a ak egzakteman tout sa n ap soufri, osibyen ke kapasite nou ak vilnerabilite nou.

Repons Kris la te ofri piti fi presye Bondye sa a se te “Mwen menm tou, m pa kondane w: ale, pa peche ankò.”2 Yon lòt fason pou L te di “ale, pa peche ankò” se ta kapab “ale epi chanje.” Sovè a t ap envite l repanti, pou l te chanje konpòtman li, asosyasyon li, fason l te santi anvè tèt pa li, kè li.

Gras ak Jezikri, desizyon nou pou nou “ale an avan epi chanje” a kapab pèmèt nou “ale an avan epi geri,” paske Li se sous gerizon pou tout sa ki kase nan lavi nou. Kòm gran Medyatè ak Avoka devan Papa a, Kris la sanktifye ak retabli relasyon ki kase—pi enpòtan ankò relasyon nou avèk Bondye.

Tradiksyon Joseph Smith la rann klè ke fi a te suiv konsèy Sovè a epi li te chanje lavi l: “Epi fi a te glorifye Bondye depi lè sa a, epi li te kwè nan non L.”3 Se domaj ke nou pa konn non li, ni lòt detay sou lavi li apre moman sa a, paske siman sa te mande gwo detèminasyon, imilite, ak lafwa nan Senyè a, Jezikri, pou l te kapab repanti ak chanje a. Sa nou konnen sèke fi sa a te “kwè nan non L” epi li te konprann ke li pa t depase limit pòte sakrifis enfini ak etènèl Senyè a.

Relasyon Kraze avèk Lòt Moun

Nan Lik chapit 15 nou li yon parabòl sou yon mesye ki te gen de pitit gason. Pi jèn nan de pitit gason yo te pran eritaj li nan men papa l, li te pati al nan yon peyi lwen epi li te gaspiye tout lajan l nan banbòch.4

“Lè misye fin depanse tout lajan l, yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa, li vin nan nesesite.

“L al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l nan jaden l al gade kochon.

“Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa konchon yo t ap manje a, men pèsonn pat ba li.

“Se lè sa atò li pran kalkile sou sitiyasyon l. Li did konsa; Gade kantite moun k ap travay kay papa m pou lajan! Yo jwenn mane depase sa yo ka manje, epi mwen mwnem, m ap mouri grangou isit la!

“M ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m, ma p di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.

“Mwen pa merite pou ou konsidere m pou pitit ou ankò. Gade m tankou yonn nan moun k ap travay avè ou yo.

“Li te leve vre, li te pran chemen tounen kay papa li. Misye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li.”5

Mwen kwè ke lefèt ke papa a te kouri al rankontre pitit li a gen anpil siyifikasyon. Pa gen okenn dout ke lapenn pèsonèl pitit la te enflije papa l la te pwofon anpil. Menm jan an tou, papa a te gen tout rezon pou l te santi l jennen akozde aksyon pitit gason l lan.

Men, poukisa papa a pa t ret tann pitit gason l lan vin kote l pou l te mande l padon? Poukisa li pa t tann yon ofrann restitisyon ak rekonsilyasyon anvan pou l te ofri padon ak lanmou? Sa a se yon bagay ki fè m reflechi souvan.

Senyè a anseye nou ke padone lòt moun se yon kòmandman inivèsèl: “Mwenmenm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun.”6 Padone kapab mande anpil kouraj ak imilite. Sa ka pran tan tou. Sa mande pou nou mete lafwa nou ak konfyans nou nan Senyè a pandan n ap asime responsabilite pou kondisyon kè nou. Se la siyifikasyon ak pouvwa libabit nou an chita.

Avèk deskripsyon papa sa a nan parabòl pitit gason ki te pèdi a, Sovè a te met aksan sou kijan padon se youn nan kado ki pi nòb nou youn kapab bay lòt, epi pi espesyalman nou ka bay tèt nou. Soulaje kè nou atravè padon pa toujou fasil, men avèk pouvwa Jezikri, li posib.

Pati nan nou ki Brize

Nan Travay chapit 3 nou aprann istwa yon nonm ki te enfim depi l te fèt epi “chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun ki ap antre nan tanp lan lacharite.”7

Mesye enfim sa a te gen plis ke 40 an8 epi sanble l te pase tout lavi l nan yon eta kote l te aparaman toujou nan bezwen oubyen ap rete tann, paske li te depann de asistans ak jenewozite lòt moun.

Yon jou li te wè “Pyè ak Jan ki ta pral antre nan Tanp lan [epi], li mande yo lacharite.

“Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.

“Mesye a pran gade yo; li te kwè yo ta pral ba l kichòy.

“Lè sa a, Pyè te di li: Mwen pa gen ni ajan ni lò. Men, sa m genyen an, m ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache.”

“Li te pran men dwat li epi li te fè l kanpe ; Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l yo vin fèm.

“Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l, li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache, li t ap ponpe, li t ap fè lwanj pou Bondye.”9

Anpil fwa nan lavi, menmjan avèk mandyan enfim ki te devan pòt tanp lan, nou twouve nou avèk pasyans—oubyen san pasyans pafwa— “rete ap tann Senyè a.”10 Rete ap tann pou nou geri fizikman ak emosyonèlman. Rete ap tann repons ki va penetre nan pati ki pi fon nan kè nou an. Rete ap tann yon mirak.

Rete ap tann Senyè a ka vin yon moman sakre—yon okazyon pou nou poli nou ak rafine nou pou nou ka vin konnen Sovè a nan yon fason ki pi pèsonèl ak pi pwofon. Rete ap tann Senyè a kapab yon moman kote nou twouve nou ap mande “O Bondye, ki kote ou ye?”11—yon moman kote pèseverans spirityèl mande nou pou nou egzèse lafwa nan Kris la, nan chwazi Li entansyonèlman, an plizyè fwa. Mwen fè eksperyans moman sa yo, e mwen konpran kalite atant sa a.

Mwen te pase anpil tan nan yon sant tretman kansè, ini nan soufrans mwen an avèk lòt moun ki te espere jwenn gerizon. Genyen ki te viv; genyen ki te mouri. Mwen te aprann nan yon fason pwofon ke delivrans anba eprèv nou yo diferan pou nou chak, epi pou rezon sa a nou ta dwe konsantre mwens sou fason nou delivre a men plis sou Liberatè a Limenm. Konsantrasyon nou ta dwe toujou sou Jezikri!

Egzèse lafwa nan Kris la vledi mete konfyans non sèlman nan volonte Bondye men nan moman L chwazi a tou. Paske, Li konnen sa nou bezwen ak kilè nou bezwen l. Lè nou soumèt nou devan volonte Senyè a, n ap finalman resevwa pi plis lontan pase sa nou te anvi yo.

Chè zanmi m yo, nou tout gen bagay nan lavi nou ki brize, ki bezwen repare, ranje, oubyen geri. Si nou vire gade Sovè a, si nou mete kè nou ak lespri nou an amoni avèk Li, si nou repanti, L ap vini kote nou ye a “avèk gerizon nan zèl li,”12 L ap pase bra L nan do nou avèk amou, epi L ap d: “Pa enkyete w, Ou sèlman gen 5 an—oubyen 16, 23, 48, 64, 91 zan. Nou ka fikse sa ansanm!

Mwen temwaye ke pa gen anyen nan lavi nou ki brize ke pouvwa gerizon ak redanmtè ak abilitan Jezikri pa kapab fikse. Nan non sakre e sen Moun ki gen pouvwa pou L geri a, Jezikri, amèn.