Konferans Jeneral
Nechèl lafwa
Konferans Jeneral Avril 2022


Nechèl lafwa

Enkwayans bloke kapasite nou pou nou wè mirak yo, pandan ke yon etadespri lafwa nan Sovè a ouvè pouvwa syèl la.

Kòman difikilte lavi yo afekte lafwa nou nan Jezikri? Epi ki efè lafwa nou ap genyen sou lajwa ak lapè nou eksperimante nan lavi sa a?

Ane a sete 1977. Telefòn nan te sonnen epi mesaj la te dechire kè nou Carolyn ak Doug Tebbs te nan pwosesis pou yo te demenaje al nan nouvo kay yo a aprè yo te fini etid siperyè yo. Kowòm ansyen an te vin ede chaje kamyon demenajman an. Doug, ki t ap asirel ke wout la te lib avan yo te fè bak pou soti, te fon dènye gade dèyè. Sa l pa t ka wè sete ti pitit fi l la, Jennie, ki te parèt dèyè kamyon an jis nan move moman an. Nan yon ti moman, Jennie byeneme yo a te mouri.

Kisa k ta pral pase aprè? Èske doulè yo te si pwofondeman santi a ak santiman pèt enkonsevab la ta pral kreye gwo gouf irekonsilyab ant Carolyn ak Doug, oubyen èske l t ap makònen kè yo ansanm epi rann lafwa yo nan plan Pè Selès la pi solid?

Wout afliksyon yo a te long e plen doulè, men, soti yon kote, yo te jwenn rezèv espirityèl pou yo pa t pèdi espwa, men pou yo te “rete sou wout [yo] a.”1 Nan yon fason oubyen yon lòt, koup enkwayab sa a te vin menm plis sanble ak Kris la. Pi angaje. Pi konpatisan. Yo te kwè ke, nan tan pa Li, Bondye t ap konsakre afliksyon yo nan avantaj pa yo.2

Byenke doulè ak pèt la pa ta oubyen pa ta ka disparèt konplètman, Carolyn ak Doug te jwenn rekonfò nan asirans ke si yo te rete fèm sou chemen alyans la, Jennie byeneme yo a t ap pou yo pou tout tan.3

Ekzanp yo te ranfòse lafwa m nan plan Senyè a. Nou pa wè tout bagay. Li wè. Senyè a te di Joseph Smith nan prizon Liberty a ke “tout bagay sa yo ap ba ou eksperyans, epi ap pou byen ou. Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase l?”4

Pandan n ap aksepte volonte Senyè a, l ap ansenye nou kòman pou nou mache avè l.5 Lè m te yon jèn misyonè ki t ap sèvi nan Tayiti, yo te mande m pou te beni yon timoun ki te malad. Nou te poze men nou sou tèt li epi nou te beni l pou l te ka vin mye. Sante l te kòmanse amelyore, men aprè li te vin tonbe malad ankò. Nou te beni l yon dezyèm fwa men rezilta a sete menm. You te mande sa yon twazyèm fwa. Nou te ppriye Senyè a pou volonte L te fèt. Byen vit apre, ti lespri sa a te retounen nan fwaye selès li.

Nou te anpè. Nou te vle pou timoun nan te viv, men Bondye te gen lòt plan. Aksepte volonte li nan plas pa nou se kle pou nou jwenn lajwa kèlkeswa sikonstans nou.

Lafwa senp nou genyen nan Jezikri premye fwa lè nou kòmanse aprann de li a ka rete nan kè nou pandan n ap konfronte problèm lavi nou yo. Lafwa nou nan li kapab epi ap gide nou atravè bagay konplèks ki nan lavi a. Anfèt, n ap dekoouvri ke gen senplisite nan lòt bò konplike lavi a6 pandan n ap rete avèk “[fèmte] fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè.”7

Yon pati nan objektif lavi a se pèmèt pyèdachopman potansyèl sa yo tounen apui pandan n ap grenpe sa m rele “nechèl lafwa” a. Li ka monte epi desann selon chwa nou fè.

Pandan n ap lite pou nou bati lafwa nan Sovè a, nou gen dwa pa totalman konprann lanmou Bondye pou nou epi nou obeyi lwa l yo pa obligasyon. Kilpabilite ka menm vin tounen motivasyon prensipal nou olye de lanmou. Sa ki vledi nou petèt poko fè eksperyans yon koneksyon reyèl avèk li.

Pandan n ap chèche ogmante lafwa nou an, nou gen dwa vin gen konfizyon akoz de sa Jak te anseye yo. Li te raple nou ke “lafwa san zèv mouri.”8 Nou riske trebiche si nou panse tout bagay depann de nou. Si nou twò depann de nou, sa ka diminye kapasite nou pou nou jwenn aksè nan pouvwa syèl la.

Men, amezi n ap avanse atravè vrè lafwa nan Jezikri, etadespri nou kòmanse chanje. Nou rekonèt ke obeyisans ak lafwa nan Sovè a kalifye nou pou nou toujou gen Lespri li avèk nou.9 Obeyisans pa yon bagay ki fè nou irite ankò, men li vin yon rechèch.10 Nou rekonèt ke obeyi kòmandman Bondye yo pèmèt nou gen konfyans nan Li. Avèk konfyans Li, nou vin gen plis limyè. Limyè sa a gide vwayaj nou atravè lavi a epi l pèmèt nou pi byen wè chemen nou dwe pran an.

Men gen plis toujou. Pandan lafwa nou nan Sovè a ap ogmante, n ap obsève yon chanjman sibtil ki gen ladann yon konpreyansyon diven sou relasyon nou avèk Bondye—yon mouvman fiks ki demake de “Kisa m vle?” pou mande “Kisa Bondye vle?” Menm jan ak Sovè a, nou vle aji “non pa jan nou vle, men jan ou vle.”11 Nou vle fè travay Bondye a epi vin yon enstriman nan men Li.12

Pwogresyon nou se yon pwogresyon etènèl. Prezidan Nelson te ansenye ke gen sitèlman plis bagay ke Bondye vle nou konnen.13 Pandan n ap pwogrese, nou vin pi byen konprann sa Senyè a te anseye Joseph Smith la: “Paske si ou respekte kòmandman m yo, w ap resevwa totalite l, epi w ap glorifye nan mwen jan m glorifye nan Papa a; se poutèt sa, m di ou, ou pral resevwa gras sou gras.”14

Se dezisyon pa nou pou n konnen nan ki wotè n ap grenpe sou nechèl lafwa a. Èldè Andersen te ansenye, “ lafwa pa vini pa chans men pa chwa.”15 Nou ka chwazi fè chwa nou bezwen pou ogmante lafwa nou nan Sovè a.

Konsidere enpak chwa Laman ak Lemyèl te fè lè yo te desann nechèl lafwa a pandan ke Nefi te grenpe pi wo. Èske gen yon reprezantasyon ki pi klè pase diferans nan repons Nefi a ki te di “M prale epi m ap fè”16 a, konpare avèk Laman ak Lemyèl, ki te fèk wè yon zanj, epi ki te reponn “Kòman sa fè posib pou Senyè a livre Laban nan men nou?”17

Enkwayans bloke kapasite nou pou nou wè mirak yo, pandan ke yon etadespri lafwa nan Sovè a ouvè pouvwa syèl la.

Menm lè lafwa nou fèb, Senyè a ap toujou lonje men l pou l soutni nou.18 Sa gen kèk ane, m te resevwa tach pou m te reyòganize yon pye nan Nigerya. Nan dènye minit, te gen yon chanjman nan dat la. Te gen yon mesye nan pieu a ki te deside kite vil la pou premye dat konferans la. Li pa t vle pran risk pou yo te aple l kòm prezidan pieu.

Pandan l te ale a, li te fè yon aksidan terib, men li pa t gen anyen. Sa te lakoz li te reflechi sou rezon k fè lavi l te epanye a. Li te retounen sou desizyon l te pran an. Li te repanti epi li te enbleman vin prezante l nan nouvo dat konferans la. Epi wi, se limenm ki te aple pou l te vin nouvo prezidan pieu a.

Èldè Neal A. Maxwell te ansenye: “Se sèlman lè nou alinye volonte nou ak volonte Bondye n ap jwen bonè total. Nenpòt lòt bagay ap ba nou yon ti pòsyon ki pi piti.”19

Aprè nou fin fè “tout sa ki nan pouvwa nou,” lè sa a, l ap se ap moman pou nou “leve … pou wè sali Bondye.”20 Mwen te wè sa pandan m tap sèvi kòm frè sèvis pastoral pou fanmiy McCormick. Marye depi 21 an, Mary Kay te sèvi fidèlman nan apèl li yo. Ken pa t yon manb Legliz la epi li pa t enterese pou l te vin manm, men, paske l te renmen madanm li, li te deside vin legliz avè l.

Yon Dimanch mwen te santi enpresyon pou m te pataje temwayaj mwen avèk Ken. Mwen te mande l si m te ka fè sa. Repons li a te senp epi klè. “Non mèsi.”

M te etone. M te santi yon enspirasyon epi m te eseye suiv li. Sa te tante m pou m te deside ke m te fè pati pa m nan. Men aprè priyè ak refleksyon, mwen te ka wè ke kwak mwen te gen bon entansyon, mwen te konte twòp sou mwen menm e twò piti sou Senyè a.

Nan apre, m te retounen men, avèk yon etadespri diferan. Mwen ta ale senpleman kòm yon enstriman nan men Senyè a avèk okenn lòt dezi ke suiv Lespri a. Ansanm ak konpanyon fidèl mwen an, Gerald Gordon, nou te antre nan kay McCormick yo.

Yon ti tan aprè, m te santi enspirasyon pou m te envite Gerald pou l te chante “Je sais qu’il vit mon Redempteur”21 Li te banm yon koudèy plen kesyon, men kòm li te gen lafwa nan lafwa pa m, li te fè l. Yon bèl espri te ranpli sal la. Enspirasyon an te vini pou m te envite Mary Kay ak Kristin, pitit fi yo a, pou yo te rann temwayaj yo. Pandan yo t ap fè sa, Lespri a te vin pi fò. Anfèt, aprè temwayaj Kristin nan, dlo t ap koule nan je Ken.22

Bondye te bagay la anmen. Kè te non sèlman touche, men chanje ajamè. Venteyennan enkwayans te disparèt pa pouvwa Sentespri a. Yon semèn apre, Ken te batize. Yon ane aprè, Ken ak Mary Kay te sele nan kay Senyè a pou letan ak pou tout letènite.

Ansanm nou te fè eksperyans kisa sa vle di pou ranplase volonte pa nou pa volonte Senyè a, epi lafwa nou nan li te ogmante.

Tanpri, konsidere kesyon sa yo ke pwofèt Bondye yo te poze pandan n ap ef1se nou pou n grenpe nechèl lafwa a:

Èske m debarase m de lògèy?22

Èske m fè plas nan kè m pou pawòl Bondye a?23

Èske m pèmèt afliksyon m yo konsakre pou byen m?24

Èske m dispoze pou m kite volonte m anglouti nan volonte Papa a?25

Si m te santi bezwen pou m te chante lanmou Redanmtè a, eske m kapab santi sa kounyea?26

Èske m kite Bondye gen priyorite nan lavi mwen?27

Si w santi chemen w ap suiv aktyèlman an an konfli avèk lafwa w nan Sovè a, tanpri,chèche mwayen pou w retounen vin jwenn li ak retounen nan chemen alyans la. Egzaltasyon w ak pa posterite w depann de li.

Se pou nou plante semans lafwa yo fon nan kè nou. Se pou nou nouri semans sa yo pandan n ap liye nou avèk Sovè a nan onore alyans nou fè avèk Li yo. Nan non Jezikri, amèn.