Konferans Jeneral
Yon Gwo Chanjman nan Kè; Mwen pa Gen Anyen Anplis Pou M Ofri W
Konferans Jeneral Avril 2022


“Yon chanjman kè”

“Mwen pa Gen Anyen Anplis Pou M Ofri W”

Chanjman kè se pa yon evènman; sa mande lafwa, kouraj, ak travay espirityèl konstan pou l rive.

Entwodiksyon

Jou Vandredi 28 Oktòb 1588 la, apre l te fin pèdi gouvènay li epi yo t ap manevre avèk ràm yo sèlman, bato La Gironaa, ki sete bato Gran Armada Espanyòl la, te fè kolizyon avèk wòch Lacada Point yo nan Nò Irland.1

Bato a te chavire. Youn nan nofraje ki t ap konbat pou l te siviv yo te gen nan dwèt li yon bag annò madanm ni te ba li kèk mwa anvan sa, bag la te gen yon bagay ekri sou li ki te di, “Mwen pa gen anyen anplis pou m ofri w.”2

“Mwen pa gen anyen anplis pou m ofri w”—yon fraz, avèk yon bag ki te gen desen yon men ki te kenbe yon kè, yon ekspresyon lanmou yon madanm pou mari li.

Koneksyon avèk Ekriti yo

Lè m te li istwa sa a, li te fè yon gwo enpresyon sou mwen, epi m te panse a demann Sovè a te fè ki di: “Ofri m yon kè ki brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis”3la.

M te panse avè reyaksyon pèp la lè yo te tande pawòl Wa Benjamen yo: “Wi, nou kwè tout pawòl ou te pale nou yo …, ki te opere yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.”4

Koneksyon Pèsonèl

Kite m pataje avèk nou yon eksperyans mwen te fè lè m te gen 12 zan, ki gen efè sou mwen jiska jodia.

Manman m te di “Eduardo, fè vit.” Nou anreta pou reyinyon Legliz yo.”

M te reponn: “Manman, m ap rete avèk papa m jodiya.”

“Èske sevre sa w di a? Ou dwe asiste reyinyon kowòm prètriz ou,” li te di.

M te reponn: “Pòv papa m!” L ap rete poukont li. M ap rete avèk li jodiya.”

Papa m pa t manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Manman m ak sè m yo te ale nan reyinyon Dimanch yo. Konsa, mwen t al jwenn papa m nan atelye l la, kote l te renmen rete nan jou Dimanch yo, epi jan m te di manman m nan, m te pase yon bon moman, ki vle di, kèlke minit avèk li, epi apresa m te mande l, “Papa, èske tout bagay anfòm?”

Li te kontinye avèk pastan li ki sete repare radyo ak revèy la, epi li te jis banm yon ti souri.

Apre sa m te di l, “Mwen pral jwe avèk zanmi m yo.”

San l pa t leve je l, papa m te di m, “Jodiya se Dimanch. Se pa legliz ou ta dwe ye?”

“Wi, men jodiya m te di manman m mwen pa prale,” mwen te reponn. Papa m te kontinye sa l t ap fè a, epi pou mwenmenm, sa se te pèmisyonpou m t ale.

Jou maten sa a, te gen yon match foutbòl enpòtan, epi zanmi m yo te di m ke m pa t ka rate l paske nou te dwe genyen match sa a.

Pwoblèm mwen sèke m te oblije pase devan chapèl la pou m t al sou teren foutbòl la.

Ak detèminasyon, m te kouri a tout vitès pou m t al sou teren foutbòl la epi m te stope devan gwo pyèdachopman an, chapèl la. Mwen te kouri travèse sou twotwa opoze a kote te gen kèk gwo pyebwa, epi m te deside pou m te kouri nan mitan pyebwa yo pou pèsonn pa t wè m paske sete nan lè moun yo te kòmanse ap rive pou reyinyon yo.

M te rive jis atan pou kòmansman match la. M te kapab jwen epi retounen lakay anvan manman m te retounen.

Tout bagay te byen pase; ekip nou an te genyen, epi m te kontan. Men kouri byen egzekite m nan pou m t ale sou teren an pa t pase inapèsi; konseye m nan kowòm dyak yo te wè m.

Frè Félix Espinoza te wè m ap kouri byen vit nan mitan pyebwa yo, pou pesonn pa t wè mwen.

Nan kòmansman semèn nan, frè Espinoza te vini lakay mwen epi l te mande pou l te pale avèk mwen. Li pa t di anyen sou sa l te wè jou Dimanch la, ni li pa t mande m poukisa m pa t vini nan reyinyon m nan.

Li te jis lonje manyèl la ban mwen epi l te di “M ta renmen w anseye klas prètriz la Dimanch. Mwen make leson an pou ou. Li pa difisil. M vle pou w li l, epi m ap tounen nan de jou pou ede w nan preparasyon leson an.” Lè l te fin di sa, li te ban m manyèl la epi l t ale.

Mwen pa t anvi anseye klas la, men pa t ka rive di l non. Mwen te planifye pou m te rete avèk papa m ankò—ki vle di, te gen yon lòt match enpòtan.

Frè Espinoza sete yon moun ke jèn yo te admire.5 Li te jwenn levanjil retabli a epi sa te chanje lavi li oubyen, otremandi, kè li.

Lè Samdi aprèmidi te rive, m te panse, “ebyen, petèt demen ma leve malad, epi m pa p bezwen al legliz.” Se pa t match foutbòl la ki te ban m pwoblèm ankò; sete leson m te gen pou m te anseye a, espesyalman yon leson sou Jou Saba a.

Dimanch te rive, epi m te leve pi ansante pase jamè. Mwen pa t gen okenn eskiz—okenn echapatwa.

Sete premye fwa m ta pral anseye yon leson, men frè Espinoza te la bò kote m, epi sete jou sa a m te fè eksperyans yon gwo chanjman kè.

Apati moman sa a, mwen te kòmanse sanktifye Jou Saba a, epi avèk letan, jan Prezidan Nelson te di a, Jou Saba a te vin yon delis pou mwen.6

“Senyè, mwen ba ou tout bagay; Mwen pa gen anyen anplis pou m ofri w.”

Jwenn

Kijan pou nou rive jwenn gwo chanjman kè sa a? Li kòmanse epi finalman li rive

  1. lè nou etidye ekriti yo pou nou chèche konesans ki ap fòtifye lafwa nou nan Jezikri, sa ki ap kreye nan nou yon anvi pou nou chanje.7

  2. lè nou kiltive anvi sa a atravè lapriyè ak jèn.8

  3. lè nou aji, dapre pawòl nou etidye oubyen nou resevwa yo, epi nou fè yon alyans pou nou livre kè nou ba Li, menm jan ak pèp Wa Bejamen an.9

Rekonesans ak Alyans

Kijan nou fè konnen kè nou ap chanje?10

  1. Lè nou vle fè Bondye plezi nan tout bagay.11

  2. Lè nou trete lòt moun avèk lanmou, respè, ak konsiderasyon.12

  3. Lè nou wè kalite Kris yo ap kòmanse fè pati karaktè nou.13

  4. Lè nou santi direksyon Sentespri a kontinyèlman.14

  5. Lè nou respekte yon kòmandman ki te konn difisil pou nou obeyi epi nou kontinye viv li.15

Lè nou koute konsèy dirijan nou yo avèk atansyon epi nou suiv yo jwayezman, èske nou pa fè eksperyans yon gwo chanjman nan kè nou?

“Senyè, mwen ba ou tout bagay; Mwen pa gen anyen anplis pou m ofri w.”

Antretyen ak Benefis

Kijan nou kenbe gwo chanjman sa a?

  1. Lè nou pran sentsèn chak semèn epi nou renouvle alyans pou nou pran non Kris la sou tèt nou an epi nou toujou sonje Li, ak kenbe kòmandman L yo.16

  2. Lè nou oryante lavi nou nan direksyon tanp lan.17 Patisipasyon regilye nan tanp ap ede nou kenbe yon kè nouvo ki renouvle pandan n ap patisipe nan òdonans yo.

  3. Lè nou renmen ak sèvi pwochen nou atravè aktivite sèvis pastoral ak travay misyonè.18

Se lè sa a, pou gran lajwa nou, chanjman alenteryè sa a ap fòtifye epi l ap pwopaje jiskaske l mennen nou fè bon zèv.19

Gwo chanjman kè sa a ba nou yon santiman libète, konfyans, ak lapè.20

Chanjman kè se pa yon evènman; sa mande lafwa, kouraj, ak travay espirityèl konstan pou l rive. Li kòmanse lè nou gen dezi pou nou soumèt volonte nou nan men Senyè a, epi li materyalize lè nou antre nan alyans avèk Li epi nou kenbe alyans sa yo.

Aksyon endividyèl sa a gen yon efè pozitif sou noumenm ansanm ak moun ki bò kote nou.

Nan pawòl Prezidan Russell M. Nelson, “Imajine nan ki vitès konfli devastan atravè tout mond lan—ak sa nan lavi pèsonèl nou yo—t ap rezoud si tout moun te chwazi suiv Jezikri ak koute ansèyman L yo.”21 Aksyon pou suiv ansèyman Sovè a mennen nan yon gwo chanjman kè.

Chè frè m ak sè m yo, jèn yo, ak timoun yo, pandan n ap patisipe nan konferans la wikenn sa a, kite pawòl pwofèt nou yo, ki soti nan men Senyè a, rantre nan kè nou pou nou fè eksperyans yon gwo chanjman nan kè nou.

Pou tout moun ki poko rantre nan legliz retabli Senyè a, mwen envite nou pou nou tande misyonè yo avèk yon dezi sensè pou n ka konnen kisa Bondye atann de nou epi pou nou fè eksperyans transfòmasyon enteryè sa a.22

Jodia se jou pou nou deside pou n suiv Senyè a, Jezikri. “Senyè, mwen ba ou kè mwen; Mwen pa gen anyen anplis pou m ofri W.”

Menm jan yo te dekouvri bag la nan mitan nofraj bato a, lè nou bay Bondye kè nou, nou sove anba lanmè dechennen yo nan lavi sa a, epi nan pwosesis la, nou vin rafine ak pirifye atravè Ekspiyasyon Kris la epi nou vin tounen “pitit Kris la” paske Li “ba nou nesans” espirityèlman.”23 Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.