Konferans Jeneral
Avèk Tout Kè Nou
Konferans Jeneral Avril 2022


Avèk Tout Kè Nou

Si nou vle Sovè a leve nou al nan direksyon syèl la, alò, angajman nou anvè Limenm ak levanjil Li a pa ka yon bagay aksidantèl oubyen okazyonèl.

Yon Ofrann Pou Li

Sèlman kèk jou anvan Li te bay lavi L pou nou an, Jezikri te nan tanp lan an Jerizalèm, li t ap gade moun yo ap mete kòb nan bwat ofrann tanp lan. “Plizyè moun rich t ap mete anpil lajan,” men yon pòv vèv vin rive tou; “li mete de ti kòb ki pa t menm fè mwatye senk kòb.” Kòb sa a te sitèlman piti, ou ta di sa pa t vo lapèn pou yo te anrejistre l.

Imaj
Yon vèv k ap ofri de ti pyès kòb

Epoutan ti ofrann sa a ki te sanble li san enpòtans la te atire atansyon Sovè a. Anfèt, ofrann sa a te sitèlman empresyone L ke “Li te rele disip li yo, Li te di yo: Sa m ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la.

“Paske tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te genyen, tout sa l te genyen pou l viv.”1

Avèk obsèvasyon senp sa a, Sovè a te anseye nou kijan yo mezire ofrann nan Wayòm Li a—e sa diferan nèt parapò a jan nou abityèlman mezire bagay pa nou. Pou Senyè a, valè yon ofrann pa t mezire daprè efè li te genyen sou bwat lajan an men pito daprè efè li te genyen sou kè moun ki te bay li a.

Pandan L t ap fè lwanj pou vèv fidèl sa a, Sovè a te ba nou yon modèl pou nou mezire ki kalite disip nou ye nan tout sans ekspresyon an. Jezi te anseye ke yon ofrann gen dwa gwo oswa piti, men nan toulède ka yo, li dwe reprezante tout sa nou santi nan kè nou.

Prensip sa a repete nan siplikasyon pwofèt Amaleki a nan Liv Mòmon an tou: “Vin jwenn Kris la, ki se Sen Izrayèl la, pou nou patisipe nan sali l ap bay la, ak pouvwa redanmsyon li a. Wi, vin jwenn li, e ofri tout nanm nou kòm yon ofrann ba li.”2

Men kijan sa fè posib? Pou anpil nan nou, yon angajman total e lou konsa sanble yon bagay ki pa posib. Chay nou deja twò lou. Kijan nou ka jwenn ekilib ant tout egzijans lavi a avèk dezi nou pou nou ofri Senyè a tout nanm nou?

Petèt pwoblèm nou sèke nou panse ekilib vle di divize tan nou yon fason egal pami anpil enterè opose. Lè nou wè l fason sa a, angajman nou anvè Jezikri se youn nan pami tout bagay nou dwe fè —yon bagay nou adapte a orè nou ki deja chaje a. Men petèt gen yon lòt fason pou nou wè l.

Ekilib: Tankou Woule Yon Bisiklèt

Mwenmenm ak madanm mwen, Harriet, renmen roule bisiklèt ansanm. Se yon fason mèveye pou nou fè egzèsis pandan n ap pase tan ansanm. Pandan n ap woule bisiklèt, epi m pa twò bouke ni twò esoufle, nou pran plezi nan bèl mond ki antoure nou an e nou menm anganje nou nan yon konvèsasyon agreyab. Se raman nou oblije fè anpil atansyon pou nou kenbe ekilib nou sou bisiklèt nou yo. Nou tèlman gen lontan depi n ap monte bisiklèt ke nou pa menm panse a sa kounyea—li vin tou natirèl pou nou.

Men chak fwa m ap gade yon moun ki ap aprann monte bisiklèt premyè fwa, mwen sonje ke l pa fasil pou yon moun kenbe ekilib li sou de wou etwat sa yo. Sa mande tan. Sa mande pratik. Sa mande pasyans. Sa menm mande pou w tonbe youn ou de fwa.

Plis pase tout bagay, moun ki rive kenbe ekilib yo sou yon bisiklèt, yo aprann konsèy enpòtan sa a:

Pa gade pye w.

Gade devan w.

Fikse je w sou wout ki devan w lan. Konsantre w sou destinasyon ou. Epi pedale. Rete an ekilib se tout bagay nan avanse devan.

Menm kalite prensip sa yo aplike lè nou bezwen jwenn ekilib nan lavi nou kòm disip Jezikri tou . Distribiye tan w ak enèji w pami bann tach enpòtan w yo ap varye de yon moun a yon lòt ak selon yon peryòd lavi w al nan yon lòt. Men objektif komen ak prensipal nou se pou nou suiv Chemen Mèt nou an, Jezikri, epi retounen nan prezans Papa byenneme nou an nan Syèl la. Objektif sa a dwe rete konstan ak konsistan, kèlkeswa moun nou ye e kèlkeswa lòt bagay k ap pase nan lavi nou.3

Soulve: Tankou yon Avyon ki ap Vole

Kounyeya, pou moun ki se siklis pasyone yo, konpare kalite yon disip avèk monte yon bisiklèt kapab yon analoji ki itil. Pou moun ki pa pasyone yo, pa fatige nou. Mwen m gen yon lòt analoji, ke m sèten tout gason, tout fi, ak tout timoun ap retwouve yo ladan l.

Menm jan avèk pifò bagay nan lavi a, ou ka konpare kalite disip la avèk kondui yon avyon.

Èske w janm pran yon ti poz pou w panse a kijan sa etonan ke yon gwo avyon ki pote pasaje kapab kite sòl la pou l pran vòl? Kisa k fè machin k ap vole sa yo vole byen chèlbè nan syèl la, ap travèse lanmè ak kontinan konsa?

Pou nou di l senpleman, yon avyon kapab vole sèlman si l gen lè k ap fè k ap deplase sou zèl li. Mouvman sa a kreye diferans nan presyon lè a ki bay avyon an fòs pou l monte. E kijan w fè gen ase lè k ap fè mouvman sou zèl yo pou kreye soulèvman sa a? Repons la se pwopilsyon an avan.

Avyon an p ap pran altitid lè l kanpe sou pis la. Menm nan yon jou plen van, soulèvman an pa p fèt amwnenske avyon an ap fè mouvman an avan, avèk ase pwopilsyon pou l kontrekare fòs ki ap kenbe l dèyè yo.

Menm jan elan annavan fè yon bisiklèt kenbe ekilib li epi rete kanpe dwat la, mouvman annavan yon avyon ede l simonte pezantè a ki ap rale l anba a ansanm ak fòs ki ap tire sou li a.

Kisa sa vle di pou noumenm kòm disip Jezikri? Sa vle di ke si nou vle jwenn balans nan lavi a, epi si nou vle Sovè a soulve nou nan direksyon syèl la, alò, angajman nou anvè Limenm ak levanjil Li a pa ka yon bagay neglijan oubyen okazyonèl. Menm jan avèk vèv nan Jerizalèm nan, nou dwe ofri L tout nanm nou. Ofrann nou an gen dwa piti, men li dwe soti nan kè nou ak nan nanm nou.

Sèvi kòm yon disip Jezikri se pa sèlman youn nan bann bagay nou ap fè yo. Sovè a se pouvwa ki bay motivasyon ki dèyè tout sa nou ap fè. Li pa yon arè kote nou pran repo pandan vwayaj nou an. Li pa yon yon peyizaj sou wout la ni menm yon gwo moniman wou wout la. Li se “chemen an, verite a, ak lavi a: pèsonn pa ka al jwenn Papa a”—destinasyon final nou an—“si l pa pase pa [Jezikri].”4 Sa se Chemen an ak destinasyon final nou.

Ekilib la ak soulèvman an vini lè nou “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun.”5

Sakrifis ak Konsekrasyon

Epi kisa n ap di pou bann tach ak responsablite ki fè lavi nou si okipe konsa yo? Pase tan avèk moun nou renmen, ale lekòl oubyen prepare n pou yon metye, fè yon ti kòb pou nou viv, pran swen fanmi nou, sèvi nan kominote nou —kijan nou ka balanse tout bagay sa yo? Sovè a ba nou asirans sa a:

“Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.

“Men, chèche wayòm Bondye a ak lajistis li anvan, e L ap ajoute tout bagay sa yo pou ou.”6.

Men sa pa vle di li fasil.7 Sa mande alafwa sakrifis ak konsekrasyon.

Sa mande pou nou kite kèk bagay ale epi kite lòt bagay pwogrese.

Sakrifis ak konsekrasyon se de lwa selès ke nou fè alyans pou nou obeyi nan tanp sakre a. De lwa sa yo sanble men yo pa idantik. Fè sakrifis vle di abandone yon bagay pou yon lòt bagay ki gen plis valè. Nan tan lontan an, pèp Bondye a te konn sakrifye premye pitit bèt yo pou yo te onore Mesi ki t ap vini an. Atravè listwa, Sen fidèl yo konn sakrifye dezi pèsonèl yo, konfò yo, e menm lavi yo pou Sovè a.

Nou tout gen bagay, gwo ak piti, nou bezwen sakrifye pou nou ka suiv Jezikri pi totalman.8 Sakrifis nou yo montre kisa nou vrèman bay valè. Sakrifis yo sakre e Senyè a onore yo.9

Konsekrasyon diferan de sakrifis nan omwen yon fason enpòtan. Lè nou konsakre yon bagay, nou pa abandone l pou l konsime sou otèl la. De preferans, nou itilize l pou sèvis Senyè a. Nou konsakre l pou Limenm ak pou bi sakre L yo.10 Nou resevwa talan ke Senyè a ba nou epi nou eseye ogmante yo, mil fwa, pou nou ka vin pi itil nan ede bati wayòm Senyè a.11

Pa gen anpil nan pami nou y ap janm mande pou sakrifye lavi nou pou Sovè a. Men yo envite nou tout pou nou konsakre lavi nou a Limenm.

Yon Sèl Travay, Yon Sèl Jwa, Yon Sèl Bi

Pandan n ap chèche pirifye lavi nou epi gade Kris la nan chak panse,12 tout lòt bagay yo ap kòmanse aliyen. Lavi a pa p sanble l tankou yon long lis aksyon separe ke nou kenbe nan yon ekilib fèb ak frajil.

Avèk tan k ap pase, tout sa nou fè vin tounen yon sèl zèv.

Yon sèl jwa.

Yon bi sakre.

Se travay renmen ak sèvi Bondye a. Se renmen ak sèvi pitit Li yo.13

Lè nou gade lavi nou epi nou wè 100 bagay pou nou fè, nou santi nou depase. Lè nou wè yon sèl bagay—renmen ak sèvi Bondye ak pitit Li yo, nan 100 fason diferan—lè sa a nou ka konsantre nou sou bagay sa yo avèk lajwa.

Se konsa nou ofri tout nanm nou—nan sakrifye nenpòt bagay ki ap rale nou dèyè epi konsakre rès la pou Senyè a ak bi L yo.

Yon Mo Ankourajman ak Temwayaj

Chè frè m ak sè m yo, chè zanmi mwen, ap gen lè kote w ap swete ke w te ka fè plis. Papa eman nou an ki nan Syèl la konn kè w. Li konnen ke w pa kapab fè tout sa kè w ta anvi fè. Men ou ka renmen L ak sèvi Li. Ou ka fè pi byen w kapab pou w kenbe kòmandman L yo. Ou ka renmen ak sèvi pitit Li yo. Epi efò w yo ap pirifye kè w epi prepare w pou yon avni gloriye.

Se sa vèv la devan trezò tanp lan sanble l te konprann. Siman li te konnen ofrann ni an pa t ap chanje fòtin Izrayèl, men li ta kapab chanje l limenm—paske, malgre l te piti, sete tout sa l te genyen.

Konsa, chè zanmi m ak disip Jezikri byeneme m yo, an nou pa janm “sispann fè byen,” paske n ap “poze fondasyon yon gwo travay.” Epi se nan ti bagay pa nou yo, “sa ki gran soti.”14

Mwen temwaye ke sa se verite, epitou mwen temwaye ke Jezikri se Mèt nou, Redanmtè nou, ak sèl e unique Chemen pou nou retounen al jwenn Pè Selès byenneme nou an. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Mak 12:41–44.

  2. Omni 1:26.

  3. Timoun nou yo ak jèn nou yo resevwa envitasyon pou yo grandi nan yon fason ekilibre pandan y ap suiv Jezikri, ki “te vin gen plis lespri toujou, li t ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.” (Lik 2:52).

  4. Jan 14:6.

  5. 2 Nefi 31:20.

  6. 3 Nefi 13:32-33; gade tou nan Matye 6:32–33. Tradiksyon Joseph Smith, Matye 6:38 bay yon apèsi anplis: “Pa chèche bagay ki nan mond sa a, men, chèche bati wayòm Bondye a premyèman, epi pou tabli lajistis Li” (nan Matye 6:33, nòt anba paj a).

  7. Yon egzanp ki soti bò kote pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Lè l te nan pi wo degre nan karyè pwofesyonèl li kòm chirijyen kè, yo te ba l apèl l kòm prezidan pieu. Se Èldè Spencer W. Kimball ak Èldè LeGrand Richards ki te bay apèl la. Pandan yo rekonèt egzijans lavi pwofesyonèl li yo, yo te di l: “Si w santi ou twò okipe e ou pa ta dwe asepte apèl la, se privlèj pa w nan moman sa a.” Li te reponn ke desizyon pou si l ta dwe sèvi ou pa lè yo rele l te fèt depi byen lontan, se te depi lè limenm ak madanm li te fè alyans tanp avèk Senyè a. Li te di: “Nou te pran angajman lè sa a“ pou nou ‘chèche … premyèman wayòm Bondye a, ak jistis Li’ [Matye 6:33], pou m santi m konfyan ke tout lòt bagay yo tap vin ajoute sou nou, jan Senyè a te pwomèt la” (Russell Marion Nelson, From Heart to Heart: An Autobiography [1979], 114).

  8. Prezidan Nelson te pale resamman sou “nesesite pou nou chak retire vye debri yo nan lavi nou avèk èd Senyè a. … Mwen envite nou priye,” li te di “pou nou idantifye debri nou dwe retire nan lavi nou pou nou ka vin pi diy” ” (“Mesaj Byenveni,” Liahona, Me 2021, 7).

  9. Ekriti yo di, pou Bondye, sakrifis nou yo pi sakre pase akonplisman nou yo (gade nan Doktrin ak Alyans 117:13). Sa kapab youn nan rezon ki fè Senyè a te bay ofrann vèv la plis valè pase kontribisyon moun rich yo. Ofrann vèv la sete yon sakrifis, sa ki gen yon efè pirifikatè sou moun ki te bay li a. Pa moun rich yo, malgre li kapab te fèt avèk plis lajan, li pa t chanje anyen pou moun ki te bay li a.

  10. Pa gen anpil pami nou ki janm resevwa demann pou nou sakrifye lavi nou pou Sovè a. Men nou tout resevwa envitasyon pou nou konsakre lavi nou a Limenm.

  11. Gade nan Matye 25:14–30.

  12. Gade nan Doktrin ak Alyans 6:36.

  13. Nan fason sa a, nou wè nan lavi nou yon akonplisman pwofesi Apot Paul la ki di:“Nan dispansasyon plenitid tan yo Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la” (Efezyen 1:10).

  14. Doktrin ak Alyans 64:33.