Konferans Jeneral
Paske Bondye Sitèlman Renmen Nou
Konferans Jeneral Avril 2022


Paske Bondye Sitèlman Renmen Nou

Bondye sitèlman renmen nou ke L te voye Sèl Pitit Gason Literal Li a—non pa pou kondane nou, men pou sove nou.

“Paske Bondye sitèlman renmen mond la, li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an” (Jan 3:16). Premye fwa m te remake vèsè sa a, m pa t nan legliz la ni nan sware familyal. M t ap gade yon match nan televizyon. Kèlkeswa chèn televizyon m te gade, e kèlkeswa jwèt li te ye a, te gen omwen yon moun ki te kenbe yon afich ki te ekri “Jan 3:16.”

M vin renmen vèsè 17 la tou: “Paske Bondye pa t voye Pitit gason Li a sou latè pou kondane lèzòm; men pito pou L te kapab sove yo.”

Bondye te voye Jezikri, Sèl Pitit Gason L la nan lachè, pou bay lavi Li pou nou chak. Li te fè sa paske Li renmen nou epi L te prepare yon plan pou nou chak retounen lakay al jwenn Li.

Men, se pa yon plan jeneral, ki kouvri tout moun, ki pafwa kache, pafwa reyisi. Se yon plan ki pèsonèl, ki etabli pa yon Pè Selès eman, ki konn kè nou, non nou, ak sa Li vle pou nou fè. Poukisa nou kwè sa? Paske nou aprann sa nan ekriti yo:

Moyiz te tande Pè Selès la repete pawòl sa yo plizyè fwa “Moyiz, pitit gason m” (gade Moyiz 1:6; gade tou vèsè 7, 40). Abraram te aprann ke l se yon pitit Bondye, ki te chwazi pou misyon l la depi anvan l te fèt (gade Abraram 3:12, 23). Atravè men Bondye, Estè te plase nan yon pozisyon enfliyans pou l te ka sove pèp li a (gade Estè 4). Epi Bondye te mete konfyans nan yon jènfi, yon sèvant, pou l te temwaye konsènan yon pwofèt vivan pou Naaman te ka geri (gade 2 Wa 5:1–15).

Mwen espesyalman admire bon mesye sa a, tou kout, ki te monte yon pyebwa pou l te ka wè Jezi a. Sovè a te konnen li te la, Li te kanpe, Li te gade anlè sou branch yo, epi l te di pawòl sa yo: “Zache, … fè vit desann” (Lik 19:5). Epi, nou pa ka bliye tigason 14 zan ki t al nan boskè a epi ki te aprann kijan plan an te vrèman pèsonèl la: “[Joseph,] Sa a se Pitit Gason Byeneme M nan. Koute l!” (Istwa—Joseph Smith 1:17).

Frè m ak sè m yo, nou se santral plan Papa nou ki nan syèl la ak rezon pou misyon Sovè nou an. Nou chak, endividyèlman, se travay Yo ak laglwa Yo.

Pou mwenmenm, pa gen okenn lòt liv ekriti ki ilistre bagay sa a pi klè pou mwen pase etid mwen nan Ansyen Testaman an. Chapit apre chapit, nou dekouvri egzanp sou fason Pè Selès la ak Jewova angaje pèsonèlman nan lavi nou.

Dènyèman, nou t ap etidye lavi Jozèf, pitit gason byenneme Jakòb la. Depi Jozèf te piti, Senyè a te grandman favorize l, malgre sa, li te sibi gwo tribilasyon anba men frè l yo. Sa gen de semèn, anpil nan nou te touche pa fason Jozèf te padone frè l yo. Nan Vini, Suiv Mwen an nou li: “Nan anpil fason, lavi Jozèf sanble avèk lavi Jezikri. Malgre peche nou yo te lakoz li gwo soufrans, Sovè a ofri padon, Li delivre nou tout anba yon sityasyon ki pi mal pase famin. Keseswa nou bezwen resevwa padon oubyen ofri padon—nan yon pwen kèlkonk, nou tout bezwen fè toulède—egzanp Jozèf la pwente nou sou Sovè a, vrè sous gerizon ak rekonsilyasyon an.”1

Yon leson m renmen nan istwa sa a gen pou wè avèk Jida, frè Joseph la, ki te jwe yon wòl enpòtan nan plan pèsonèl Bondye pou Jozèf la. Lè frè Joseph yo te trayi l la, Jida te konvenk yo pou yo pa t retire lavi Joseph, men pou yo te vann li kòm esklav (gade Jenèz 37:26–27).

Anpil ane apre, Jida ak frè l yo te oblije mennen pi piti frè yo a, Benjamen, al an Ejip. Toudabò, papa yo te opoze. Men, Jida te fè Jakòb pwomès—ke li t ap mennen Benjamen tounen lakay li.

An Ejip, pwomès Jida a te pase tès. Yo te fosman akize jèn Benjamen pou yon krim. Jida, fidèl a pwomès li a, te ofri pou l t al nan prizon nan plas Benjamen. “Paske,” li te di, “kouman m pral fè monte al jwenn papa m san ti gason an pa avèk mwen?” (gade Jenèz 44:33–34). Jida te detèmine pou l te kenbe pwomès li pou l te retounen Benjamen an sekirite a. Èske w janm konn santi pou yon moun sa Jida te santi pou Benjamen an?

Èske se pa konsa paran yo santi yo pou pitit yo? Èske se pa sa misyonè yo santi pou moun y ap sèvi yo? Èske se pa sa dirijan Primè ak Jèn yo santi yo pou moun y ap anseye ak renmen yo?

Kèlkeswa moun ou ye oswa sikonstans aktyèl ou, gen yon moun ki santi l egzakteman konsa konsènan ou. Yon moun ki vle retounen al jwenn Pè Selès la avèk ou.

Mwen rekonesan pou moun ki pa janm lage nou yo, ki kontinye devèse nanm yo nan lapriyè pou nou yo, epi ki kontinye anseye ak ede nou kalifye pou nou retotunen lakay al jwenn Papa nou ki nan syèl la.

Dènyèman, yon bon zanmi m te pase 233 jou nan lopital avèk COVID-19. Pandan tan sa a, papa l ki te mouri te vin vizite l, li te mande l pou l te delivre yon mesaj bay pitit pitit li yo. Menm nan lòtbò vwal la, bon granpapa sa a te vle ede pitit pitit li yo retounen nan fwaye selès yo.

Plis anplis, disip Kris yo ap sonje “Benjamen” yo ki nan lavi yo a. Atravè tout mond la, yo tande apèl pwofèt vivan Bondye a, Prezidan Russell M. Nelson. Jèn gason ak jènfi yo angaje nan batayon jèn moun Senyè a. Moun ak fanmi ap lonje lamen yo nan yon espri sèvis—pou renmen, pataje, ak envite zanmi yo ak pwochen yo pou yo vin jwenn Kris la. Jèn moun ak adilt ki ap sonje alyans yo epi fè efò pou yo kenbe alyans yo—ranpli tanp Bondye yo, ap chèche non manm fanmi ki desede yo, epi ap resevwa òdonans pou yo.

Poukisa plan pèsonalize Pè Selès la pou nou an enkli ede lòt moun retounen al jwenn Li? Paske se fason sa a nou ka vin tankou Kris la. Alafen, istwa Jida ak Benjamen an anseye nou konsènan sakrifis Sovè a pou nou. Atravè Ekspyasyon L la, Li te bay lavi L pou L ka mennen nou tounen lakay nou. Pawòl Jida yo eksprime amou Sovè a: “Kouman m pral fè monte kote papa m san [ou] pa avèk mwen?” Antanke moun k ap rasanble Izrayèl, pawòl sa yo ka pawòl pa nou tou.

Ansyen Testaman an chaje avèk mirak ak mizèrikòd ki se makfabrik plan Pè Selès la. Nan 2 Wa 4, fraz “sa rive nan yon jou” a itilize twa fwa pou ensiste ke evènman enpòtan yo rive selon kalandriye Bondye, epi okenn detay pa twò piti pou Li.

Nouvo zanmi m nan, Pòl, temwaye konsènan verite sa a. Pòl te grandi nan yon fwaye ki te pafwa plen abi epi ki te pa t janm vle tolere relijyon. Pandan l t al lekòl nan yon baz militè an Almay, li te remake de sè ki te sanble yo te gen yon limyè spirityèl. Li te mande yo poukisa yo te diferan epi kesyon sa a te pote repons ke yo sete manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo.

Rapidman, Pòl te kòmanse rankontre avèk misyonè yo epi yo te envite l legliz. Nan Dimanch apre a, lè l te desann bis la, li te remake de mesye ki te abiye avèk chemiz blanch ak kravat. Li te mande si yo se Èldè nan Legliz la. Yo te reponn wi, konsa, Pòl te suiv yo.

Pandan sèvis la, yon predikatè te lonje dwèt sou moun nan kongregasyon an epi l te envite yo pou yo temwaye. Alafen chak temwyaj, yon tanbourinè te bay yon kout tanbou epi kongregasyon an te rele, “Amèn.”

Lè predikatè a te lonje dwèt sou Pòl, li te kanpe epi l te di, “M konnen Joseph Smith sete yon pwofèt epi Liv Mòmon an se verite.” Pa t gen okenn kout tanbou ni amèn. Pòl te finalman reyalize ke li pa t ale nan bon andwa a. Avan lontan, Pòl te jwenn bon andwa a epi l te batize.

Nan jou batèm Pòl la, yon manm ke l pa t konnen te di l, “Ou sove lavi m.” Kèk semèn anvan sa, mesye sa a te deside al chèche yon lòt legliz epi l t al nan yon sèvis ki te gen tanbou avèk amèn. Lè mesye a te tande Pòl rann temwayaj li konsènan Joseph Smith ak Liv Mòmon an, li te realize ke Bondye te konnen li, ke L te rekonèt difikilte l yo, epi L te gen yon plan pou li. Pou Pòl ak mesye a, “sete yon jou pwovidansyèl,” tout bon vre!

Nou menm tou, nou konnen Pè Selès la gen yon plan pèsonèl pou nou chak. Paske Bondye te voye Pitit Gason Byenneme L la pou nou, mirak nou bezwen yo “ap [rive] nan jou [presi]” ki nesesè pou plan L lan akonpli a.

Mwen temwaye ke ane sa a, nou ka aprann plis konsènan plan Bondye pou nou nan Ansyen Testaman an. Volim sakre sa a anseye wòl pwofèt nan peryòd ensètitid yo ak men Bondye nan yon mond ki te nan konfizyon esouvan plen kontansyon Li pale tou konsènan kwayan enb ki te fidèlman ap tann vini Sovè nou an, menm jan avèk noun menm k ap tann e ki ap prepare pou Dezyèm Vini L la—retou glorye Li ki te pwofetize depi lontan an.

Jiskaske jou sa a rive, nou gen dwa pa wè, avèk je natirèl nou, plan Bondye pou tout aspè nan lavi nou (gade Doktrin ak Alyans 58:3). Men, nou ka sonje repons Nefi lè l te devan yon bagay li pa t konprann nan: byenke li pa t konnen siyifikasyon tout bagay, li te konnen ke Bondye renmen pitit Li yo (gade 1 Nefi 11:17).

Sa se temwayaj mwen nan bèl maten Saba sa a. Se pou nou ekri l nan kè nou epi kite l ranpli nanm nou avèk lapè, esperans, a lajwa etènèl: Bondye sitèlman renmen nou ke Li voye sèl Pitit Gason Literal li a—pa pou kondane nou, men pou sove nou. Nan non Jezikri, amèn.