Konferans Jeneral
“Lè Sa a M ap Fè Bagay Ki Fèb yo Vin Fò”
Konferans Jeneral Avril 2022


“Lè Sa a M ap Fè Bagay Ki Fèb yo Vin Fò”

Si nou gen imilite epi nou egzèse lafwa nan Jezikri, gras Kris la ak sakrifis ekspyatwa enfini L la ap fè sa vin posib pou nou chanje.

Yon fwa, Prezidan Thomas S. Monson te rakonte yon istwa sou yon gadyen prizon ki te rele Clinton Duffy. “Pandan ane 1940 ak 1950 yo, [Warden Duffy] te renome pou efò li pou l te reyabilite mesye yo ki te nan prizon l t ap dirije a. Yon kritik te di: ‘Ou ta dwe konnen ke leyopa pa konn chanje tach ki sou yo!’

“Warden Duffy te reponn, ‘Ou ta dwe konnen ke m p ap travay avèk leyopa. M ap travay avèk moun, epi moun chanje chak jou.’”1

Youn nan pi gwo mansonj Satan sèke gason ak fi pa kapab chanje. Li rakonte mansonj sa a san rete nan anpil fason diferan pandan ke mond lan di nou tou senpleman pa ka chanje. Yo anseye nou ke sikonstans lavi nou defini kiyès nou ye. Nou ta dwe “aksepte moun nou reyèlman ye a,” mond lan di, “epi rete otantik anvè tèt nou.”

Nou Ka Chanje

Byenke sa efektivman bon pou nou otantik, nou dwe otantik avèk tèt nou, veritab moun nou ye a, antanke pitit gason ak pitit fi Bondye ki gen yon nati ak yon destine pou nou vin tankou Li.2 Si objektif nou se pou nou otantik a nati ak destine divin sa a, enben, nou tout ap bezwen chanje. Mo pou chanjman an nan ekriti yo se repantans. Prezidan Russell M. Nelson anseye, “Twòp moun konsidere repantans kòm yon pinisyon—yon bagay pou yo evite sof nan sitiyasyon ki pi grav yo. … Lè Jezi mande oumenm avèk mwen pou nou ‘repanti’ a, se yon envitasyon L fè nou pou nou chanje.”3

Kondisyon Bondye

Moun ki devlope lojisyèl yo itilize deklarasyon kondisyonèl pou di òdinatè yo kisa pou yo fè. Pafwa yo rele deklarasyon sa yo deklarasyon [si et alors]. Tankou nan, si x se verite, enben fè y.

Senyè a opere atravè kondisyon tou: kondisyon lafwa, kondisyon lajistis, kondisyon repantans. Gen anpil egzanp sou deklarasyon Bondye ba nou sou kondisyon, tankou:

Si ou respekte kòmandman m yo epi si ou pèsevere jiska lafen, [lè sa a] w ap gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo”4

Oubyen “si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, [lè sa al ap montre nou se verite, pa pouvwa Sentespri a”5

Menm lanmou Bondye, malgre ke l enfini ak pafè a, li sou kondisyon tou.6 Pa egzanp:

Si nou respekte kòmandman m yo, [lè sa a] na renmen tout moun menmjan mwen renmen nou an; menmjan mwen respekte kòmandman Papa m yo, epi m demere nan lanmou Li a.”7

Èldè D. Todd Christofferson te bay plis eksplikasyon sou verite levanjil sa a lè l te anseye: “Gen moun ki pa vle di, ‘Sovè a renmen m jan m ye a,’ e sa sètènman vre. Men Li senpleman pa ka kite okenn nan nou rantre nan wayòm Li a jan nou ye, ’paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen demere nan prezans li.’ [Moyiz 6:57]. Peche nou yo dwe rezoud dabò.”8

Bagay Fèb Yo Ka Vin Fò

Benediksyon pou nou resevwa pouvwa Bondye pou ede nou chanje a se sou kondisyon tou. Pandan l t ap pale ak pwofèt Mowoni nan Liv Mòmon an, Sovè a te anseye: “Si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; epi lagras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m; paske, si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb vin fò pou yo.”9

Si nou gade pi pre nan sa Senyè a ap anseye nou la a, n ap wè Li di toudabò ke Li bay gason ak fi n feblès, pwòp a yomenm, ki fè pati eksperyans nou nan mòtalite a kòm kretyen vivan dechi oubyen chanèl. Nou vin tounen gason ak fi natirèl akoz Chit Adan an. Men, atravè Ekspyasyon Jezikri a, nou ka simonte feblès nou oswa nati dechi nou an.

Apresa Li di ke gras li ase epi si nou gen imilite devan L epi nou gen lafwa nan Li, lè sa a L ap “fè bagay ki fèb yo [opliryèl] vin fò pou [nou].” Otremandi, si nou toudabò chanje nati dechi nou an, feblès nou, lèsa a, n ap kapab chanje konpòtman nou, feblès nou yo.

Kondisyon pou nou Chanje

Annou repase kondisyon pou nou chanje yo daprè modèl Senyè a bay:

Premyèman, nou dwe gen imilite. Kondisyon Senyè a bay pou n chanje a se imilite. “Si yo gen imilite devan m,”10 Li di. Opoze imilite se lògèy. Lògèy egziste lè nou panse nou pi byen konnen—lè sa nou panse oubyen sa nou santi pran priyorite sou sa Bondye panse oswa sa L santi.

Wa Benjamen te anseye ke “the natural man is an enemy to God, … and will be, forever and ever, unless he … putteth off the natural man and becometh a saint through the atonement of Christ the Lord, and becometh as a child, submissive, meek, [and] humble.”11.

Pou nou ka chanje, nou bezwen chase lòm natirèl la epi vin enb ak obeyisan. Nou dwe gen ase imilite pou nou suiv yon pwofèt vivan. Ase imilite pou nou fè ak respekte alyans tanp. Ase imilite pou nou repanti chak jou. Nou dwe gen ase imilite pou nou anvi chanje, pou nou “lage kè [nou] bay Bondye.”12

Dezyèmman, nou dwe gen lafwa nan Jezikri. Ankò, pawòl Sovè a ki di: “Si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen,”13 L ap ba nou pouvwa pou nou ka simonte feblès nou yo. Imilite, asosye avèk lafwa nan Jezikri, ap pèmèt nou gen aksè nan pouvwa pirifyan gras Li ak plenitid benediksyon ki disponib gras ak Ekspyasyon L lan.

Prezidan Nelson te anseye ke “vrè repantans kòmanse avèk lafwa ke Jezikri gen pouvwa pou pwòpte, geri, ak fòtifye nou. … Se lafwa nou ki fè pouvwa Bondye devèse nan lavi nou .”14

Twazyèmman, atravè lagras Li, Li ka fè bagay fèb yo vin fò. Si nou gen imilite ak lafwa nan Jezikri, lè sa a gras Li ap kapab fè nou chanje. Otremandi, L ap ba nou pouvwa pou nou chanje. Sa posib paske, jan L di a, “Lagras mwen ase pou tout moun.”15 Lagras fòtifyan ak pirifyan Li ba nou pou pou nou simonte tout obstak, tout difikilte, ak tout feblès pandan n ap chèche chanje a.

Pi gwo feblès nou yo kapab vin tounen pi gwo fòs nou. Nou ka chanje epi “vin nouvo kreyati.”16 Bagay fèb yo literalman kapab “vin fò pou [nou].”17

Sovè a te akonpli Ekspyasyon enfini ak etènèl Li a pou nou te kapab anfèt chanje, repanti, ak vin pi bon. Nou ka reyèlman nedenouvo. Nou ka simonte abitid, adiksyon, e menm “dispozisyon pou nou fè mal la.”18 Antanke pitit gason ak pitit fi yon Papa eman ki nan Syèl la, nou gen pouvwa andedan nou pou nou chanje.

Egzanp Chanjman

Ekriti yo ranpli ak egzanp sou gason ak fi ki te chanje.

Sayil, yon Farizyen ki sete yon gwo pèsekitè premye Legliz Kris la,19 te vin tounen Pòl, yon Apot Senyè a, Jezikri.

Alma sete yon prèt nan lakou Wa Nowe ki te mechan an. Li te tande pawòl Abinadi yo, li te repanti totalman, epi l te vin youn nan pi gwo misyonè nan Liv Mòmon an.

Pitit gason l la, Alma, te pase jenès li ap chèche detwi Legliz la. Li te pami “pi move pechè”20 ki te kapab egziste yo jiskaske li te gen yon chanjman kè epi l te vin yon misyonè puisan totalman.

Moyiz te adopte nan fanmi Farawon epi li te elve nan liks tankou yon prens Ejipsyen. Men, lè l te vin konprann kiyès li te reyèlman ye, epi l te aprann destine divin ni, li te chanje epi l te vin tounen gran pwofèt Ansyen Testaman an ki te bay lwa a.21

Gran papa madanm mwen, James B. Keysor, te toujou enpresyon m pa pwòp chanjman kè puisan pa li.22 Li sete pitit Sen pyonye fidèl nan vale Salt Lake la ki te fèt an 1906, li te pèdi manman l pandan l te tou piti epi li te lite pandan tout jenès li. Li te pase ane adolesans ak jèn adilt li yo lwen Legliz la; epi pandan tan sa a, li te pran yon pakèt move abitid. Men, li te rankontre yon fi fidè l, li te marye avèk li epi yo te elve senk pitit ansanm.

An 1943, apre ane difisil Gran Depresyon an ak pandan Dezyèm Gè Mondyal la, Bud, jan fanmi l ak zanmi l te rele l, te kite Uta epi li t al abite Los Angeles, nan Kalifòni, pou l te ka jwenn travay. Pandan epòk sa a lwen lakay li a, li te abite avèk yon sè li ak mari sè l la, ki t ap sèvi kòm evèk pawas yo a.

Avèk lanmou ak enfliyans sè l la ak bòfrè l la, li te kòmanse reyenterese l nan Legliz la epi l te kòmanse li Liv Mòmon an chak swa anvan l t al dòmi.

Yon jou swa, pandan l t ap li nan Alma chapit 34kè l te touche pandan l te li pawòl sa yo:

“Wi, m ta vle nou vini, pou nou pa fè kè di ankò. …

“Paske, reyèlman, lavi sa a se lè pou lèzòm prepare yo pou rankontre Bondye; wi, reyèlman jou lavi sa a se jou pou lèzòm fè travay yo.”23

Pandan l t ap li vèsè sa yo, yon santiman puisan te tonbe sou li epi l te konnen ke l te dwe chanje, repanti, epi li te konn kisa l te dwe fè. Li te leve sou kabann nan epi l te mete l ajenou epi l te kòmanse priye, li sipliye Senyè a pou padone li epi ba l fòs li te bezwen pou l te fè chanjman nan lavi li. Priyè l la te jwenn repons, epi apati moman sa a, li pa t janm gade dèyè. Bud te sèvi nan Legliz la epi l te rete yon Sen Dènye Jou fidèl ak angaje jiska fen lavi li. Li te chanje nan tout kalite fason. Lespri l, kè li, aksyon li, nati l menm te chanje.

Frè m ak sè m yo, destine ak bi diven nou se pou nou finalman vin tankou Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri. Nou fè sa pandan n ap chanje ak repanti. Nou “resevwa imaj [Sovè a] nan figi [nou].”24 Nou vin nouvo, pwòp, diferan epi nou senpleman kontinye travay sou sa chak jou. Pafwa nou ka santi tankou nou fè de pa annavan ak yon pa annaryè, men nou kontinye avanse devan enbleman, ak lafwa.

Si nou gen imilite epi nou egzèse lafwa nan Jezikri, gras Kris la ak sakrifis ekspyatwa enfini L la ap fè sa vin posib pou nou chanje.

Mwen temwaye ke Jezikri se anreyalite Sovè nou ak Redanmtè nou. Gras Li sifi anfèt. Mwen deklare ke Li se chemen an, verite a, ak lavi a.”25 Nan non Jezikri, amèn.