Konferans Jeneral
Sèvis Misyonè Te Beni Lavi M Pou Tout Tan
Konferans Jeneral Avril 2022


Sèvis Misyonè Te Beni Lavi M Pou Tout Tan

M priye pou noumenm jèn gason ak jènfi yo ak paran nou ka wè ak konnen kòman sèvis misyonè ap beni lavi nou ajamè.

Mèsi Prezidan Nelson, dèske w pataje konsèy sa a ankò konsènan sèvis misyonè.

Frè m ak sè m yo, sa gen plizyè ane, pandan m t ap pale nan yon konferans jeneral, vizyon je goch mwen te afekte toudenkou pa yon bagay ki rele dejeneresans nan je, ki kontinye vin pi mal epi ki ki fè m pa wè byen nan je sa a.

Pandan m ap eseye viv avèk difikilte sa a, mwen plis ke jamè rekonesan pou lòt kalite vizyon ki egziste yo, enkli vizyon retrospektif. Lè m gade dèyè sou lavi m, m vin ka wè sèten eksperyans ki te fè yon diferans siyifikatif. Yonn nan eksperyans sa yo, se fason sèvis misyonè aplentan mmwen pandan m te yon jèn gason an Angletè, te beni lavi m epi l te modle destine spirityèl mwen.

M raple m kijan difikilte ekonomik ki te asosye avèk Gwo Depresyon an 1830 la te frape paran m avèk fanmi nou nan fason defavorab. Papa m te vin sitèlman okipe nan sove entrepriz vann otomobil li a ak sipòte fanmi l pandan peryòd difisil sa a ke, pandan yon sèten tan, yo pa t al legliz.

Malgre nou pa t al nan sèvis legliz yo an fanmi, sa pa t anpeche m t al legliz tanzantan avèk zanmi m yo.

Nan epòk sa a, al nan misyon te nan panse m, men, se pa t yon bagay m te pale avèk paran m.

Pandan m te nan inivèsite, plizyè nan zanmi m yo avèk mwen te deside pou n te sèvi misyon. Mwen t al pale avèk evèk mwen, epi m te ranpli aplikasyon pou misyon an pandan paran m te an vwayaj. Lè paran m te retounen, m te ba yo yon sipriz avèk nouvèl ke m te resevwa apèl pou m te sèvi yon misyon nan Grande-Bretagne. Mwen rekonesan pou sipò antouzyasme yo te ban m nan desizyon sa a, ak pou bon zanmi ki te ede m deside pou m te sèvi yo.

Sèvis misyonè m nan te prepare m pou te vin yon pibon mari ak papa epi pou m te gen siksè nan biznis mwen. Sa te prepare m tou pou yon sèvis tout yon lavi pou Senyè a nan Legliz Li a.

Nan konferans jeneral avril 1985 la, m te resevwa tach pou m te pale nan sesyon prètriz la. M te adrese m a jènjan yo. M te pale de preparasyon pou sèvi kòm misyonè. M te di, “Nan pami tout fòmasyon m resevwa nan responsablite m nan Legliz la, pa gen okenn ki te pi enpòtan pou mwen pase fòmasyon m te resevwa kòm yon èldè diznevan ki t ap sèvi yon misyon aplentan an.”1

Senyè a konnen nou. Lè w ap sèvi misyon w, ou pral fè eksperyans ki pral ede w vin konnen L pi byen. Ou pral grandi spirityèlman pandan w ap sèvi Li. Nan non Li, yo pral voye w al nan tach pou w sèvi lòt moun. L ap ba w eksperyans avèk enspirasyon ki sòti nan Sentespri a. Senyè a ap otorize w pou w anseye nan non Li. Ou ka momtre L ke Li ka fè w konfyans epi L ka konte sou ou.

Sa gen anviwon twa mwa, Elder Jeffrey R. Holland ak Elder Quentin L. Cook, ki te sèvi kòm misyonè nan zile Angletè yo tou, te akonpaye m pandan m t ap vizite manm ak misyonè nan bèl peyi sa a. Pandan m te la, m te reflechi sou eksperyans m te fè kòm yon jèn misyonè yo. M temwaye ke misyon m nan se kote m te vin konnen ke Pè Selès mwen ak Sovè m nan, Jezikri, konnen m epi yo renmen m.

M te gen benediksyon sèvi sou de bon prezidan misyon, Selvoy J. Boyer ak Stainer Richards, ansanm avèk konpay devwe yo ki sete Glady Boyer ak Jane Richards. Lè m gade dèyè, m ka wè menm pi klè ke yo te fè m konfyans epi yo te renmen m. Yo te anseye m levanjil la. Yo te atann anpil bagay de mwen. Yo te ban m responsablite difisil ak opòtinite lidèship pou te ede m pwogrese ak prepare pou yon lavi sèvis.

M reflichi sou apèI Prezidan Spencer W. Kimball te ban mwen pou m te prezide sou Misyon Toronto, Canada a tou avèk madanm cheri mwen, Barbara, ak pitit nou yo bòkote nou. Prezidan Kimball te aple nou pou nou te sèvi an Avril 1974, tousuit apre l te fin bay yon mesaj misyonè ki te rele “Lè Mond la Va Konvèti”2 Nan mesaj sa a, Prezidan Kimball te eksplike vizyon li pou fason levanjil la ta pral simaye nan mond lan. Li te mande pou te gen plis misyonè ki te sòti toupatou nan mond la. Li te raple nou ke Senyè a te atann “pou chak moun … leve yon vwa avètisman pou abitan yo ki sou tè a.”3 Ansèyman Prezidan Kimball la sou espwa pou jèjan yo sèvi yon misyon an te vin tounen yon sijè konvèsasyon nan fwaye toupatou nan mond lan. Espwa a pa chanje. M rekonesan dèske Prezidan Nelson reyafime sa Senyè a atann sou sijè sa a maten an.

Sa fè prèske 10 zan depi Prezidan Thomas S. Monson te anonse ke yo te desann laj misyonè pou jèn gason ak jènfi yo.4 Nan vizyon pa m, youn nan rezon prensipal pou chanjman sa a sete pou te bay nan jèn nou yo opòtinite ki chanje lavi sa a pou yo sèvi kòm misyonè a.

Antanke yon Apot Senyè Jezikri, kounyea m rele noumenm jèn gason—ak jènfi ki vle sèvi yon misyon yo —pou nou kòmanse pale avèk paran nou tousuit konsènan sèvi yon misyon. M envite nou egalman pou nou pale avèk zanmi nou apwopo sèvi yon misyon, epi si gen nan zanmi nou yo ki ezite konsènan sèvi yon misyon, ankouraje yo pou yo pale avèk evèk yo.

Pran gajman pou tèt ou ak devan Pè Selès pou w sèvi yon misyon epi apati kounyea ou pral fè efò pou w kenbe kè w, men w, ak panse w pwòp ak diy. M envite w pou w akeri yon temwayaj solid sou levanjil retabli Jezikri a.

Papa ak manman bèl jèn moun sa yo, nou gen yon wòl vital nan pwosesis preparasyon sa a. Kòmanse pale avèk pitit nou yo jodia konsènan sèvis misyonè. Nou konnen ke fanmi an se enfliyans ki pi pwofon nan ede jènjan yo ak jènfi yo prepare.

Si w toujou nan laj pou w sèvis misyonè, men, ou pa ko sèvi poutèt pandemi an oubyen pou kèk lòt rezon, m envite w pou w sèvi kounyea. Pale avèk evèk ou, epi prepare w pou sèvi Senyè a.

M ankouraje noumenm, evèk yo, pou nou ede tout jènjan ak jènfi ki ap apwoche nan laj pou yo fè misyon pou yo prepare yo pou yo sèvi, epi tou, m ankouraje noumenm evèk yo pou nou chèche sa ki nan laj misyon men ki pako sèvi yo. Envite chak jèn gason pou vin yon misyonè, ansanm ak chak jènfi ki ta renmen sèvi.

Noumenm, misyonè k ap sèvi aktyèlman yo, nou di nou mèsi. Misyon w nan fèt nan mitan yon pandemi mondyal. Kòm rezilta, eksperyans misyon w nan pa tankou eksperyans misyon pa m nan, ni eksperyans okenn lòt misyonè ki te sèvi anvan 2020. M konnen li pa fasil. Men, menm pandan tan difisil sa yo, Senyè a gen travay pou w fè, epi w ap fè l mèveyezman byen. Paregzanp, ou itilize teknoloji nan nouvo fason pou w ka jwenn moun ki pare pou aprann sou Retablisman levanjil Jezikri a. Pandan w ap sèvi avèk dilijans epi selon kapasite ou, m konnen Senyè a kontan avèk efò w yo. M konnen sèvis ou a pral beni lavi w.

Lè w relve nan misyon w lan, sonje ke ou pa relve nan aktivite nan Legliz la. Bati sou bon abitid ou aprann nan misyon w yo, kontinye ranfòse temwayaj ou, travay di, epi rete obeyisan anvè Senyè a. Onore alyans ou fè yo. Kontinye beni ak sèvi lòt moun.

M priye pou noumenm jèn gason ak jènfi yo ak paran nou ka wè ak konnen kòman sèvis misyonè ap beni lavi nou pou tout tan. Se pou nou konnen nan lespri nou epi santi nan kè nou pouvwa envitasyon Senyè a te bay gran misyonè ki sete pitit gason Mozya yo. Li te di, “Ale … epi etabli pawòl mwen; men, nou dwe pasyan nan rezistans ak afliksyon, pou nou kapab sèvi bon egzanp pou yo nan non mwen, e m ap fè nou sèvi kòm zouti nan men mwen pou m kapab sove anpil nanm.”5

Ke Bondye beni jèn yo nan Legliz la pou yo gen dezi pou prepare yo pou yo sèvi Li, sa se enb priyè mwen, ke m ofri maten sa a, nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. M. Russell Ballard, “Prepare to Serve,” Ensign, May 1985, 41.

  2. Spencer W. Kimball, “When the World Will Be Converted,” Ensign, Oct. 1974, 2–14. Mesaj sa a te delivre 4 Avril 1974, nan Seminè Reprezantatif Rejyonal.

  3. Doktrin ak Alyans 63:37.

  4. Gade nan Thomas S. Monson, “Welcome to Conference,” Liahona, Nov. 2012, 4–5.

  5. Alma 17:11.