Suiv Jezi: Vin yon Pasifikatè
Pasifikatè yo pa pasif; yo konvenk moun nan fason Sovè a.
Chè frè m ak sè m yo, pandan n ap fè eksperyans moman boulvès ak chirepit enkyetan, ak gwo soufrans pwofon pou anpil nan nou an, kè nou ranpli avèk yon rekonesans ineksprimab pou Sovè nou an ak benediksyon etènèl levanjil retabli Jezikri a. Nou renmen L epi nou kwè nan Li, e nou priye pou n ka suiv Li pou tout tan.
Defi Rezo Sosyal la
Enpak puisan entènèt la se yon benediksyon ak yon defi san parèy pou epòk pa nou an.
Nan yon mond rezo sosyal ak otowout enfòmasyon, vwa yon moun kapab miltipliye san limit. Vwa sa a, kit li vrè oswa fo, kit li jis oswa enjis, kit li janti oswa mechan, ka travèse mond lan imedyatman.
Mesaj ki ranpli avèk prevnans ak bonte sou rezo sosyyal yo souvan pase inapèsi, tandiske pawòl mepri ak kolè yo toujou fè gwo bri nan zòrèy nou, kit se avèk filozofi politik, kit se moun ki nan nouvèl, oswa moun k ap bay opinyon yo sou pandemi a. Okenn moun ni okenn sijè, enkli Sovè a ak levanjil retabli L la, pa alabri fenomèn sosyal vwa polarize sa a .
Vin yon Patizan Lapè
Diskou sou Mòn nan se yon mesaj pou tout moun men li te adrese espesifikman a disip Sovè a yo, moun ki te chwazi pou yo te suiv Li yo.
Senyè a te kijan pou nou viv nan epòk la ak kounyea, nan yon mond entolerab. Li te deklare “Benediksyon pou moun k ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit Li.”1
Gras ak boukliye lafwa nou nan Jezikri, nou vin tounen patizan lapè, ki ap etenn—ki vledi kalme, refwadi. oswa etenn—tout flèch anflame advèsè a.2
Si nou fè pati pa nou an, Li pwomèt ke y ap rele nou “pitit Bondye.” Chak moun sou tè a se “ras”3 Bondye, men pou yo rele nou “pitit Bondye”, sa vledi pi plis toujou. Lè nou vin jwenn Jezikri epi nou fè alyans avèk Li, nou vin tounen “desandan li“” ak “eritye wayom nan,”4 “pitit Kris la, pitit gason li, ak pitit fi li.”5
Kijan yon pasifikatè ka kalme ak refwadi flèch anflame yo? Sètènman se pa nan fè bak devan moun k ap denigre nou. Okontrè, nou rete fèm nan lafwa nou, pandan n ap pataje kwayans nou avèk konviksyon, men toujou san kòlè ak mechanste.6
Dènyèman apre ke l te wè yon gwo atik ki te bay yon opinyon trè kritik sou Legliz la, Reveran Amos C. Brown, yon dirijan nasyonal dwa sivik ak pastè Twazyèm Legliz Batis nan San Francisco a, te reponn:
“Mwen respekte eksperyans ak pwendvi moun nan ki ekri pawòl sa yo. Men, mwen pa dakò ak sa l di a.”
“Mwen konsidere kòm youn nan pi gwo lajwa lavi m pou m konnen dirijan sa yo [nan Legliz sa a], espesyalman Prezidan Russell M. Nelson. Dapre mwenmenm, yo reprezante pi bon dirijan peyi nou an gen pou l ofri.”
Apre sa, li te ajoute: “Nou gen dwa pwoteste kont fason bagay yo te ye nan lepase. Nou gen dwa refize rekonèt tout byen k ap fèt kounyea. … Men, apwòch sa yo p ap geri divizyon ki nan peyi nou yo. … Jan Jezi te anseye, nou pa elimine sa ki mal ak plis mal. Nou renmen jenerezman epi nou aplike mizèrikòd, menm anvè moun nou panse ki se ènmi nou.”7
Reveran Brown se yon patizan lapè. Avèk kalm ak respè, li te refwadi flèch anflame yo. Patizan lapè yo pa pasif; yo konvenk moun nan fason Sovè a.8
Kisa ki ba nou fòs enteryè pou nou apeze, refwadi, kalme, ak etenn flèch anflame yo lanse sou verite nou renmen yo? Fòs la soti nan lafwa nou nan Jezikri ak lafwa nou nan pawòl Li yo.
“Epi nou beni paske lè lèzòm meprize nou, … e lè yo di tout kalite bagay mal kont nou san se pa vre, poutèt mwen menm.
“… Paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.”9
Enpòtans Libabit
Gen de prensip enpòtan ki dwe gide dezi nou pou vin yon patizan lapè.
Premyèman, Papa nou ki nan Syèl la bay chak moun libabit pa l, avèk kapasite pou l chwazi pwòp chemen pa l.10 Libabit sa a se youn nan pi gwo kado Bondye yo.
Dezyèmman, avèk libabit sa a, Papa nou ki nan Syèl la pèmèt pou gen “opozisyon nan tout bagay.”11 “Epi [nou] goute sa ki anmè, pou [nou] kapab konnen pri bagay ki bon.”12 Opozisyon pa ta dwe siprann nou. Nou aprann pou n distenge ant byen ak mal.
Nou rejwi pou benediksyon libabit la, nou konprann ke ap gen anpil moun ki pa kwè sa nou kwè yo. Anfèt, se kèk moun sèlman nan dènye jou yo ki pral chwazi fè lafwa yo nan Jezikri vin sant tout panse yo ak aksyon yo.13
Akoz platfòm rezo sosyal yo, yon sèl vwa enkredil ka parèt tankou yon miltitid vwa negatif,14 men menmsi se yon pakèt vwa, nou chwazi chemen pasifikatè yo.
Dirijan Senyè chwazi yo
Gen kèk moun ki konsidere Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz yo kòm moun ki gen motivasyon pwofàn tankou dirijan politik, ekonomik ak kiltirèl yo.
Sepandan, yo aple nou diferaman pou responsablite nou yo. Nou pa eli ni chwazi pami kandida ki aplike. San okenn preparasyon pwofesyonèl espesifik, nou aple epi òdone pou nou rann temwayaj de non Jezikri atravè mond lan jiska dènye souf nou. Nou fè efò pou nou beni moun ki malad, moun k ap soufri anba solitid, moun ki dekouraje ak moun ki pòv yo epi ranfòse wayòm Bondye a. Nou chèche konn volonte Senyè a epi nou pwoklame l, espesyalman bay moun k ap chèche lavi etènèl yo.15
Byenke dezi enb nou se pou tout moun onore ansèyman Sovè a, pawòl Senyè a di atravè pwofèt li yo souvan kontrè avèk panse ak tandans mond lan. Sa te toujou konsa.16
Sovè a te di Apot Li yo:
“Si moun k ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi manvan yo te rayi nou. …
“… Men, y ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m nan.”17
Pran Swen Tout Moun
Nou sensèman renmen ak pran swen pwochen nou, keseswa yo gen menm kwayans avèk nou ou pa. Jezi te anseye nou nan parabòl Bon Samariten an ke moun ki gen kwayans diferan yo ta dwe sensèman lonje men pou ede nenpòt moun ki nan bezwen, kòm pasifikatè, k ap pousuiv kòz ki bon epi ki nòb yo.
Nan mwa Fevriye a, yon gwo tit nan Jounal Arizona Republic la te deklare, “Gen yon pwojè lwa ki pwopoze pa de pati prensipal ke Sen Dènye Jou yo sipòte, ki vize pou pwoteje moun nan Arizona ki omoseksyèl ak transjandè yo.”18
Antanke Sen Dènye Jou, nou “kontan fè pati yon kowalisyon kwayan, moun nan biznis, moun LGBTQ ak dirijan kominotè ki ap travay ansanm nan yon espri konfyans ak respè youn pou lòt.”19
Yon fwa, Prezidan Russell M. Nelson te mande avèk sajès, “Èske fwontyè ki separe nou yo pa ka egziste san yo pa tounen chan batay militè?”20
N ap fè efò pou n vin “ disip pezib Kris la.”21
Moman Kote nou Pa Dwe Reponn yo
Gen kèk nan atak yo te fè kont Sovè a ki te sitèlman malveyan ke Li pa t di anyen. “Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la … tap depoze anpil gwo plent kont Jezi. … yo t ap pase Jezi nan rizib,” men Jezi “pa reponn [yo] anyen.”22 Gen kèk fwa kote patizan lapè vle di ke nou reziste anba anvi pou nou reyaji a epi okontrè, avèk diyite, nou rete an silans.23
Se yon bagay ki tris pou nou tout lè pwopo mechan oswa meprizan osijè Sovè a, disip Li yo, ak Legliz Li a pwononse oubyen pibliye pa moun ki te kanpe avèk nou yon fwa, ki te pran Sentsèn avèk nou, epi ki te temwaye avèk nou de misyon diven Jezikri a.24
Sa te rive pandan ministè Sovè a tou.
Kèk nan disip Jezi yo ki te avèk li pandan pi gwo mirak Li yo te deside pou yo “[pa mache] avè L ankò.”25 Malerezman, se pa tout moun k ap rete fèm nan lanmou yo pou Sovè a ak detèminasyon pou yo respekte kòmandman L yo.26
Jezi te anseye nou pou nou elwanye nou de sitiyasyon kote ki gen kòlè ak kerèl. Nan yon egzanp, apre Farizyen yo te fin konfwonte Jezi epi yo te pale sou fason yo ta ka detwi Li, Jezi te retire kò L nan mitan yo,27 epi mirak te fèt pandan “gwo foul moun yo t ap suiv Li, epi Li te geri yo tout.”28
Beni Lavi Lòt Moun
Noumenm tou nou ka evite chirepit epi beni lavi lòt mou29 san nou pa izole tèt nou nan pwòp kwen pa nou.
Nan Mbuji-Mayi, Repiblik Demokratik Kongo, okòmansman kèk moun t ap kritike Legliz la, yo pa t konprann kwayans nou yo ni konnen manm nou yo.
Sa gen kèk tan, Kathy avèk mwen te asiste yon reyinyon Legliz trè espesyal nan Mbuji-Mayi. Timoun yo te byen abiye ak je yo klere ak gwo souri. Mwen te espere pale avèk yo sou etid yo, men mwen te aprann ke anpil ladan yo pa t ale lekòl. Avèk fon imanitè trè minim, dirijan nou yo te jwenn yon fason pou yo te ede.30 Kounye a, gen plis pase 400 elèv—tigason ak tifi, manm osibyen ke moun ki pa manm Legliz nou an— ki akeyi epi anseye pa 16 pwofesè ki se manm Legliz Jezikri a.
Kalanga Muya ,ki gen katòzan te di, “[Mwen pa t gen anpil kòb,] mwen te pase katran san m pa t al lekòl. … Mwen trè rekonesan pou sa Legliz la fè a. … Kounyea mwen ka li, ekri, epi pale fransè”31 An palan de inisyativ sa a, majistra Mbuji-Mayi a te di, “Mwen enspire pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo paske, pandan ke [lòt] legliz yo izole yo chak nan kwen pa yo … [nou ap travay] avèk [ lòt moun] pou ede kominote a ki nan bezwen.”32
Se pou Youn Renmen Lòt
Chak fwa m li Jan chapit 13, mwen sonje egzanp pafè Sovè a kòm yon pasifikatè. Jezi te lave pye Apot yo avèk lanmou. Apre sa, nou li ke “Li te boulvèse nan lespri L,”33 pandan Li t ap panse ak yon moun Li te renmen k ap prepare pou trayi Li. Mwen eseye imajine kisa Sovè a te panse ak sa L te santi lè Jida te ale a. Sa k enteresan, sèke nan moman grav sa a, Jezi pa t kontinye pale de santiman “pètiban” L yo ni de trayizon. Okontrè, Li te pale avèk Apot Li yo de lanmou, pawòl ke L pwonose atravè syèk yo:
“M ap ba nou yon nouvo kòmandman, se pou nou youn renmen lòt menmjan m renmen nou an. …
“Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”34
Se pou nou renmen Li epi pou nou youn renmen lòt. Ke nou se patizan lapè, pou moun ka rele nou “pitit Bondye,” mwen priye, nan non Jezikri, amèn.