Konferans Jeneral
Nou se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo
Konferans Jeneral Avril 2022


Nou se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Legliz la pi plis pase batiman yo ak estrikti eklezyastik la; Legliz la se noumenm, manm yo, avèk Kris la alatèt li ak pwofèt la kòm pòtpawòl li.

Apre m te fin resevwa yon envitasyon pou “Vini epi gade,”1 mwen te asiste nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou laprèmye fwa lè m te gen 26 zan. Mwen te fèk separe avèk premye mari m. Mwen te gen yon ti gason ki te gen twazan. Epi m te santi gwo laperèz. Lè m te rantre nan batiman an, mwen te santi yon chalè pandan m t ap gade lafwa ak lajwa moun ki te bò kote m yo. Sete vrèman “yon refij kont tanpèt la.”2 Twa semèn apre, mwen te fè alyans nan dlo batèm avèk Pè Selès la, epi m te kòmanse vwayaj mwen kòm yon disip Jezikri, byenke lavi m pa pafè pandan vwayaj sa a.

Pou m te resevwa benediksyon etènèl sa yo, gen anpil eleman fizik ak espirityèl ki te dwe anplas toudabò. Levanjil Jezikri a te retabli epi preche; chapèl sa a te konstwi epi byen antreteni; te gen yon estrikti eklezyastik, sòti nan pwofèt la al nan dirijan lokal yo; ak yon branch ki te ranpli ak manm ki te fè alyans e ki te pare pou anbrase m ak pitit gason m nan pandan yo t ap mennen nou bay Sovè a, “nouri avèk bon pawòl Senyè a,”3 ak opòtinite yo te ban m pou m te sèvi.4

Depi nan kòmansman, Bondye a te chèche rasanble ak òganize pitit Li yo5 “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl [nou].”6 Avèk objektif sa a nan lespri Li, Li te mande pou nou konstwi lye adorasyon,7 kote nou resevwa konesans ak òdonans sali ak ekzaltasyon yo; kote nou fè ak respekte alyans ki lye nou avèk Jezikri;8 kote nou vin dote avèk “pouvwa Bondye”;9 epi nou reyini ansanm souvan pou nou sonje Jezikri ak fòtifye youn lòt nan li.10 Òganizasyon Legliz la ak batiman l yo egziste pou benefis espirityèl nou. “Legliz la … se baz kote nou konstwi fanmi etènèl.”11

Pandan m t ap pale avèk yon zanmi ki ap travèse yon moman difisil, mwen te mande l kòman li t ap siviv finansyèman. Ak dlo nan je, li te reponn ke evèk la t ap ede l nan fon ofrann jèn yo. Epi l te ajoute, “Mwen pa konn ki kote mwenmenm ak fanmi m t ap ye si se pa t pou Legliz la.” M te reponn li, “Legliz la se manmyo. Se yomenm ki volontèman bay ofrann jèn ak kè kontan pou ede sila nan pami nou ki nan bezwen yo. W ap resevwa fwi lafwa ak detèminasyon yo genyen pou yo suiv Jezikri a.”

Chè disip Kris mwen yo, annou pa souzestime travay mèveye Senyè a ap fè atravè noumenm, Legliz Li a, malgre ratman nou yo. Pafwa nou se moun k ap bay la epi pafwa nou se moun k ap resevwa a, men nou tout se yon sèl fanmi nan Kris la. Legliz li a se estrikti Li ba nou pou gide ak beni nou pandan n ap adore L ak sèvi youn lòt.

Gen kèk sè ki te mande m eskiz, paske yo panse yo pa manm aktif Sosyete Sekou poutèt y ap sèvi nan Primè oswa Jènfi. Sè sa yo fè pati manm ki pi aktif nan Sosyete Sekou paske y ap ede timoun ak jèn presye nou yo ranfòse lafwa yo.

Sosyete Sekou pa limite a yon sal nan yon batiman, yon leson jou Dimanch, yon aktivite, oswa yon prezidans nan lokal la oswa nan nivo jeneral. Sosyete Sekou se fi alyans yo nan Legliz la; se noumenmchak grenn nan nou ak nou toutnou. Se “kominote global konpasyon ak sèis nou an.”12 Nenpòt kote nou ale, nou toujou fè pati Sosyete Sekou pandan n ap travay pou reyalize objektif diven li, ki se pèmèt fi yo akonpli travay Senyè a nan fason endividyèl osibyen ke kolektif13 nan pote sekou, “sekou nan povrete, sekou nan maladi; sekou nan dout, sekou nan inyorans—sekou nan tout sa ki bare … lajwa ak pwogrè.”14

Gen yon santiman apatenans menmjan an ki egziste nan kowòm ansyen yo ak òganizasyon yo nan Legliz la pou tout laj, enkli timoun nou yo ak jèn nou yo. Legliz la se plis pase batiman yo ak estrikti eklezyastik la; Legliz la se noumenm, manm yo. Nou se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, avèk Kris la alatèt li ak pwofèt la kòm pòtpawòl Li. Senyè a te di:

“Gade, se doktrin mwen an sa—nenpòt moun ki repanti epi ki vin jwenn mwen, moun sa a se legliz mwen an. …

“Epi kounyeya, gade, nenpòt moun ki nan legliz mwen an, epi ki pèsevere nan legliz mwen an jiska lafen, se moun sa a m ap tabli sou awòch mwen an.”15

Frè m ak sè m yo, annou reyalize kòman nou privilejye paske nou fè pati Legliz Jezikri a, kote nou kapab ini lafwa nou, kè nou, fòs nou, lespri nou, ak men nou pou n reyalize gwo mirak Li yo. “Paske, se pa yon sèl manm ki fè kò [Legliz Kris la]. Se anpil manm ki fè yon kò.”16

Yon jèn gason te di manman l, “Lè m te piti, chak fwa m te bay yon dola pou dim, me te panse ke avèk yon dola sa a, yo ta pral konstwi gwo chapèl. Èske sa pa dwòl?

Touche, manman l te reponn, “Sa bèl! Èske w te imajine yo nan lespri w?

Li te reponn “Wi!.” Li te reponn byen fò “Wi!”, “Yo te bèl, epi te gen dè milyon ladan yo”17

Chè zanmi m yo, annou gen lafwa yon timoun, epi rejwi paske nou konnen ke menm efò ki pi piti n ap fè yo ap pote yon gwo diferans nan wayòm Bondye a.

Objektif nou nan wayòm Li a se pou nou youn mennen lòt bay Kris la. Jan nou li nan ekriti yo, Sovè a te bay Nefit yo envitasyon sa a:

“Èske gen moun ki malad nan mitan nou? Mennen yo vini. Èske gen moun ki paralize, oubyen avèg, oubyen bwate, oubyen domaje, oubyen lepre, oubyen ki vyeyi, oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason? Mennen yo vini e m ap geri yo, paske m gen konpasyon pou nou; zantray mwen chaje avèk mizèrikòd.

“… paske, m wè lafwa nou ase pou m ta geri nou.”18

Èske nou tout pa gen afliksyon nou kapab pote nan pye Sovè a? Byenke gen kèk nan nou ki gen difikilte fizik, anpil nan nou ap lite anba konfli emosyonèl, gen lòt k ap lite pou yo kenbe koneksyon sosyal, epi nou tout ap chèche yon soulajman lè lespri nou twouble. Nou tout aflije nan yon fason kèlkonk.

Nou li “tout foul la, ansanm, te vini avèk malad yo … ak tout moun yo ki te aflije nan nenpòt fason; e li te geri yo youn apre lòt pandan yo te mennen yo ba li a.

“Epi yo tout, ni sa yo ki te geri yo ni sa ki pa t malad yo te bese nan pye l, e yo te adore l.”19

Sòti nan yon ti gason ki peye dim avèk lafwa ale nan yon manman selibatè ki bezwen lagras Senyè a, pase pa yon papa k ap lite pou l pran swen fanmi li rive nan zansèt nou yo ki bezwen òdonans sali ak ekzaltasyon yo ak chak grenn nan nou ki renouvle alyans nou avèk Bondye chak semèn, nou youn bezwen lòt, epi nou youn kapab mennen lòt nan gerizon redanmtè Sovè a.

Chè frè m ak sè m yo, annou suiv envitasyon Jezikri a pou nou mennen tèt nou ak afliksyon nou yo ba Li. Lè nou vin jwenn Li epi nou mennen moun nou renmen yo ba Li, Li wè lafwa nou. L ap restore yo, epi L ap restore nou.

Antanke “disip pezib Kris la,”20 n ap fè efò pou nou vin gen “yon sèl kè ak yon sèl espri”21 epi pou nou gen imilite; pou nou soumi; pou nou janti, e pou nou pran pitye fasil; pou nou chaje avèk pasyans, ak pasyans san limit; pou nou tanpere nan tout bagay; kenbe kòmandman Bondye yo tout tan avèk dilijans; pou nou gen lafwa, esperans ak charite; epi n ap toujou fè anpil bon zèv.22 N ap travay pou nou vin tankou Jezikri.

Mwen temwanye ke, antanke Legliz Kris la, nou se mwayen pou ede “Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri, reyalize kèk nan zèv ki pi puisan L yo ant kounyea avèk lè L ap retounen an,”23jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye.

Senyè a te di:

“Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.

“Epi m ap ba nou menm ki se premye travayè yo nan dènye wayòm nan, yon kòmandman pou nou rasanble nou ansanm, pou nou òganize nou, pou nou prepare nou, epi pou nou sanktifye tèt nou; wi, pirifye kè nou, epi netwaye men nou yo ak pye nou yo devan mwen, pou m kapab fè nou pwòp.”24

Ke nou reponn a envitasyon diven sa a epi jwayezman rasanble, òganize, prepare, ak sanktifye tèt nou, se enb priyè mwen nan non Jezikri, amèn.