Konferans Jeneral
Èske Plan an Mache?
Konferans Jeneral Avril 2022


Èske Plan an Mache?

Mwen temwaye ke plan bonè a mache. Li te kreye pa Pè Selès nou an, ki konnen nou epi ki renmen nou pafètman.

Èske Plan an Mache?

Dènyèman, m te gen yon konvèsasyon avèk yon jèn adilt ki te sèvi yon misyon sa gen plizyè ane epi ki kounyea te angaje nan travay pwofesyonèl li. Nan kèk fason, lavi l sanble l t ap mache byen. Men lafwa li t ap bese. Li t ap nwaye nan yon lanmè dout sou Sovè a ak Legliz Li a. Li te eksplike ke li pa t resevwa benediksyon li te espere yo nan levanjil retabli a. Li pa t santi ke plan bonè a t ap mache nan lavi l.

Mesaj mwen jodia, se pou tout moun ki ta ka gen menm santiman sa yo. M ap pale avèk moun ki te konn “anvi chante kantik lanmou redanmtè a” men, ki pa “santi sa kounyea.”1

Papa byenneme nou ki nan syèl la prepare yon plan mèveye pou bonè etènèl nou. Men, lè lavi a pa dewoule jan nou te atann oubye espere, sa ka sanble ke plan Pè Selès la pa mache.

M ap mande m si kèkfwa nou pa santi nou fason disip Jezi yo te santi yo lè yo te nan yon bato, “nan mitan lanmè a, balanse anba vag yo: paske van an te toumante.”2

Lè sa a, nan granm maten:

“Jezi te vin jwenn yo, li t ap mache sou dlo a.

“Epi lè disip yo te wè l’ap mache sou dlo a, yo te twouble, epi yo te tèlman pè yo te rele.

“Men lè a Jezi te pale avèk yo, Li te di: Pran tèt nou; se mwen menm; nou pa bezwen pè.

“Epi Pyè te reponn li e te di, Senyè, si se ou menm, kite m’vin jwenn ou sou dlo a.

“Epi, li di, vini. Epi Pyè se soti nan kannòt la, li te kòmanse mache sou dlo a pou l t al jwenn Jezi.

“Men, lè l te wè van an te fò, li te vin pè, li te kòmanse koule nan dlo a epi li te rele, … Mèt, sove m non.

“Epi menm lè a, Jezi te lonje lamen l, li te pran Pyè, epi li te di li: Gade jan ou manke konfyans; poukisa ou te doute?”3

Èske m mèt pataje twa prensip mwen aprann nan men Pyè? M priye pou prensip sa yo ka ede nenpòt moun ki santi plan bonèa p ap mache nan lavi yo.

Premy&man, aji avèk lafwa nan Jezikri.

M gen gwo respè pou lafwa Pyè. Pou envitasyon senp Jezi a pou l te “vini” an, li te kite bato ki te ajite anba move tan an. Sanble l te konnen, si Jezikri te envite l pou l fè yon bagay—yon bagay ki te menm sanble l enposib—li ta ka fè l.4 Pyè te fè Sovè a konfyans plis pase bato l la. Epi, lafwa sa a te ba l pouvwa pou l te aji avèk kouraj pandan yon sityasyon plen strès , ki te fè l pè.

Lafwa Pyè raple m yon eksperyans Èldè José L. Alonso te pataje avè m. Yon ti tan apre pitit gason Elder Alonso a te fin mouri, kote l te kite yon fanmi avèk timoun piti, Elder Alonso te tande timoun yo ki t ap pale.

Yo te mande, “kisa nou pral fè?”

Yon pitit fi nevan te reponn, “Papa nou byen. L ap preche levanjil la avèk Jezikri.”

Tankou Pyè, ti pitit fi l la te wè pi lwen pase difikilte pa l la epi li te mete konfyans li nan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa L la. Lafwa nan Sovè a pote lapè ak fòs pou nou kontinye avanse.

Si w gade nan eksperyans lepase w yo, m kwè ke w ap wè ou te egzèse lafwa anpil fwa nan lavi w. Vin manm Legliz la se yon aksyon ki mande lafwa. Pale avèk Pè Selès nan lapriyè se yon aksyon ki mande lafwa. Li ekriti yo se yon aksyon ki mande lafwa. Koute mesaj nan konferans jeneral sa a se yon aksyon ki mande lafwa. Jan Prezidan Russell M. Nelson di a, “ .”5

Yon lòt leson m aprann nan men Pyè, se sa a:

Nan moman difisil yo, vire gade Jezi imedyatman.

Pandan l t ap mache al jwenn Sovè a, Pyè te pè poutèt van an, epi l te kòmanse nwaye. Men, lè Pyè te reyalize sa k t ap pase, li pa t eseye rete anlè dlo a poukont li oubyen naje retounen nan bato a. Tan pou l ta retire lafwa l nan Kris la, li te kenbe pi rèd, li te rele, “Seyè, sove m.”

“Epi imedyatman Jezi te lonje men Li epi L te pran Pyè.”6

Nou tout konn rankontre van vyolan ki ka sekwe lafwa nou epi lakoz nou nwaye. Lè sa rive, tanpri sonje ke plan bonè Pè Selès la gen yon lòt non—plan redanmsyon. Plan an pa t pou nou woule fasilman atravè lavi a, pou n pa janm trebiche, pa janm nwaye, pou nou gen yon souri tout tan sou figi nou. Pè Selès te konnen ke nou t ap bezwen rachte. Se poutèt sa, Li te prepare plan redanmsyon an.7 Se poutèt sa, Li te voye yon Redanmtè. Lè nou gen pwoblèm—pou nenpòt ki rezon—sa pa vle di plan an p ap mache. Se lè sa a nou pi bezwen plan an!

Nan moman sa yo, suiv egzanp Pyè a. Vire gade Sovè a imedyatman.

paske, reyèlman, jodia se lè ak jou pou sali nou; “Pa ranvwaye jou repantans ou.”8

Kèlkeswa kote nou ye ak kote nou rive, repantans se chemen pou retounen an. Prezidan Nelson te ansenye:

“Anyen pa pi libere nou, pi annobli nou ni pi endispansab pase yon konsantre sou repantans chak jou. …

“Ke n ap avanse ak dilijans sou chemen alyans lan, ke nou te dewoute oubyen kite chemen an, ou menmsi nou pa ka wè chemen alyans lan nan kote nou ye a, mwen priye nou pou nou repanti. Fè eksperyans pouvwa fòtifyan repantans lan chak jou—pou n ka fè pi byen e pou n yon ti jan pi bon chak jou.”9

Vini jwenn Kris la vle di plis pase panse avèk Li oubyen pale de Li oubyen menm renmen Li. Sa vle di suiv Li. Sa vle di viv fason Li anseye nou pou nou viv. Epi pou nou tout, sa vle di repanti, san delè.

Yonn nan pitit fi m yo te konn travay nan sant fòmasyon misyonè a. Li te pale m de yon Èldè li te anseye ki te fè l konfidans ke li pa t kwè ke Liv Mòmon an se laverite. Li te priye anpil pou l te ka jwenn temwayaj spirityèl, men, li pa t resevwa okenn repons.

Pitit fi m nan te priye pou l te ka konn kisa pou l te fè pou l te ede misyonè sa a. Li te resevwa enpresyon ke nou pa gen ekriti yo sèlman pou nou li yo epi pou nou jwenn temwayaj; men, nou genyen yo tou pou anseye nou pou nou kenbe kòmandman Bondye yo. Piti fi m nan te pataje panse sa a avèk misyonè a.

Nan apre, li te wè misyonè a ankò, ki te sanble l pi kontan. Li te di l ke li te finalman resevwa yon temwayaj ke Liv Mòmon an se laverite. Li te konnen ke temwayaj sa a te vini poutèt li t ap fè yon pigran efò pou l te sa Liv Mòmon an anseye.

Annou suiv egzanp Pyè a pou nou vire gade Sovè a lè n ap travèse pwoblèm. Suiv Jezikri olye nou apiye sou sajès ak fòs pa nou. Kèlkeswa depi konbyen tan n ap eseye debat nan dlo a san Li menm, li pa janm twò ta pou nou ale jwenn Li. Plan an mache!

Yon twazyèm prensip m te aprann nan men Pyè, se sa a:

Gen imilite devan Senyè a, epi L ap elve nou al nan pi gwo bagay.

Pyè te demontre lafwa, ni nan mache sou dlo a ni nan lonje men l bay Sovè a lè l te bezwen èd. Malgre sa, Sovè a te wè ke Pyè te gen potansyalite pou l te fè plis bagay. Li te di, “Gade jan ou manke konfyans,” “poukisa ou te doute?”10

Pyè te ka pa kontan poutèt repwòch sa a. Men, li te aksepte l avèk imilite. Li te kontinye chèche pi gran lafwa nan Jezikri. Atravè plizyè eksperyans adisyonèl pou ranfòse lafwa—gen kèk ki te trè difisil—Pyè te finalman vin tounen dirijan solidman ankre Senyè a te bezwen l ye a. Li te akonpli gwo bagay nan sèvis Senyè a.

Ki gwo travay Senyè a vle pou nou akonpli? Nan Legliz ak wayòm Li a, gen anpil opòtinite pou nou sèvi ak ede lòt moun jan Sovè a te fè a. Li vle pou nou patisipe nan gwo travay Li a. Plan bonè a p ap janm vin pi reyèl pou nou pase lè n ap ede lòt moun viv li.

Nan pwòp vwayaj lafwa pa m, pawòl Alma yo te chanje lavi m: “Moun ki gen imilite san yo pa oblije gen imilite, yo beni.”11 An nou enbleman mete tèt nou nan pozisyon kote Jezikri ka elve nou, dirije nou, ak tire plis nan kapasite nou.12

Mwen temwaye ke plan bonè a mache. Li te kreye pa Pè Selès nou an, ki konnen nou epi ki renmen nou pafètman. Li mache paske Jezikri te simonte peche ak lanmò atravè Ekspyasyon L lan. Vin jwenn Li, suiv Li, epi “imedyatman, gran plan redanmsyon an ap akonpli pou nou.”13 Nan non Jezikri, amèn.