Konferans Jeneral
Nati Divin nou ak Destine Etènèl Nou
Konferans Jeneral Avril 2022


Nati Divin nou ak Destine Etènèl Nou

Mwen envite nou pou nou santre lavi nou sou Jezikri epi sonje verite fondamantal yo ki nan Tèm Jènfi a.

Sè byenneme yo, mèsi poutèt nou la a. Mwen santi m onore pou m patisipe nan sesyon fi yo nan konferans jeneral sa a. Nan kèk okazyon, m konn gen privilèj pou m asiste klas Jènfi yo. Men, kite m souliye yon bagay ki evidan—m pa jèn, epi m pa yon fi! Sepandan, eksperyans fè m aprann ke m ap mwens santi m pa nan plas mwen si m ka resite Tèm Jènfi yo avèk yo. Doktrin pwofon yo anseye nan Tèm Jènfi a1 enpòtan pou jènfi yo, men, li aplikab pou tout moun, enkli sila nan pami nou ki pa jènfi yo.

Tèm Jènfi a kòmanse konsa, “M se yon pitit fi byenneme paran selès, avèk yon nati divin ak yon destine etènèl.”2 Deklarasyon sa a gen kat verite enpòtan ladan. Premyèman, ou se yon pitit fi byenneme. Okenn bagay ou fè—oubyen pa fè—pa ka chanje sa. Bondye renmen w paske ou se pitit fi espri Li. Kèkfwa, nou gendwa pa santi amou Li, men li toujou la. Amou Bondye pafè.3 Kapasite nou pou nou santi amou sa a pa pafè.

Lespri a jwe yon wòl enpòtan nan kominike amou Bondye pou nou.4 Men, enfliyans Sentespri a ka “maske dèyè gwo emosyon, tankou kòlè, rayiman, … [oubyen] krent, … tankou lè n ap eseye pran gou yon bon rezen pandan n ap manje yon piman pike. … [Yonn nan gou yo] kouvri lòt la konplètman.”5 Konsa tou, konpòtman ki elwanye nou de Sentespri a, enkli peche,6 rann difisil pou nou santi amou Bondye pou nou.

Menmjan tou, santiman nou ka genyen de amou Bondye a ka bouche pa sitiyasyon difisil ak maladi fizik oubyen mantal, pami lòt bagay. Nan tout ka sa yo, konsèy dirijan yo oubyen pwofesyonèl kredib ka souvan yon benefis. Nou ka eseye amelyore reseptivite nou pou amou Bondye, nou ka mande tèt nou, “Èske amou m pou Bondye konstan oubyen èske m renmen nan bon jou, epi pa vrèman nan move jou yo?”

Dezyèm verite a sèke nou gen paran selès, yon papa ak yon manman.7 Doktrin sou yon Manman Selès la vini atravè revelasyon epi se yon kwayans ki distenge nou kòm Sen Dènye jou. Prezidan Dallin H. Oaks te eksplike enpòtans verite sa a: “Teyoloji nou an kòmanse avèk paran selès. Pi gran aspirasyon nou se pou nou vin sanble avèk yo.”8

Pa gen anpil lòt bagay yo revele konsènan Manman nan Syèl la, men, sa nou konnen an rezime nan yon sijè levanjil (Essais sur des sujets de l évangile) ki nan aplikasyon Bibliyotèk Levanjil nou an.9 Lè w fin li sa k ladan yo, w ap konnen tout sa m konnen sou sijè sa a. M swete m te konn pi plis sou sijè a. Nou menm tou nou ankò gen kesyon e nou vle jwenn plis repons. Chèche pi plis konpreyansyon se yon pati enpòtan nan devlopman spirityèl nou, men tanpri, pran prekosyon. Larezon pa ka ranplase revelasyon.

Sipozisyon p ap mennen pi plis konesans spirityèl, men li ka mennen desepsyon oubyen dewoute fokis nou nan sa ki revele.10 Paregzanp, Sovè a te anseye disip Li yo, “Priye Papa a tout tan nan non Mwen.”11 Nou suiv modèl sa a epi nou dirije adorasyon nou sou Pè Selès nou nan non Jezikri epi nou pa priye Manman Selès nou.12

Depi lè Bondye te chwazi pwofèt yo, yo otorize pou yo pale nan non Li. Men, yo pa pwononse doktrin ke yo envante “nan panse [pa] yo”13 oubyen anseye sa ki pa revele. Konsidere pawòl pwofèt Balaam yo nan Ansyen Testaman an, ke yo te ofri yon rekonpans pou l te modi Izrayelit yo pou benefis Moab. Balaam te di, “Si [wa Moab la] ta ban m kay li chaje avèk lajan ak lò, m pa ka ale pi lwen pase pawòI Senyè Bondye m nan, pou m fè ni mwens ni plis.”14 Pwofèt dènye jou yo gen menm kontrent la. Egzije revelasyon nan men Bondye se awogans epi sa pa pwodiktif. Okontrè, nou dwe ret tann Senyè nan tan pa L pou L revele verite Li atravè mwayen ke Li etabli.15

Twazyèm verite nan premye paragraf Tèm Jènfi yo sèke nou gen “yon nati divin.” Sa fondamantal pou moun nou ye a. Sa espirityèlman “jenitik,” e nou eritye l nan men paran selès nou yo16 epi sa pa mande okenn efò bò kote pa nou. Sa se idantite ki pi enpòtan nou genyen, kèlkeswa fason nou chwazi idantifye tèt nou. Li enpòtan pou tout moun konprann verite pwofon sa a, men espesyalman pou moun ki fè pati gwoup ki oprime, rejte, oubyen anba jouk lòt moun yo. Sonje ke idantite ki pi enpòtan nou atache a nati divin nou kòm pitit Bondye.

Katriyèm verite a sèke nou gen “yon destine etènèl.” Yo pa ka fòse nou gen destine sa a. Apre lamò, nou pral resevwa sa nou te kalifye pou nou resevwa a epi nou pral “jwi [sèlman] sa [nou] vle resevwa a,”16. Reyalize destine etènèl nou depann de chwa nou. Sa mande pou nou fè epi kenbe alyans ki sakre. Chemen alyans sa a se fason nou vin jwenn Kris la epi li baze sou verite absoli ak lwa etènèl enchanjab. Nou pa ka kreye pwòp chemen pa nou epi espere rezilta Bondye pwomèt yo. Sa t ap yon erè pou nou ta espere benediksyon L yo pandan nou p ap suiv lwa etènèl ki asosye avèk yo17 a, tankou panse ke nou ka touche yon recho dife epi “deside” ke nou p ap boule.

Siman nou konnen ke otrefwa m te konn pran swen malad ki te konn soufri anba ensifizans kadyak. Yo te konn jwenn pi bon rezilta lè yo te suiv plan tretman deja etabli, ki te baze sou evidans yo. Malgre yo te konn sa, gen kèk pasyan ki te konn eseye negosye yon plan tretman diferan. Yo te konn di, “M pa vle pran tout medikaman sa yo” oubyen “M pa vle kontinye fè tout kantite tès suivi sa yo.” Natirèlman, pasyan yo te lib pou yo te pran desizyon pa yo, men, si yo te ekate yo de plan tretman nòmal la, rezilta yo te peye sa. Pasyan ki gen ensifizans kadyak pa ka chwazi yon tretman ki pa twò bon epi apresa blame kadyològ la pou rezilta ki pa twò bon.

Se menm jan pou nou tou. Chemen Pè Selès la preskri yo mennen nan pi bon rezilta etènèl yo. Nou lib pou nou chawzi, men, nou pa ka chwazi konsekans yo si nou pa suiv chemen ki revele a.19 Senyè a te di, “Yon bagay ki vyole yon lwa, epi ki pa sipòte lwa a, men ki vle vin tounen yon lwa pou tèt pa li, … lwa a pa kapab sanktifye l, ni mizèrikòd, ni lajistis, ni jijman.”20 Nou pa ka devye soti nan chemen Pè Selès la epi blame L pou rezilta ki pa twò bon yo.

Dezyèm paragraf nan Tèm Jènfi a di konsa: “Antanke disip Jezikri, m ap fè efò pou m vin menmjan avèk Li. M ap chèche revelasyon pèsonèl epi m aji selon yo epi m ap sèvi lòt moun nan non sakre Li.” Nou ka devlope yon temwayaj konsènan Jezikri si nou aji ak lafwa.21 Nou ka reklame don spirityèl “pou nou konnen Jezikri se Pitit Gason Bondye a, epi yo te krisifye L pou peche mond lan.” Oubyen nou ka resevwa don pou nou kwè pawòl moun ki konnen,22 jiskaske nou vin konnen pou tèt pa nou. Nou ka suiv ansèyman Sovè a epi ede lòt moun vin jwenn Li. Nan fason sa a, nou mete men avèk Li nan travay Li a.23

Tèm Jènfi yo kontinye, “M ap kanpe kòm yon temwen Bondye tout tan, nan tout bagay ak nan tout kote.” Yo bezwen pou tout manm nan Legliz la vin temwen Bondye,24 byenke Apot yo ak Swasanndis yo mandate kòm temwen espesyal non Kris la.25 Imajine yon match hokey kote se sèl gadyen an k ap pwoteje kan an. San èd lòt jwè yo nan ekip la, gadyen an p ap ka defann kan an kòrèkteman epi ekip la ap toujou pèdi. Konsa tou, yo bezwen tou moun nan ekip Senyè a.26

Dènye paragraf nan Tèm Jènfi yo kòmanse konsa, “Pandan m ap fè efò pou kalifye m pou egzaltasyon, m ap cheri don repantans la epi m ap chèche amelyore m chak jou.” Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, nou ka repanti, aprann nan erè nou yo, pou yo pa kondane nou. Prezidan Russell M. Nelson te anseye, “Gen twòp moun ki konsidere repantans kòm pinisyon. … Men, santiman pinisyon sa a se nan Satan l soti. Li eseye bloke nou pou nou pa gade Jezikri, ki kanpe avèk bra L ouvri, avèk espwa epi dispoze pou L geri, padone, pwòpte, fòtifye, pirifye, ak sanktifye nou.”27

Lè nou repanti sensèman, okenn sikatris spirityèl pa rete, kèlkeswa sa nou te fè a, kèlkeswa gravite li, oubyen konbyen fwa nou te repete l.28 Osi souvan nou repanti epi chèche padon avèk entansyon reyèl, nou ka jwenn padon.29 Ala yon don remakab nou resevwa nan men Sovè nou an, Jezikri!30 Sentespri a ka asire nou lè nou jwenn padon. Lè nou santi lajwa ak lapè,31 kilpabilite a efase,32 epi peche nou yo pa toumante nou ankò.33

Sepandan, menm apre repantans sensè, nou ka fè fopa. “Fopa” pa vledi ke repantans la pa t ase, men, li ka senpleman reflete feblès imèn. Sa rekonfòtan pou nou konnen ke “Senyè a wè feblès yo nan fason diferan de jan l wè rebelyon.” Nou pa ta dwe doute kapasite Sovè a pou L ede nou avèk feblès nou yo paske “lè Senyè a pale konsènan feblès, se toujou avèk mizèrikòd.”34

Tèm Jènfi yo konkli, “Ak lafwa, m ap fòtifye fwaye m ak fanmi m, fè ak kenbe alyans sakre, epi resevwa òdonans ak benediksyon tanp sakre yo.” Fòtifye fwaye ak fanmi ka vledi fòje premye koneksyon an nan yon chenn fidelite, pandan n ap kontinye yon eritaj lafwa, oubyen retabli li.35 De tout fason, fòs vini atravè lafwa nan Jezikri ak nan fè alyans ki sakre.

Nan tanp la, nou aprann kiyès nou ye ak ki kote nou sòti. Filozòf Women an, Ciceron, te di, “Si w pa gen konesans sou sa k te pase avan w te fèt, ou kondane pou w viv tankou yon timoun piti.”36 Natirèlman, li t ap fè referans a istwa layik, men osèvasyon l lan ka elaji. N ap viv tankou timoun piti nèt ale si nou pa konnen pèspektif etènèl nou jwenn nan tanp yo. Nan kote sa a, nou grandi nan Senyè a, nou “resevwa yon plenitid Sentespri a,”37 epi nou vin angaje pi konplètman kòm disip Sovè a.38 Pandan n ap kenbe alyans nou yo, n ap resevwa pouvwa Bondye nan lavi nou.39

Mwen envite nou pou n santre lavi nou sou Jezikri epi sonje verite fondamantal yo ki nan Tèm Jènfi a. Si nou vle, Sentespri a ap gide nou. Papa nou ki nan Syèl la vle nou vin eritye Li epi resevwa tout sa L genyen.40 Li pa ka ofri nou plis. Li pa ka pwomèt nou plis. Li renmen nou plis pase nou konnen epi L vle nou gen kè kontan nan lavi sa a ak nan lavi k ap vini an, nan non Jezikri, amèn. Nan non Jezikri, amèn.