Konferans Jeneral
Leson Nou Tire Nan Pi a
Konferans Jeneral Avril 2022


Leson Nou Tire Nan Pi a

Menm jan avèk fi sa a, nou ka chwazi pou nou vire vè Sovè a jodia pou nou jwenn fòs ak gerizon ki ap pèmèt nou akonpli tout sa yo te voye nou fè isit la.

Ala yon lajwa sa ye pou m ansanm avèk chak youn nan nou pou sesyon fi konferans jeneral sa a.

Mwen te grandi nan Lwès New York epi m te mache nan yon ti branch Legliz la kite apeprè ven kilomèt de lakay nou. Lè m te konn chita nan klas Lekòldidimanch ki te nan sousòl ansyen chapèl nou te lwe a, avèk zanmi m Patti Jo, mwen pa t jan te imajine ke m te fè pati yon gwoup mondyal sè ki gen dè milyon fi ladan l.

Sa gen senkan, mari m, Bruce, te tonbe malad grav pandan nou t ap sèvi avèk Sen devwe nan Entèrejyon Ewòp Lès la. Nou te tounen lakay nou epi li te mouri sèlman kèk semèn apre. Lavi m te chanje nan yon nuit. M te nan doulè epi m te santi m fèb ak vilnerab. Mwen te sipliye Senyè a pou L te dirije chemen mwen: “Kisa W ta vle m fè?”

Kèk semèn apre, mwen t ap triye lèt ki te vini pa lapòs, epi m te wè yon ti foto nan yon katalòg ki te atire atansyon m. Lè m te gade l pi pre, mwen te reyalize ke sete yon reprezantasyon yon atis te fè sou fi Samaritèn nan avèk Jezi bò pi a. Nan moman sa a, Lespri a te pale klèman avè m: “Sa a se sa w ta dwe fè.” Yon Papa eman nan Syèl la te envite m pou m vin jwenn Sovè epi aprann.

Mwen ta renmen pataje avèk nou twa leson m ap aprann pandan m ap kontinye bwè nan sous “dlo lavi” L la.1

Premyèman: Sikonstans nan Pase ak Prezan nou Pa Detèmine Avni Nou

Sè m yo, m konnen anpil nan nou santi sa m te santi a, nou pa twò konn kijan pou nou afwonte pwoblèm difisil ak defèt yo—defèt paske lavi w pa p dewoule jan w te espere, jan w te priye, ak nan w te planifye a.

Kèlkeswa sikonstans nou, lavi nou sakre, li gen yon sans ak yon objektif. Nou chak se yon pitit fi byeneme Bondye, ki fèt avèk divinite nan nanm nou.

Sovè nou an, Jezikri, atravè sakrifis ekspyatwa L la, te fè l posib pou nou pwòpte ak geri, pou pèmèt nou akonpli objektif nou sou tè a kèlkeswa desizyon moun nan fanmi nou, eta sivil nou, sante mantal oubyen fizik nou, oubyen nenpòt lòt sitiyasyon.

Ann konsidere fi a ki te bo pi a. Kijan lavi l te ye? Jezi te konnen ke l te pase senk mari epi li pa t marye avèk gason l t ap viv nan moman an. Epoutan, malgre difikilte lavi l yo, youn nan premye deklarasyon piblik Sovè a ke L sete Mesi a sete pou fi sa a. Li te di l, “Mwen k ap pale avèk ou la a, mwen se Kris la.”2

Li te vin tounen yon temwen puisan, li te mache deklare moun nan vil li a ke Jezi sete Kris la. “Anpil moun Samari ki te rete nan site an te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo.”3

Sikonstans nan pase ak prezan l yo pa t detèmine avni li. Menm jan avèk fi sa a, nou ka chwazi pou nou vire vè Sovè a jodia pou nou jwenn fòs ak gerizon ki ap pèmèt nou akonpli tout sa yo te voye nou fè isit la.

Dezyèmman: Pouvwa a Nan Nou

Vèsè ki avan an ankouraje tout fi ak gason pou yo “angaje nan bon kòz, pou yo fè anpil bagay avèk pwòp volonte pa yo, epi pou yo reyalize anpil lajistis; paske pouvwa a nan yo5

Sè m yo, pouvwa an nan nou pou nou reyalize anpil lajistis!

Prezidan Nelson te anseye nou: “Chak fi ak chak gason ki fè alyans avèk Bondye epi ki kenbe alyans sa yo, epi ki patisipe diyman nan òdonans prètriz yo, gen aksè dirèk nan pouvwa Bondye.”5

Mwen vin konprann ke lè nou efòse nou pou nou onore alyans sakre nou te fè nan batèm ak nan tanp sakre yo, Senyè a beni nou “avèk pouvwa gerizon ak fòtifyan Li a ansanm avèk yon “revèy espirityèl [nou pa t] janm gen anvan.”6

Twazyèmman: “Se Nan Ti Bagay, Sa Ki Gran Soti”7

Nan Diskou sou Mòn nan, Jezi te anseye disip li yo, “Se sèl nou ye pou moun sou latè”8 epi “Se limyè nou ye pou moun sou latè.”9 Apre sa Li te konpare kwasans wayom syèl la avèk leven, “yon fi pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pat la leve.”10

  • Sèl

  • Leven

  • Limyè

Menm an ti kantite tou piti, chak nan yo gen efè sou sa ki antoure yo. Sovè a envite nou pou nou itilize pouvwa Li pou nou ka sèl, leven, ak limyè.

Sèl

Sa etonan pou wè tout diferans yon ti priz sèl ka fè pou gou nenpòt bagay n ap manje. An menm tan tou, sèl se youn nan engredyen ki pi bon mache ki egziste.

Nan liv 2 Wa a, nou li apwopo yon “ti fi,”11 moun peyi Siri yo te fè prizonye . Ti fi a te rete ak madanm Naaman, ki te kapitèn lame peyi Siri a. Li te tankou sèl; li te jèn, san enpòtans nan mond la, epi lavi l kòm yon esklav nan yon peyi etranje te klèman pa sa l te espere.

Sepandan, li te di de fraz pa pouvwa Bondye, li te temwaye bay madanm Naaman: “Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.”12

Pawòl lafwa l yo te rive nan zorèy Naaman, ki te aji sou sa l te di a, sa ki te pèmèt ni kò li ni lespri li geri.

Nou pi souvan konsantre nou sou sèvitè ki te konvenk Naaman pou li te ale benyen nan rivyè Jodan an, jan pwofèt Elize a te di, men Naaman pa ta p janm al kanpe devan pòt Elize si se pa t pou “ti fi” a.

Ou gendwa jèn oubyen santi w san enpòtans, men ou ka tankou sèl nan fanmi w ak nan kominote w.

Leven

Èske w janm manje pen san leven? Kijan ou ta dekri li? Dans? Lou? Difisil? Avèk sèlman yon ti kantite leven, pen an leve, li gonfle pou li vin pi lejè ak pi mou.

Lè nou envite pouvwa Bondye nan lavi nou, nou ka ranplase “chante plenyen”13 an pa pèspektif enspire ki ka edifye lòt mou epi fè plas pou kè yo geri.

Yon zanmi mwen te rete kouche sou kabann li yon maten Nwèl, anvayi anba chagren. Pitit li yo te sipliye l pou l te leve; men, li te ranpli ak lapenn paske yo ta pral pwononse divòs li. Pandan l te kouche sou kabann nan ap kriye, li te devèse nanm li nan lapriyè bay Papa L ki nan Syèl la, li te rakonte Papa a dezespwa l.

Lè l te fini priyè a, Lespri a te chichote ba li ke Bondye te konnen lapenn ni. Li te ranpli avèk konpasyon pou li. Eksperyans sakre sa a te fè l santi emosyon l te gen valè epi sa te ba li espwa ke li pa t kriye poukont li. Li te soti deyò a epi li te bati yon bonòm nèj avèk pitit li yo, li te ranplase chagren maten an pa ri ak lajwa.

Limyè

Ki kantite limyè nou bezwen pou pèse fènwa ki nan yon chanm? Yon ti reyon. Epi reyon limyè sa a nan yon kote ki fènwa ka soti nan pouvwa Bondye ki nan nou an.

Menm si w gendwa santi w poukont ou lè tanpèt lavi yo ap fè raj, ou kafè yon limyè briye nan fènwa malantandi, konfizyon, ak enkwayans. Limyè lafwa w nan Kris la ka konstan ak asire, epi l ap mennen moun ki bò kote w yo al nan sekirite ak lapè.

Sè m yo, kè kapab chanje epi lavi ka beni lè nou ofri yon ti priz sèl, yon ti kiyè leven, ak yon ti reyon limyè.

Mwen temwaye ke Sovè a se sèl nan lavi nou, ki ap envite nous pou nou goute lajwa Li ak lanmou Li.14 Se Limenm ki leven an lè lavi nou difisil, pou ba nou lespwa15 epi pou pote fado nou yo16 atravè pouvwa enkonparab Li ak lanmou redanmtè Li.17 Li se limyè nou,18 ki klere chemen nou pou n tounen lakay la.

Mwen priye pou nou ka vin jwenn Sovè a, menmjan ak fi bò pi a, epi bwè dlo lavi L la. Avèk moun peyi Samari yo, nou ka deklare lè sa a, “Nou kwè, … paske nou tande l nou menm ak de zorèy nou. Nou konnen se Li menm vre ki vin delivre moun sou latè.”19 Nan non Jezikri, amèn.