2010–2019
Kris: Limyè Ki Klere nan Fènwa a
Konferans Jeneral Avril 2019


Kris: Limyè Ki Klere nan Fènwa a

Si ou santi limyè temwayaj ou ap bay ratman epi fènwa ap pran plas li, pran kouraj. Respekte pwomès Bondye yo.

Biwo m ki nan bilding Sosyete Sekou a pèmèt nou wè pafètman Tanp Salt Lake la. Chak swa, regilyèman menm jan avèk presizyon yon revèy, limyè ki deyò tanp lan limen lè l fènwa. Tanp lan se yon fa ki toujou limen deyò fenèt mwen an.

Imaj
Tanp Salt Lake la nan aswè

Yon jou aswè nan Fevriye ki sot pase a, biwo m nan te rete nan fènwa eksepsyonèlman lè solèy la te kouche. Pandan m t ap gade nan fenèt la, tanp lan te fènwa. Limyè yo pat limen. M te santi m tris toudenkou. M pa t ka wè flèch tanp la m te konn gade chak swa a depi dèzane a.

Imaj
Tanp Salt Lake la avèk flèch yo pa limen

Gade fènwa kote m te espere m t ap wè limyè a te raple ke youn nan bezwen fondamantal nou genyen pou n ka pwogrese se rete konekte avèk sous limyè nou an—Jezikri. Li se sous pouvwa nou, Limyè ak Lavi mond lan. San yon koneksyon fò avèk Li, nou kòmanse mouri espirityèlman. Konesan sa, Satan eseye eksplwate presyon mond lan nou tout ap sibi yo. Li travay pou bese limyè nou, koupe koneksyon an, koupe bouton alimantasyon an, pou l kite nou poukont nou nan fènwa. Presyon sa yo se kondisyon ki komen nan vi mòtèl la, men Satan ap eseye izole nou e li di nou konsa nou se sèl moun ki ap fè eksperyans sa yo.

Kèk nan pami nou paralize anba chagren.

Lè trajedi yo boulvèse nou, lè lavi a si tèlman fè nou mal nou pa ka respire, lè yo malmennen nou tankou nonm ki te sou wout Jeriko a ke yo te kite twaka mò a, Jezi vini epi l mete lwil sou blese nou yo, Li leve nou jantiman, Li abiye nou, Li mennen nou nan otèl, Li pran swen nou.1 Li di sila yo ki nan lapenn: “M ap fè chay ki sou zèpòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou, … pou nou kapab konnen toutbon, mwen menm, Senyè Bondye a, m vizite pèp mwen nan afliksyon yo”2 Kris la geri blese.

Kèk pami nou trè fatige.

Èldè Holland te rekonfòte m lè l te di, “Li pa bon pou nou kouri plis pase nou gen fòs. … Men malgre sa, m konnen anpil nan nou kouri trè trè vit epi pafwa sous enèji ak emosyon nou desann ba, prèske sou vid.”3 Lè atant nou yo ap toupizi nou, nou ka fè bak epi mande Papa nou ki nan Syèl la kisa pou nou lèse tonbe. You pati nan eksperyans lavi nou se aprann kisa pou nou pa fè. Men, menm lè sa a, pafwa lavi a ka fatigan. “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m a soulaje nou.”4

Kris la vle mete ansanm avèk nou epi rale pou aleje fado nou yo. Kris se Repo.

Kèk nan nou santi nou pa fèt pou moul tradisyonèl la.

Pou divès rezon, nou pa santi moun aksepte nou oswa nou akseptab. Nouvo Testaman an montre gwo efò Jezi te fè pou lonje men bay tout kalte moun: lepre, kolektè taks, timoun, Galileyen, pwostitye, pibliken, fi, Janti, pechè, vèv, Farizyen, Women, Santiryon, adiltè, moun ki pat pwòp. Nan prèske tout istwa Li lonje men bay yon moun yo pat aksepte tradisyonèlman nan sosyete a.

Lik 19 rakonte istwa kolektè taks an chèf nan Jeriko a ki te rele Zache. Li te grenpe yon pyebwa pou l te wè Jezi ki t ap pase. Zache te kout, se gouvènman Women an ki te enplwaye l, you te konsidere kòm yon pechè kowonpi. Jezi te wè l sou pyebwa a, Li te rele l, epi L te di l: “Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a.”5 Epi lè Jezi te wè bonte ki nan kè Zache ak bagay li te fè pou lòt moun, li te aksepte envitasyon l lan, li te di: “Jodi a, kay sa a delivre [paske] nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou.”6

Kris la te di Nefit yo, avèk tandrès, “M pa t kòmande pou onkenn nan pami nou rale kò nou.”7 Pyè te gen revelasyon puisan sa a nan Travay 10 lè l te deklare: “Bondye te fè m’ konnen mwen pa gen dwa gade [pesonn] pou move moun.”8 Se yon egzijans fèm pou disip Kretyen ak Sen Dènye Jou yo montre youn gen vrè lanmou pou lòt.9 Jezi voye menm envitasyon li te bay Zache a ban nou: “M kanpe devan pòt la, m frape: si [ou] tande vwa m epi ou louvri pòt la, ma p antre lakay [ou], m ap manje avèk [ou], epi [ou] ap manje ansanm avèk mwen”10 Christ sees us in our tree.

Kèk nan pami nou a eklate anba kesyon.

Sa pa gen anpil ane, m t ap koube epi m te irite anba kesyon ke m pat ka reponn. Yon samedi maten bonè, m te fè yon ti rèv. Nan rèv la, m te wè yon tonèl epi m te panse m te dwe kanpe anba l. Li te gen senk akad ki te ansèkle l, men fenèt yo te fèt an wòch. M tap plenyen, m pat vle antre andedan l paske jan l te kwense a te fè moun pè (klostrofobik). Epi, panse a te vin nan tèt mwen ke frè Jarèd la te fonn wòch avèk pasyans pou l te fè yo tounen vit klè. Vit se wòch ki sibi yon chanjman eta. Lè Senyè a te touche wòch Frè Jarèd la te pote yo, yo te klere avèk limyè nan bato fènwa yo.11 Toudenkou, m te ranpli avèk anvi pou m te andedan tonèl sa a plis pase tout lòt kote. Se te kote sa a menm—sèl kote —pou m te ka reyèlman “wè.” Kesyon ki t ap nwi m yo pat disparèt, men kesyon sa a te vin pi klè nan panse m lè m te reveye: Kijan pou ogmante lafwa w tankou frè Jarèd la pou wòch ou yo ka vin tounen limyè?12

Sèvo mòtèl nou yo fèt pou yo chèche konpreyansyon ak siyifikasyon ki vini an pake byen ranje. M pa konnen poukisa vwal ki bare mòtalite a epè konsa. Se pa etap nan devlopman etènèl nou kote nou jwenn tout repons yo. Se etap kote nou devlope asirans (oubyen pafwa esperans) nan evidans bagay nou pa wè yo. Asirans vini nan fason ki pa toujou fasil pou moun analize, men gen limyè nan fènwa nou yo. Jezi te di, “M se limyè a, ak lavi a, ak verite mond lan.”13 Pou moun k ap chèche laverite yo, sa ka sanble klostwofobi fenèt an wòch ensanse a toudabò. Men ak pasyans ak kesyon fidèl, Jezi ka transfòme fenèt anwòch nou yo fè yo vin an glas ak limyè . kris la selimyè ki fè nou wè.

Kèk nan pami nou santi nou pa ka janm bon ase.

Koulè wouj nan Ansyen Testaman an non sèlman briyan men tou li te rezistan, ki vle di koulè vif li a te rete sou bwa a e li pat blaze kèlkeswa kantite fwa yo te lave l.14 Satan te kenbe rezonman sa a tankou yon baton: lèn blanch ki gen tach wouj pap janm ka vin blan ankò. Men, Jezi deklare, “Fason m yo [pi] wo pase pa fason pa nou yo,”15 epi mirak gras Li a sèke lè nou repanti pou peche nou yo, san wouj li a fè nou vin pi ankò. Li pa lojik, sepandan, li vrè.

Imaj
Fisèl kolore an wouj

Foto iStock.com/iinwibisono

“Menm si peche nou wouj, y ap vin blan tankou nèj; si yo wouj tankou kramwazi y ap vin tankou lèn.”16 Senyè a te di kategorikman; Yon moun ki repanti nan peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò”17 An rezime: Vini, an nou rezone ansanm.18 Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye.19 Vini jwenn mwen epi repanti.20 M pap sonje peche w yo ankò.21 Ou ka geri ankò.22 Mwen gen yon travay pou w fè.o.23 Kris la fè fil yo vin blan.

Men, kisa ki etap ki pratik yo? Kisa ki se kle pou ou rekonekte avèk pouvwa Jezikri lè limyè w la vin fèb? Prezidan Nelson te di sa avèk senplisite: “Kle a se pou ou fè epi respekte alyans sakre. … Se pa yon bagay ki konplike.”24 Fè Kris la tounen pwen santral lavi w.25

Si ou santi limyè temwayaj ou ap bay ratman epi fènwa ap pran plas li, pran kouraj. Respekte pwomès Bondye yo. Poze kesyon w yo. Ak pasyans, fè wòch la fonn pou l vin tounen vit. Vire gade Jezi, ki toujou renmen ou.

Jezi te di, “M se limyè ki klere nan fènwa a, epi fènwa a pa rekonèt sa.”26 Sa vle di kèlkeswa jan l eseye, fènwa pa ka etenn limyè sa a. Jamè. Ou ka gen konfyans ke limyè L la ap la pou ou.

Imaj
Tanp Salt Lake la relimen

Noumenm oswa moun nou renmen yo ka nan fènwa pou yon ti bout tan. Nan ka tanp Salt Lake la, direktè enstalasyon yo, Frè Val White, te resevwa yon apèl prèske imedyatman. Moun te remake. Ki pwoblèm limyè yo nan tanp lan te genyen? Premyeman, emplwaye yo te ale pèsonèlman nan chak panèl elektrik nan tanp lan epi yo te relimen limyè yo alamen. Apre sa, yo te ranplase batri yo nan alimantasyon elektrik la epi yo te teste yo pou wè kilès ki pat mache.

Li difisil pou retounen limen limyè yo pou kont ou. Nou bezwen zanmi. Nou youn bezwen lòt. Menm jan avèk pèsonèl fasilite tanp lan, nou youn ka ede lòt pandan nou prezante pèsonèlman pou nou rechaje batri espirityèl nou, pou nou rezoud pwoblèm ki te genyen an.

Imaj
Tanp Salt la nan sezon Nwèl

Limyè endividyèl nou ka sanble avèk yon anpoul ki sou yon pyebwa. Men ti limyè nou an toujou ap briye, epi, tout ansanm, tankou Temple Square nan epòk Nwèl, nou atire dè milyon moun vin nan kay Senyè a. Sa ki pi bon nan tout bagay, jan Prezidan Nelson ankouraje sa, sèke nou kapab pote limyè Sovè bay tèt nou ak moun ki enpòtan pou nou pa yon aksyon senp ki se respekte alyans nou yo. Nan yon plizè fason, Senyè a rekonpanse aksyon fidèl sa a avèk pouvwa ak jwa.27

M temwaye, Li renmen nou anpil. Senyè a konnen kouman wap eseye. W ap fè pwogrè. Kontinye ale. Li wè sakrifis kache w yo e Li konte yo pou byen w ak byen moun ou renmen yo. Travay ou pa initil. Ou pa poukont ou. Non li se Emanyèl, ki vle di “Bondye avèk nou.”28 Li avèk ou reyèlman.

Fè kèk pa nan chemen alyans la, menmsi li twò fènwa pou ou wè lwen. Limyè yo pral limen ankò. Mwen rann temwaye konsènan verite pawòI Jezi yo, epi yo ranpli avèk limyè: “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.”29 Nan non Jezikri, Amèn.