2010–2019
Fè festen ak pawòl Kris la
Konferans Jeneral Avril 2019


Fè festen ak pawòl Kris la

An konklizyon, mwen rann temwayaj mwen ke fè festen ak pawòl Kris yo ka fèt nenpòt kilè ak nan nenpòt okazyon, si nou prepare kè nou pou nou resevwa yo

Pè Selès la renmen nou. Li prepare yon plan pafè pou nou jwi benediksyon l yo. Nan lavi sa a, nou tout envite pou nou vin jwenn Kris la pou nou resevwa levanjil retabli Jezikri a atravè batèm, pou resevwa don Sentespri a, epi pou nou fidèlman viv levanjil la. Nefi dekri angajman nou pou nou batize epi antre nan “chemen dwat ki etwat la,” epi li raple nou pou nou kontinye “avanse avèk fèmte nan Kris la, … pandan n ap fè festen ak pawòl Kris la, epi pèsevere jiska lafen,” pou nou ka resevwa tout benediksyon Pè Selès la sere pou nou yo (2 Nefi 31:19–20

Nefi raple nou nan apre ke si nou “fè festen ak pawòl Kris yo,” y ap “di [nou] tout bagay [nou] dwe fè” (2 Nefi 32:3epi n ap gen pouvwa pou nou simonte “fèch anflame advèsè a” (1 Nefi 15:24

Kisa yon festen vledi?

Lè m te jèn, m te panse ke yon festen sete senpleman yon gwo dine avèk diri, sushi, ak sòs Soya. Kounyeya, m konnen ke yon vrè festen se plis pase manje yon repa delisye. Se yon eksperyans lajwa, nouriti, selebrasyon, pataj, eksprime amou pou fanmi nou ak lòt moun nou renmen, di Bondye remèsiman nou, epi bati relasyon pandan n ap savoure manje ki abondan, epi ki gen gou anpil. Mwen kwè ke lè n apfè festen ak pawòl Kris yo, nou dwe panse avèk menm kalite eksperyans la. Fè festen ak ekriti yo se pa sèlman li yo. Sa ta dwe pote lajwa reyèl pou nou epi bati relasyon nou avèk Sovè a.

Liv Mòmon an anseye bagay sa a klèman. Sonje rèv Leyi a kote li te wè yon pwebwa “[ki] te gen fwi dezirab pou fè kè moun kontan.” Fwi sa a se amou Bondye, epi lè Leyi te goute fwi a, “li te … pi dous, pase tout fwi [li] te janm goute.” Li “te ranpli nanm [li] avèk anpil lajwa” epi se yon bagay li vle pataje avèk fanmi li (1 Nefi 8:10–12

Lè n ap fè yon festen, n ap dekouvri ke kantite oubyen kalite manje nou genyen an pa twò enpòtan si kè nou ranpli ak gratitid. fanmi Leyi a te viv avèk vyann kri nan dezè a, men Nefi te dekri eprèv difisil sa a, li te te di, “Benediksyon Senyè a yo te tèlman sou nou” ke “madanm nou yo … te gen fòs” epi yo te kapab pote timoun “san plenyen” (1 Nefi 17:1–2

Fè festen pafwa mande eksperimante ak goute. Alma pale de yon bon semans ki plante nan kè nou. Si nou fè eksperyans avèk li, n ap reyalize ke semans lan kòmanse s “vin gou pou nou” (gade Alma 32:28–33).

Fè festen ak pawòl Kris yo

Benediksyon ki genyen nan fè festen ak pawòl Kris yo puisan epi yo chaje lavi. Gen twa an patikilye m ta vle envite nou aplike nan lavi nou.

Premyèman, pawòl Kris yo ka ede nou “ogmante kapasite spirityèl [nou] pou n resevwa revelasyon” (Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Liahona Me 2018, 96) epi gide nou an sekirite tout lavi nou. Mòmon anseye ke pawòl Kris yo gen “tandans mennen pèp la fè sa [ki] jis,” epi yo pi puisan pase tout sa “epe” ka akonpli (Alma 31:5 Lè m chèche sajès Bondye pou m fè fas a pwoblèm mwen, chak fwa m eseye “vèti pawòl Bondye” a (Alma 31:5m santi m enspire epi m kapab pran desizyon ki saj, simonte tantasyon, epi beni lavi m avèk ogmantasyon lafwa nan Kris la ak amou pou moun ki bòkote m. Pwofèt nou an, Russell M. Nelson, anseye nou ke “nan jou k ap vini yo, li pap posib pou nou siviv spirityèlman san enfliyans gidan, rekonfòtan, ak konstan Sentespri a” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou96). Revelasyon nesesè a ap vini si nou eseye “vèti pawòl la,” e pawòl sa a ap pi puisan pase nenpòt lòt bagay nou ta ka eseye oubyen imajine.

Dezyèmman, lè n ap lite avèk identite nou ak mank estim pou tèt nou, “bon pawòl Bondye a” (Jakòb 2:8) ki nan ekriti yo ap ede nou konnen kiyès nou reyèlman ye epi l ap ba nou plis fòs pase sa nou posede. Rekonèt idantite m kòm pitit Bondye sete yonn nan moman ki te pi dous m te fè eksperyans. Nan kòmansman adolesans mwen, m pat konnen anyen sou ansèyman Sovè yo. Premye fwa m te li Nouvo Testaman an, pawòl Kris yo te reyèlman geri nanm blese mwen. M te reyalize ke m pat pou kont mwen epi m se yon pitit Bondye. Lè m te reyalize vrè idantite m devan Bondye, m te reyalize potansyèl enfini mwen atravè Sakrifis Ekspyatwa Kris la.

Se konsa tou, Enòs te pataje yon eksperyans pèsonèl sou limyè l te resevwa nan medite sou pawòl Kris yo. Pandan Enòs te kite pawòl papa l te anseye li konsènan “lavi etènèl la, ak jwa sen yo, [plonje] nan fon kè [li] ,” namn li “te grangou; epi [li] te ajenou devan Kreyatè [l la] … nan gwo priyè” (Enòs 1:2–4 Nan priyè sa a, li te vin konnen Sovè a epi l te aprann ke nou gen anpil valè, epi Bondye renmen nou, epi l ka padone fot nou yo, e nou se ryèlman pitit Bondye.

Twazyèmman, nou ka edifye lavi lòt moun atravè pawòl Kris yo. Menm jan Enòs te gen tan pa l ak andwa pa l pou pawòl Bondye yo touche kè l la, Senyè aap fè pati pa l pou touche kè moun nou vle fè konnen levanjil la tou. Anpil nan nou konn santi nou dekouraje lè nou eseye envite yon moun vin tande levanjil la paske rezilta nou ta vle a pat reyalize. Kèlkeswa rezilta a, Senyè a envite nou pou nou ouvri bouch nou pou nou pataje levanjil la avèk yo.

Sa gen dezan, Senyè a te touche kè manman m ke m renmen anpil, pou te ede l deside resevwa òdonans batèm nan. M t ap tann pou jou sa rive depi prèske 35 an. Pou l te ka pran desizyon sa a, anpil manm nan Legliz la te vrèman sèvi li jan Kris la t ap fè. Yon jou Dimanch, li te santi ke l te dwe al Legliz. Li te suiv enspirasyon an. Pandan l te chita nan premye ranje a epi l t ap tann reyinyon sentsèn nan kòmanse, epi l t ap ret tann sèvis sent sèn nan kòmanse, yon tigason katran te vin kanpe devan l ap gade l. Manman m te souri ba li. Tigason an te toudenkou ale epi l te retounen al chita sou chèz li, ki te sou lòtbò kote manman m te chita a. Tigason an te pran yon bagay sou chèz li a epi l te retounen lonje yon liv chan bay manman m epi l te retounen al chita ankò. Manman m te remake ke liv chan yo te plase apre chak de chèz nan chapèl la. Li t ap fasil pou l te pran yonn nan chèz ki te bòkote l la. Men, li te trè enpresyone pa jantiyès jès inosan tigason an, ke l te aprann lakay li ak nan Legliz la. Se te yon moman k te touche l anpil. Li te gen gwo enpresyon ke Bondye t ap envite l pou l vin suiv Sovè a. Li te santi l ta dwe batize. Tigason sa a pat chèche fè moun remake li men, li te senpleman fè pi byen l te kapab pou l te viv pawòl Bondye a epi renmen pwochen li. Jantiyès li a te kreye yon gwo chanjman nan kè manman m.

Pawòl Kris yo ap touche kè pwofondeman epi y ap ouvri je moun ki pako wè l yo. Sou chemen Emayis la, de disip te mache avèk Jezi. Yo te tris paske yo pat konprann ke Sovè a te triyonfe sou lamò. Nan tristès yo a, yo pa t rekonèt ke Kris ki vivan an t ap mache avèk yo. Malgre Jezi te “eksplike yo tout sa k te konsène l nan tout ekriti yo,” yo te toujou pat rekonèt li kòm Sovè ki te resisite a jiskaske yo te chita epi avèk li epi l te kase pen an. Lè sa a “je” yo te louvri. Lè noumenm—oubyen zanmi nou, kòlèg nou, ak vwazen nou —fè festen epi nou kase pen avèk li, je konpreyansyon nou ap louvri. Lè disip Emayis yo te reflechi sou tan yo te pase avèk Sovè resisite a, yo te di ke kè yo te chofe andedan yo pandan l t ap ouvri ekriti yo devan yo a (gade Lik 24:27–32). Sa ap menmjan an tou pou nou chak.

Konklizyon

An konklizyon, mwen rann temwayaj mwen ke fè festen ak pawòl Kris yo ka fèt nenpòt kilè ak nan nenpòt okazyon, si nou prepare kè nou pou nou resevwa yo Fè festen ak pawòl Kris yo ap pote revelasyon pou soutni lavi nou, rekonfime vrè idantite nou ak enpòtans nou nan je Bondye kòm pitit li, epi ak gide zanmi nou yo vin jwenn Kris la ak lavi etènèl. Pou m fini, kite m repete envitasyon Nefi a lè l te di: “Nou dwe aavanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl” (2 Nefi 31:20 Nan non Jezikri, Amèn.

Enprime