2010–2019
Pouvwa soutyen lafwa a
Konferans Jeneral Avril 2019


Pouvwa soutyen lafwa a

Lè nou leve men nou pou nou soutni dirijan nou yo, nou fè yon pwomès avèk Bondye, moun sa yo se sèvitè l la, ke n ap soutni yo.

Anpil fwa m konn tande dirijan prètriz yo ap remèsye nou paske nou soutni lafwa moun y ap sèvi yo. Akos emosyon nan vwa yo a, nou santi rekonesans yo a pwofon ak reyèl. Objektif mwen jodia se pou transmèt nou apresyasyon Senyè a paske nou soutni sèvitè l yo nan Legliz li a. Epitou, se pou ankouraje nou pou nou egzèse pouvwa sa a pou soutni lòt moun avèk lafwa nou epi fè l grandi.

Anvan nou te fèt, nou te demontre pouvwa sa a. ann panse a sa nou konnen de mond dèzespri a anvan nou te fèt. Papa nou ki nan syèl la te prezante pitit li yo yon plan. Nou te la. Lisifè, frè lespri nou, te opoze avèk plan an ki t ap pèmèt gen libète pou nou chwazi. Jewovan, Pitit Gason Byeneme Papa nou ki nan Syèl la, te soutni plan an. Lisifè te antre nan rebelyon. Vwa Jewova, ki te soutni plan an, te ranpòte laviktwa epi li te vin volontè pou l te vin Sovè nou.

Lefèt ke nou nan mòtalite a kounyeya asire nou ke nou te soutni Papa avèk Sovè a. Sa te mande lafwa nan Jezikri pou n te soutni plan bonè a ak wòl Jezikri nan plan an pandan ke nou pa t konn anpil sou pwoblèm nou t ap gen pou n rankontre nan mòtalite a.

Lafwa nou pou n soutni sèvitè Bondye yo te nan nannan bonè nou nan lavi sa a tou. Lè nou te aksepte envitasyon yon misyonè pou n te priye pou n te ka konn si Liv Mòmon an sete pawòl Bondye, nou te gen lafwa pou n te soutni yon sèvitè Senyè a. Lè nou te aksepte envitasyon pou n te batize a, nou te soutni yon enb sèvitè Bondye.

Lè yon moun te mete men sou tèt nou epi l te di: “Resevwa Sentespri a,” nou te soutni l kòm yon detantè Prètriz Mèlkisedèk la.

Depi jou sa a, nan sèvi fidèlman, nou te soutni chak moun ki te konfere nou prètriz la ak chak moun ki te òdone nou nan yon ofis nan prètriz la.

Nan kòmansman eksperyans nou nan prètriz la, chak soutyen nou sete yon senp manifestasyon konfyans nou nan yon sèvitè Bondye. Kounyeya, anpil nan nou pwogrese rive nan yon nivo kote soutni yon moun mande plis.

Nou chwazi si n ap soutni tout moun Senyè a aple—nan kèlkeswa sa Senyè a aple yo pou yo fè. Chwa sa a prezante lè konferans yo nan tout mond lan. Li te prezante nan konferans sa a. Nan reyinyon sa yo, yo prezante non gason ak fi—sèvitè Bondye—ba nou, epi yo envite nou pou nou leve men nou pou soutni yo. Nou ka chwazi pou n pa bay vòt soutyen an, oubyen nou ka angaje soutyen lafwa nou. Lè nou leve men nou pou n soutni an, nou fè yon pwomès. Nou fè yon pwomès avèk Bondye, moun sa yo se sèvitè a, ke n ap soutni yo.

Moun sa yo se moun enpafè, menmjan avèk nou. Pou nou kenbe pwomès sa yo, sa ap mande yon lafwa inebranlab pou n konnen se Senyè a ki aple yo. Kenbe pwomès sa yo ap pote bonè etènèl tou. Si nou pa kenbe yo, sa ap pote chagren pou noumenm ak moun ki chè pou nou—e menm pèt ke nou pa ka menm imajine.

Siman yo konn mande nou, oubyen y ap gen pou mande nou, si nou soutni evèk nou, prezidan pieu nou, Otorite Jeneral yo, ak Ofisye Jeneral yo nan Legliz la. Sa ka rive lè yo mande nou pou n soutni ofisye yo ak dirijan yo nan yon konferans. Pafwa, se ap nan yon ent}vyou avèk yon evèk oubyen yon prezidan pieu.

Konsèy mwen se pou nou poze tèt nou kesyon sa yo alavans, pandan n ap byen reflechi sou yo epi nan lapriyè. Lè n ap fè sa, nou gen dwa reflechi sou panse, pawòl ak aksyon resan nou yo. Eseye sonje yo epi panse a repons nou pral bay lè Senyè a pral pase nou entèvyou, paske nou konnen sa ap gen pou l vire yon jou. Nou ka prepare nou nan poze tèt nou kesyon tankou sa yo:

  1. Èske m te panse oubyen pale de feblès imèn ki nan moun mwen pran angajman pou m soutni yo?

  2. Èske m te chèche prèv ke Senyè a ap dirije yo?

  3. Èske m suiv direksyon yo an tout konsyans ak lwayote?

  4. Èske m pale de prèv mwen wè ki fè m konnen yo se sèvitè Bondye?

  5. Èske m priye pou yo regilyèman pa non yo epi avèk santiman lanmou?

Pou pifò nan nou, kesyon sa yo ap pote yon ti malèz e y ap fè nou santi nou bezwen repanti, Bondye kòmande nou pou nou pa jije moun enjisteman, men an pratik, nou twouve sa difisil pou n evite. Prèske tout sa n ap fè lè n ap travay avèk lòt moun pouse nou pou n evalye yo. Epi, nan prèske chak aspè lavi nou, nou konpare tèt nou avèk lòt moun. Nou ka fè sa pou anpiil rezon, kèk nan yo rezonab, men mennen nou nan fè kritik.

Prezidan George Q. Cannon te bay yon avètisman m ap transmèt nou kòm pa m. Mwen kwè l te pale laverite: “Bondye chwazi sèvitè l yo. Li reklame dwa pou l kondane yo limenm, si yo bezwen kondanasyon. Li pa ba nou dwa pou nou pèsonèlman blame yo ak kondane yo. Okenn moun, kèlkeswa solid lafwa l ka solid, kèlkeswa wotè li nan Prètriz la, pa ka pale wen Senyè yo mal ni kritike otorite Bondye sou tè a san l pa sibi mekontantman Bondye. Sentespri a ap rale kòl kot moun sa a, epi l ap tonbe nan tenèb. Pa konsekan, èske nou pa wè kijan sa enpòtan pou nou pridan?”1

Obsèvasyon pa m sèke manm Legliz yo toupatou nan mond lan anjeneral rete lwayal youn anvè lòt ak anvè moun k ap prezide sou yo yo. Sepandan, gen amelyorasyon nou ka fè e nou dwe fè. Nou ka leve nou pi wo nan pouvwa nou pou youn soutni lòt la. Sa pral mande lafwa avèk efò. Men kat sigjesyon m ap ba nou pou nou suiv nan konferans sa a.

  1. Nou ka idantifye kèk aksyon espesifik oratè yo rekòmande nou epi kòmanse suiv yo jodia menm. Si nou fè sa, pouvwa pou n soutni yo a ap ogmante.

  2. Nou ka priye pou yo pandan y ap pale a pou Sentespri a ka pote pawòl yo nan kè kèk moun byen espesifik ke nou renmen. Nan apre, lè nou vin aprann ke priyè nou an te jwenn repons, pouvwa nou pou n soutni lidè sa yo yo ap ogmante.

  3. Nou ka priye pou kèk oratè espesifik ka beni ak mayifye lè y ap bay mesaj yo a. Lè nou wè ke sa te rive, kapasite nou pou n soutni yo pa lafwa nou an ap ogmante, epi l ap rete.

  4. Nou ka koute mesaj ki oratè ki vini kòm repons pou priyè pèsonèl nou pou n te mande èd. Lè repons yo vini, e y ap vini, n ap grandi nan lafwa nou pou n soutni tout sèvitè Bondye yo.

Anplis amelyre nou nan soutni moun k ap sèvi nan Legliz la, n ap aprann ke gen yon lòt andwa kote nou ka ogmante pouvwa sa a tou. Nan kote sa a, sa ka pote plis benediksyon pou nou toujou. Se nan fwaye a ak nan fanmi an.

M ap pale avèk oumenm jèn detantè prètriz k ap viv nan yon fwaye avèk papa ou. Kite m di w apati eksperyans pa m, kisa savle di pou yon papa santi soutyen lafwa ou. Li gen dwa parèt konfyen nan je ou. Men, l ap travèse plis pwoblèm pase ka imajine. Pafwa, li pa ka wè solisyon pou pwoblèm yo ki devan l lan.

Admirasyon w pou li ap yon ti jan ede l. Amou w pou li ap ede l pi plis toujou. Men sa k ap ede l plis se pawòl sensè tankou sa yo: “Papa, mwen priye pou ou, e m santi Senyè a pral ede w. Tout bagay pral anfòm. M konnen sa.”

Pawòl tankou sa yo puisan nan lòt sans la tou, yon papa pou pitit li, Lè yon pitit komèt yon bagay grav, petèt nan zafè spirityèl, li ka santi ke l echwe. Antanke papa li, nan moman sa a, ou gen dwa etone pou w wè ke, apre w fin priye pou w konn kisa pou w fè, Sentespri a mete pawòl sa yo nan bouch ou: “Pitit mwen, mwen avèk ou nèt ale. Senyè a renmen ou. Avèk èd li, ou ka retounen. Mwen konnen w kapab e w ap fè sa. Mwen renmen nou.”

Nan kowòm prètriz la ak nan fanmi an, lafwa ogmante pou nou youn soutni lòt se fason nou ka bati Siyon Senyè a vle nou kreye a. Avèk èd li, nou ka fè sa epi n ap fè sa. Sa ap mande pou nou renmen Senyè a ak tout kè nou, tout panse nou, tout lespri nou ak tout fòs nou epi pou nou youn renmen lòt menmjan ak tèt nou.

Amezi n ap pwogrese nan amou pi Kris la, kè nou ap adousi. Lanmou sa a va rann nou enb epi li va pouse nou pou n repanti. Konfyans nou nan Senyè a ak youn nan lòt va grandi. Epi lè sa a, nou va pwogrese vin fè youn, jan Senyè a pwomèt nou kapab la.2

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la konnen nou e li renmen nou. Jezi se Kris vivan an. Sa a se Legliz pa li. Nou detni Prètriz li a. L ap onore efò nou pou nou pwogrese nan pouvwa pou n egzèse l la ak pou youn soutni lòt la. Mwen temwaye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gospel Truth: Discourses and Writings of President George Q. Cannon, ed. Jerreld L. Newquist (1974), 1:278.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 35:2.