![](https://www.churchofjesuschrist.org/imgs/https%3A%2F%2Fassets.churchofjesuschrist.org%2F48%2F08%2F4808ff48448cd2b3ccc5e5a46b3ed4c75bc3e68c%2F4808ff48448cd2b3ccc5e5a46b3ed4c75bc3e68c.jpeg/full/!250,/0/default)
Zye lafwa
Si nou ap chwazi sa pou nou aksepte nan pwoklamasyon an, n ap bouche vizyon etènèl nou, n ap mete twòp enpòtans sou eksperyans nou isit la ak sou kounyeya.
Prèske anvan Krisifiksyon l lan, yo te mennen Jezi devan Pilat nan tribinal la. “Èske w se Wa Juif yo?” Pilat te mande l avèk awogans. Jezi te reponn: “Wayòm mwen pa nan mond sa a. ... Mwen [vin] nan mond lan, pou m ka rann temwayaj konsènan laverite. Tout moun ki renmen laverite tande vwa mwen.”
Pilat te mande sinikman: “Kisa laverite ye?”1
Nan mond jodia, kesyon “Kisa laverite ye?” a ka doulourezman konplèks pou yon espri pwofàn.
Yon rechèch sou Google pou “Kisa laverite ye?” ofri plis pase yon milyon repons. Nou gen plis enfòmasyon disponib sou telefòn selilè nou pase nan tout liv ki egziste nan yon bibliyotèk. N ap viv avèk plis enfòmasyon ak opinyon pase sa nou itilize. Vwa atiran ak seduizan ap pousuiv nou toupatou.
Anpetre nan konfizyon epòk sa a, se pa etonan ke si anpil moun dakò ak pawòl sa yo ki te pwononse sa gen 2.500 zan pa Protagoras ki t ap pale avèk Socrate; li te di: “Sa k vrè pou ou se verite pou ou; epi sa k vrè pou mwen se verite pou mwen.”2
Verite nan levanjil retabli Jezikri a
Gras ak benediksyon levanjil retabli Jezikri a, nou enbleman deklare ke gen kèk bagay ki totalman ak absoliman vrè. Verite etènèl sa yo se menm pou chak gren pitit gason ak pitit fi Bondye.
Ekriti yo anseye: “Verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye.”3 Verite gade devan ak dèyè, pandan l ap elaji pèspektiv nou sou ti espas tan nou genyen an.
Jezi di: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a.”4 Verite montre nou chemen lavi etènèl la, epi se nan Sovè a, Jezikri e atravè li sèlman l sòti. Pa gen okenn lòt mwayen.
Jezikri anseye nou kijan pou n viv epi, atravè Ekspyasyon ak Rezirèksyon l lan, li ofri nou padon pou peche nou ak imòtalite nan lòtbò vwal la. Sa absoliman vrè.
Jezikri anseye nou ke sa pa gen enpòtans si nou rich oubyen pòv, selèb oubyen enkoni, sofistike oubyen senp. Men, rechèch nou nan mòtalite a se pou nou fòtifye lafwa nou nan Senyè a, Jezikri, chwazi byen olye de mal, epi kenbe kòmandman l yo. Byenke n ap selebre pwogrè lasyans ak medsin yo, verite Bondye yo ale odela dekouvèt sa yo.
An opozisyon avèk verite letnite yo, te toujou gen foste pou detounen pitit Bondye yo de laverite. Agiman advèsè a toujou se menm yo. Koute sa yo, li te di sa gen 2.000 an:
“[Ou] pa ka konnen sa [w] pa wè. ... [Kèlkeswa sa yon moun fè se] pa krim.”
“[Bondye pa beni nou, men] tout [moun pwospere] selon [pwòp] jeni pa l.”5
“Li pa rezonab pou gen yon moun tankou … Kris la … Pitit Gason Bondye a.”6
“[Sa nou kwè a se yon tradisyon ensanse epi se yon] deranjman lespri nou.”7
Avèk Retablisman levanjil la, Bondye ba nou fason pou nou aprann ak konnen verite espirityèl esansyèl yo: nou aprann yo atravè ekriti yo, priyè pèsonèl nou, atravè konsèy pwofèt ak apot vivan yo, epi atravè gidans Sentespri a, ki ka ede nou “konn verite tout bagay.”8
Se spiritylman nou disène laverite
Nou ka konn bagay Bondye yo si nou chèche yo spirityèlman. Pòl te di: “Pèsonn pa konnen bagay Bondye yo, si se pa atravè Lespri Bondye a. ... [Paske] se spirityèlman nou ka disène yo.”9
Gade tablo sa a Michael Murphy fè. Nan pwendvi sa a, li difisil pou n kwè ke se reprezantasyon atistik yon zye imen. Men, si nou gade l sou yon ang diferan, nou ka wè bote kreyasyon atis la.
Menmjan tou, nou wè verite spirityèl Bondye yo atravè yon je lafwa. Pòl te di: “Lòm natirèl pap aksepte bagay ki soti nan Lespri Bondye, paske pou li se pawòl moun fou yo ye, ni tou li pap kapab konprann yo paske se Lespri Bondye a ki pou ede l egzamine yo.”10
Ekriti yo, priyè nou, pwofèt modèn yo, ak don Sentespri a pote yon pèspektiv klè sou laverite pou vwayaj nou sou tè a.
Pwoklamasyon an atrave je lafwa
Ann gade pwoklamasyon sou fanmi an atravè je lafwa.
Prezidan Gordon B. Hinckley te prezante “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan” sa gen 24 tran, avèk deklarasyon sa a: “Avèk tout rezonman aleksè yo prezante nou kòm verite yo, avèk si anpil twonpri sou prensip ak valè yo, avèk sitèlman pouse pou nou tikal pa tikal antre nan salte mond lan, nou santi n pouse pou n avèti [ou].”11
Pwoklamasyon an kòmanse konsa: “Tout kretyen vivan—gason ak fi—te kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven.”
Sa yo se verite etènèl. Oumenm avèk mwen pa yon aksidan lanati.
Mwen renmen pawòl sa yo: “Nan egzistans premòtèl la, pitit gason gason ak pitit fi lespri yo te konnen Bondye epi yo te adore l kòm Papa Etènèl yo epi yo te aksepte plan l lan.”12
Nou te viv anvan nesans nou. Idantite endividyèl nou grave nan nou etènèlman. Nan fason nou pa totalman konprann, pwogresyon spirityèl nou nan kote sa a enfliyans moun nou ye isit la.13 Nou te aksepte plan Bondye a. Nou te konnen nou t ap jwenn difikilte, doulè, ak chagren sou tè a.14 Nou te konnen tou ke Sovè a t ap vini epi, si nou pwove l ke nou diy, nou t ap leve nan Rezirèksyon an, pou nou gen “plis lagwa ajoute sou tèt [nou] pou tout tan.”15
Pwoklamasyon an dirèk: “Nou deklare mwayen pou kreye lavi mòtèl sou latè a se yon bagay Bondye tabli. Nou deklare lavi a sakre epi li enpòtan nan plan etènèl Bondye a.”
Plan Papa nou an ankouraje yon mari ak madanm ni pou yo mennen timoun nan mond lan epi li oblije nou pran defans sa k gen pou fèt yo.
Prensip yo ki nan Pwoklamasyon an byen konekte
Si nou ap chwazi sa pou nou aksepte nan pwoklamasyon an, n ap bouche vizyon etènèl nou, n ap mete twòp enpòtans sou eksperyans nou isit la ak sou kounyeya. Si nou medite sou pwoklamasyon an nan lapriyè eip atravè je lafwa, n ap pi byen konprann kijan prensip yo byen konekte, pou revele plan Papa nou an pou pitit li yo.16
Eske nou ta dwe vrèman etone lè pwofèt vivan Senyè a deklare volonte l sou prensip laverite enpòtan ak kesyon ki rete yo? Natirèlman gen moun ki rejte vwa pwofèt yo imedyatman,17 men gen lòt ki medite sou kesyon onèt yo nan lapriyè—kesyon ki ap jwenn repons avèk pasyans ak zye lafwa. Si pwoklamasyon an te revele nan yon syèk diferan, t ap toujou gen kesyon, yo t ap jis diferan de kesyon nou genyen yo jodia. Sa k fè nou gen pwofèt, se pou ede nou nan rezoud kesyon sensè yo.18
Anvan l te prezidan Legliz la, Prezidan Russell M. Nelson te di: “Pwofèt yo wè alavans.” Yo wè danje angwasan advèsè a mete oubyen pral gen pou l mete sou chemen nou. Pwofèt yo wè gwo posiblite ak privilèj k ap tann moun ki koute avèk entansyon pou yo obeyi yo tou.19
Mwen temwaye de verite ak pouvwa spirityèl ki genyen nan vwa unanim Premye Prezidans la an Kolèj Douz Apot yo.
Mond lan ap elwanye l
Pandan tan m ap viv la, nou wè chanjman dramatik nan kwayns nan mond lan sou anpil nan prensip pwoklamasyon an anseye yo. Lè m te adolesan ak nan premye ane maryaj mwen, anpil moun nan mond lan te detounen yo de prensip Senè a nou rele lwa chastete a, ki di ke relasyon seksyèl dwe fèt sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye legalman. Ant ventèn mwen ak trantèn mwen, anpil moun te elwanye yo de pwoteksyon sakre timoun ki gen pou fèt yo, lè avòtman te vin akseptab. Nan dènye ane yo, anpil moun elwanye yo de lwa Bondye ki di maryaj se yon inyon sakre ant yon gason ak yon fi a.20
Lè nou wè yo ap elwanye de fwontyè Senyè a fikse yo, sa raple nou jou nan Kapènawòm nan kote Sovè a te deklare divinite l la epi malerezman “anpil disip ... te sispann mache avèk li.”
Lè sa a Sovè a te mande Douz yo: “èske nou prale tou?”
Pyè te reponn:
“Senyè, kiyès nou pral jwenn? se oumenm ki gen pawòl lavi etènèl yo.
“Epi, nou kwè epi nou konnen ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.”21
Se pa tout moun ki retwouve yo nan deklarasyon an
Gen sitèlman moun, timoun kou granmoun, ki lwayal ak fidèl nan ansèyman pwofèt yo, menmsi eksperyans aktyèl yo pa egzankteman kole avèk deklarasyon sou fanmi an: timoun ki gen lavi yo destabilize akoz divòs; jèn ki gen zanmi k ap moke lwa chastete a; fi ak gason ki gravman blese pa enfidelite yon konjwen; mari ak madanm ki pa kapab fè timoun; fi ak gason selibatè ki, pou yon kantite rezon, pa ka marye.
M gen yon zanmi ki depi prèske 20 tan, ke m admire anpil, ki pa marye paske li atire vè moun ki menm sèks avèk li. Li ret fidèl a alyans tanp li yo, li kiltive talan atistik ak pwofesyonèl li, epi li sèvi nòbleman nan Legliz la ak nan kominote li. Dènyèman l te di m: “Mwen ka konprann moun ki nan menm sitiyasyon m yo ki chwazi pou yo pa respekte lwa chastete a nan mond n ap viv la. Men èske Kris la pa t mande nou pou nou ’pa fè pati mond lan’? Sa klè ke prensip Bondye yo diferan avèk prensip mond lan.”
Lwa lèzòm yo souvan depase limit lwa Bondye yo etabli yo. Pou noumenm ki ta renmen fè Bondye plezi yo, n ap asireman bezwen gen lafwa, pasyans, ak dilijans.22
Madanm mwen, Kathy, avèk mwen konn yon sè selibatè, ki nan 40 tan l kounyeya, ki trè konpetan pwofesyonèlman e ki ap sèvi ak vanyans nan pawas li. Limenm tou li te respekte lwa Bondye yo. Li te ekri:
“Mwen reve jou kote m ta gen benediksyon pou m gen yon mari ak pitit la. M ap tann toujou. Pafwa, sitiyasyon m nan fè m santi ke yo bliye m epi m poukont mwen, men, m eseye pa konsantre m sou sa m pa genyen yo, men pito sou sa m genyen ak kijan m ka ede lòt moun.
“Sèvi fanmi elaji mwen, nan pawas mwen, ak nan tanp ede mwen. Yo pa bliye m ni m pa poukont mwen paske m fè pati, e nou tout fè pati, yon fanmi ki pi gran.”
Gen yon moun ki konprann
Gen moun k ap di: “Ou pa konprann sitiyasyon mwen.” Mwen temwaye ke gen yon moun ki konprann ni.23 Gen yon moun ki, akoz sakrifis li te fè nan jaden an ak sou kwa a, konnen fado ou. Si w chèche li epi w gade kòmandman l yo, mwen pwomèt ou ke l ap beni w epi l ap soulaje fado ki twò lou pou w pote yo. L ap ba w zanmi etènèl ak opòtinite pou w sèvi. Pi enpòtan toujou, l ap ranpli w avèk espri puisan Sentespri a epi l ap fè apwobasyon selès li briye sou ou. Oken chwa, okenn altènatif, ki opoze ak konpayi Sentespri a oubyen ak benediksyon letènite yo, pa merite pou nou konsidere yo.
M konnen Sovè a vivan. Mwen temwaye ke l se sous tout verite ki vrèman konte yo epi l ap akòde tout benediksyon l pwomèt yo a moun ki respekte kòmandman l yo. Nan non Jezikri, Amèn.