2010–2019
Jan l te fè a
Konferans Jeneral Avril 2019


2:3

Jan l te fè a

Pandan n ap chèche sèvi jan l te fè a, n ap jwenn opòtinite pou n bliye tèt nou epi edifye lòt yo.

Nan otòn 2017 la, frè m nan, Mike, ki te gen 64 tran, te enfòme m ke l te gen kansè nan pankreyas. Li te di m ke l te resevwa yon benediksyon prètriz nan men enstriktè ofwaye li epi li te gen yon antrevi avèk evèk li. Nan apre, li te voye yon foto Tanp Oakland nan Kalifòni an ba mwen ke l te pran nan lopital kote li t ap resevwa tretman an, ki te ekri: “Gade sa m ka wè lè m nan chanm lopital mwen an.”

Mwen te etone pa kòmantè l yo konsènan enstriktè ofwaye, benediksyon prètriz, evèk, ak tanp yo menmjan m te etone pou kansè a tou. Nou wè, Mike, yon prèt nan Prètriz Aawon an, pa t al legliz depi prèske 50 tan.

Nan fanmi an, nou te preske osi entrige pa pwogrè espirityèl li ke pa pwogrè l nan lit kont kansè a, piplis akoz kesyon l te souvan ap poze kounyeya konsènan Liv Mòmon an, pouvwa sèlman an, ak lavi apre lanmò. Pandan mwa t ap pase epi kansè a t ap pwopaje, yon bezwen pou trètman adisyonèl ak trètman pi espesyalize te mennen Mike Utah nan Sant Kansè Huntsman (Huntsman cancer Center) nan.

Yon ti tan apre l te rive, John Holbrook te vizite Mike, dirijan misyon pawas nan zòn lopital kote Mike te ye a, te vin vizite li. John te di ke “l te evidan pou mwen ke Mike te yon pitit gason Bondye” epi byenvit, yo te vin devlope yon lyen amitye ki te fè John te vin frè sèvis patoral Mike ‘tou nòmal’. Te gen yon envitasyon imedya pou fè misyonè yo al vizite l, men frè m nan te refize poliman, mennan lespas yon mwa nan amitye yo a , John te mande l ankò, li te eksplike Mike, “Mwen panse w ap kontan tande mesaj levanjil la.” Fwa sa a, li te aksepte envitasyon an, ki te mennen rankont avèk misyonè yo souvan, osibyen ke vizit Evèk Jon Sharp, ke konv}sasyon li te finalman arive fè Mike resevwa benediksyon patriyakal li, 57 tan apre batèm ni.

Nan kòmansman mwa Desanm ane pase a, apre dè mwa operasyon, Mike te deside kanpe tretman kansè a, ki te lakoz gwo efè segondè, epi li te kite lanati suiv wout li. Doktè l la te enfòme nou ke Mike te gen anviwon twa mwa pou l te viv. Antretan, kesyon sou levanjil yo te kontinye—ansanm ak vizit ak sipò dirijan prètriz lokal yo. Lè nou te konn vizite l, nou te souvan wè yon Liv Mòmon louvri sou titab bò kabann Mike la pandan nou t ap diskite de Retablisman levanjil la, kle prètriz yo, ak plis kesyon konsènan tanp ak nati etènèl lòm.

Nan mitan mwa Desanm nan, avèk benediksyon patriyakal li nan men l, Mike te sanble l t ap reprann fòs epi yo te panse li t ap bay yon lòt twa mwa ankò. Nou te planifye pou l te vin pase Nwèl avèk nou, ansanm ak Nouvèl ane a ak plis toujou. Nan 16 Desanm, m te resevwa yon apèl Evèk Sharp, ki te fè m konnen ke limenm ak prezidan pye a te fè yon entèvyou avèk Mike, epi yo te twouve l diy pou l te resevwa Prètriz Mèlkisedèk la, epi yo te mande kilè m t ap ka disponib pou m patisipe. òdonans yo te pwograme pou Vandredi, 21 Desanm.

Lè jou a te rive, madanm mwen, Carol, avèk mwen te rive nan lopital la epi nou tout te imedyatman rankontre nan koulwa toupre chanm ni an epi yo te enfòme nou ke kè Mike pa t ap bat. Nou te rantre nan chanm nan epi nou te jwenn patriyach la, evèk li, ak prezidan pye a deja ap tann—epi lè sa a, Mike te louvri je l. Li te rekonèt mwen epi li te di m ke l te kapab tande m epi l te prè pou l resevwa prètriz la. Senkantan apre yo te òdone l kòm prèt nan Prètriz Aawon an, m te gen privilèj, asiste pa dirijan lokal li yo, pou m te konfere frèm nan Prètriz Mèlkisedèk la epi òdone l nan ofis ansyen. Senk èdtan apre, Mike te mouri, li te travèse vwal la pou l t al rankontre paran nou yo kòm yon detantè Prètriz Melkisedèk.

Sa gen jis ennan, Prezidan Russell M. Nelson te lanse yon apèl bay nou chak pou pran swen frè ak sè nou yo nan yon “fason ki pi elve ak pi sen.” Pandan l t ap pale de Sovè a, Prezidan Nelson te ansenye ke “paske sa a se Legliz Li, noumenm antanke sèvitè l, n ap sèvi yo youn pa youn, jan L te fè a. N ap sèvi nan non li, avèk pouvwa ak otorite li, epi avèk bonte eman li.”

Kòm repons ak envitasyon yon pwofèt Bondye, efò remakab pou sèvi youn nan ap pran plas nan tout mond lan, nan efò kowòdone, pandan manm fidèl yo k ap ranpli tach sèvis pastoral yo, ansanm avèk sa m rele sèvis pastoral “spontane”, pandan anpil moun ap demontre lanmou kretyen pou reponn opòtinite sanzatann yo. Nan pwòp fanmi nou, nou te temwen de prè tip sèvis pastoral sa a.

John, yon ansyen prezidan misyon, zanmi Mike epi frè sèvis pastoral li, te konn di misyonè yo ke “si yon moun sou yon lis ki di ‘pa enterese,’ pa lage sa. Moun konn chanje.” Apresa li te di nou, “Mike te chanje anpil.” John sete yon zanmi toudabò, ki te pote anpil ankourajman ak sipò … men sèvis pastoral li pa t sèlman vizit amikal. John te konnen ke yon frè sèvis pastoral se plis pase yon zanmi epi amitye sa a mayifye pandan n ap sèvi.

Li pa nesesè pou yon moun ap soufri anba yon maladi mòtèl pou l nan bezwen sèvis pastoral. Bezwen sa yo vini nan yon varyete fòm, gwosè, ak kondisyon. Yon paran selibatè, yon koup inaktif, yon adolesan k ap lite, yon manman ki depase, yon eprèv lafwa, eprèv finansyè, sante, oswa pwoblèm maryaj—lis la prèske pa gen fen. Men, tankou Mike, frè nan, pèsòn pa twò lwen, ni li pa janm twò ta pou jwenn amou Sovè a montre lanmou.

Yo ansenye nou sou sit entènèt Sèvis Pastoral Legliz la ke, “pandan ke gen anpil objektif pou fè sèvis pastoral la, efò nou ta dwe gide pa dezi pou ede lòt moun atenn yon pi gwo konvèsyon pèsonèl epi vin plis sanble ak Sovè a.” Èldè Neal A. Maxwell te di l konsa:

Èldè Neil L. Andersen te mete l fason sa a: “Yon moun ki gen yon bon kè kapab ede yon lòt moun repare yon kawoutchou, mennen yon zanmi kay doktè, pran dejene avèk yon moun ki tris, oubyen souri epi di alo pou pote yon ti limyè nan jounen yon moun.

“Men yon moun k ap suiv premye kòmannman an ap tou natirèlman ajoute sou zak sèvis enpòtan sa yo.“

Lè n ap modle sèvis pastoral nou sou Jezikri, li enpòtan pou nou sonje ke efò Li yo pou renmen, edifye, sèvi, ak beni yo te gen yon objektif pi elve pase reponn bezwen imedyat moun yo. Li te klèman konnen bezwen chak jou yo epi l te gen konpasyon pou soufrans aktyèl yo pandan L t ap geri yo, ba yo manje, padone yo, ak anseye yo. Men Li te vle fè plis pase pran swen jounen an. Li te vle pou moun ki te bò kote L yo suiv Li, konnen L, epi atenn potansyèl diven yo.

Pandan n ap chèche sèvi jan l te fè a, n ap jwenn opòtinite pou n bliye tèt nou epi edifye lòt yo. Souvan opòtinite sa yo kapab difisil, y ap teste vrè dezi nou pou nou plis vin sanble ak Mèt la, ke pi gran sèvis nan tout la, Sakrifis Ekspyatwa enfini l lan, te tout bagay sof fasil. Nan Matye chapit 25, yo raple nou kouman Senyè a santi l osijè nou, lòske, tankou Li, nou sansib pou lit, eprèv, ak pwoblèm si anpil moun ap konfwofonte, men ke nou souvan neglije:

“Vini, noumenm Papa m beni, eritye wayòm ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan:

“Paske mwen te grangou , nou te ban m manje, mwen te swaf nou te ban m bwè; mwen te yon etranje, nou te resevwa m lakay nou: …

“Apresa jis yo pral reponn li, pandan y ap di, Senyè, kilè nou te wè w grangou, epi nou te ba w manje? oswa swaf, epi nou te ba w bwè?

“Kilè nou te wè w yon etranje, epi nou te resevwa w lakay nou? …

“Epi Wa a pral reponn yo epi l ap di: Anverite m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”

Keseswa n ap sèvi kòm frè oswa frè nan sèvis pastoral, oubyen senpleman lè nou konsyan de yon moun ki nan bezwen, yo ankouraje nou pou nou chèche gidans ak direksyon Lespri a—epi aji apresa, paske chak pitit Bondye unique epi yo gen gwo valè. Nou petèt ap mande tèt nou ki pi bon fason pou nou sèvi, men Senyè a konnen, epi atravè Lespri Li, l ap dirije nou nan efò nou yo. Menmjan ak Nefi, ki “te dirije pa Lespri a, men ki pa t konnen anvan sa bagay [li] ta dwe fè,” noumenm tou n ap dirije pa Lespri a pandan n ap fè efò pou nou vin enstriman nan men Senyè a pou beni pitit Li yo. Pandan n ap chèche konsèy Lespri a epi kwè nan Senyè a, n ap twouve nou nan sitiyasyon ak sikonstans kote nou ka aji epi beni—otremandi, fè sèvis pastoral.

Kapab gen lòt fwa kote nou idantifye yon bezwen men nou santi nou pa alawotè pou n reponn, paske nou asime ke sa nou genyen pou ofri a pa sifi. Aji jan L te fè a, se sèvi kote n ap bay sa nou kapab bay epi n ap mete konfyans ke Senyè a ap mayifye efò nou pou beni “konpanyon vwayajè nou yo nan vwayaj mòtalite sa a.” Pou kèk moun, sa gen dwa se bay don tan ak talan; pou lòt moun, se gen dwa yon mo janti oswa yon gwo soutyen. Byenke nou kapab santi efò nou yo pa alawotè, Prezidan Dallin H. Oaks te pataje yon prensip enpòtan konsènan “piti ak senp.” Li te ansenye ke ti aksyon senp yo puisan paske yo envite “konpayi Sentespri a,” yon konpanyon ki beni alafwa moun k ap bay la ak moun k ap resevwa a.

Konesan ke l ta pral mouri, frè m nan Mike te kòmante, “Sa enkwayab pou wè kijan kansè nan pankreyas kapab fè w fokis sou sa ki pi enpòtan yo.” Gras avèk gason ak fi ekstraòdinè ki te wè yon bezwen, ki pa t jije, epi ki sèvi nan fason Sovè a, li pa t twò ta pou Mike. Pou kèk moun, chanjman kapab vini pi bonè, pou lòt moun petèt nan lòtbò vwal la. Sepandan, nou dwe toujou sonje ke l pa janm twò ta epi pèsòn pa janm twò lwen sou chemen an pou Sakrifis EKspyatwa Jezikri a touche yo, paske li pa gen limit nan dire ak nan distans.

Nan konferans jeneral Oktòb la, Èldè Dale G. Renlund te ansenye ke “kèlkeswa kantite tan nou te pase deyò chemen an … nan moman nou deside chanje a, Bondye ap ede nou retounen.” Men, desizyon pou chanje sa a souvan se rezilta yon envitasyon, tankou, “M panse w ap kontan tande mesaj levanjil la.” Menmjan li pa janm twò ta pou Sovè a, li pa janm twò bonè pou n envite.

Yon fwa ankò, sezon Pak sa a ba nou yon bèl opòtinite pou nou reflechi sou gran sakrifis ekspyatwa Sovè nou an Jezikri ak sa Li te fè pou nou chak nan yon si gwo pri konsa, yon pri ke Li menm te deklare ki te “lakoz [Limenm], pi gran nan tout la, tranble anba doulè.” Li te di: “Men, m te bwè l epi m te fini preparasyon m yo pou pitit lèzòm.”

Mwen temwanye ke paske l “te fini” an, espwa p ap janm fini. Nan non Jezikri, Amèn.