Konferans Jeneral
Pa Pè: Kwè Sèlman!
Konferans Jeneral Avril 2022


Pa Pè: Sèlman Kwè!

Kòmanse rechèch bonè nou an nan anbrase abondans nou deja resevwa nan men moun ki bay tout bon don an.

Mwen dirije remak mwen jodia a jèn moun yo nan Legliz la, sa vledi nenpòt moun nan laj Prezidan Nelson oubyen pi piti. Mwen raman itilize imaj vizyèl, men m pa ka reziste pataje sa a.

Imaj
Lèt Marin Arnold

Cri de coeur sa a te ekri pa tizanmi uitan m nan, Marin Arnold, ki te ekri l lè l te gen setan. M ap tradui premye Ejipsyen Refòme l la pou nou:

Chè Evèk

konferans jeneral la

te raz, poukisa

Nou oblije

asiste l? di m poukisa

Sensèman, Marin

Arnold.”1

Wèl, Marin, mesaj m pral pataje la a pral desi w ankò san okenn dout. Men lè w ekri evèk la pou w plenyen, li enpòtan pou w di l ke non m se “Kearon. Èldè Patrick Kearon.”

Pandan prèske dezan, yon pandemi ki gen pwopòsyon biblik te anvayi planèt nou an, epi, pandan ke fleyo sa a te sispann prèske tout bagay sosyalman, sa klè ke li pa t sispann britalite, vyolans, ak agresyon politik kriyèl—ni nasyonalman ni entènasyonalman. Kòmsi sa pa t ase, nou kontinye ap fè fas a defi sosyal ak kiltirèl ki la depi lontan, soti nan deklen ekonomik ale nan pwofanasyon anviwonman rive nan inegalite rasyal ak plis toujou.

Van vyolan ak jou fènwa sa yo ka dekourajan pou jèn yo ki nan mitan nou yo, yomenm ke nou konte sou yo pou optimis ak antouzyas pou demen lavi nou yo. Yo di ke “pouvwa jenès la se yon richès komen pou tout mond lan. … Jèn yo … se vizaj … demen nou”2 Anplis, se nan men pitit nou yo destine Legliz sa a chita.

Etandone epòk n ap viv lao, sa konpreyansib si ideyal jenès la ap bese yon ti kras. Dr Laurie Santos, yon pwofesè nan Inivèsite Yale, resamman kreye yon klas ki rele “Psikoloji ak Bon Lavi.” “Premye ane li te ofri klas la, prèske [yon- ka] nan [tout total] etidyan yo te enskri ladan l.”3 Plis pase 64 milyon moun te al koute pòdkas li a apresa. Yon jounalis ki te ekri yon atik sou fenomèn sa a te fè remak sou kòman sa te tris pou w te wè tout kantike jèn etidyan—ak adilt—briyan sa yo ki t ap dezespereman “chèche yon bagay yo te pèdi” oubyen, sa k pi rèd la, ki te anvi yon bagay yo pa t janm te genyen.4

Siplikasyon m jodia pou jèn yo, ak pou noumenm paran ak adilt ki ap konseye yo, se pou nou kòmanse chèche bonè nan anbrase abondans nou deja resevwa nan men moun ki bay tout bon don an.5 Nan moman presi sa a kote anpil moun nan mond lan ap poze tèt yo kesyon pwofon ki nan nanm yo, nou dwe reponn avèk “bòn nouvèl”6 levanjil Jezikri a. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki kenbe misyon ak mesaj Sovè mond lan byen wo nan mond lan, ofri fason ki pi siyifikatif etènèlman pou nou jwenn bon bagay ak pou nou fè lebyen nan yon moman nesesite konsa.

Prezidan Russell M. Nelson te di ke jenerasyon jèn moun sa a gen kapasite pou yo gen “plis enpak [pou byen] sou mond lan pase nenpòt lòt jenerasyon avan yo.”7 Noumenm, nan pami tout lòt moun, ta dwe ap “chante kantik lanmou redanmè a,”8 men sa mande disiplin—“yon atitid disip,” si nou vle—kalite atitid ki pwoteje kont atitid negatif ak abitid destriktè ki ap parèt tankou fos nòt lè n ap eseye chante chan sali etènèl sa a.

Menm lè nou rete sou “bò lari ki gen solèy la,”9 nou ka jwenn moun ki detèmine pou l jwenn yon bagay mal nan tout bagay la. Nou konn slogan moun sa yo: “Li toujou pi fènwa jis anvan fènwa total la.” Ala yon vizyon tris ak yon egzistans mizerab! Wi, pafwa nou gendwa anvi kouri kite kote nou ye a, men sètènman nou pa dwe janm kouri pou sa nou ye a—pitit Bondye vivan an ki renmen nou, ki toujou pare pou padone nou, e ki pa p janm, jamè abandone nou. Ou se pitit presye li. Nou se byen ki pi presye Li, pitit Li, Li banou pwofèt ak pwomès, don spirityèl ak revelasyon, mirak ak mesaj, ak zanj sou toulède bò vwal la.10

Li ban nou yon Legliz tou ki fòtifye fanmi yo pou mòtalite a e ki lye yo ansanm pou letènite. Li bay plis pase 31.000 pawas ak branch kote moun rasanble, epi chante, epi jene ak priye youn pou lòt epi bay nan sa yo genyen pou moun ki pòv yo. Legliz sa a se kote yo konn non chak moun, kote yo pran chak moun an konsiderasyon, kote chak moun resevwa sèvis pastoral, e kote zanmi ak vwazen sèvi youn lòt volontèman nan apèl ki soti de travay administratif ale nan tach antretyen. Dè milye jèn adilt—sk koup aje— sèvi misyon avèk pwòp mwayen pa yo san yo pa gen okenn chwa nan kote yo pral sèvi a, epi manm ki jèn ak manm ki aje ale nan tanp pou yo fè òdonans sakre ki nesesè pou lye fanmi imèn nan ansanm—yon aktivite plen kouraj nan yon mond ki si divize konsa, men, yon aktivite ki deklare ke yon divizyon konsa sèlman tanporè. Sa yo se jis kèk nan rezon nou bay pou “esperans ki nan [nou] an.”11

Natirèlman, nan epòk ektyèl la, tout disip Jezikri ap fè fas a pwoblèm ki ekstrèmeman difisil. Dirijan yo nan Legliz sa a, konsakre lavi yo nan chèche direksyon Senyè a pou yo rezoud pwoblèm sa yo. Si gen ladan yo ki pa rezoud ala satisfaksyon tout moun, petèt yo konstitye yon pati nan kwa Jezi te di nou t ap bezwen pran pou nou suiv Li a.12 Se presizeman paske ta pral gen jou fènwa ak pwoblèm difisil ke Bondye te pwomèt ke, nan yon nyaj lajounen ak nan yon kolòn dife lannuit, Li t ap gide pwofèt, bay yon ba fè, ouvri yon pòt etwat ki mennen nan yon wout kwense, e sitou ba nou fòs pou nou fini vwayaj la.13

Alò, tanpri, rete jiska lafen festen an menmsi w pa sèten ke w ap renmen bwokoli a. Rejwi nan limyè Li epi ajoute pwòp balèn pa ou nan koz la.14 Yo gen rezon di nan Primè: Jezi vrèman vle “[pou w]” yon reyon solèy.”15

Lè Jayiris, dirijan Juif la, te mande pou Jezi geri tifi laj 12-an l lan ki te kouche sou kabann prèske mouri lakay li, foul ki te la a te tèlman kenbe Sovè a lontan ke yon sèvite te vin di papa enkyè a, “Pitit fi w la mouri; pa deranje Mèt la.”

“Men lè Jezi te tande sa, li te reponn li, li te di, Pa pè: sèlman kwè , e l ap geri.”16

Epi li te geri. E noumenm tou n ap geri. “Pa pè: kwè sèlman.”

Paske nou chak nan asanble sa a presye pou Bondye ak pou Legliz li a, m ap fini avèk deklarasyon apostolik spesyal sa a. Anvan menm nou te resevwa don Sentespri a, nou te gen Limyè Kris la plante nan nanm nou,17 “limyè sa a ki nan tout bagay, … bay lavi ak tout bagay,”18 e se enfliyans pou byen nan kè tout moun ki te janm viv oubyen ki gen pou viv. Limyè sa a la pou pwoteje nou ak ansenye nou. Youn nan mesaj santral li sèke lavi se don ki pi presye nan tout don yo, yon don ke nou resevwa etènèlman sèlman atravè Ekspyasyon Senyè a, Jezikri. Antanke Limyè ak Lavi Mond lan,19 Sèl Pitit Literal Bondye a te vin konkeri lanmò pou L ban nou lavi.

Nou dwe angaje tèt nou totalman nan don lavi sa a epi kouri al ede moun ki riske abandone don sakre sa a. Dirijan, konseye, zanmi, fanmi yo—veye siy depresyon, dezespwa, oubyen nenpòt lòt konpòtman ki sanble ke yon moun vle fè tèt li mal. Ofri pou nou ede. Koute. Fè yon entèvansyon si sa apwopriye.

A nenpòt nan jèn nou yo ki ap lite, kèlkeswa pwoblèm ak difikilte nou, touye tèt nou sètènman se pa repons la. Sa p ap soulaje doulè w santi a ni sa w panse ou lakoz la. Nan yon mond ki si dezespereman bezwen tout limyè l ka jwenn, tanpri pa minimize limyè etènèl Bondye mete nan nanm nou an anvan mond sa a te egziste a. Pale avèk yon moun. Mande èd. Pa detwi yon lavi ke Kris te bay lavi L pou L prezève. Ou ka pote fado ki gen nan lavi mòtèl sa a paske n ap ede w pote yo. Ou pi solid pase w panse. Gen èd ki disponib, nan men lòt moun e spesyalman nan men Bondye. Nou remen ou, nou apresye ou, e nou bezwen ou. Nou bezwen ou! “Pa pè: kwè sèlman.”

Yon moun ki te fè fas a sitiyasyon ki delwen pi dezespere pase sa oumenm avèk mwen ap janm fè fas, te di yon lè: “Avanse [jèn zanmi byenneme m yo]. Kouraj, … epi an avan, an avan pou viktwa a! Fè kè nou rejwi, epi toujou kontan anpil.”20 Nou gen sitèlman rezon pou nou kontan. Nou gen youn lòt, epi nou genyen Li. Pa prive nou de chans nou genyen pou w avèk nou an, nan non sakre Senyè a, Jezikri, Mèt nou an, amèn.