Konferans Jeneral
Li Leve avèk Gerizon nan Zèl Li: Nou Kapab Vin Plis Pase Venkè
Konferans Jeneral Avril 2022


“Li Leve … avèk Gerizon nan Zèl Li”

Nou ka Plis Pase Venkè

Jezi simonte abi ki nan mond sa a pou L ba nou pouvwa pou nou non sèlman siviv men pou ke yon jou, atravè Li, nou ka simonte yo e menm venk yo.

Marin, M se Èldè Holland, epi bagay yo p ap mache byen ditou.

Nou Se Plis Pase Venkè

Nou tout konn entrige pa istwa sou moun ki sivivan. Nou konn tande istwa sou eksploratè bravedanje ansanm ak istwa moun òdinè ki rive debwouye yo pou yo rete anvi anba tout kalite sitiyasyon ak danje y ap travèse, epi nou pa ka sispann mande tèt nou “Èske m t ap kapab fè sa?”

Mwen panse imedyatman a eksploratè Britanik la, Ernest Shackleton, ak ekipaj bato HMS Enduranceli a, ki te fè nofraj nan glas Antaktik yo epi apresa ki t al echwe sou yon zile dezè pandan prèske dezan., Lidèchip extraòdinè Shackleton ak detèminasyon endontab li te sove lavi mesye l yo, malgre kondisyon ekstrèmeman difisil yo te ye.

Apresa, m panse avèk ekipaj Apolo 13 la ki te lanse nan lespas a tout vitès pou yo t al poze sou lalin nan! Men yon dezas te rive lè yon tank oksijèn te ekploze, epi misyon an te oblije anile. Pa t gen ase oksijèn, epi ekipaj la ansanm avèk sant kontwòl misyon an te entelijamman enpwovize epi yo te mennen touletwa astwonòt yo retounen an sekirite sou latè.

Mwen emèveye pou sivi etonan moun ak fanmi ki viktim anba lagè yo, ki nan prizon nan kan yo, oubyen ki vin tounen refijye, ki tankou ewo kourajezman kenbe flanm lespwa a vivan pou pwochen yo k ap soufri yo, ki bay bonte menm lè y ap fè fas ak britalite, epi ki yon fason oswa yon lòt debwouye yo pou yo ede lòt moun andire jis pou yon jou anplis.

Èske oumenm oubyen mwenmenm t ap siviv nan youn nan sikonstans ektrèm sa yo?

Petèt ou se youn nan moun, sepandan, ki ka konsidere istwa sou sivivan sa yo epi nanm ou fè w sonje ke w ap viv yon istwa sivivan aktyèlman tou, kòm yon viktim anba abi, neglijans, entimidasyon, vyolans domestik, oubyen nenpòt nan kalite soufrans sa yo. Ou nan mitan pwòp tantativ dezespere pa w pou w siviv nan yon sitiyasyon ki sanble anpil avèk nofraj katastwofik yon bato oubyen yon misyon plen pwomès ki anile sanzatann. Èske w ap janm jwenn sekou; èske w ap rive siviv li atravè pwòp istwa sivi pa ou?

Repons la se wi. Ou ka siviv. Anfèt, ou te deja jwenn sekou; ou te deja sove—pa Moun sa a ki te soufri menm touman sa a w ap soufri a epi ki te andire menm agoni sa a w ap andire a.1 Jezi te simonte abi mond sa a2 pou L ba ou pouvwa pou w non sèlman siviv men pou ke, yon jou, atravè Limenm, ou simonte epi pou menm genyen batay la—pou w triyonfe konplètman sou doulè, mizè, angwas, epi pou wè yo ranplase pa lapè.

Apot Pòl mande:

“Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? …

“Men, sou tout bagay sa yo nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.”3

Pwomès Yo Fè Izrayèl, Pèp Alyans la

N a sonje lè Prezidan Nelson te bay envitasyon sa a nan konferans jeneral la. “Lè w ap etidye ekriti w yo … , Mwen ankouraje w pou ou fè yon lis konsènan tout bagay Senyè a te pwomèt L ap fè nan alyans Li avèk Izrayèl. Mwen panse n ap sezi anpil!”4

Men kèk pwomès puisan ak rekonfòtan ke fanmi m te jwenn. Imagine Senyè a k ap di w pawòl sa yo—a oumenm k ap siviv—paske yo se pou ou:

Pa pè.5

Mwen konn doulè w, epi mwen vini pou m delivre w.6

Mwen pa p abandone w.7

Non m sou ou epi zanj mwen yo la pou pwoteje w.8

Mwen pral fè mèvèy pami nou.9

Mache avè m; aprann konsènan mwen; m ap ba ou repo.10

Mwen nan mitan nou.11

Nou se pou mwen.12

Pou Moun Ki Fè Efò pou yo Siviv yo

Avèk tout asirans sa yo nan lespri nou, mwen vle pale dirèkteman a moun ki santi se kòmsi pa gen okenn mwayen pou yo sòti anba pwòp istwa sivi pa yo a akoz aksyon kriyèl lòt moun lakoz yo. Si sa se istwa sivi pa ou, nou kriye avèk ou. Nou espere anpil ke w ap rive simonte konfizyon an, wont la, laperèz la, epi nou priye pou ke, atravè Jezikri, ou kapab genyen batay la

Soti nan Viktim Pase nan Sivivan pou Rive nan Venkè

Si w te fè eksperyans nenpòt ki kalite abi, vyolans, oubyen opresyon, ou gen dwa mete nan tèt ou ke tout tout bagay sa yo sete petèt fot pa w epi ou merite pote lawont ak kilpabikite ke w santi a. Petèt ou kapab gen ide tankou:

  • Mwen ta kapab evite sa k pase a.

  • Bondye pa renmen m ankò.

  • Pa gen moun k ap janm renmen m.

  • Mwen domaje e mwen pa p ka repare ankò.

  • Sakrifis Ekspiyatwa Sovè a aplike pou lòt moun, men pa pou mwen.

Panse ak santiman enkòrèk sa yo petèt sèvi kòm yon baryè pou anpeche w chèche èd nan men fanmi w, zanmi w, dirijan yo oubyen pwofesyonèl, epi konsa ou rete ap lite poukont ou. Si w te chèche èd bò kote moun ke w fè konfyans, ou gen dwe toujou ap lite avèk ide lawont oubyen menm degoutans pou tèt ou. Enpak evenman sa yo kapab rete pou anpil ane. Ou espere ke yon jou w ap santi w pi byen, men jou sa a sanble l poko rive.

Abi w te sibi a se pa t fòt ou, li pa fòt ou, epi li p ap janm fòt pa w, kèlkeswa sa moun ki abize w la oubyen sa nenpòt lòt moun ta di ki kontrè avèk sa. Lè w se yon viktim anba mechanste, ensès oubyen lòt pèvèsyon, se pa oumenm ki bezwen repanti a, ou pa responsab.

Ou pa mwen diy ni gen mwens valè, ni mwens merite pou yo renmen w antanke moun, oubyen antanke pitit fi ak pitit gason Bondye, akoz sa yon lòt moun te fè w.

Bondye pa janm konsidere w kòm yon moun pou L meprize, ni kounyea, ni jamè. Nenpòt sa ki te rive w, Li pa wont de ou ni ou pa fè L desepsyon. Li renmen w nan yon fason ke w poko dekouvri. Epi ou pral dekouvri l lè w fè konfyans a pwomès Li yo epi lè w aprann pou w kwè Li lè L di ou “gen anpil valè nan je [Li].”13

Lavi w pa defini pa bagay tèrib sa yo ke yo te fè w la. Selon verite gloriye yo, ou defini pa idantite w ki egziste etènèlman antanke yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye, pa lanmou enfini ak pafè Kreyatè w la, ak envitasyon L pou w vin antye epi jwenn gerizon total.

Menm si sa ta petèt parèt enposib, oubyen ou santi sa enposib, gerizon kapab vini atravè mirak pouvwa redanmptè sakrifis Ekspiyatwa Jezikri a, ki te leve “avèk gerizon nan zèl li.”14

Sovè ki plen mizèrikòd nou an, ki pote viktwa sou fènwa ak depravasyon an, gen pouvwa pou L korije tout sa k pa bon, yon verite ki pote lavi pou moun ki sibi move bagay anba men lòt moun yo.15

Tanpri konnen ke Sovè a te desann pi ba pase tout bagay, menm sa ki rive w la. Akozdesa, Li konn egzakteman kisa laterè ak lawont ye epi Li konn kijan sa ye pou yon moun santi l abandone ak brize.16 Soti nan pwofondè soufrans ekspyatwa L la, Li pote esperans ou panse ki te pèdi ajamè a, fòs ou panse ke w pa t ap janm ka posede a, ak gerizon ou pa t ka imajine ki te posib la.

Konpòtman Abi sa yo Kondane Klèman pa Senyè a epi pa Pwofèt Li yo

Pa gen plas pou okenn kalite abi—keseswa fizik, seksyèl, emosyonèl, oubyen vèbal—nan okenn fwaye, okenn peyi, ak okenn kilti. Pa gen anyen ke yon madanm oubyen yon timoun ta kapab fè oubyen di ki ta ka lakoz pou yo “merite” pou yon moun bat yo. Pèsonn, nan kèlkeswa peyi a oubyen kilti a, pa janm “mande pou” l sibi agresyon oubyen vyolans nan men yon lòt moun ki gen otorite oubyen ki fizikman pi gwo epi pi fò pase l.

Moun sa yo k ap fè abi a epi ki ap kache peche grav sa yo, moun gen dwa pa kenbe yo pandan yon ti tan. Men Senyè a, ki wè tout bagay, konnen aksyon ak panse ak entansyon kè yo.17 Li se yon Bondye ki gen jistis, epi jistis diven Li a ap ekzèse.18

Mirakilezman, Senyè a se yon Bondye ki gen mizèrikod pou moun ki repanti sensèman an tou. Abizè yo—enkli moun ki te yon fwa viktim anba abi yomenm tou—ki konfese, ki abandone peche yo, epi ki fè tout sa ki nan pouvwa yo pou yo rekonpanse ak repare yo, yo gen aksè nan padon atravè mirak sakrifis Ekspiyatwa Kris la.

Pou moun ki sibi fo akizasyon, gravite akizasyon sa yo atire pwòp pigatwa pa l. Men yomenm tou yo beni atravè soufrans pa pwokirasyon Sovè a te pran pou yomenm tou avèk konesans ke finalman laverite gen pou l triyonfe.

Men moun ki fè abi ki pa repanti yo pral kanpe devan Senyè a pou yo rann kont pou krim abominab yo komèt yo.

Senyè a Limenm klè nan kondanasyon L pou kèlkeswa abi a: “Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche … li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. ”19

Konklizyon

Chè zanmi m ki te si teribleman anba blesi konsa yo—epi dayè, nenpòt moun ki sibi enjistis nan lavi a—nou ka gen yon nouvo kòmansman ak yon nouvo depa. Nan Jetsemani epi sou Kalvè a, Jezi “te pran sou Li … all Tout angwas ak soufrans ke oumenm avèk mwen pa janm eksperimante,”20 epi Li te simonte yo tout! Avèk bra Li yo lonje, Sovè a ofri w kado gerizon an. Avèk kouraj, pasyans, epi yon atansyon fidèl sou Li, anvan twòp tan pase, w ap ka vin totalman aksepte kado sa a. Ou Kapab kite doulè w la ale epi kite l nan pye Li.

Dou Sovè w la te deklare, “Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi: Mwen menm, mwen vin pou [moun] ka gen lavi, epi pou [ yo] genyen l’ an kantite.”21 Ou se yon yon sivivan, ou kapab geri, epi ou kapab gen konfyans ke avèk pouvwa ak gras Jezikri, w ap simonte yo epi w ap gen laviktwa.

Jezi espesyalize nan sa ki sanble k enposib. Li te vini isit la pou l fè sa ki enposib vin posib, sa ki pa ka rachte pou vin rachte, pou geri sa ki pa t ka geri, pou korije sa ki enjis, pou pwomèt sa ki ireyalizab.23 Epi Li reyèlman bon nan sa. An reyalite, Li pafè nan fè sa. Nan non Jezikri, Gerisè nou an, amèn.

Pou plis enfòmason ak resous, gade “Abuse” nan seksyon èd la nan ChurchofJesusChrist.org ak nan app Libreri Levanjil la.