Konferans Jeneral
Konvèsyon Se Objektif Nou
Konferans Jeneral Avril 2022


Konvèsyon Se Objektif Nou

Pa gen okenn ranplasman pou tan wpase nan ekriti yo, lè w ap tande Sentespri a pale dirèkteman avèk ou.

Sa gen prèske plis pase twazan kounye a, nou te antreprann yon vwayaj ansanm kòm manm Legliz Senyè a. Sete an Oktòb 2018 lè Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te envite nou pou nou aprann sou Jezikri nan etid ekriti nou yo, nan yon nouvo metòd enspire, avèk pwogram Vini, Suiv Mwen an kòm gid nou.

Nan nenpòt vwayaj, li bon pou nou fè yon poz detanzantan pou nou evalye pwogrè nou epi asire nou ke nou toujou ap avanse nan direksyon objektif nou an.

Konvèsyon Se Objektif Nou

Annou konsidere deklarasyon pwofon sa a ki nan entwodiksyon Vini, Suiv Mwenan:

“Objektif tout sa n ap aprann ak tou sa n ap anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri. …

“… Kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen mirak konvèsyon an pa rive toudenkou. Li ale odela yon klas pou l antre nan kè nou ak nan fwaye nou. Sa mande efò pèsistan chak jou pou nou konprann ak viv levanjil la. Aprantisaj levanjil k ap mennen nan vrè konvèsyon mande enfliyans Sentespri a.”1

Se mirak sa a n ap chèche—lè yon moun fè yon eksperyans nan ekriti yo2 epi eksperyans sa a beni pa enfliyans Sentespri a. Eksperyans konsa se pyè fondasyon presye pou konvèsyon nou nan Sovè a. Epi, jan Prezidan Russell M. Nelson te fè nou sonje dènyèman an, fondasyon espirityèl dwe toujou ap ranfòse.3 Konvèsyon dirab se yon pwosesis ki dire tout lavi.4 Konvèsyon se objektif nou.

Pou pi efikas, eksperyans ou avèk ekriti yo dwe pèsonèl.5 Li oswa tande eksperyans ak pwendvi yon lòt moun ka itil, men sa p ap pote menm pouvwa konvèsyon an. Pa gen okenn ranplasman pou tan ou pase nan ekriti yo, ap tande Sentespri a pale dirèkteman avèk ou.

Kisa Sentespri a ap Anseye Mwen?

Chak semèn lè m ouvri manyèl Vini, Suiv Mwen an, mwen ekri kesyon sa a nan tèt paj la: “Kisa Sentespri a ap anseye m semèn sa a pandan m ap li chapit sa yo?”

Pandan m ap etidye ekriti yo, mwen reflechi sou kesyon sa a anpil fwa. San mank, enpresyon espirityèl vini, epi mwen note yo nan manyèl mwen an.

Kounyea, kijan m ap fè konnen lè Sentespri a ap anseye m? Ebyen, sa toujou rive nan fason ki piti epi senp. Pafwa yon pasaj nan ekriti a ap sanble l ap sote soti nan paj la pou l kapte atansyon mwen. Gen lòt fwa mwen santi lespri mwen klere ak yon konpreyansyon pi laj sou yon prensip levanjil. Mwen santi enfliyans Sentespri a tou lè madanm mwen Anne Marie, avèk mwen ap pale sou sa n ap li a. Refleksyon l yo toujou envite Lespri a.

Pwofèt la ak fèt Pak la

Ane sa a n ap etidye Ansyen Testaman an—ekriti sakre ki ranpli nanm nou avèk limyè. Lè m ap li Ansyen Testaman an, mwen santi se kòmsi m ap pase tan avèk vrè gid m fè konfyans: Adan, Èv, Enòk, Noye, Abraram ak anpil lòt.

Semèn sa a, pandan n ap etidye Egzòd chapit 7–13la, nou aprann kijan Senyè a te libere pitit Izrayèl yo anba plizyè syèk kaptivite nan peyi Lejip. Nou li apwopo nèf flewo—nèf manifestasyon enpresyonan sou pouvwa Bondye—ke Farawon te temwen san sa pa t adousi kè li.

Apresa, Senyè a te di pwofèt Li a, Moyiz, konsènan yon dizyèm fleyo—ak kijan chak fanmi nan pèp Izrayèl la te kapab prepare yo pou li. Nan kad yon seremoni yo t ap rele fèt Pak, Izrayelit yo te dwe sakrifye yon mouton mal, youn san okenn tach. Apre sa, yo te dwe make lento pòt kay yo avèk san mouton an. Senyè a te pwomèt ke tout kay ki te make avèk san yo t ap pwoteje kont fleyo terib ki t apral vini an.

Ekriti yo di, “E pitit Izrayèl yo … te fè tout bagay jan … Li te bay Moyiz lòd la.” (Egzòd 12:28). Gen yon bagay trè puisan nan senp deklarasyon obeyisans sa a.

Paske pitit Izrayèl yo te suiv konsèy Moyiz la epi yo te aji avèk lafwa, yo te sove anba fleyo a epi, lè moman an te rive, yo te libere soti nan kaptivite yo a.

Bon, kisa Sentespri a anseye m semèn sa a nan chapit sa yo?

Men kèk panse ki te vini nan lespri mwen:

  • Senyè a travay atravè pwofèt Li yo pou pwoteje ak sove pèp Li a.

  • Lafwa ak imilite pou suiv pwofèt la presede mirak pwoteksyon ak delivrans lan.

  • San an sou lento pòt la sete yon siy eksteryè lafwa enteryè nou nan Jezikri, Mouton Bondye a.

Pwofèt la ak Pwomès Senyè a

Mwen enpresyone pa paralèl ki genyen ant fason Senyè a te beni pèp Li a nan istwa Ansyen Testaman sa a ak fason L ap beni pèp Li a jodi a tou.

Lè pwofèt vivan Senyè a, Prezidan Nelson, te prezante nou Vini, Suiv Mwen an kòm yon mwayen pou nou etidye ekriti yo, li te envite nou pou nou transfòme fwaye nou fè yo vin tounen sanktyè lafwa ak sant aprantisaj levanjil la.

Apresa li te pwomèt kat benediksyon espesifik:

  1. jou Saba ou yo pral delis.

  2. pitit nou yo ap kontan aprann ak viv tout ansèyman Sovè a.

  3. enfliyans advèsè a nan lavi nou ak nan fwaye nou ap diminye, epi

  4. chanjman sa yo nan fanmi nou an pral ekstraòdinè ak dirab.”6

Nou pa gen okenn rapò ki soti nan jounal moun ki te fè eksperyans fèt Pak la avèk Moyiz nan peyi Lejip yo. Men, nou gen anpil temwayaj sou Sen ki, avèk menm lafwa a, ap suiv konsèy Prezidan Nelson an jodia epi k ap resevwa benediksyon ki pwomèt yo.

Men kèk egzanp nan temwayaj sa yo:

Yon manman yon jèn fanmi te di: “Nou pale sou Kris la epi nou rejwi nan Kris la lakay nou. Pou mwen, sa se pi gwo benediksyon an—pitit mwen yo kapab grandi avèk konvèsasyon levanjil sa yo nan kay la ki rapwoche yo pipre ak Sovè a.”7

Yon frè aje te rele etid ekriti li nan Vini, Suiv Mwen an “yon kanal ki ranpli ak limyè diven ki ede nou wè doktrin levanjil ki nesesè pou byennèt espirityèl nou.”8

Yon jèn madanm te dekri benediksyon nan maryaj li yo konsa: “Mwen te vin kapab konnen kè mari m pi pwofondman, epi mwen te vin kapab ouvri kè m plis bali pandan n ap etidye ansanm nan.”9

Yon manman yon gwo fanmi te note kijan efò l pou anseye fanmi li te chanje. Li te mansyone: “Lè m gade dèyè, sete tankou m t ap jwe pyano avèk gan nèj nan men mwen. Mwen t ap egzekite mouvman yo, men mizik la p at fin kòrèk. Kounyea gan an soti nan men m, e menmsi mizik la toujou pa pafè, mwen tande diferans la. Vini, Suiv Mwen an ban m vizyon, kapasite, konsantrasyon ak objektif.”10

Yon jèn mari te di: “Priyorite pi enpòtan mwen lakay mwen vin pi klè depi lè m fè Vini, Suiv Mwen an vin yon pati regilye nan maten m yo. Etidye a fè m panse plis sou bagay ki pi enpòtan pou mwen, tankou tanp, relasyon m avèk madanm mwen, ak apèl mwen. Mwen rekonesan dèske lakay mwen se yon tanp kote Bondye vin anpremye.”11

Yon sè te pataje: “Eksperyans mwen chak jou avèk Vini, Suiv Mwen an raman remakab, men avèk letan, mwen ka wè kijan yon etid konstan ak konsantre sou ekriti yo te chanje mwen. Kalite etid sa a ban m imilite, anseye m, epi chanje m ti kras pa ti kras.”12

Yon misyonè de retou te rapòte: “Pwogram Vini, Suiv Mwen an te pèmèt mwen rapwoche m de nivo etid ekriti m te fè nan misyon m nan, epi m te kapab soti nan yon mantalite kote etid ekriti yo sete jis yon tach sou yon lis kontwòl ale nan sesyon ki te vrèman anrichisan pou m te aprann konnen Bondye.”13

Yon frè te di: “Mwen santi m akeyi Sentespri a pi plis nan lavi mwen epi mwen santi gidans revelasyon Bondye nan desizyon m ap pran yo. Mwen gen konvèsasyon pi pwofon sou bote ki nan doktrin senp Kris la ak Ekspyasyon L la.”14

Yon timoun sètan te di: “M ap batize byento, epi Vini, Suiv Mwen an ap prepare m. Fanmi m avèk mwen pale apwopo batèm, epi m pa santi m pè pou m batize kounyea. Vini, Suiv Mwen an ede Sentespri a antre nan kè m, epi m santi m byen lè m li ekriti yo.”15

Epi finalman, yon manman plizyè timoun te di: “Pandan n ap etidye pawòl Bondye a, Li ede fanmi nou soti nan enkyetid al nan pouvwa; soti nan eprèv ak difikilte ale nan delivrans; soti nan diskisyon ak kritik ale nan renmen ak lapè; epi soti nan enfliyans advèsè a ale nan enfliyans Bondye.”16

Moun sa yo, ak anpil lòt disip fidèl Kris la senbolikman mete san Mouton Bondye a sou papòt kay yo. Yo demontre angajman enteryè yo pou yo suiv Sovè a. Lafwa yo vini anvan mirak la. Se mirak yon grenn moun ki ap fè yon eksperyans nan ekriti yo epi eksperyans sa a ap beni pa enfliyans Sentespri a.

Lè nou etidye ekriti yo, pa gen grangou espirityèl nan peyi a. Jan Nefi te di a, “Nenpòt moun ki koute pawòl Bondye, e ki kenbe l fèm, li p ap janm peri; ni tou tantasyon ak flèch dife advèsè a pa kapab vegle je yo pou mennen yo nan destriksyon” (1 Nef 15:24).

Nan tan lontan, lè pitit Izrayèl yo te suiv direksyon Senyè a te bay atravè pwofèt Moyiz la, yo te beni avèk sekirite ak libète. Jodia, pandan n ap suiv direksyon Senyè a bay atravè pwofèt vivan nou an, Prezidan Nelson, nou beni menmjan an avèk konvèsyon nan kè nou ak pwoteksyon lakay nou.

Mwen temwaye ke Jezikri vivan. Sa a se Legliz Li, ki retabli sou tè a atravè Pwofèt Joseph Smith. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Senyè a jodia. Mwen renmen l epi mwen soutni li. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022, vii.

  2. “Nou chak responsab pou pwogresyon espirityèl endividyèl nou” (Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” Liahona, Nov. 2018).

  3. Gade Russell M. Nelson, “Tanp ak Fondasyon Espirityèl Nou,” Liahona, Nov. 2021, 93–96.

  4. Sa a se yon rezon enpòtan ki fè Prezidan Nelson te sipliye nou pou nou “rezève tan pou Senyè a! Kreye pwòp fondasyon spirityèl fèm pa nou ki kapab reziste devan tès tan yo, nan fè bagay ki ap pèmèt Sentespri a rete avèk nou tout tan” (“Rezève Tan pou Senyè a,” Liahona, Nov. 2021, 120).

  5. “Kèlkeswa sa lòt moun ka di ou pa, okenn moun pa p ka janm retire yon temwayaj nou resevwa nan kè nou ak nan lespri nou konsènan laverite.” “Revelation for the Church, Revelation for Our Lives,” Liahona, Me 2018.

  6. Russell M. Nelson, “Vin Tounen Sen Dènye Jou Egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 113–14. Prezidan Nelson te repete envitasyon sa a nan mwa avril pase a: “Angajman w pou fè fwaye w vin sanktyè prensipal lafwa a pa ta dwe janm fini. Pandan lafwa ak sentete ap diminye nan mond dechi sa a, bezwen ou pou lye sakre ak ogmante. Mwen priye nou pou nou kontinye fè fwaye nou vin yon andwa ki vrèman sakre “epi pa kite moun deplase nou’ [Doktrin ak Alyans 87:8; italik ajoute] soti nan objektif esansyèl sa a” (“Sa n ap Aprann epi Nou P ap Janm Bliye,” Liahona, Me 2021,

  7. Korespondans pèsonèl; gade tou 2 Nefi 25:26.

  8. Korespondans pèsonnèl.

  9. Korespondans pèsonnèl.

  10. Korespondans pèsonèl.

  11. Korespondans pèsonèl.

  12. Korespondans pèsonèl.

  13. Korespondans pèsonèl.

  14. Korespondans pèsonèl.

  15. Korespondans pèsonèl.

  16. Korespondans pèsonèl.