Konferans Jeneral
Alyans avèk Bondye yo Fòtifye, Pwoteje, ak Prepare Nou pou Lagwal Etènèl
Konferans Jeneral Avril 2022


Alyans avèk Bondye yo Fòtifye, Pwoteje, ak Prepare Nou pou Lagwal Etènèl

Si nou chwazi pou nou fè alyans epi kenbe yo, n ap jwenn benediksyon plis bonè nan lavi sa a ak yon lavi etènèl gloriye k ap vini.

Sè m yo, ala yon jwa pou nou rasanble kòm sè tout kote nan mond lan! Kòm fi ki fè epi respekte alyans avèk Bondye, nou pataje lyen spirityèl ki ede nou fè fas a difikilte epòk nou yo epi prepare nou pou Dezyèm Vini Jezikri a. Epi respekte alyans sa yo pèmèt nou vin fi enfliyans ki ka atire lòt moun kote Sovè a.

Moun ki batize yo te fè alyans nan jou inoubliyab sa a pou yo pran non Jezikri sou tèt yo, pou yo toujou sonje L, respekte kòmandman L yo, e sèvi L jiska lafen. Lè nou fè tout bagay sa yo, Papa nou ki nan Syèl la pwomèt pou L padone peche nou epi ba nou konpayi Sentespri a. Benediksyon sa yo derape nou sou chemen an ki, si nou kontinye avanse ak pèsevere jiska lafen, pral pèmèt nou viv avèk Li ak Pitit Gason L lan, Jezikri, nan wayòm selès la. Chak moun ki batize gen pwomès privilèj sa yo si l respekte alyans li te fè nan jou spesyal sa a.

Moun ki fè lòt alyans nan tanp yo resevwa pwomès puisan ki depann de fidelite pèsonèl yo. Nou pwomèt solanèlman pou nou obeyi kòmandman Bondye yo, viv levanjil Jezikri a, rete moralman pwòp, ak konsakre tan nou ak talan nou nan sèvis Senyè a. An retou, Bondye pwomèt benediksyon nan lavi sa a ak opòtinite pou nou retounen viv avèk Li pou tout tan.1 Nan pwosesis sa a, nou resevwa, oubyen nou dote avèk pouvwa pou nou disène ant verite ak erè, ant byen ak mal, nan mitan pil vwa negatif ak konfizyon k ap bonbade nou soti tout kote yo. Ala yon don puisan!

Nan preparasyon m pou premye fwa m ta pral nan tanp, manman m ak sè eksperimante Sosyete Sekou yo te ede m chwazi bagay m t ap bezwen yo, enkli yon bèl rad pou seremoni an. Men preparasyon ki te pi enpòtan an te vini menm avan m te konnen sa pou m te mete. Apre entèvyou pou m te detèmine si m te diy lan, evèk mwen te eksplike m alyans m ta pral fè yo. Eksplikasyon detaye l te ban mwen an te ban m chans pou m te reflechi epi prepare m pou m te fè alyans sa yo.

Lè jou a te rive, m te patisipe avèk yon santiman gratitid ak lapè. Menm lè m pa t konprann tout siyifikasyon alyans m te fè yo, m te konnen ke m te lye avèk Bondye atravè alyans sa yo epi m te resevwa pwomès benediksyon ke m te apèn ka konprann si m te respekte alyans yo. Depi premye eksperyans sa a nan kay Senyè a, m kontinye jwenn asirans ke respekte alyans nou fè ak Bondye yo pèmèt nou rale pouvwa Sovè a sou nou, sa ki ba nou fòs nan eprèv inevitab nou yo, ban nou pwoteksyon kont enfliyans advèsè a, epi prepare nou pou yon avni laglwa etènèl.

Eksperyans lavi yo ka varye soti nan dwòl rive nan dechiran, soti nan tris rive nan gloriye. Chak eksperyans ede nou konprann plis sou gwo lanmou san limit Papa nou an ak kapasite pou nou chanje atravè don lagras Sovè a. Kenbe alyans nou yo pèmèt pouvwa Sovè a pwòpte nou pandan n ap aprann atravè eksperyans—keseswa se yon erè jijman minim oubyen yon echèk enpòtan. Redanmtè nou an la pou atrape nou lè nou tonbe si nou vire al jwenn ni.

Imaj
Desann yon falèz an rapèl

Èske nou janm kanpe anlè yon gwo falèz avèk zòtèy pye nou chita sou rebò li epi do nou vire bay abim san fon anba a? Nan yon desant an rapèl, menmsi ou byen relye solidman avèk yon sistèm kòd ak ekipman solid ki ka fè w desann an tout sekirite, moman sa a kote w kanpe sou rebò falèz la se toujou yon eksperyans ki fè kè w bat fò. Lanse w pa do nan falèz la epi balanse nan lè mande pou w mete konfyans ou nan yon ankraj byen sekirize ki fikse nan yon bagay ki p ap bouje. Sa mande pou w gen konfyans nan moun ki pral kenbe kòd la pandan w ap desann nan. Epi, byenke ekipman an ofri w kèk posiblite pou w kontwole desant lan, ou dwe mete konfyans ke patnè w la pa p kite w tonbe.

Imaj
Ankraj pou rapèl
Imaj
Yon jènfi k ap fè yon desant an rapèl nan yon falèz

M sonje byen klè m t al fè aktivite desant an rapèl avèk yon gwoup jènfi sa gen kèk ane. Mwen sete premye ki te desann nan gwoup la. Pandan m t ap kòmanse desann falèz la pa do a, soudènman m te kòmanse tonbe san kontwòl. Erezman, kòd la te redi epi desant twò rapid mwen an te sispann. Pandan m t ap balanse a mwatye wout anfas dan wòch falèz la, m te priye ak fèvè pou kèlkeswa moun oubyen bagay ki te anpeche m tonbe sou wòch yo anba a.

Nan apre, m te aprann ke boulon ankraj la pa t byen tache, epi osito ke m te kite rebò falèz la, moun ki te la pou sekirize m nan te tonbe sou do epi l te glise nan direksyon rebò falèz la. Erezman, li te rapidman kore pye l kont kèk wòch. Stabilize nan pozisyon sa a, li te vin ka penibleman fè m desann kote l te tire sou kòd la yon men apre lòt. Malgre ke m pa t ka wè l, m te konnen li t ap travay ak tout fòs li pou l te sove m. Yon lòt zanmi te anba nan falèz la, epi l te prepare pou l te atrap mwen si kòd la te rive kase. Lè m te rive tou pre l, li te atrap kòd mwen an epi l te desann mwen pou rès wout la jis m te rive atè.

Avèk Jezikri kòm ankraj nou ak konpayon pafè nou, nou gen asirans fòs eman Li nan moman eprèv ak delivrans final atravè Li. Jan Prezidan M. Russell Ballard te ansenye: “Lafwa nan Bondye ak nan Pitit Gason L lan, Senyè a Jezikri, se … ankraj nou dwe gen nan lavi nou pou kenbe nou fèm nan ,moman latwoublay ak mechanste.sosyal. … Lafwa nou … dwe santre nan Jezikri, lavi L ak ekspyasyon L, ak nan retablisman levanjil Li a nan dènye jou yo.”2

Ekipman spirityèl ki anpeche nou tonbe sou wòch advèsite yo se temwayaj nou konsènan Jezikri ak alyans nou fè kòm manm Legliz Senyè a. Nou ka konte sou sipò sa yo pou gide nou e mennen nou rive nan sekirite. Kòm yon konpayon volontè nou, Senyè a pa p kite nou tonbe lwen enfliyans li. Menm nan moman soufrans ak chagren nou yo, Li la pou relve nou ak akouraje nou. Pouvwa L ede nou rekipere anba enpak chwa souvan devastan lòt moun ka genyen sou nou. Men, nou chak dwe mete ekipman nou sou nou epi asire nou ke ne yo byen mare. Nou dwe chwazi pou nou ankre nan Sovè a, pou nou ka lye avè Li atravè alyans nou yo.3

Kijan nou ka fòtifye ankraj sa a? Nou dwe priye avèk yon kè enb, etidye ak medite ekriti yo, pran sentsèn chak semèn avèk yon espri repantans ak reverans, efòse nou pou nou respekte kòmandman yo, epi suiv konsèy pwofèt la. Epi lè nou ranpli tach chak jou nou yo nan fason ki “pi wo ak pi sen”4 yo, nou vin pi konekte avèk Sovè a, e an menm tan, nou ede lòt moun vin jwenn Li.

A kisa “fason ki pi wo ak pi sen” an sanble? Nou eseye viv levanjil la nan tout aksyon nou. Nou pran swen moun ki nan bezwen nan angaje nou nan sèvis pastoral, pandan n ap eksprime lanmou atravè senp sèvis. Nou pataje bòn nouvèl levanjil la avèk moun ki bezwen lapè ak fòs nan lavi yo e “ki pa konnen kote pou yo jwenn li.”5 Nou travay pou nou ini fanmi yo pou letènite sou toulède bò vwal la. E pou moun ki te fè alyans nan kay Senyè a, jan Prezidan Russell M. Nelson te eksplike a, “Chak moun ki vin nan tanp ap mete gaman sakre prètriz la, [ki] …raple nou … pou nou mache sou chemen alyans lan chak jou nan yon fason ki pi wo ak pi sen.”6 Aksyon sa yo se pa jis yon ofrann okazyonèl men yo esansyèl pou bonè nou chak jou—ak lajwa etènèl nou.

Pa gen anyen ki pi enpòtan pou pwogrè etènèl nou pase respekte alyans nou fè avèk Bondye yo. Lè alyans sakre tanp nou yo byen respekte, nou ka gen konfyans nan yon reyinyon jwaye avèk moun nou renmen yo sou lòt bò vwal la. Timoun sa a oubyen paran oswa konjwen sa a ki deja kite mòtalite a gen espwa ak tout kè l ke n ap rete fidèl nan alyans ki lye nou ansanm pou tout tan yo. Si nou neglije oubyen trete alyans nou fè avèk Bondye yo avèk lejète, n ap mete lyen etènèl sa yo an danje. Kounyea se moman pou nou repanti, repare, ak eseye ankò.

Bonè nou an sipèfisyèl si nou twoke benediksyon lajwa etènèl yo pou konfò momantane. Kèlkeswa laj nou, verite absoli a sèke: kle pou bonè dirab la se viv levanjil Jezikri a ak respekte alyans nou fè yo. Pwofèt nou an, Prezidan Nelson, te deklare ke “sekirite siprèm nou ak sèl bonè dirabnou chita nan kenbe ba fè levanjil retabli Jezikri a, ansanm avèk alyans ak òdonans li yo. Lè nou fè sa, nou ka navige san danje nan dlo ajite yo paske nou gen aksè nan pouvwa Bondye.“7

Anpil nan nou ap fè eksperyans dlo ajite. Lè vag advèsite yo ap balote nou pasi pala epi pafwa nou avegle pafwa pa tòran dlo nan je ki akonpaye difikilte sa yo, nou gendwa pa konnen nan ki direksyon pou nou rame bato lavi nou. Nou gen dwa p amenm panse ke nou gen ase fòs pou nou rive sou rivaj la. Sonje kiyès nou ye—yon pitit byenneme Bondye—poukisa nou sou tè a, ak objektif nou pou nou viv avèk Bondye ak moun ki chè pou nou yo nan mond selès la ka eklèsi vizyon nou e oryante nou nan bon direksyon an. Menm nan mitan tanpèt la, gen yon limyè ki klere pou montre nou chemen an. Jezi te deklare, “M se limyè ki klere nan fènwa a”.8 Sekirite nou asire lè nou gade limyè L la epi nou kenbe entegrite alyans nou yo.

Se te yon privilèj pou mwen pou m te rankontre fi nan tout laj nan kat kwen mond lan k ap viv nan gwo varyete sikonstans, ki ap respekte alyans yo. Chak jou, yo vire je gade Senyè a ak pwofèt Li a pou direksyon, olye de medya popilè yo. Malgre pwoblèm pèsonèl yo ak filozifi nefas yo ki nan mond lan ki eseye pèsyade yo pou pa respekte alyans yo a, yo detèmine pou yo rete sou chemen alyansla. Yo repoze sou pwomès sa a ki di n ap resevwa “tout sa Papa a genyen.”9 E kèlkeswa laj nou, nou chak fi ki te fè alyans avèk Bondye gen kapasite pou nou leve limyè Senyè a e dirije lòt moun al jwenn li.10 Lè nou respekte alyans nou, L ap beni nou avèk pouvwa prètriz Li a e pèmèt nou gen yon enfliyans pwofon sou tout moun nou gen kontak avèk yo. Jan Prezidan Nelson te deklare a, nou se fi ki pral akonpli pwofesi ki te predi yo!11

Chè sè m yo, anlè tout lòt bagay, rete sou chemen alyans ki mennen nan Jezikri a! Nou gen benediksyon pou nou vin sou tè a nan yon moman kote gen tanp tout kote sou glòb la. Fè ak respekte alyans tanp se yon bagay ki disponib pou tout manm ki diy nan Legliz la. Jèn adilt yo, pa tann jiska maryaj oubyen yon misyon pou nou fè alyans sakre sa yo. Nou ka prepare kòm yon jènfi pou nou ka resevwa pwoteksyon ak fòs alyans tanp yo bay osito ke nou santi nou pare e santi yon dezi pou nou onore alyans tanp sa yo apre laj 18 an.12 Noumenm ki deja resevwa benediksyon tanp yo, pa kite detraktè oubyen distraksyon elwanye nou de verite etènèl sa yo. Etidye epi vire al nan sous fyab pou pi gran konpreyansyon sou siyifikasyon ak benediksyon sakre alyans nou fè yo. Ale nan tanp osi souvan ke nou kapab epi koute Lespri a. N ap jwenn bèl asirans ke nou sou chemen Senyè a. N ap jwenn kouraj pou nou kontinye osibyen pou nou mennen lòt moun avèk nou.

Mwen temwaye ke si nou chwazi fè alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la epi gen aksè nan pouvwa Sovè a pou nou kenbe yo, n ap beni avèk plis bonè nan lavi sa a ke nou ka imajine kounyea avèk yon lavi etènèl gloriye nan mond k ap vini an.13 Nan non Jezikri, amèn.