Konferans Jeneral
Anseye Otonomi pou Timoun yo ak Jèn yo
Konferans Jeneral Avril 2022


Anseye Otonomi pou Timoun yo ak Jèn yo

Annou suiv Sovè nou an, Jezikri, ak levanjil Li a nan vin otonòm pandan tout lavi nou, epi nan anseye timoun nou yo ak jèn nou yo sa.

Mwen pral pale sou otonomi ak sou ki fason nou ka anseye l pou timoun yo ak jèn yo. Otonomi ka parèt kòmsi se yon sijè pou granmoun. Mwen vin konnen ke adilt yo ka fè pi byen sou chemen ki mennen nan otonomi an lè yo anseye yo levanjil Jezikri a epi yo mete doktrin ak prensip li yo an pratik depi nan anfans yo ak nan jenès yo nan fwaye a.

Pi bon ilistrasyon an se yon bèl egzanp nan lavi reyèl. Wilfried Vanie, sèt frè ak sè l yo, ak manman l te antre nan Legliz la nan Abidjan, Côte d Ivoire, lè l te gen sizan. Li te batize lè l te gen uitan. Papa l, founisè prensipal la nan fanmi an, te mouri lè l te gen onzan.

Malgre sitiyasyon fanmi an te fè l tris, Wilfried te deside kontinye lekòl avèk ankourajman manman l ak sipò Legliz la. Li te gradye nan lekòl segondè epi li te sèvi yon misyon aplentan nan Misyon Cape Coast la nan Gana, kote l te aprann anglè. Apre misyon li, li te ale nan inivèsite epi li te pran yon diplòm nan kontablite ak finans. Malgre sa te difisil pou l te jwenn travay nan domèn sa a, li te jwenn travay nan endistri touris ak ospitalite a.

Li te kòmanse kòm yon sèvè nan yon otèl 5-etwal, men pasyon li pou amelyore tèt li te pouse l aprann plis jiskaske l te vin yon resepsyonis ki te pale plizyè lang nan otèl la. Lè yon nouvo otèl te louvri, yo te anboche l kòm verifikatè pou lannuit. Nan apre, li te enskri nan pwogram BYU–Pathway Connect la epi kounyea l ap etidye yon pwogram pou l pran yon sètifika nan Jesyon Ospitalite ak Touris. Dezi li se pou l vin direktè yon gran otèl yon jou. Wilfried ka ranpli bezwen konpay etènèl li a ak de timoun, epi ede manman l ak frè ak sè l yo tou. Aktyèlman, l ap sèvi nan Legliz la kòm manm Gran Konsèy Pieu.

Definisyon otonomi se “kapasite, angajman, ak efò pou founi nesesite spirityèl ak tanporèl lavi a pou tèt pa w ak pou fanmi w.”1 Efòse nou pou nou vin otonòm fè pati travay nou sou chemen alyans lan ki mennen nou retounen al jwenn Pè Selès la ak Pitit Gason L lan, Jezikri a. Sa ap fòtifye lafwa nou nan Jezikri e jwayezman liye nou avèk Li atravè alyans ak òdonans sali ak egzaltasyon yo. Otonomi se you doktrin levanjil Jezikri a e se pa yon pwogram. Li se yon pwosesis ki dire tout yon lavi, epi li pa yon evènman.

Nou vin otonòm pandan tout lavi nou lè nou pwogrese nan fòs espirityèl, nan sante fizik ak emosyonèl, nan pousuiv etid nou ak travay nou, epi nan prepare nou tanporèlman.2 Èske tach sa a janm fini pandan lavi nou? Non, se yon pwosesis aprantisaj, pwogresyon ak travay ki ap dire tout lavi nou. Li pa janm fini; se yon pwosesis k ap kontinye chak jou.

Kijan nou ka anseye timoun yo ak jèn nou yo doktrin ak prensip otonomi yo? Yon fason enpòtan se itilize pwogram devlopman Timoun ak Jèn nan chak jou nan fwaye nou. Paran yo ak frè ak sè yo aprann levanjil Jezikri a, yo patisipe nan sèvis ak aktivite yo, epi yo travay ansanm nan kat domèn devlopman pèsonèl ki espesyal pou chak timoun. Se pa menm pwogram Primè a pou tout timoun ankò.

Liv Guide pour les enfants (Liv pou Timoun yo) di, “Lè Jezi te gen laj ou, li te aprann epi li te grandi. W ap aprann epi w ap pwogrese tou. Ekriti yo di: ‘Jezi t ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.’ (Luke 2:52).”3 Ekriti sa a fè referans a pwogresyon ak aprantisaj nan aspè espirityèl la, favè devan Bondye; aspè sosyal la, favè devan lèzòm; aspè fizik la, wotè; ak aspè entelektyèl la, sajès. Zòn devlopman sa yo aplike pou nou tout kèlkeswa laj nou. Kilè nou anseye yo? Nan Detewonòm 6:6–7 nou li:

“Pa janm bliye kòmandman m ap ban nou jodi a:

“Na anseye pitit nou yo [pawòl sa yo] avèk dilijans, epi pale avèk yo, kit nou chita lakay nou, kit n ap mache sou wout, lè nou kouche nan kabann nou, ak lè nou leve.”

Nou anseye timoun yo bagay sa yo antravè bon egzanp nou, nan travay ak sèvi avèk yo, etidye ekriti yo, epi suiv ansèyman Jezikri yo jan pwofèt yo anseye yo.

Mwen mansyone ke nan pwogram devlopman Timoun ak Jèn nan, timoun yo chwazi bi diferan nan chak nan kat domèn devlopman yo. Li enpòtan pou yo kreye pwòp bi pa yo nan chak domèn. Paran yo ak dirijan yo ka anseye, konseye, ak bay sipò.

Pa egzanp, pitit fi nou an, Miranda, motive anpil pou l pwogrese espirityèlman nan patisipe nan klas seminè yo chak jou, bonè nan maten. Li te vin enterese lè l te tande kòmantè pozitif lòt etidyan seminè yo nan pawas li a. Manman l pa bezwen reveye l pou klas la. Poukont li, li leve epi li konekte atravè videyokonferans nan lè yo fikse a, 6:20 di maten, paske li devlope bon abitid ki ede l fè sa. Pwòp paran m te di m dènyèman ke Miranda pale plis lè l al vizite yo kounyea, paske li gen plis konfyans nan tèt li. Sa yo se leson pou lavi ak pwogresyon ki gen rezilta nou ka wè.

Paran, granparan, dirijan, ak zanmi patisipe nan pwogresyon ak devlopman timoun yo. Frè ak sè sèvis pastoral ki totalman angaje, ansanm ak dirijan prètriz ak òganizasyon yo nan pawas la pote sipò. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” di: “Dapre plan diven an, papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis epi yo responsab pou yo bay fanmi yo tout sa yo bezwen nan lavi a ak pwoteksyon. Manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo. Nan responsablite sakre sa yo, manman ak papa gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal. Lòt kòd fanmi yo ta dwe bay sipò yo lè sa nesesè”4 Dènye liy sa a fè referans a granparan, pami lòt moun.

Pandan n ap sèvi nan Afrik Lwès la, madanm mwen Nuria ap fè yon travay remakab nan sèvi ak rete konekte avèk fanmi nou ak pitit pitit nou yo atravè oseyan an. Li fè sa atravè teknoloji. Li li liv pou pitit pitit li ki pi jèn yo kote l itilize diferan aplikasyon. Li anseye pi gran pitit pitit fi l yo atravè videyokonferans sou sijè tankou istwa fanmi nou, lasyans, istwa Pòtoriko, Atik Lafwa yo, ak levanjil Jezikri a. Jounen jodia, distans pa limite koneksyon, apatenans, sèvis ak ansèyman pou jenerasyon k ap grandi a nan fanmi nou yo. Mwen rejwenn Nuria lè m kapab, pou anseye pitit pitit presye nou yo, pou renmen yo, ak gate yo epi fè yo ri.

Nou dwe remake resanblans enspire ki genyen ant pwogram devlopman Timoun ak Jèn nan ak bati otonomi. Kat domèn pwogresyon nan yo chak yo sanble anpil. Fòs espirityèl nan otonomi an gen rapò avèk aspè espirityèl nan pwogram Timoun ak Jèn nan. Sante fizik ak emosyonèl nan otonomi an konekte avèk aspè fizik ak sosyal nan pwogram Timoun ak Jèn nan. Edikasyon, travay, ak preparasyon tanporèl nan otonomi an sanble avèk aspè entelektyèl nan pwogram devlopman Timoun ak Jèn nan.

Pou fini, annou suiv Sovè nou an, Jezikri, ak levanjil Li a nan vin otonòm pandan tout lavi nou, epi nan anseye timoun nou yo ak jèn nou yo sa. Nou ka fè sa pi byen lè nou:

  1. Bon egzanp nan sèvi lòt moun.

  2. Viv ak anseye doktrin ak prensip otonomi yo.

  3. Obeyi kòmandman pou bati otonomi kòm yon pati nan levanjil Jezikri a.

Doktrin ak Alyans 104:15–16 di:

“Epi se objektif mwen pou m pran swen sen mwen yo, paske tout bagay pou mwen.

“Men, sa dwe fèt nan fason pa m; epi, gade, se fason mwen menm, Senyè a, m te dekrete pou m pran swen sen mwen yo, pòv yo pral egzalte, nan fason moun rich yo pral diminye.”

Sa se Legliz Jezikri l ye. Levanjil Li a beni fanmi yo sou tè a ak nan tout letènite yo. L ap gide nou nan lavi nou pandan n ap fè efò pou nou vin fanmi etènèl. Mwen konnen se verite. Nan non Jezikri, amèn.