Konferans Jeneral
Men Nou Pa Okipe yo
Konferans Jeneral Avril 2022


Men Nou Pa Okipe yo

(1 Nefi 8:33)

Alyans ak òdonans nou yo montre nou direksyon epi yo ede nou toujou sonje koneksyon nou avèk Senyè a, Jezikri, pandan n ap pwogrese sou chemen alyans la.

Madanm mwen, Susan, twa pitit gason nou yo ansanm ak madanm yo, tout pititpitit nou yo, ak Èldè Quentin L. Cook, ki chita bò kote m nan Kolèj Douz Apot la depi prèske 15 zan, yo tout ka sètifye, san ezite, ke m pa konn chante. Men malgre absans talan vokal mwen an, mwen renmen chante kantik Retablisman yo. Konbinezon pawòl enspire ak melodi majestye sa yo ede m aprann prensip esansyèl levanjil yo epi yo enspire nanm mwen.

Yon kantik ki beni lavi m nan fason remakab se “Mettons de l’ardeur.” Resaman mwen t ap medite ak etidye yon fraz espesifik nan refren kantik sa a. “Devant eux jamais nous ne céderons, au Seigneur, seul nous obéirons (Devan yo, nou p ap janm sede men, se Senyè a sèl n ap obeyi).”1

Nou p ap okipe yo.

Lè m ap chante “Mettons de l’ardeur,” mwen souvan panse a moun yo nan vizyon Leyi a ki t ap mache vit sou wout ki te mennen nan pyebwa lavi a, ki pa t jis “kenbe”2 ba fè a men ki te “kontinye kenbe bafè a byendi, jiskaske yo te vini, yo te tonbe epi yo te manje nan fwi pyebwa a.”3 Leyi te dekri miltitid moun nan gwo kay byenlaj la ki t ap “lonje dwèt sou [li] ak tout lòt moun … ki te manje nan fwi a.”4 Repons li pou mokri ak ensilt moun sa yo mayifik ak memorab: “Men nou pa t okipe yo.”5

Mwen priye pou Sentespri a beni nou ak eklere nou chak pandan n ap reflechi ansanm sou kijan nou ka jwenn fòs pou nou “pa okipe” move enfliyans ak vwa mokri yo nan mond kontanporen kote n ap viv la.

Pa Okipe yo

Mo okipe a sigjere pran nòt oubyen pote atansyon a yon moun oswa a yon bagay. Konsa, pawòl yo nan kantik “Mettons de l’ardeur” la avèti nou pou nou pran desizyon volontèman pou nou pa pote atansyon a “sa mechan yo ka di (ce que les méchants peuvent dire).” Epi Leyi ak moun ki te avèk li yo ki te manje fwi nan pyebwa a ba nou yon egzanp puisan sou pa pote atansyon a mokri ak mepri ki si souvan soti nan gwo kay byenlaj la.

Doktrin Kris la ki ekri “avèk Lespri Bondye ki vivan an … sou tab lachè [kè nou]”6 ogmante kapasite nou pou “pa okipe” pakèt distraksyon, mokri, ak divèsyon yo nan mond dechi nou an. Pa egzanp, lafwa ki fokis nan ak sou Senyè a, Jezikri fòtifye nou avèk fòs espirityèl. Lafwa nan Redanmtè a se yon prensip aksyon ak pouvwa. Lè nou aji annakò avèk verite yo nan levanjil Li a, nou beni avèk kapasite espirityèl pou nou avanse avèk fèmte atravè pwoblèm yo nan mòtalite a pandan n ap konsantre nou sou lajwa Sovè a ofri nou an. An verite, “si nou fè sa ki jis, nou pa bezwen pè, paske, Senyè a, èd nou an, ap toujou la toupre (nous ne craignons pas si nous choisissons le bien, car Jésus deviendra notre guide divin .”7

Yon Koneksyon Pèsonèl atravè Alyans

Antre nan alyans sakre yo epi resevwa òdonans prètriz yo an tout diyite kole nou epi mare nou avèk Senyè a, Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la.8 Sa senpleman vledi ke nou konfye nou nan Sovè a kòm avoka nou9 ak Medyatè nou10 epi nou konte sou merit, mizerikòd, ak gras Li11 pandan vwayaj nou nan lavi a. Pandan n ap rete fèm nan vin jwenn Kris la epi kole avèk Li a, n ap resevwa benediksyon pirifikasyon, gerizon, ak fòs Ekspyasyon enfini ak etènèl Li a.12

Respekte ak renmen angajman nou pran pa alyans yo kreye yon koneksyon avèk Senyè a ki pwofondeman pèsonèl e spirityèlman puisan. Pandan n ap onore kondisyon alyans ak òdonans sakre yo, n ap gradyèlman e pwogresivman rapwoche nou pi pre Li13 epi n ap fè eksperyans avèk enpak divinite Li ak reyalite lavi L genyen nan lavi nou. Lè sa a, Jezi ap vin tounen pi plis pase pèsonaj santral nan istwa ekriti yo; egzanp Li ak ansèyman L yo ap enfliyanse chak dezi, panse, ak aksyon nou.

Franchman, m pa gen kapasite pou m ta kòrèkteman dekri nati ak pouvwa presi koneksyon alyans nou genyen avèk Pitit Gason Bondye ki resisite ak vivan an. Men mwen temwaye ke koneksyon nou genyen avèk Li ak Papa nou ki nan Syèl la reyèl epi yo se sous siprèm asirans, lapè, lajwa, ak fòs espirityèl ki ap pèmèt nou “pa pè, menmsi enmi an ap moke nou (en garde, voici nos ennemis).”14 Antanke disip Jezikri k ap fè ak kenbe alyans, nou ka jwenn benediksyon pou nou “pran kouraj, paske Senyè a avèk nou (courage, nous avons Jésus-Christ)”15 epi pa pote atansyon a enfliyans mal yo ak mokri mond la.

Lè m rankontre avèk manm Legliz yo toupatou nan mond lan, mwen souvan poze yo kesyon sa a: kisa ki ede nou “pa okipe” enfliyans, mokri, ak mepri mond lan? Repons yo trè enstriktif.

Manm vanyan yo souvan souliyen enpòtans pou envite pouvwa Sentespri a nan lavi yo atravè etid konsiderab nan ekriti yo, priyè fèvan, ak preparasyon apwopriye pou patisipe nan òdonans sentsèn nan. Yo souvan mansyone sipò espirityèl manm fanmi fidèl ak bon zanmi, leson vital yo aprann atravè sèvis pastoral ak sèvis nan Leglis retabli Senyè a, ak kapasite pou disène vid absoli ki egziste nan tout bagay ki andedan oubyen ki soti nan gwo kay byenlaj la.

Nan repons manm sa yo, mwen remake yon modèl patikilye ki espesyalman enpòtan. Dabò e sitou, disip sa yo gen temwayaj fèm sou plan bonè Pè Selès la ak wòl Jezikri kòm Redanmtè ak Sovè nou. Epi dezyèman, konesans yo ak konviksyon espirityèl yo a endividyèl, pèsonèl, epi espesifik; yo pa ni jeneral ni abstrè. Mwen tande nanm devwe sa yo pale de alyans ki ba yo fòs pou yo simonte lopozisyon ak koneksyon yo avèk Senyè vivan an ki sipòte yo atravè bon ak move moman. Pou moun sa yo, Jezikri se vrèman yon Sovè pèsonèl.

Imaj
R:Non.

Alyans ak òdonans levanjl yo opere nan lavi nou tankou yon bousòl. Yon bousòl se yon enstriman ki sèvi pou endike direksyon kadinal yo ki se nò, sid, lès, ak lwès pou pèmèt navigasyon ak oryantasyon jewografik. Nan mennm sans sa a, alyans ak òdonans nou yo dirije nou epi ede nou toujou sonje koneksyon nou avèk Senyè a, Jezikri pandan n ap pwogrese sou chemen alyans la.

Imaj
Christus la

Direksyon kadinal pou nou tout nan mòtalite a se pou nou vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li.16 Òdonans ak alyans sakre yo ede nou rete fokis sou Sovè a epi fè efò, avèk gras li,17 pou nou vin plis tankou Li. Asireman, “yon [pouwa] envizib ap ede oumenm avèk mwen nan kòz gloriye laverite a.”18

Kenbe Bafè a Byendi

Koneksyon alyans nou avèk Bondye ak Jezikri a se kanal kote nou ka resevwa kapasite ak fòs pou nou “pa okipe moun.” Epi lyen sa a fòtifye lè nou kontinye kenbe bafè a byendi. Men, jan frè Nefi yo te mande a, “Kisa bafè papa nou te wè a … vle di?

“Epi [Nefi] te di yo se pawòl Bondye a; e nenpòt moun ki koute pawòl Bondye a, e ki kenbe l fèm, li pap janm peri; ni tou tantasyon ak flèch dife advèsè a pa kapab vegle je yo pou mennen yo nan destriksyon.”19

Tanpri note ke kapasite pou nou reziste anba tantasyon ak flèch anflame advèsè a se pwomès pou moun ki “kenbe fèm” olye yo jis “kenbe” pawòl Bondye a.

Sa ki enteresan an, sèke Apot Jan dekri Jezikri kòm Pawòl la.20

“Avan Bondye te kreye anyen, Pawòl late la, epi Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye se sa Pawòl la te ye tou. …

“Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la. …

“Epi Pawòl la te vin viv nan mitan nou, (nou te wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a) li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li.”21

Sepousa, youn nan non Jezikri yo se “Pawòl la.”22

Epitou, uityèm Atik Lafwa a deklare, “Nou kwè Bib la se pawòl Bondye toutotan li tradui kòrèkteman; nou kwè Liv Mòmon an se pawòl Bondye23tou.

Konsa, ansèyman Sovè a, jan yo ekri nan Ekriti Sent yo, yomenm tou yo se “pawòl la.”

Kite m sigjere ke kenbe fèm nan pawòl Bondye a enplike pou nou (1) sonje onore, ak fòtifye koneksyon pèsonèl nou genyen avèk Sovè a ak Papa Li atravè alyans ak òdonans yo nan levanjil retabli a, epi (2) nan lapriyè, sensèman, e konstamman itilize ekriti sent yo ak ansèyman pwofèt ak apot vivan yo kòm sous verite revele. Pandan n ap “kenbe fèm” epi mare avèk Senyè a epi transfòme nan viv doktrin Li a,24 mwen pwomèt nou ke, endividyèlman ak kolektivman, n ap jwenn benediksyon pou nou “kanpe nan kote ki sen, epi moun p ap kapab deplase [nou].”25 Si nou fè youn avèk Kris la, lèsa a Li pral fè youn nan nou e L ap mache avèk nou.26 Asireman, “nan jou eprèv yo, L ap fè Sen L yo rejwi, e pwospere nan kòz verite a (Dans l’adversité le seul vrai soutien, Le Roc de vérité).”27

Temwayaj

Avanse. Kenbe fèm. Pa okipe moun.

Mwen temwaye ke fidelite nan alyans ak òdonans yo nan levanjil retabli Sovè a ap ba nou kapasite pou nou avanse nan travay Senyè a, pou nou kenbe fèm nan Li kòm Pawòl Bondye, epi pou nou pa pran nan pyèj advèsè a. Nan batay pou jistis la, se pou nou chak brandi yon epe, ki se “epe puisan laverite a (armés de vérité),”28 nan non sakre Senyè a Jezikri , amèn.