Konferans Jeneral
Lanmou Diven nan Plan Papa a
Konferans Jeneral Avril 2022


Lanmou Diven nan Plan Papa a

Bi doktrin ak politik Legliz retabli sa a se pou prepare pitit Bondye yo pou sali nan wayòm selès la ak pou egzaltasyon nan degre ki pi wo a.

Plan levanjil la montre nou lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit Li. Pou nou konprann sa, nou dwe chèche konprann plan L la ak kòmandman L yo. Li sitèlman renmen pitit Li yo ke li te bay Sèl Pitit Gason Literal Li a, Jezikri, pou vin Sovè nou ak Redanmtè nou, pou soufri epi mouri pou nou. Nan Legliz retabli Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou gen yon konpreyansyon san parèy sou plan Papa nou ki nan Syèl la. Sa ba nou yon vizyon diferan sou fason pou nou konsidere objektif lavi mòtèl la, jijman diven k ap vin apre l la, ak destine gloriye final tout pitit Bondye yo.

Mwen renmen nou, chè frè m ak sè m yo. Mwen renmen tout pitit Bondye. Lè yo te mande Jezi, “Ki pi gwo kòmandman ki genyen nan lalwa a?” Li te anseye ke renmen Bondye ak pwochen nou se premye nan pi gwo kòmandman Bondye yo.1 Kòmandman sa yo vin anpremye paske yo envite nou pwogrese espirityèlman nan chèche imite lanmou Bondye pou nou. Mwen swete nou tout ta gen yon pi bon konpreyansyon sou doktrin ak politik plen lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L la, Jezikri, etabli nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sa m ap di la a se pou klarifye kijan lanmou Bondye eksplike doktrin sa a ak règleman enspire yo nan Legliz la.

I.

Yon move konpreyansyon tout moun genyen sou jijman final k ap vini aprè lavi mòtèl la sèke bon moun yo prale nan yon kote ki rele syèl epi move moun yo prale nan yon kote ki rele lanfè pou tout tan. Move sipozision sa a ki di se sèlman de destinasyon final ki genyen an enplike ke moun ki pa kapab kenbe tout kòmandman ki nesesè pou syèl la yo, yo tout nesesèman destine pou y al nan lanfè.

Yon Pè Selès eman gen yon pi bon plan pou pitit Li yo. Doktrin revele Legliz retabli Jezikri a anseye ke tout pitit Bondye—aleksepsyon kèk grenn moun ki twò piti pou nou konsidere yo la a—ap finalman retwouve yo nan yon wayòm laglwa.2 Jezi te anseye “gen anpil palè lakay Papa m nan”3 . Nan revelation modèn nan nou aprann ke palè sa yo sitiye nan twa diferan wayòm laglwa. Nan Jijman Final la, nou chak pral jije dapre aksyon nou ak dezi kè nou.4 Anvan sa, n ap bezwen soufri pou peche nou pa repanti yo. Ekriti yo klè sou sa.5 Apresa, Jij jis nou an ap bannou rezidans nan youn nan wayom laglwa sa yo. Konsa, jan nou aprann nan revelasyon modèn nan, nou tout “ap jije … , e chak moun ap resevea dapre pwòp zèv pa li, dominasyon pa l, nan kay ki te prepare yo.”6

Senyè a chwazi pou L revele yon ti kras bagay sèlman sou de nan wayòm laglwa sa yo. Pa kontras, Senyè a chwazi revele anpil bagay sou pigran wayòm laglwa a, ke Bib la dekri kòm “laglwa solèy la.”7

Nan laglwa “selès” la8 gen twa degre, oubyen nivo.9 Pigran ladan yo a se egzaltasyon nan wayom selès la, kote nou kapab vin tankou Papa nou ak Pitit Gason L la, Jezikri. Pou ede nou devlope kalite diven ak chanjman nati ki nesesè pou n reyalize potansyèl diven nou an, Senyè a revele doktrin epi Li etabli kòmandman ki baze sou lwa etènèl. Se sa nou ansenye nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo paske objektif doktrin ak règleman Legliz retabli sa a se pou prepare pitit Bondye yo pou sali nan laglwa selès la epi, espesyalman, pou egzaltasyon nan degre ki pi wo a.

Alyans ki fèt yo ak benediksyon yo pwomèt fidèl yo nan tanp Bondye yo se kle a. Sa eksplike rezon k fè n ap bati tanp nan tout mond lan, jan koral la si byen chante a. Gen moun ki gen etone dèske nou mete aksan sa a, san yo pa konprann ke alyans ak òdonans tanp yo ap gide nou pou n ale nan egzaltasyon. Nou ka rive konprann sa sèlman nan kontèks verite ki revele sou twa degre laglwa yo. Akoz gran lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit Li yo, Li prevwa lòt wayòm laglwa—jan Elder Quentin L. Cook te eksplike yè a—yo tout mèveye plis pase nou kapab konprann.10

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann tout sa posib. Li revele ke Li “glorifye Papa a, epi sove tout zèv men l yo.”11 Sali sa a akòde nan diferant wayòm laglwa. Nou aprann nan revelasyon modèn nan ke “tout wayòm resevwa yon lwa.”12 Konsa:

“Moun ki pa kapab respekte lalwa yon wayòm selès, li pa kapab sipòte yon laglwa selès.

“Epi yon moun ki pa kapab respekte lalwa yon wayòm terès, li pa kapab sipòte yon laglwa terès.

“Epi yon moun ki pa kapab respekte lalwa yon wayòm telès, li pa kapab sipòte yon laglwa telès.”13

Sa vle di, wayòm laglwa nou resevwa nan Jijman Final la detèmine pa plan lwa nou chwazi pou nou obeyi nan plan lanmou Papa nou ki nan Syèl la. Nan plan sa a gen anpil wayòm pou tout pitit Li kapab ale nan yon wayòm kote yo ka “abite.”

II.

Ansèyman ak règleman Legliz retabli Senyè a aplike verite etènèl sa yo nan yon fason ki ka totalman konprann sèlman nan kontèks plan lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit li yo.

Konsa, nou respekte libabit chak moun. Anpil moun okouran de gwo efò Legliz la ap fè pou pwomouvwa libète relijye. Efò sa yo ap fè plan Papa nou ki nan Syèl la avanse. N ap chèche ede tout pitit Li yo—pa sèlman pwòp manm pa nou yo—pwofite de libète presye pou chwazi a.

Menmjan tou, yo mande nou pafwa poukisa nou voye misyonè nan tout peyi sa yo, menm nan mitan popilasyon kretyèn yo. Yo mande nou tou poukisa nou bay moun ki pa manm Legliz la tout èd imanitè sa yo san nou pa konekte sa avèk efò misyonè nou yo. Nou fè sa paske Senyè a anseye nou pou nou konsidere tout pitit Li yo kòm frè ak sè nou, epi nou vle pataje abondans espirityèl ak tanporèl nou an avèk tout moun.

Doktrin etènèl la ofri yon vizyon distenktif sou timoun tou. Atravè pèspektiv sa a, nou konsidere ke pote timoun ak nouri timoun fè pati plan diven an. Se yon devwa sakre ki plen lajwa pou mounn ki gen pouvwa patisipe ladann yo. Se poutèt sa, yo kòmande nou pou nou anseye ak defann prensip ak pratik ki ofri pi bon kondisyon pou devlopman ak bonè timoun yo selon plan Bondye a.

III.

Finalman, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo rekonèt kòm yon Legliz ki santre sou fanmi. Men, sa moun pa byen konprann se reyalite ke santre sou fanmi nou an pa limite a relasyon nan mòtalite a sèlman. Relasyon etènèl yo fondamantal nan teyoloji nou an tou. Misyon Legliz retabli a se pou ede pitit Bondye yo kalifye pou destine final Bondye vle pou yo a. Atravè redanmsyon ke Ekspyasyon Kris la ofri a, tout moun ka atenn lavi etènèl (egzaltasyon nan wayòm selès la), ke manman nou Eve te deklare “Bondye bay tout moun ki obeyisan”14an. Sa plis pase sali. Prezidan Russell M. Nelson raple nou ke, “nan plan etènèl Bondye a, sali se yon bagay endividyèl; [men] egzaltasyon an se yon zafè familyal.”15

Sa ki fondamantal pou nou se revelasyon Bondye a ki di egzaltasyon kapab atenn sèlman atravè fidelite nan alyans yon maryaj etènèl ant yon gason ak yon fi a.16 Doktrin diven sa a se rezon ki fè nou anseye ke “sèks yon moun se yon karakteristik esansyèl nan idantite ak objektif endividyèl premòtèl, mòtèl, ak etènèl.”17

Se poutèt sa tou Senyè a mande Legliz retabli L la pou l opoze a presyon sosyal ak jiridik k ap mande pou retire doktrin Li sou maryaj ant yon gason ak yon fi a epi pou l opoze a chanjman ki fè tankou pa gen okenn diferans ant gason ak fi oubyen ki pote konfizyon oubyen ki modifye sèks yo.

Pozisyon Legliz retabli a sou prensip fondamantal sa yo souvan pwovoke opozisyon. Nou konprann sa. Plan Papa nou ki nan Syèl la pèmèt pou gen “opozisyon nan tout bagay,”18 epi opozisyon pi achane Satan yo dirije sou sa ki pi enpòtan nan plan sa a. Pa konsekan, li chèche opoze l a pwogresyon pou al nan egzaltasyon an nan defòme maryaj, dekouraje moun fè pitit, oubyen konfonn sèks moun. Sepandan, nou konnen ke alalong, objektif ak plan diven Papa eman nou ki nan Syèl la p ap chanje. Sikonstans pèsonèl kapab chanje, epi plan Bondye a asire ke alalong, moun fidèl ki kenbe alyans yo ap gen opòtinite pou kalifye yo pou chak benediksyon Li pwomèt yo.19

Yon ansèyman totalman valab pou ede nou prepare pou lavi etènèl, “pigwo pase tout kado Bondye yo,”20 se pwoklamasyon sou fanmi 1995 la.21 Natirèlman, deklarasyon l yo vizibleman diferan de kèk lwa, pratik, ak deklarasyon aktyèl nan mond kote n ap viv la, tankou plasaj ak maryaj ant moun menm sèks. Moun ki pa totalman konprann plan lanmou Papa a pou pitit Li yo ka konsidere pwoklamasyon sou fanmi sa a kòm jis deklarasyon yon règ ki gen dwa chanje. Kontrèman, nou afime ke pwoklamasyon sou fanmi an, ki fonde sou yon pwen doktrin irevokab, defini kalite relasyon familyal kote pati ki pi enpòtan nan devlopman etènèl nou an ka fèt.

Sa a se kontèks pou doktrin ak règleman san parèy Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou ki retabli a.

IV.

Nan anpil relasyon ak sikonstans nan lavi mòtèl la, nou chak dwe viv avèk diferans. Antanke disip Kris la ki dwe renmen pwochen nou, nou dwe viv nan lapè avèk mou ki pa gen menm kwayans avèk nou. Nou tout se pitit yon Pè Selès eman. Pou nou tout, Li prevwa lavi apre lanmò epi, finalman, yon wayòm laglwa. Bondye vle pou nou tout fè efò pou nou jwenn pi gwo benediksyon L ki posib yo nan kenbe pi gwo kòmandman, alyans, ak òdonans Li yo, tout sa abouti nan konstriksyon tanp sakre L yo toupatou nan mond lan. Nou dwe chèche pataje verite sou letènite sa yo avèk lòt moun. Men avèk lanmou nou dwe genyen pou tout pwochen nou yo, nou dwe toujou aksepte desizyon yo. Jan yon pwofèt nan Liv Mòmon an te anseye a, nou dwe avanse, avèk “yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun.”22

Jan Prezidan Russell M. Nelson te deklare nan dènye konferans nou an: “Pa t janm te gen yon epòk nan istwa mond lan kote konesans sou Sovè nou a pi enpòtan ak pi apwopriye pèsonèlman pou chak kretyen vivan. … Doktrin pur Kris la puisan. Li chanje lavi tout moun ki konprann li epi k ap chèche aplike l nan lavi yo.”23

Mwen priye pou nou ka aplike doktrin sakre sa a nan pwòp lavi pa nou, nan non Jezikri, amèn.