Konferans Jeneral
Emèveye pou Kris la ak Levanjil Li a
Konferans Jeneral Avril 2022


Emèveye pou Kris la ak Levanjil Li a

Se pou souvni de sa je nou wè ak sa kè nou santi ogmante emèveyman nou pou sakrifis ekspyatwa Sovè a.

Mwen gen yon bon zanmi, yon pwofesè inivèsite briyan ki retrete, yon otè ki ekri anpil liv, epi tou, li se yon disip angaje Jezikri. Li vizite Tè Sent la plizyè dizèn fwa pou l patisipe nan konferans, pou l dirije rechèch akademik ak dirije vizit gide. Daprè limenm, chak fwa li vizite peyi kote Jezi te mache a, se yon mèvèy pou li paske li toujou aprann yon bagay nouvo, yon bagay etonan ak enteresan konsènan Sovè a, ministè mòtèl Li, ak peyi byenneme L la. Emèveyman zanmi m nan montre lè l ap pale de tout sa l aprann nan Tè Sent la kontajye; epi emèveyman sa a alabaz gwo akonplisman ak rechèch akademik nan lavi l yo.

Lè m ap koute eksperyans li yo e santi antouzyas li, sa fè m reflechi sou konbyen plis mèvèy espirityèl, si m ka di, nou te kapab oswa nou ta dwe santi pou levanjil Jezikri te anseye a ak diferans li kapab fè nan wòl nou kòm disip ak nan vwayaj nou pou n al nan lavi etènèl la. Emèveyman m ap pale la a se yon sansasyon emosyon, admirasyon, oswa etonman ki lakay tout moun ki santre lavi yo sou ansèyman Sovè a avèk tout kè yo e ki, avèk imilite, rekonèt prezans Li nan lavi yo. Santiman emèveyman sa a, ki enspire pa enfliyans Sentespri a, estimile antouzyas pou nou jwayezman viv doktrin Kris la.1

Ekriti yo gen ladan yo plizyè egzanp sou fason sansasyon sa a manifeste. Pwofèt Ezayi, pa egzanp, te eksprime pwofondè gratifid li pou Senyè a atravè rejwisans li nan Li.2 Moun ki te tande Jezi ap preche nan sinagòg la nan Kapènawòm yo te etone tande doktrin Li an ak fòs Li t ap anseye li.3 Sete menm santiman sa a ki te penetre chak fib nan kè jèn Joseph Smith lè l tap li kèk vèsè nan Bib la nan premye chapit Jak la, ki te mennen l al chèche sajès Bondye a.4

Frè ak sè byenneme m yo, lè nou vrèman emèveye pa Jezikri ak levanjil Li a, nou gen plis pi kontantman, nou gen plis antouzyas pou travay Li a, epi nou rekonèt men Senyè a nan tout bagay. Epitou, etid nou fè sou pawòl Bondye yo pi siyifikatif; priyè nou yo pi entansyonèl; adorasyon nou gen plis reverans; sèvis nou nan wayòm Senyè a pi dilijan. Tout aksyon sa yo se faktè ki kontribye pou fè Sentespri a manifeste nan lavi nou pi souvan.5 Konsa, temwayaj nou sou Sovè a ak levanjil Li a ap ranfòse, n ap kenbe Kris la vivan nan nou,6 epi n ap viv lavi nou “anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou nan li, kenbe fèm nan konfyans nou gen nan li, …san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.”7 Lè nou viv konsa, nou vin pi rezilyan espirityèlman epi nou pwoteje kont posiblite pou nou ta tonbe nan pyèj endiferans espirityèl la.

Yon endiferans konsa karakterize pa pèt gradyèl antouzyas nou genyen pou nou angaje nou konplètman nan levanjil Senyè a. Li jeneralman kòmanse lè nou gen santiman ke nou deja atenn tout konesans ak benediksyon ki nesesè pou bonè nou nan lavi sa a. Konplezans sa a, si nou ka pale konsa, fè nou pa bay don levanjil yo valè, epi apati de moman sa a, nou riske neglije ni imèsyon regilye nou nan bagay esansyèl yo nan levanjil Jezikri a9 ak alyans nou fè deja yo. Kòm konsekans, nou pran distans nou avèk Senyè a tikras pa tikras, sa ki afebli kapasite nou pou nou “Koute Li,”9 sa ki rann nou endiferan ak ensansib a grandè travay Li a. Dout konsènan verite nou te deja resevwa yo ka penetre nan lespri nou ak nan kè nou, epi sa rann nou vilnerab devan tantasyon ènmi an.10

Pastè Aiden Wilson Tozer, yon ekriven renome ak Kretyen v anyan, te ekri, “Konplezans se enmi mòtèl tout pwogresyon spirityèl.”11 Èske se pa egzakteman sa k te rive pèp Nefi a tousuit apre nesans Kris la? Yo te “kòmanse vin etone mwens chak fwa te gen yon siy ki te soti nan syèl la,” ak dout “yo te kòmanse pa kwè nan tout sa yo te tande ak tout sa yo te wè.” Konsa Satan “te avegle je yo e li te detounen yo pou yo kwè doktrin Kris la se yon bagay ensanse, san valè.”12

Frè ak sè byeneme m yo, nan lanmou pafè ak enfini Li epi konesan nati lèzòm,13 Sovè a etabli yon moyen pou nou evite tonbe nan pyèj endiferans espirityèl la. Envitasyon Sovè a ba nou yon pi gran vizyon, espesyalman lè n konsidere konpleksite mond kote n ap viv la: “Aprann nan men m, epi koute pawòl mwen yo; mache nan jantiyès Lespri m nan, epi w ap gen lapè nan mwen.”14 Lè nou asepte envitasyon Sovè a, nou demontre imilite nou, dezi nou pou nou ka resevwa ansèyman, ak espwa nou pou nou vin plis sanble avèk Li.15 Envitasyon sa a enkli sèvi Li ak sèvi pitit Bondye yo “avèk tout kè ou, tout pouvwa ou, tout panse ou, ak tout fòs ou.”16 Nan kè efò nou nan vwayaj sa a, natirèlman, gen de gran kòmandman yo: renmen Mèt la epi renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.18

Kalite konpòtman sa a fè pati karaktè diven Sovè a epi li te evidan nan tout bagay Li te fè pandan ministè terès Li a.18 Se poutèt sa, lè nou konsakre tèt nou entansyonèlman e tout bon vre pou nou gade sou Li epi aprann nan egzanp pafè Li19 nou vin konnen L pi byen. Nou vin gen plis antouzyas ak dezi pou nou enkòpore nan lavi nou modèl siprèm sou fason nou dwe viv, egzanp nou ta dwe trase, ak kòmandman nou ta dwe suiv yo. Epitou, nou akeri plis konpreyansyon, plis sajès, yon karaktè diven, ak plis gras devan Bondye ak pwochen nou yo.20 Mwen ka asire nou ke kapasite pou nou santi enfliyans ak lanmou Sovè a ap entansifye nan lavi nou, l ap ogmante lafwa nou, dezi nou pou nou aji nan ladwati ak motivasyon pou nou sèvi Limenm ak lòt moun.21 Anplis de sa, rekonesans nou pou benediksyon ak difikilte nou fè eksperyans nan mòtalite a ap solidifye epi vin fè pati vrè adorasyon nou.22

Chè zanmi m yo, tout bagay sa yo entansifye emèveyman espirityèl nou pou levanjil la e motive nou pou nou jwayezman kenbe tout alyans nou fè avèk Senyè a—menm nan mitan eprèv ak difikilte n ap travèse. Natirèlman, pou rezilta sa yo rive, nou dwe plonje nou nan ansèyman Sovè a avèk lafwa ak entansyon reyèl,23 pandan n ap fè efò pou nou enkòpore kalite L yo nan konpòtman nou.24 Anplis de sa, nou bezwen egzèse lafwa nan Li,25 pandan n ap chèche padon Li ak pouvwa redanmtè Li nan lavi nou, epi nan respekte kòmandman L yo. Senyè a Limenm te pwomèt ke L ap aplani chemen nou si mete konfyans nan li ak tout kè nou, pandan n ap rekonèt Li nan tout fason epi nou pa apiye sou pwòp konpreyansyon pa nou.26

Imaj
Èldè Jones avèk Wes

Yon mesye m te rankontre dènyèman, ki rele Wes, ki nan konferans lan jodia, te asepte envitasyon Kris la pou l te aprann konnen Limenm ak levanjil Li a epi li te kòmanse santi emèveyman lanmou Li apre l te fin pase 27 ane lwen chemen alyans lan. Li te di m ke yon jou, li te pran kontak avèk yon misyonè sou Facebook, ki rele Èldè Jones, yon misyonè yo te asiyen tanporèman nan zòn ni an anvan pou l te ale nan misyon nòmal li nan Panama. Lè Èldè Jones te wè pwofil Wes, san l pa t konnen Wes te deja yon manm Legliz la, li te santi enspirasyon Sentespri a epi l te konnen ke l te dwe kontakte Wes imedyatman. Li te suiv enpresyon sa a rapidman. Wes te etone pa kontak sanzatann sa a epi li te kòmanse reyalize kijan Senyè a t ap veye sou li malgre l te elwanye l de chemen alyans la.

Apati lè sa a, Wes ak misyonè yo te kòmanse kominike souvan. Èldè Jones ak konpayon l te chèche rann ni sèvis chak semèn ak ba l mesaj espirityèl ki te ede Wes retwouve emèveyman lipou Sovè a ak levanjil Li a. Sa te relimen flanm temwayaj li konsènan verite a ak lanmou Sovè a pou li. Wes te santi lapè ki soti nan Konsolatè a epi li te jwenn fòs li te bezwen pou l te retounen nan twoupo a. Li te di m ke eksperyans sa a te mennen l tounen espirityèlman ak emosyonèlman nan lavi epi te ede l elimine santiman amètim ki te akimile pandan pil ane yo akoz eksperyans difisil li te travèse yo.

Jan zanmi m nan, pwofesè atansyone m te mansyone anvan an te obsève, toujou gen yon bagay mèveye ak kaptivan pou nou aprann sou Jezikri ak levanjil Li a.27 Senyè a fè pwomès mèveye ki disponib pou tout moun, enkli noumenm, ki ap chèche aprann nan men L ak enkòpore pawòl Li yo nan lavi yo. Li te di Enòk: “Gade, Lespri m sou ou, se sa ki fè, m ap jistifye tout pawòl ou; epi mòn yo pral kouri devan w, epi rivyè yo pral detounen nan chemen yo; epi ou pral rete nan mwen, epi mwen menm nan ou menm.”28 Pa lentèmedyè sèvitè Li, Wa Benjamin, Li te deklare, “ Yo ap rele nou pitit Kris la, pitit gason ak pitit fi l; paske gade, jodi a li te ba nou nesans espirityèlman; paske nou di konsa kè nou chanje pa mwayen lafwa nan non l; se poutèt sa li te ba nou nesans e nou vin tounen pitit gason ak pitit fi l.”29

Se poutèt sa, pandan nou ap fè efò sensè e kontinyèl pou nou aprann konnen Sovè a ak suiv egzanp Li, mwen pwomèt nou nan non Li, ke kalite diven L yo ap ekri nan lespri nou ak nan kè nou,30 ke n ap vin plis sanble avèk Li, epi nou ap mache avèk Li.31

Frè ak sè byenneme m yo, mwen priye pou nou toujou kanpe an emèveyman pou Jezikri ak lanmou konplè, enfini, ak pafè L la. Ke souvni de sa je nou wè, ak sa kè nou santi yo ka ogmante emèveyman nou devan sakrifis ekspyatwa L la, ki kapab geri nou anba blese espirityèl ak emosyonèl nou yo epi ede nou vin pi pre Li. Mwen swete pou nou emèveye devan gwo pwomès Papa a genyen nan men Li, ke Li prepare pou moun ki fidèl yo:

“Wayòm nan pou nou epi benediksyon ki ladan l yo pou nou, epi richès letènite yo pou nou.

Epi yon moun ki resevwa tout bagay avèk remèsiman, l ap glorifye.”32

Jezi se Redanmtè mond lan, e sa a se Legliz Li. Mwen rann temwayaj konsènan verite sakre ak siblim ki enspire admirasyon sa yo, nan non sakre Sovè nou an, Jezikri, amèn.