Konvèsyon selon volonte Bondye
Konvèsyon pèsonèl nou enkli responsablite pou nou pataje levanjil Jezikri a avèk mond lan.
Mwen rekonesan pou apèl pwofetik puisan Prezidan Russell M. Nelson fè pou sèvis misyonè a ak mesaj misyonè enspiran Prezidan M. Russell Ballard la maten an.
Yon tach misyonè nan Grande-Bretagne nan fen ane pase a te pèmèt mwen reflechi sou evenman spirityèl presye ki te fondasyon desizyon m pou m te sèvi kòm misyonè a.1 Lè m te gen 15 zan, gran frè byeneme m nan, Joe, te gen 20 tan, laj elijib pou yon moun te sèvi yon misyon nan epòk sa a. Nan Etazini, akoz konfli Koreyen an, pa t gen anpil moun ki te otorize pou yo te sèvi. Se yon sèl manm yo te ka aple nan chak pawas pa ane.2 Sete yon sipriz lè evèk nou an te mande Joe pou l te panse a posiblite sa a avèk papa nou. Joe t ap prepare aplikasyon l pou l t al lekòl medsin. Papa nou, ki pa t aktif nan Legliz la, te fè preparatif finansye pou ede l epi li pa t twò dakò pou Joe t al fè yon misyon. Papa m te sigjere ke li t ap pi bon pou Joe t al nan lekòl medsin. Sa sete yon gwo pwoblèm nan fanmi nou.
Ape yon diskisyon remakab avèk gran frè saj ak egzanplè m nan, nou te konkli ke desizyon l pou l te konnen si wi ou non li t ap sèvi yon misyon epi repòte etid li a te depann de twa kesyon: (1) Èske Jezikri diven? (2) Èske Liv Mòmon an se pawòl Bondye? epi ? (3) Èske Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an? Si repons li pou twa kesyon sa yo sete wi, sa te klè ke Joe te ka fè plis byen nan pote levanjil Jezikri a bay mond lan pase pou l te vin yon doktè anvan sa.3
Jou swa sa a, mwen te priye anpil avèk entansyon reyèl. Lespri a, nan yon fason totalman puisan, te konfime m ke repons pou toulètwa kesyon sa yo te vrè. Sete yon evenman fondamantal pou mwen. M te reyalize ke chak desizyon m t ap pran pou rès lavi mwen te dwe enfliyanse pa verite sa yo. Mwen te konnen tou ke m t ap sèvi yon misyon si m ta jwenn opòtinite a. Atravè yon lavi sèvis ak eksperyans spirityèl, mwen vin konprann ke vrè konvèsyon se rezilta akseptasyon konsyan volonte Bondye, epi Sentespri a ka gide nou nan aksyon nou.
Mwen te deja gen yon temwayaj sou divinite Jezikri kòm Sovè mond lan. Jou swa sa a, m te resevwa yon temwayaj spirityèl konsènan Liv Mòmon an4 ak Pwofèt Joseph Smith.
Joseph Smith Sete Yon Enstriman nan Men Senyè a
Temwayaj ou ap fòtifye lè w konnen nan kè w, atravè lapriyè, ke Pwofèt Joseph Smith sete yon enstriman nan men Senyè a. Pandan uit ane k sot pase yo, youn nan tach mwen nan Douz Apot yo sete pou m te repase ak li tout papye ak dokiman remakab Joseph Smith yo ak rechèch ki te mennen nan piblikasyon liv Les Saints an.5 Temwayaj mwen ak admirasyon m pou Pwofèt Joseph Smith te grandman fòtifye ak ranfòse apre m te li detay enspiran lavi l yo ak ministè preòdone l kòm pwofèt la.
Tradiksyon Liv Mòmon an Joseph te fè pa don ak pouvwa Bondye a te fondamantal pou Retablisman an.6 Liv Mòmon an enteryèman konsistan, li ekri mayifikman, epi li gen repons pou gwo kesyon lavi yo. Se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Mwen temwaye ke Joseph Smith sete yon moun jis, plen lafwa, epi yon enstriman nan men Senyè a pou l te fè parèt Liv Mòmon an.
Revelasyon ak evenman ki ekri nan Doktrin ak Alyans yo founi kle, òdonans, ak alyans nesesè pou sali ak egzaltasyon yo. Yo prezante non sèlman eleman esansyèl pou etabli Legliz la men tou, yo bay doktrin pwofon ki pèmèt nou konprann bi lavi a epi ki ba nou yon pèspektiv etènèl.
Nou jwenn youn nan pil egzanp sou wòl pwofesik Joseph Smith yo ak wòl li kòm enstriman nan men Senyè a nan seksyon 76 Doktrin ak Alyans yo. Se yon resi byen klè sou vizyon syèl la, enkli wayòm laglwa yo, ke Pwofèt Joseph Smith ak Sidney Rigdon te gen benediksyon resevwa jou 16 Fevriye 1832. Nan epòk sa a, gwo majorite legliz yo t ap anseye ke Ekspyasyon Sovè a pa t ap pote sali pou pifò moun. Moun yo te kwè ke sete kèk grenn moun ki t ap sove, epi gwo majorite moun yo te kondane pou y al nan lanfè ak danasyon, enkli “touman san fennan yon entansite ki orib ak endeskriptib.”7
Revelasyon ki nan seksyon 76 la bay yon vizyon gloriye sou degre laglwa yo kote gwo majorite pitit Pè Selès laki te vanyan nan eta premòtèl yo a pwofondeman beni apre jijman final la.8 Vizyon twa degre laglwa yo, kote degre ki pi ba a “depase tout konpreyansyon,”9 an se yon rejè dirèk de yon doktrin ki te puisan lèsa a men ki pa t laverite, ki te di ke majorite moun yo t ap kondane pou y t al nan lanfè ak danasyon.
Lè w reyalize ke Joseph Smith te gen 26 zan sèlman, li te fè ti kras etid, epi li pa t konn anyen sou langaj klasik yo te tradui Bib la, nou ka wè l te vrèman yon enstriman nan men Senyè a. Nan vèsè 17 nan seksyon 76la, li te enspire pou itilize mo d enjis la olye de mo danasyon yo itilize nan Levanjil Jan an.10
Sa enteresan dèske 45 ane apre, yon dirijan Legliz Anglikan an ki se yon ekspè klasik nan nivo akademik,11 Frederic W. Farrar, ki te pase dèzane ap ekri Lavi Kris la,12 te deklare ke definisyon mo danasyon an nan Vèsyon Wa Jak Bib la sete rezilta erè tradiksyon ki soti nan tradui Ebre ak Grèk vin nan lang Anglè.13
Nan epòk pa nou an, anpil moun adopte konsèp ki di ke pa ta dwe gen okenn konsekans pou peche a. Yo sipòte deklarasyon enkondisyonèl peche san repantans lan. Doktrin revele nou an rejte non sèlman lide ke pifò moun pral kondane pou y al nan lanfè ak danasyon an men tou, li etabli ke repantans pèsonèl se yon kondisyon preyalab pou n patisipe nan Ekspyasyon Sovè a ak eritye wayòm selès la.14 Mwen temwaye ke Joseph Smith te vrèman yon enstriman nan men Senyè a pou reyalize Retablizman levanjil Li a.
Gras ak Retablisman levanjil Jezikri a, nou konprann enpòtans repantans ak “zèv lajistis” yo.15 Nou konprann kokennchenn siyifikasyon Ekspyasyon Sovè a ak òdonans ak alyans sali L yo, enkli sa yo akonpli nan tanp yo.
“Zèv lajistis” yo soti nan fwi konvèsyon epi yo se fwi konvèsyon. Vrè konvèsyon reyalize atravè akseptasyon ak angajman konsyan pou nou suiv volonte Bondye.16 Festen konsekans ak benediksyon ki soti nan konvèsyon yo se lapè veritab ak pèmanan ak asirans pèsonèl sou yon bonè siprèm17malgre tanpèt yo nan lavi sa a.
Konvèsyon nan Sovè a chanje lòm natirèl la pou fè l vin yon moun sanktifye, ki nedenouvo, ki pirifye—yon nouvo kreyati nan Jezikri.18
Gen Anpil Moun ki Pa Konnen Verite a paske Yo Pa Konnen Ki Kote Pou yo Jwenn Li
Ki obligasyon ki soti nan konvèsyon? Nan Prizon Liberty a, Pwofèt Joseph Smith te note ke anpil moun “pa konnen verite a paske yo pa konnen ki kote pou yo jwenn li.”19
Nan prefas Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo, nou jwenn yon deklarasyon klè sou objektif Senyè a pou nou. Li deklare: “Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, paske m konnen kalamite ki dwe tonbe sou abitan latè yo, m te rele sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, epi m te pale avèk li depi nan syèl la, epi m te ba li kòmandman yo.” Li bay enstrksyon pi lwen: “Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout tè a.”20 Sa enkli misyonè aplentan yo. Sa enkli nou chak. Sa dwe vin yon “atansyon konstan” pou tout moun ki gen benediksyon pou yo te konvèti nan volonte Bondye. Sovè a envite nou jantiman pou nou vin vwa Li ak men Li.21 Lanmou Sovè a ap tounen limyè k ap gide nou. Sovè a te anseye disip Li yo: “Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon.”22 Epi pou Joseph Smith, Li te deklare: “Preche levanjil mwen an bay chak kreyati ki pa ko resevwa l.”23
Yon semèn apre konsekrasyon Tanp Kirtland nan 3 Avril 1836, ki sete Dimanch Pak ak Fèt Pak tou, Senyè a te parèt nan yon vizyon mayifik devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery. Senyè a te aksepte tanp lan epi L te deklare, “Sa se kòmansman benediksyon ki pral tonbe sou tèt pèp mwen an.”24
Apre vizyon sa a te fini, Moyiz te parèt “epi li te remèt … kle pou rasanbleman Izrayèl la soti nan kat pati tè a, ak pou dirije dis tribi yo soti nan peyi Nò yo.”25
Prezidan Russell M.Nelson, pwofèt byeneme nou an ki gen menm kle sa yo, te anseye maten an: “Noumenm jènjan yo, yo te resève nou pou epòk sa a kote rasanbleman Izrayèl ki te pwomèt la ap akonpli. Pandan n ap sèvi misyon, nou jwe yon wòl esansyèl nan evenman san presedans sa a!”26
Pou misyon Sovè a bay pou pataje levanjil la pou vin fè pati moun nou ye a, nou dwe vin konvèti nan volonte Bondye; nou dwe renmen pwochen nou, pataje levanjil retabli Jezikri a, epi envite tout moun pou yo vini epi wè. Antanke manm Legliz la, nou renmen repons Pwofèt Joseph Smith te bay John Wentworth, redaktè anchèf jounal Chicago Democrat, an 1842 a. Li t ap mande enfòmasyon konsènan Legliz la. Joseph te fini repons li a kote l te itilize “Etanda Verite” a kòm prefas pou trèz Atik Lafwa yo. Etanda a deklare, nan yon fason trè klè, kisa nou dwe akonpli:
“Okenn men enpi pa kapab anpeche travay sa a pwogrese; pèsekisyon mèt fè raj, bandi mèt konplote, lame mèt rasanble, kalomni mèt repann, verite Bondye a ap avanse devan bravman, nobleman, an tout endepandans, jiskaske li penetre nan chak kontinan, vizite chak klima, simaye nan chak peyi, e sonnen nan chak zòrèyjiskaske desen Bondye yo akonpli, epi Gran Jewova a di travay la akonpli.”27
Sa se apèl ki retanti pou dè jenerasyon Sen Dènye Jou, espesyalman misyonè yo. Nan espri Etanda Verite a, nou rekonesan dèske nan mitan yon pandemi mondyal, misyonè fidèl ap pataje levanjil la. Misyonè yo, nou renmen nou! Senyè a mande nou chak pou n pataje levanjil Li a nan pawòl ak aksyon. Konvèsyon pèsonèl nou enkli responsablite pou nou pataje levanjil Jezikri a avèk mond lan.
Benediksyon ki genyen nan pataje levanjil la gen ladan yo ogmantasyon konvèsyon nou nan volonte Bondye ak kite Bondye gen priyorite nan lavi nou.28 Nou beni lòt moun pou yo ka fè eksperyans yon “gwo chanjman” nan kè yo.29 Gen vrèman yon lajwa etènèl nan ede moun vin jwenn Kris la.30 Travay pou konvèsyon tèt nou ak lòt moun se yon tach ki nòb.31 Mwen temwaye konsènan sa nan non Jezikri, amèn.