Konferans Jeneral
Pouvwa Elan Spirityèl la
Konferans Jeneral Avril 2022


Pouvwa Elan Spirityèl la

Jodia, mwen ta renmen sigjere senk aksyon espesifik nou ka antreprann pou ede nou kenbe yon elan spirityèl pozitif.

Chè frè m ak sè m yo, mwen eksprime lanmou m pou nou. Mwen kontan pou opòtinite sa a pou m pale avèk nou jodia. Mwen priye chak jou pou nou ka pwoteje anba atak fewòs advèsè a epi jwenn fòs pou nou avanse devan atravè kèlkeswa difikilte nou rankontre.

Gen kèk eprèv ki se fado ki pwofondeman entim ke okenn lòt moun pa ka wè. Gen lòt ki dewoule sou yon sèn mondyal. Konfli ame nan Ewòp Lès la se youn ladan yo. M te ale nan Ikrèn ak Larisi plizyè fwa. Mwen renmen peyi sa yo, pèp yo a, ak lang yo. Mwen kriye e priye pou tout moun ki afekte pa lagè sa a. Legliz la ap fè tout sa l kapab pou ede moun k ap soufri ak lite pou yo siviv yo. Nou envite tout moun pou yo kontinye priye ak jene pou moun ki afekte pa kalamite sa a. Tout lagè se yon vyolasyon orib de tout sa Senyè a, Jezikri, anseye ak defann.

Okenn nan nou pa ka kontwole nasyon yo, ni aksyon lòt moun, ni menm manm pwòp fanmi nou. Men nou chak ka kontwole tèt nou. Apèl mwen jodia, chè frè m ak sè m yo, se pou mete fen a konfli k ap fè raj nan nou, nan fwaye nou, ak nan lavi nou yo. Antere tout panchan pou nou blese lòt moun—kit panchan sa yo se yon move karaktè, yon lang file, oubyen rankin pou yon moun ki te blese nou. Sovè a kòmande nou pou nou vire lòtbò figi a,1 pou nou renmen enmi nou, epi priye pou moun ki maltrete nou ak pèsekite nou.2

Sa ka doulourezman difisil pou nou debarase nou de kòlè lè l sanble l si jistifye. Sa ka parèt enposib pou nou padone moun ke aksyon destriktè yo blese moun ki inosan. Men, Sovè a egzòte nou pou nou “padone tout moun.”3

Nou se disip Prens Lapè a. Kounyea, plis pase jamè, nou bezwen lapè ke sèl Limenm ka pote a. Kijan nou ka atann pou lapè egziste nan mond lan si pèsonèlman nou pa p chèche lapè ak amoni? Frè m ak sè m yo, mwen konnen sa m ap sigjere la a pa fasil. Men disip Jezikri yo dwe montre egzanp pou tout mond lan suiv. Mwen sipliye nou pou nou fè tout sa nou kapab pou mete fen a konfli pèsonèl ki ap fè raj nan kè nou ak nan lavi nou yo.

Kite m souliyen apèl alaksyon sa a kote m ap diskite de yon konsèp mwen te raple m dènyèman pandan m t ap gade yon match baskètbòl.

Nan jwèt sa a, premye mitan an sete yon batay ale vini. Epi, pandan senk dènye segond nan premye mitan an, yon jwè nan youn nan ekip yo te reyisi yon bèl chout a twa pwen. Nan sèlman yon segond ki te rete a, koekipye l la te fè pas la epi l te fè yon lòt chout nan panye a! Konsa, ekip sa a te antre nan vestyè a avèk kat pwen davans, avèk yon elan dynamik ke tout moun te ka wè. Yo te vin kapab pwofite de elan sa a nan dezyèm mitan an epi yo te genyen match la.

Elan se yon konsèp ki puisan. Nou tout konn fè eksperyans avèk li sou yon fòm oubyen yon lòt—paregzanp, nan yon machin k ap pran vitès oubyen yon dezakò ki toudenkou vin vire an dispit.

Konsa, m ap mande, kisa ki ka deklanche yon elan spirityèl? Nou wè kèk egzanp sou elan ki alafwa pozitif ak negatif. Nou konn kèk disip Jezikri ki te konvèti epi pwogrese nan lafwa yo. Men tou, nou konn kwayan ki te trè angaje otrefwa ki vin tonbe. Elan ka baskile sou nenpòt bò.

Nou pa janm si otan bezwen elan spirityèl pozitif pase jodia, pou nou ka kontrekare vitès mechanste ak siy dètan pi sonb yo k ap entansifye yo. Elan spirityèl pozitif ap pèmèt nou avanse nan mitan laperèz ak ensètitid ki kreye pa pandemi, sunami, eripsyon vòlkanik, ak konfli ame yo. Elan spirityèl ka ede nou reziste devan atak mechan e san rete advèsè a ak kontrekare efò li pou wonje fondasyon spirityèl pèsonèl nou.

Gen anpil aksyon ki kapab deklanche yon elan spirityèl pozitif. Obeyisans, lanmou, imilite, sèvis, ak gratitid4 se kèk ladan yo.

Jodia, mwen ta renmen sigjere senk aksyon spesifik nou ka pran pou ede nou kenbe yon elan spirityèl pozitif.

Premyèman: Antre nan chemen alyans lan epi rete ladan.

Sa pa gen twò lontan, mwen te fè yon rèv kote m te rankontre yon gwo gwoup moun. Yo te poze m anpil kesyon, men kesyon ki te vini pi souvan yo sete sou chemen alyans lan ak poukisa li si enpòtan konsa.

Nan rèv mwen an, m te eksplike yo ke nou antre nan chemen alyans lan lè nou batize epi nou fè premye alyans nou avèk Bondye.5 Chak fwa nou pran sentsèn, nou pwomèt yon fwa ankò pou nou pran non Sovè a sou tèt nou, pou nou sonje Li, epi kenbe kòmandman L yo.6 Anretou, Bondye asire nou ke nou ka toujou gen Lespri Senyè a avèk nou.

Nan apre, nou fè alyans adisyonèl nan tanp, kote nou resevwa pi gwo pwomès toujou. Òdonans ak alyans yo ba nou aksè a pouvwa Bondye. Chemen alyans la se sèl chemen ki mennen nan egzaltasyon ak lavi etènèl.

Nan rèv mwen an, yon fi te mande m apresa kijan yon moun ki te kraze alyans li kapab retounen sou chemen sa a. Repons pou kesyon sa a mennen nan dezyèm sigjesyon m nan:

Dekouvri lajwa repantans kotidyen.

Ki enpòtans repantans genyen? Alma te anseye ke nou pa dwe “preche anyen eksepte repantans ak lafwa nan Senyè a.”7 Repantans obligatwa pou chak moun responsab ki vle gen laglwa etènèl.8 Pa gen okenn eksepsyon. Nan yon revelasyon Li te bay Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te reprimande dirijan Legliz yo paske yo pa t preche pitit yo levanjil la.9 Repanti se kle pwogresyon. Lafwa pur ede nou avanse sou chemen alyans lan.

Tanpri, pa pè ni pa ranvwaye repantans nou. Satan rejwi nan mizè nou. Chase li. Chase enfliyans li nan lavi nou. Kòmanse jodia pou nou ka fè eksperyans lajwa ki genyen nan chase lòm natirèl la.10 Sovè a toujou renmen nou men espesyalman lè nou repanti. Li pwomèt ke menmsi “montay yo elwanye, epi kolin yo deplase … jantiyès mwen p ap kite ou.”11

Si w santi w te ekate de chemen alyans lan al twò lwen oubyen twò lontan epi pa gen okenn mwayen pou w retounen, sa senpleman pa vre.12 Tanpri kontakte evèk ou oswa prezidan branch ou. Li se ajan Senyè a epi l ap ede w resanti lajwa ak soulajman ki genyen nan repanti a.

Kounyea, yon avètisman: Retounen sou chemen alyans lan pa vledi ke lavi a pral fasil. Chemen sa a difisil epi pafwa n ap santi se tankou n ap monte yon mòn apik.13 Men, apik sa a la pou teste nou ak anseye nou, pou rafine nati nou, epi ede nou vin sen. Se sèl chemen ki mennen nan egzaltasyon. Yon pwofèt14 te dekri “eta beni moun ki kenbe kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni spirityèl; e si yo rete fidèl jiskalafen, y ap jwenn akèy nan syèl la … [epi] pou yo kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini.”15

Mache sou chemen alyans lan, ansanm avèk repantans chak jou, ap pote yon elan spirityèl pozitif.

Twazyèm sigjesyon m nan: Aprann konnen Bondye ak ki fason L aji.

Youn nan pi gwo pwoblèm nou jodia se fè distenksyon ant verite Bondye yo ak mansonj Satan yo. Se poutèt sa Senyè a te avèti nou pou nou “priye tout tan, … pou [nou] kapab gen viktwa sou Satan, epi … chape anba men sèvitè Satan yo ki sipòte travay li a.”16

Moyiz se yon egzanp remakab sou aprann disène ant Bondye ak Satan. Lè Satan te vin tante li, Moyiz te detekte twonpri a paske li te fèk soti nan yon konvèsasyon fasafas avèk Bondye. Konsa, Moyiz te reyalize byen vit kiyès Satan te ye epi kòmande l pou l t ale.17 Lè Satan te pèsiste, Moyiz te konn kijan pou l te rele Bondye pou l te mande l plis èd. Moyiz te resevwa fòs diven epi li te reprimande malen an yon fwa ankò, li te di, “Pati soti kote m, Satan, paske se sèlman Bondye sa a m ap adore.”18

Nou tout dwe suiv egzanp sa a. Chase enfliyans Satan nan lavi nou! Tanpri, pa suiv li pou n desann nan “gouf mizè ak malè etènèl la.”19

Nan yon vitès efreyan, yon temwayaj ki pa nouri chak jou “avèk bon pawòl Bondye a”20 ka efondre. Konsa, antidòd kont plan Satan an klè: nou bezwen eksperyans kotidyen nan adore Senyè a ak etidye levanjil Li a. Mwen priye nou pou nou kite Bondye gen priyorite nan lavi ou. Ba L yon bon pati nan tan nou. Lè nou fè sa, note kisa k rive avèk elan spirityèl pozitif nou an.

Sigjesyon nimewo 4: Chèche mirak epi atann mirak.

Mowoni te asire nou ke “Bondye se toujou yon Bondye ki konn fè mirak.”21 Chak liv ekriti demontre kijan Senyè a dispoze pou L entèvni nan lavi moun ki kwè nan Li.22 Li te separe Lanmè Wouj la pou Moyiz, li te ede Nefi jwenn plak eren yo, epi L te retabli Legliz Li a palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith. Chak nan mirak sa yo te pran tan epi yo te petèt pa t egzakteman sa moun sa yo te mande Senyè a toudabò.

Nan menm fason an, Senyè a ap beni w avèk mirak ou bezwen yo si w kwè nan Li, “san doute anyen.”23 Fè travay spirityèl pou chèche mirak yo. Nan lapriyè, mande Bondye pou ede w egzèse kalite lafwa sa a. Mwen pwomèt ke w ap ka fè eksperyans pou tèt pa w ke Jezikri “bay moun ki pèdi souf yo fòs; epi lè yon moun febli, li ba l kouraj ankò.”24 Pa gen anpil bagay ki akselere elan spirityèl nou pase reyalize ke Senyè a ap ede nou deplase yon montay nan lavi nou.

Sigjesyon nimewo 5: Mete fen a konfli nan lavi pèsonèl nou.

M ap repete apèl mwen an pou nou mete fen a konfli nan lavi nou yo. Egzèse imilite, kouraj, ak fòs ki nesesè pou nou padone ak pou nou chèche padon. Sovè a pwomèt ke “si [nou] padone ofans moun fè nou, Papa [nou] ki nan Syèl la ap padone [nou] tou.”25

Nan de semèn nou pral selebre Pak. Ant jodia ak lè l rive, mwen envite nou pou nou chèche met fen a yon konfli pèsonèl ki ap peze lou sou nou. Èske ka gen yon aksyon gratitid ki ka pi apwopriye pou nou ofri Jezikri pou Ekspyasyon L lan? Si padon sanble l enposib aktyèlman, priye pou nou ka jwenn pouvwa atravè san ekspyatwa Jezikri a pou ede nou. Si nou fè sa, mwen pwomèt nou lapè pèsonèl avèk yon eksplozyon elan spirityèl.

Lè Sovè a te ekspye pou tout limanite a, Li te ouvri yon wout pou moun ki suiv li yo ka gen aksè nan pouvwa gerizon, fòtifyan ak redanmtè Li. Privilèj spirityèl sa yo disponib pou tout moun k ap chèche koute Li ak suiv Li.

Chè frè m ak sè m yo, avèk tout siplikasyon kè mwen, mwen priye nou pou nou antre nan chemen alyans la epi rete ladan l. Fè eksperyans lajwa ki genyen nan repanti chak jou a. Aprann konnen Bondye ak kijan L aji. Chèche mirak epi atann mirak. Fè efò pou mete fen a konfli nan lavi nou.

Pandan n ap aji sou bi sa yo, mwen pwomèt nou kapasite pou nou avanse sou chemen alyans lan avèk yon elan k ap ogmante, malgre nenpòt obstak nou rankontre. Epi m pwomèt nou n ap gen pi plis fòs pou nou reziste anba tantasyon, plis lapè despri, libere anba laperèz, ak yon pi gwo inite nan fanmi nou.

Bondye vivan! Jezi se Kris la! Li vivan! Li renmen nou epi L ap ede nou. Konsènan sa mwen temwaye, nan non sakre Redanmtè nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade 3 Nefi 12:39.

  2. Gade 3 Nefi 12:44.

  3. Doktrin ak Alyans 64:10; gade tou vèsè 9.

  4. Jan Apot Pòl te di, “Di Bondye mèsi pou tout bagay” (1 Tesalonisyen 5:18). Youn nan antidòt ki pi asire pou dezespwa, dekourajman, ak parès spirityèl se gratitid. Pou ki bagay nou ka di Bondye mèsi? Remèsye L pou bote tè a, pou Retablisman levanjil la, ak pou kantite fason Limenm ak Pitit Gason L lan rann pouvwa yo disponib pou nou isit sou tè sa a. Remèsye Yo pou ekriti yo, pou zanj ki reponn priyè nou fè Bondye pou èd, pou revelasyon, ak pou fanmi etènèl. Epi, plis pase tout bagay, remèsye Bondye pou don Pitit Gason l lan ak Ekspyasyon Jezikri a, ki rann posib pou nou ranpli misyon yo voye nou ranpli sou tè a.

  5. Pou nou konprann chemen alyans lan, li enpòtan pou nou konprann ke yon alyans enplike yon angajman a devwa ant Bondye ak youn nan pitit Li yo. Nan yon alyans, Bondye fikse tèm yo, epi nou dakò avèk tèm sa yo. An echanj, Bondye fè nou pwomès. Anpil alyans akonpaye pa siy eksteryè—oswa òdonans sakre—kote nou patisipe nan prezans temwen. Paregzanp, batèm se yon siy pou Senyè a ke moun k ap batize a fè yon alyans pou l kenbe kòmandman Bondye yo.

  6. Gade Mowoni 4:3; 5:2; Doktrin ak Alyans 20:77, 79.

  7. Mozya 18:20.

  8. Gade Moyiz 6:50, 57.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 93:40–48.

  10. Gade Mozya 3:19.

  11. Ezayi 54:10, italik ajoute; gade tou 3 Nefi 22:10. Jantiyès tradui pa yon tèm Ebre ki se pote atansyon, yon mo puisan ki gen siyifikasyon pwofon ki anglobe bonte, mizèrikòd, amou pou alyans, ak plis ankò.

  12. Li posib pou nou fè restitisyon pou kèk peche men pa pou kèk lòt. Si yon moun vòlè chastete yon lòt, oubyen si l pran lavi yon lòt moun, li pa kapab fè restitisyon total. Nan ka sa yo, pechè a ka sèlman fè sa l kapab, epi gen yon gwo balans ki rete pou repantans pèsonèl. Gras avèk dispozisyon Senyè a pou l padone yon balans nou dwe, nou ka vin jwenn Li kèlkeswa distans nou te ekate ale. Lè nou repanti sensèman, L ap padone nou. Tout balans ki dwe ant peche nou ak kapasite nou pou nou fè restitisyon kapab peye sèlman si nou aplike Ekspyasyon Jezikri a, ki ka fè nou kado mizèrikòd. Dispozisyon L pou padone balans nou dwe a se yon kado ki pa gen pri.

  13. Gade 2 Nefi 31:18–20.

  14. Wa Benjamen, pwofèt Nefit.

  15. Mozya 2:41.

  16. Doktrin ak Alyans 10:5; italik ajoute.

  17. Gade Moyiz 1:16; gade tou Moyiz 1:1–20.

  18. Moyiz 1:20.

  19. Elaman 5:12.

  20. Mowoni 6:4.

  21. Mowoni 9:15; gade tou vèsè 19.

  22. Jan, Apot la, te deklare ke li te rapòte mirak Sovè a te fè yo pou “[nou] ka kwè ke Jezi se Kris la” (Jan 20:31).

  23. Mòmon 9:21.

  24. Ezayi 40:29.

  25. Matye 6:14.