Konferans Jeneral
Disip Vanyan nan Dènye Jou yo
Konferans Jeneral Avril 2022


Disip Vanyan nan Dènye Jou yo

An nou rete konfyan, e non pa plen konfizyon, vanyan, pa timid, fidèl, pa krentif pandan n ap kenbe limyè Senyè a byen wo nan dènye jou sa yo.

Libète moral se kado presye Bondye bay chak nan pitit Li yo.1 Nou “lib pou nou chwazi libète ak lavi etènèl pa mwayen gran Medyatè tout moun nan, oubyen pou nou chwazi kaptivite ak lanmò, daprè kaptivite ak pouvwa dyab la.”2 Bondye p ap fòse nou fè bon bagay, e dyab la pa ka fòse nou fè mal.3 Menm si kèk moun kapab panse ke mòtalite a se yon konpetisyon ant Bondye ak advèsè a, depi L annik di yon mo, “Satan ap bèbè epi li ap bani. … Se fòs [nou] l ap teste—se pa fòs Bondye.”4

Finalman se poutèt sa n ap rekòlte sa chwa nou te simen pandan tout lavi nou.5 Konsa, kisa sòm total panse nou, dezi nou, pawòl nou, zèv nou yo di konsènan lanmou nou pou Sovè a, pou sèvitè Li chwazi yo, ak pou Legliz retabli L la? Èske alyans batèm, prètriz, ak tanp nou yo vle di plis pou nou pase lwanj mond lan oubyen kantite “likes” sou rezo sosyal? Èske lanmou nou pou Senyè a ak kòmandman L yo pi fò pase lanmou nou pou nenpòt lòt bagay oubyen nenpòt lòt moun nan lavi sa a?

Advèsè a ak moun ki ap suiv li yo toujou ap chèche detwi travay Kris la ak pwofèt Li yo. Anpil moun nan mond lan jodia, si yo pa inyore kòmandman Sovè a bay yo konplètman, yo rasyonalize yo pou fè yo vin tounen bagay san enpòtans. Souvan yo rejte mesaje Bondye ki anseye verite “ki deranjan” yo. Yo te menm rele Sovè a limenm “granmanjè, ak bwasonyè,”6 e yo te akize L kòm yon moun ki ap twouble santiman piblik e ki koze divizyon. Moun ki fèb e ki te gen move lide nan tèt yo “te fè konsiltasyon sou kijan yo ta kapab pran L nan pyèj avèk pawòl Li yo,”7 epi “gwoup” premye kretyen ki te avèk Li yo, “toupatou gen moun ki t ap pale yo mal.”8

Sovè a ak premye disip Li yo te rankontre gwo opozisyon entèn ak ekstèn, e nou fè menm eksperyans lan. Jodia li prèske enposib pou nou viv lafwa nou kourajezman san nou pa pafwa atire dwèt mepri reyèl ou vityèl moun ki bay bagay monden yo plis enpòtans. Suiv Sovè a avèk konfyans pote rekonpans, men pafwa nou kapab tonbe nan pyèj moun ki ap fè reklam pou yon filozofi ki di “manje, bwè, epi pran plezi”9 kote yo ranplase lafwa nan Kris la, obeyisans, ak repantans pa ilizyon ke Bondye ap jistifye yon ti peche paske Li sitèlman renmen nou.

Lè l te di “Kit se avèk pwòp vwa pa [L] oubyen avèk vwa sèvitè [L] yo,”10 èske Senyè a pa t di konsènan epòk nou an ke “Yon lè, ou gen pou ou wè moun p ap vle kite yo montre yo verite a ankò. Y ap vle pou yo suiv lide pa yo” epi anpil nan yo “p ap vle tande verite a, y ap pito koute istwa ki pa vre”?11 Èske L pa t di nan lamantasyon L yo ke “Se tan yo y ap pèdi, lè y ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y ap di, se pawòl lèzòm y ap moutre moun”?12 Èske L pa t avèti ke “gen moun k ap soti nan mitan nou menm menm, k ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo”?13 Èske L pa t prevwa “gen moun ki tap vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen,”14 e ke “se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou”?15

Konsa, e nou menm? Èske nou ta dwe entimide oubyen pè? Èske nou ta dwe viv relijyon nou an kanpe lwen ap kache? Pa ditou! Avèk lafwa nan Kris la, nou pa bezwen pè kritik lèzòm oswa pè jouman yo.16 Lè gidon an nan men Senyè a epi pwofèt vivan ap dirije nou ak gide nou, “kilès ki ka kont nou?”17 An nou rete konfyan, non pa nan konfizyon, vanyan, pa timid, fidèl, pa krentif pandan n ap kenbe limyè Senyè a byen wo nan dènye jou sa yo.18

Sovè a te di byen klè “moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m ap kanpe pou li devan Papa m. … Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m a di mwen pa konnen l.”19

Pa konsekan, pandan kèk moun ta prefere yon Bondye ki pa bay moun kòmandman, an nou temwaye avèk fòs menm jan avèk Èldè D. Todd Christofferson “Yon Bondye ki pa fè demann se ekivalan fonksyonèl yon Bondye ki pa egziste.”20

Pandan kèk moun ta prefere pou yo selektif nan kòmandman y ap suiv yo, an nou aksepte avèk jwa envitasyon Senyè a pou nou “viv avèk chak pawòl ki soti nan bouch Bondye.”21

Pandan anpil moun kwè Senyè a ak Legliz Li a aksepte pou nou fè “nenpòt sa kè nou vle,”22 an nou pwoklame vayamman ke li pa bon pou nou “fè sa ki mal paske nou wè se sa moun ap fè”23 paske “sa Bondye deklare pa bon yon foul moun paka fè l bon.”24

“O, sonje, sonje … kouman kòmandman Bondye yo egzat [men yo ka libere w ].”25 Lè w anseye kòmandman yo klèman, moun kapab wè sa kòm yon zak entolerans. Pou rezon sa a, an nou demontre avèk anpil respè ke non sèlman l posib men li esansyèl pou nou renmen yon pitit Bondye ki anbrase kwayans ki diferan de pwòp kwayans pa nou.

Nou kapab aksepte ak respekte lòt moun san nou pa apwouve kwayans oswa aksyon yo ki pa an akò avèk volonte Senyè a. Li pa nesesè pou nou sakrifye laverite pou fè moun plezi ak pou yo aksepte nou sosyalman.

Siyon ak Babilòn pa konpatib. “Pèsonn pa kapab sèvi de mèt anmenmtan.”26 An nou sonje gwo kesyon Senyè a te poze a: “Poukisa n ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m di nou fè?”27

An nou demontre lanmou nou pou Senyè a atravè obeyisans volontè avèk tout kè nou.

Si w santi w pran nan yon eto ant lavi disip ou ak mond lan, silvouplè sonje Sovè eman w lan “voye yon envitasyon … , bra mizèrikòd li lonje pou [ou], epi li di: Si nou repanti m ap resevwa nou.”28

Prezidan Nelson te anseye ke “Jezikri ap akonpli kèk nan travay ki pi puisan l yo ant kounyeya ak lè L vini ankò.”29 Men li te anseye tou “moun ki chwazi fason Senyè a ap gen chans pou yo andire pèsekisyon.”30 Jije kòm “moun ki merite pou yo avili yo poutèt non Li”31 kapab se sò nou pafwa si nou “kite vwa Li gen priyorite nan lavi nou?”32

Senyè a te di “Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.”33 Nou aprann lòt kote ke “moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.”34 Anyen! Alò, an nou mande tèt nou “Èske m ap andire pou yon ti moman, men lè mwen tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm mwen jwen okazyon pou mwen tonbe nan peche?35 Èske m bati fèm sou wòch Jezikri ak sèvitè L yo?”

Relativis moral yo di ke laverite se senpleman yon konstriksyon sosyal, ke pa gen absoli moral. Sa y ap di reyèlman sèke pa gen peche,36 ke “yon moun mèt fè sa li vle, se pa yon krim,”37 yon filozofi ke advèsè a fyèman revandike! Se poutèt sa nou dwe mefye nou de lou ki degize an mouton yo ki toujou ap fè rekritman e ki “souvan itilize rezèv entelektyèl pou kouvri pwòp move konpòtman yo.”38

Si nou vrèman vle vin disip vanyan Kris la, n ap jwenn yon mwayen. Otreman, advèsè a ofri altènativ atiran. Men antanke disip fidèl, “nou pa bezwen prezante eskiz pou kwayans nou yo ni fè bak pou ale lwen sa nou konnen ki vrè.”39

An konklizyon, kite m di yon mo konsènan 15 sèvitè Bondye yo ki chita dèyè m nan. Pandan ke moun nan mond la ap “di vwayan yo: Pa wè. Y ap di pwofèt yo: Pa pwofetize,”40 moun fidèl yo “kouwone avèk benediksyon ki soti anlè a, wi, epi avèk kòmandman ki anpil epi avèk revelasyon nan epòk pa yo a.”41

Se pa etonan ke souvan moun sa yo vin tounen paratonè pou moun ki pa satisfè avèk pawòl Bondye a jan pwofèt yo pwoklame l la. Yo pa rann yo kont ke “pèsonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle” oubyen rezilta volonte yon moun, “okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t ap bay mesay ki sòti nan Bondye.”42

Menm jan avèk Pòl, mesye ki se moun Bondye sa yo “pa … wont kanpe pale pou Senyè nou an” e yo se “prizonye” Li43 paske doktrin y ap anseye a se pa doktrin pa yo, men pito doktrin Limenm ki te rele yo a. Menm jan avèk Pyè, yo “pa kapab pa pale sa [yo] wè ak sa [yo] tande.”44 Mwen temwaye ke Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot la se dèzòm bon e onèt ki renmen Bondye ak pitit Li yo e ke Bondye renmen. Nou dwe resevwa pawòl yo, kòm si yo tankou l te soti nan pwòp bouch Senyè a, “nan tout pasyans ak lafwa. Paske, lè nou fè sa, pòt lanfè yo p ap gen viktwa sou nou … epi Senyè Bondye a ap dispèse pouvwa tenèb yo devan nou.”45

“Okenn men enpi pa ka anpeche travay sa a pwogrese”;46 l ap kontinye mache triyonfalman avèk ou san oumenm oubyen mwenmenm, konsa “depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a.”47 Pa kite gwo bri advèsè a ki soti nan gwo kay byen laj la twonpe nou oubyen entimide nou. Bann bri dezespere y ap fè yo pa gen okenn chans devan enfliyans seren ti vwa dous la sou kè brize yo ak espri kontri yo.

Mwen temwaye Kris la vivan, Li se Sovè ak Redanmtè nou, e se Limenm ki ap dirije Legliz Li a atravè Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apòt yo, konsa li asire l ke nou pa p “chanje lide fasil, ni kite kouran nenpòt doktrin trennen [nou] ale.”48

Prezidan Nelson te anseye “Vrè Disip Jezikri” yo “dispoze pou yo kanpe, pou fè tande yo, epi pou yo diferan de moun ki nan mond lan. Yo brav, yo devwe, yo plen kouraj.”49

Frè m ak sè m yo, se yon bon moman pou moun bon! Nan non sakre Jezikri, amèn.