Konferans Jeneral
Rete Fèm nan mitan Loraj yo
Konferans Jeneral Avril 2022


Rete Fèm nan mitan Loraj yo

Lè loraj yo vini nan lavi a, nou ka rete fèm paske nou kanpe sou woche lafwa nou nan Jezikri.

Chè frè m ak sè m yo, se yon benediksyon jodia pou nou tande sèvitè enspire Bondye yo ba nou konsèy ak ankourajman. Nou chak, kèlkeswa kote nou ye, konnen ke n ap viv moman kap vin pi danjere. Priyè mwen sèke li ka ede nou rete fèm nan mitan loraj n ap kontre yo, avèk kè poze.1

Nou dwe kòmanse sonje ke nou chak se yon pitit byenneme Bondye epi ke Li genyen sèvitè enspire. Sèvitè Bondye sa yo te predi peryòd nap travèse la yo. Apot Pòl te ekri Timote, “Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.”1

Tout moun ki gen je pou wè siy dètan yo ak zòrèy pou tande pawòl pwofèt yo konnen ke se verite. Danje pami pi gwo danje yo ki vin jwenn nou yo soti nan fòs mechanste yo. Fòs sa yo ap grandi. E konsa li pral vin pi difisil, pa pi fasil, pou onore alyans nou dwe fè ak kenbe yo pou viv levanjil Jezikri a.

Pou moun pami nou ki gen enkyetid pou tèt nou ak pou moun nou renmen yo, genyen espwa nan pwomès Bondye te fè sou yon kote ki ofri sekirite nan mitan loraj ka p vini yo.

Gen yon imaj ak pawòl konsènan kote sa a. Pwofèt vivan yo te dekri li anpil fwa. Pandan m t ap reflechi sou sitiyasyon zanmi m nan, lespri m te vire sou gwo sajès nou jwenn nan Liv Mòmon an: “Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, … lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”3

Mizè ak malediksyon sanrete ke li te pale de li a se efè terib peche yo si nou pa konplètman repanti de yo. Loraj k ap grandi yo se tantasyon yo ak atak Satan kap ogmante yo. Li pa t janm pi enpòtan pase kounya pou konprann kijan pou bati fondasyon asire sa a. Pou mwen, pa gen yon pi bon kote pou gade pase nan dènye diskou Wa Benjamen an, ki anrejistre tou nan Liv Mòmon an.

Pawòl pwofetik Wa Benjamen yo aplikab ak nou nan epòk nou an. Li te konnen apati pwòp eksperyans pa li terè lagè yo. Li te defann pèp li a nan konba, nan konte sou pouvwa Bondye. Li te klèman wè pouvwa terib Lisifè genyen yo pou tante, eseye simonte, epi dekouraje pitit Bondye yo.

Li te envite pèp li a avèk nou pou noubati sou sèl woche ki bay asirans sekirite a, ki se Sovè a. Li te fè l klè ke nou lib pou chwazi ant byen ak mal e ke nou pa ka evite konsekans chwa nou yo. Li te pale direkteman e ak fèmte paske li te konnen ki tristès ki tap rive sou moun ki gendwa pa tande ni pote atansyon a avètisman l yo.

Men kijan li te dekri konsekans ki suiv chwa nou yo oubyen pou suiv enpresyon Lespri a oubyen pou suiv mesaj mechan ki soti nan Satan yo, ki gen entansyon pou tante ak detwi nou:

“Paske gade, gen yon malè ki pare pou moun ki chwazi pou l obeyi espri [malen] sa a; paske yon moun ki chwazi obeyi l, ki rete e ki mouri nan peche l yo, moun sa a bwè kondanasyon pou nanm pa l; paske li resevwa pinisyon etènèl kòm rekonpans, paske li transgrese lalwa Bondye a kontrèman avèk pwòp konesans pa li. …

“Se poutèt sa, si moun sa a pa repanti, si l rete e si l mouri kòm ènmi Bondye, egzijans lajistis Bondye a ap souke nanm imòtèl li a avèk yon konesans klè konsènan peche li, ki ap lakòz li fè bak devan prezans Senyè a, e ki ap chaje kè li avèk remò, ak doulè e ak tristès ki tankou yon dife ki pa kapab etenn, e ki gen flanm ki ap monte pou tout tan.”

Wa Benjamen te kontinye pou l di: “O, nou menm gason aje yo, ak noumenm jèn gason yo tou ak timoun piti yo ki kapab konprann pawòl mwen yo, paske m te pale klè avèk nou pou nou kapab konprann, m priye pou nou kapab konprann, m priye pou nou reveye nou pou nou kapab sonje sitiyasyon terib moun sa yo ki tonbe nan transgresyon.”3

Pou mwen, pouvwa avètisman pou repanti sa a fòme yon imaj nan lespri nou sou moman sèten kote oumenm avèk mwen pral kanpe devan Sovè a apre lavi sa a. Avèk tout kè n nou pa vle fè bak men okontrè nou vle leve je n gade Li, wè Li souri, epi tande Li di, “Bon travay, sèvitè bon ak fidèl: … antre.”4

Wa Benjamen montre klè kijan nou ka resevwa espwa pou nou tande pawòl sa yo si nou jwenn wout la nan lavi sa a pou kite nati nou chanje atravè Ekspyasyon Jezikri a. Sa se sèl fason nou ka bati sou fondasyon asire a epi konsa rete fèm pandan loraj tantasyon yo ak eprèv k ap vini yo. Wa Benjamen dekri chanjman sa a nan nati nou avèk yon bèl metafò ki touche kè mwen. Pwofèt yo ak Senyè a Limenm te itilize li pandan dè milenè. Se sa a: nou dwe vin tankou yon timoun—yon timoun piti.

Pou kèk moun li pa p fasil pou yo aksepte l. Pifò nan nou vle pou nou vanyan. Nou gendwa konsidere vini yon timoun tankou yon feblès. Pifò paran pa ka tann jou pou pitit yo aji ak mwens anfantiyaj. Men Wa Benjamen, ki te konprann menmjan ak tout mòtèl ki sa sa vledi pou se yon gason chaje fòs ak kouraj, fè l klè ke yon moun ki tankou yon timoun pa vledi anfantiyaj. Li vledi pou tankou Sovè a, ki te priye Papa Li pou fòs pou li kapab fè volonte Papa Li epi ekspye pou peche tout pitit Papa Li yo epi apre sa fè li. Nati nou dwe chanje pou nou vin tankou yon timoun pou nou jwenn fòs nou bezwen pou kanpe fèm ak anpè nan moman gwo danje yo.

Tande deskripsyon emouvan Wa Benjamen sou fason chanjman sa a rive: “Paske lòm natirèl la se ènmi Bondye, se sa li te ye depi chit Adan an, epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa soumèt li anba enfliyans Sentespri a, epi si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, epi pou l vin tankou yon timoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk lanmou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire, menm jan yon timoun soumèt tèt li bay papa l.”5

Nou resevwa chanjman sa a lè nou fè ak renouvle alyans yo avèk Bondye. Sa a pote pouvwa Ekspyasyon Kris la pou pèmèt yon transfòmasyo nan kè nou. Nou ka santi li chak fwa nou pran sentsèn, akonpli yon òdonans pou yon zansèt ki mouri, temwaye kòm yon temwen pou Sovè a, oswa pran swen yon moun ki nan bezwen kòm disip Kris la.

Nan eksperyans sa yo, avèk letan nou vin tankou yon timoun nan kapasite nou pou renmen ak obeyi. Nou vin kanpe sou fondasyon asire a. Lafwa nou nan Jezikri mennen nou nan repantans ak kenbe kòmandman Li yo. Nou obeyi, epi nou jwenn pouvwa pou reziste tantasyon, epi nou jwenn konpayi Sentespri a ki te pwomèt la.

Nati nou chanje pou vin tankou yon timoun piti, obeyisan pou Bondye epi pi eman. Chanjman sa a pral kalifye nou pou nou jwi don ki vini atravè Sentespri a yo. Genyen konpayi Sentespri a pral rekonfòte, gide ak fòtifye nou.

Mwen vin konnen kèk nan sa Wa Benjamen te vledi yo lè li te di ke nou ka vin tankou yon timoun piti devan Bondye a. Mwen te aprann apati eksperyans ke Sentespri a pale pi souvan ak yon vwa dous, ke n tande pi fasilman lè kè nou adousi ak soumi, tankou pa yon timoun. Anfèt, priyè ki mache a se “Se sèlman sa W vle mwen vle. Jis di m kisa sa ye. Epi m ap fè l.”

Lè loraj yo vini nan lavi a, nou ka rete fèm paske nou kanpe sou woche lafwa nou nan Jezikri. Lafwa sa a ap mennen nou nan repantans kotidyen ak kenbe alyans yo sanrete. Apresa nou ap toujou sonje Li. Epi atravè loraj rayiman ak mechanste yo, n ap santi fèmte ak lespwa.

Plis pase sa a, nou pral nan pozisyon pou nou lonje men pou edifye lòt moun vin nan sekirite sou woche a avèk nou. Lafwa nan Jezikri toujou mennen nan pi gwo espwa ak nan santiman charite anvè lòt moun, ki se vrè lanmou Kris la.

Mwen rann temwayaj solanèl ke Senyè a Jezikri te ba nou envitasyon pou “Vini jwenn mwen.”6 Li envite nou, sou baz lanmou l pou nou ak pou moun nou renmen yo, pou vin jwenn Li pou lapè nan lavi sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an. Li konnen pafètman loraj nou pral rankontre ynan tès nou yo kòm yon pati nan plan bonè a.

Mwen sipliye n pou n aksepte envitasyon Sovè a. Tankou yon timoun soumi ak eman, aksepte èd Li. Fè epi kenbe alyans yo Li ofri nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Y ap fòtifye nou. Sovè a konnen loraj yo ak kote ki ofri sekirite yo sou wout nou pou rive jwenn Li ak Pè Selès nou an . Li konnen chemen an. Li se chemen an. Konsènan sa mwen temwanye nan non sakre Jezikri, amèn.