Konferans Jeneral
Videyo: “Nou se Fi yo Li te Predi a”
Konferans Jeneral Avril 2022


Videyo: “Nou se Fi yo Li te Predi a”

An 1979, pandan President Spencer W. Kimball te lopital, li te mande madanm ni, Camilla, pou l te li diskou l te fè pou yon reyinyon jeneral fi yo.

Sè Camilla Kimball: “Pi gwo pati nan pwogresyon Legliz la pral genyen nan dènye jou yo se pral paske anpil bon fi nan mond lan (ki souvan genyen nan yo yon santiman spirityalite espesyal) ap vin antre Legliz la an gran kantite. Sa ap fèt nan mezi kote fi yo nan Legliz la reflete jistis ak teknik pou yo eksprime yo nan lavi yo ak nan degre moun vin wè fi yo nan Legliz la kòm moun ki distenk ak diferan—nan bon sans—de lòt fi nan mond lan.”1

Prezidan Russell M. Nelson: “Chè sè m yo, nou menm ki se asosye endispansab nou pandan sèn dènye tan sa yo, jou Prezidan Kimball te predi a se jodia. Nou se fi sa yo li te predi a! Vèti, limyè, lanmou, konesans, kouraj, karaktè, lafwa ak lavi jis nou ap atire bon fi yo nan mond lan, ansanm avèk fanmi yo, pou yo vin nan Legliz la an kantite nou pa t janm wè!

“Nou … bezwen fòs nou, konvèsyon nou, konviksyon nou, kapasite n pou dirije , sajès nou, ak vwa nou. Wayòm Bondye a pa konplè e pa ka konplè san fi ki fè alyans sakre yo epi ki apresa respekte yo, fi ki ka pale avèk pouvwa ak otorite Bondye! …

“… Kèlkeswa apèl ou, kèlkeswa sitiyasyon w, nou bezwen enpresyon w yo, ide w yo, ak enspirasyon ou. Nou bezwen w pou w pale e eksprime w nan konsèy pawas ak pieu yo. Nou bezwen chak sè ki marye pale antanke ‘yon patnè ki pote kontribisyon total pa li’ lè li ini avèk mari li pou gouvène fanmi li. Marye oswa selibatè, noumenm sè yo, nou posede kapasite distenktif ak enspirasyon espesyal nou resevwa kòm kado nan men Bondye. Nou menm frè yo, nou pa ka kopye enfliyans san parèy ou.

“Nou konnen aksyon siprèm ki te kouwone tout kreyasyon an sete kreyasyon fi a! Nou bezwen fòs nou! …

“… Mwen remèsye nou, chè sè m yo, e m beni nou pou nou ka grandi rive nan nivo potansyèl nou, pou ranpli mezi kreyasyon nou, pandan n ap mache men nan lamen nan travay sakre sa a. Ansanm n ap ede prepare mond la pou Dezyèm Vini Senyè a.”2

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball (2006), 222–23.

  2. Russell M. Nelson, “Yon Siplikasyon pou Sè m yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 96, 97.