Konferans Jeneral
Leve Kè ou epi Rejwi
Konferans Jeneral Avril 2022


Leve Kè ou epi Rejwi

Nou te fèt nan tan sa yo pou yon bi diven, rasanbleman Izrayèl.

Nan yon pale avèk Thomas B. March ki te yon nouvo konvèti, Senyè a te di avèk ankourajman, “Leve kè ou epi rejwi ou, paske lè misyon ou an rive” (Doktrin ak Alyans 31:3.).

Mwen kwè envitasyon sa a ka yon enspirasyon pou tout manm Legliz yo. Apretou, nou chak te resevwa misyon nan men Pè Selès la pou nou rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la.

“Rasanbleman sa a,” Prezidan Russell M. Nelson te di, “se bagay pi enpòtan k ap fèt sou latè jodia. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste.”1

Sètènman, gen anpil kòz ki diy nan mond lan. Li enposib pou nou site yo tout. Men, èske w pa ta renmen patisipe nan yon gwo kòz ki alapòte w epi kote kontribisyon w fè yon diferans ki vital? Rasanbleman an fè yon diferans etènèl pou nou tout. Moun tout laj ka patisipe nan kòz sa kèlkeswa sikonstans yo oubyen kote yo abite. Pa gen okenn lòt kòz nan mond la ki anbrase tout moun plis pase kòz sa a.

Pandan l t ap pale espesifikman avèk jèn yo, Prezidan Nelson te di “Papa nou ki nan Syèl la te rezève anpil espri nòb—petèt… pi bon ekip Li a—pou faz final sa a. Espri nòb sa yo—pi bon jwè sa yo, ewo sa yo—se nou!”2

Wi, ou te prepare depi avan lavi sa a epi ou te fèt pou w patisipe nan gwo travay sa a ki se rasanbleman Izrayèl nan toulède bò vwal la nan dènye jou yo (gade Doktrin ak Alyans 138:53-56).

Poukisa kòz sa a enpòtan konsa? Paske “nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye” (Doktrin ak Alyans 18:10). Epi paske “nenpòt moun ki kwè nan [Jezikri], e ki batize, moun sa yo ap sove; e … ap eritye wayòm Bondye a” (3 Nefi 11:33). Epitou, moun ki resevwa òdonans Li yo epi ki kenbe alyans Li yo “ap resevwa tout sa Papa [a] genyen” (Doktrin ak Alyans 84:38). Anplis, “pa gen ase travayè” (Lik 10:2

Se sèl nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nou ka jwen pouvwa, otorite, ak fason pou nou ofri benediksyon sa a bay lòt moun, keseswa yo vivan oubyen yo mouri.

Jan Prezidan Nelson te di: “Chak fwa ou fè nenpòt bagay ki ede nenpòt moun—sou nenpòt kote nan de bò vwal la fè yon pa nan direksyon pou l fè alyans avèk Bondye epi resevwa òdonans batèm ak òdonans tanp esansyèl yo, w ap ede rasanble Izrayèl. Li osi senp ke sa.”3

Pandan ke gen anpil fason pou ede nan rasanbleman an, mwen ta renmen pale de youn an patikilye: sèvi kòm misyonè aplentan. Pou anpil nan nou, sa ap vle di yon misyonè pou anseye. Pou lòt, sa a ap vle di misyonè sèvis. Mond la ap eseye detounen jèn yo pou yo pa akonpli responsabilite sakre sa a kote l itilize laperèz ak ensekirite.

Kèk lòt distraksyon gen dwa se fè eksperyans avèk yon pandemi, kite yon bon travay, kanpe etid, oubyen enterese womantikman nan yon moun. Tout moun ap gen pwòp seri difikilte pa yo. Distraksyon sa yo ka parèt egzakteman nan moman pou w anbake nan sèvis Senyè a, epi chwa ki parèt byen klè nan apre yo vin pa toujou fasil pou w wè pou moman an.

Mwen konnen pa eksperyans ki panse twouble ki nan tèt yon jèn konsa. Lè m t ap prepare m pou m t ale nan misyon pa m, kèk fòs etonan te eseye dekouraje m. Youn ladan yo se te dantis mwen. Lè l te reyalize ke randevou m avèk li a sete pou m te ka ale nan yon misyon, li te eseye chanje lide m pou m pa t al sèvi. Mwen pa t gen okenn ide ke dantis mwen an te kont Legliz la.

Entèwonp etid mwen te konplike tou. Lè m te mande yon absans pou dezan nan pwogram mwen nan inivèsite a, yo te enfòme m ke sa pa t posib. Mwen ta p pèdi plas mwen nan inivèsite a si m pa t tounen apre yon ane. Nan Brezil, sa sete yon pwoblèm serye paske sèl kritè pou yo te admèt ou nan yon pwogram inivèsite sete yon egzamen trè difisil e plen konpetisyon.

Apre anpil ensistans, epi nan fòse, yo te enfòme m ke apre absans mwen pou yon ane, mwen te ka aplike pou yon eksepsyon e fòm ta bay bon jan rezon. Yo te gen dwa apwouve l oubyen rejte l. Mwen te tèrifye nan ide pou m t al repran egzamen admisyon difisil sa a ankò apre dezan san m pa t etidye.

An menm tan tou, mwen te patikilyèman enterese nan yon jènfi. Anpil nan zanmi m yo te enterese nan li tou. Mwen te panse, “Si m al fè yon misyon, m ap pran yon gwo risk.”

Men Senyè a, Jezikri, te yon gwo enspirasyon pou mwen pou m pa t pè demen si m te fè efò pou m sèvi Li ak tout kè m.

Limenm tou Li te gen yon misyon pou L te akonpli. Nan pwòp pawòl Li, Li te eksplike: “Se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan” (Jan 6:38). Èske misyon L lan te fasil? Natirèlman non. Soufrans Li, ki te yon pati esansyèl nan misyon L la, te lakoz Limenm, “Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè [l] senyen nan chak twou swè nan kò [l], epi ki te fè [l] soufri nan ni kò ni nan lespri—epi [Li] te swete pou [l] pa t bwè tas anmè a, epi tou [Li] te pa t fè bak—

“Men, laglwa pou Papa a, [Li] te bwè l epi [Li] te fini preparasyon [li] yo, pou pitit lèzòm” (Doktrin ak Alyans 19:18–19).

Sèvi yon misyon aplentan gen dwa parèt difisil pou nou. Li gendwa egzije pou nou kite bagay ki enpòtan yo pou yon moman. Senyè a konnen sa avèk sètitid, epi L ap toujou bò kote nou.

Anfèt, nan mesaj pou misyonè yo nan Preche Levanjil Mwen An, Premye Prezidans la promèt, “Senyè a ap rekonpanse ou epi beni ou richman pandan ke w ap enbleman sèvi li nan lapriyè.”4 Se vre ke tout pitit Bondye yo beni, nan yon fason oswa yon lòt, men, gen yon diferans ant beni ak grandman beni nan sèvis Li.

Nou sonje pwoblèm mwen te panse m te genyen avan misyon m yo? Dantis mwen an? M te jwenn yon lòt. Inivèsite m nan? Yo te fè yon eksepsyon pou mwen. Nou sonje jènfi a? Li te marye avèk youn nan pi bon zanmi m yo.

Men Bondye te grandman beni m. Epi m te aprann ke benediksyon Senyè a ka vini nan fason diferan de sa nou espere a. Apretou, panse L pa panse pa nou (gade Ezayi 55:8–9).

Pami tout gwo benediksyon Li ban mwen paske m te sèvi L kòm misyonè aplentan an, genyen yon pi gran lafwa nan Jezikri ak nan Ekspiyasyon Li, ak yon konesans ak temwayaj pi solid sou ansèyman L yo, pou mwen ka pa fasilman kite “kouran nenpòt doktrin” mennen m ale (Efezyen 4:14). Mwen te pedi krent pou m te anseye a. Kapasite m pou fè fas a pwoblèm yo avèk optimis te ogmante. Nan obzève moun ak fanmi m te rankontre oubyen anseye kòm misyonè yo, m te aprann ke ansèyman Bondye yo vre lè Li di peche pa pote vrè bonè, epi obeyi kòmandman Bondye yo ede nou pwospere nan zafè tanporèl ak espirityèl (gade Mozya 2:41; Alma 41:10). Epi, mwen te aprann pou tèt pa m kijan Bondye se yon Bondye mirak (gade Mòmon 9).

Tout bagay sa yo te esansyèl nan preparasyon m pou lavi adilt mwen, enkli posiblite maryaj ak vin paran, sèvi nan Legliz la, ak lavi pwofesyonèl mwen ak lavi m nan kominote a.

Apre misyon mwen, m te beni avèk plis kouraj pou m te prezante tèt mwen kòm yon disip fidèl Jezikri ak Legliz Li a nan tout sikonstans epi a tout moun, menm pataje levanjil la avèk yon bèl fi ki te vin konpay byeneme etènèl mwen, plen kalite, amizan, saj, reyon solèy lavi mwen.

Wi, Bondye grandman beni mwen, pi plis pase sa m te imajine, menm jan Li ap beni tout moun ki “ap enbleman sèvi li nan lapriyè.” Mwen etènèlman rekonesan pou Bondye ak pou bonte Li.

Misyon m nan konplètman fòje lavi mwen. Mwen aprann ke sa vo lapèn pou nou fè Bondye konfyans, pou nou mete konfyans nan sajès Li ak mizèrikòd Li ak nan pwomès Li yo. Apretou, Li se Papa nou, epi san okenn dout, Li vle sa ki pi bon pou nou.

Chè jèn yo nan tout mond lan, mwen lanse menm envitasyon pwofèt nou an, Prezidan Nelson, te bay nou tout pou nou “anwole nan batayon jèn Senyè a pou ede rasanble Izrayèl” la. Prezidan Nelson te eksplike:

“Pa gen anyen ki gen pi gwo enpòtans pase sa. Absoliman anyen

“Rasanbleman sa a dwe siyifi tout bagay pou ou. Sa se pou misyon sa a yo te voye nou sou tè a.”5

Nou te fèt nan tan sa yo pou yon bi ki diven, rasanbleman Izrayèl. Lè nou sèvi kòm misyonè aplentan, nou ap gen pwoblèm pafwa, men Senyè a Limenm se gwo egzanp nou ak gid nou nan sirkonstans sa yo. Li konprann kisa yon misyon difisil ye. Avèk èd Li, nou ka fè bagay ki difisil yo. Li ap sou kote nou (gade Doktrin ak Alyans 84:88), epi L ap beni nou anpil lè nou sèvi Li enbleman.

Pout tout rezon sa yo, mwen pa etone lòske Senyè a te di Thomas B. March ansanm ak nou tout, “Leve kè ou epi rejwi ou, paske lè misyon ou an rive.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl.” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  2. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl.”

  3. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl.”

  4. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2019), v.

  5. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl.”