Konferans Jeneral
Relasyon Nou avèk Bondye
Konferans Jeneral Avril 2022


Relasyon Nou avèk Bondye

KèIkeswa sa eksperyans nou nan mòtalite a ka pote, nou ka fè Bondye konfyans epi jwenn lajwa nan Li.

Tankou Jòb nan Ansyen Testaman an, nan yon moman soufrans kèk moun gendwa santi ke Bondye abandone yo. Paske nou konnen Bondye gen pouvwa pou L anpeche oswa retire nenpòt aflikasyon, nou gendwa tante pou nou plenyen si L pa fè sa, petèt kesyone, “Si Bondye pa akòde m èd mwen priye pou li a, kijan m ka gen lafwa nan Li?” Rive yon pwen nan eprèv entans li yo, Jòb, yon moun jis, te di:

“Nou pa wè se Bondye k ap manyen avè m. Se li menm ki pran m nan pèlen.

“Si m rele anmwe ansasen!’ Pèsonn p ap reponn. Si m mande jistis, pesonn p’ap kanpe pou defann mwen.”1

Nan repons li pou Jòb la, Bondye te mande l, “Èske ou soti vre pou moutre se lenjistis m ap fè ou?”2 Oubyen, otremandi, “Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon? Èlske w ap kondane m pou w ka jistifye tèt ou?”3 Jewova te raple Job avèk fòs de ominpotans Li ak omnisyans Li, epi nan imilite pwofon, Jòb te admèt ke li pa posede anyen ki menm rive pre konesans, pouvwa, ak jistis Bondye epi li pa ka pote jijman kont Toupuisan an: li te di “Mwen konnen ke ou ka fè tout bagay,” “epi nou pa ka kache okenn panse devan ou. …

“Mwen konnen ke w gen pouvwa pou w fè tout bagay, epi nou pa ka kache w okenn nan panse nou yo.

Mwen te mimire ke m pat konprann de bagay mèvèye ki depase m, ke m pa t konnen.…

Sepousa mwen kondane tèt mwen epi mwen repanti nan sann ak pousyè.”4

Alafen, Jòb te gen privilèj pou l te wè Senyè a, epi “Senyè a te beni Jòb nan fen lavi l plis pase nan kòmansman li.”5

Se vrèman yon foli si, avèk limitasyon nou nan mòtalite a, nou ta gen pretansyon pou nou jije Bondye, pou nou ta panse, pa egzanp, “M pa kontan, donk Bondye siman ap fè yon bagay ki mal.” Pou noumenm, pitit mòtèl li yo nan yon mond dechi, ki konnen sèlman yon tikras sou lepase, prezan, ak lavni, Li deklare, “Tout bagay se prezan devan mwen, paske mwemn konnen tout bagay.”6 Jakòb te avèti sajman: “Pa chèche bay Senyè a konsèy, men, chèche pran konsèy nan men l. Paske gade, nou konnen poutèt pa nou, li konseye avèk lasajès, ak lajistis, ak anpil mizerikòd sou tout zèv li yo.”7

Kèk moun malkonprann pwomès Bondye yo paske yon panse ke obeyi Li antrene rezilta presi selon yon ajanda presi. Yo gendwa panse, “Si m sèvi yon misyon aplentan ak tout dilijans, Bondye ap beni m avèk yon maryaj plen bonè avèk timoun,” oswa “Si m sispann fè devwa lekòl mwen yo nan jou Saba a, Bondye ap beni m avèk bon nòt,” oswa “Si m peye ladim, Bondye ap beni m avèk travay sa a ke m te toujou vle a.” Si lavi a pa dewoule presizeman fason sa a oswa dapre yon kalandriye y ap atann, yo santi kòmsi Bondye trayi yo. Men bagay yo pa osi mekanik nan ekonomi divin nan. Nou pa dwe panse a plan Bondye a kòm yon gichè otomatik kote nou (i) chwazi yon benediksyon nou dezire, (ii) rantre kantite bon zèv sa mande a, epi (iii) sa nou kòmande ap delivre tousuit.8

Bondye ap anfèt onore alyans ak pwomès Li fè nou chak yo. Nou pa bezwen enkyete nou konsènan sa.9 Pouvwa ekspyatwa Jezikri—ki te desann pi ba pase tout bagay epi apresa remonte byen wo10 epi ki posede tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a11—asire ke Bondye kapab epi L ap ranpli pwomès Li. Li esansyèl pou nou obeyi ak onore lwa L yo, men se pa tout benediksyon ki chita sou obeyisans yon lwa12 ki prepare, modle, epi rive selon sa nou ap atann. Nou dwe fè tout sa nou kapab men nou dwe kite L jere benediksyon yo, ni tanporèl ni spirityèl.

Prezidan Brigham Young te eksplike ke lafwa l pa t bati sou jwenn rezilta oubyen benediksyon, men sou temwayaj li ak relasyon l avèk Jezikri. Li di: “Lafwa m pa plase sou travay Senyè a nan zile sou lanmè yo, ni sou lefèt ke l te mennen yo isit la, … ni sou favè li akòde yon pèp oswa yon lòt, ni sou yon benediksyon nou resevwa oubyen nou pa resevwa, men lafwa m plase sou Senyè a, Jezikri, epi se nan men l mwen resevwa konesans mwen.”13

Repantans ak obeyisans nou, sakrifis nou yo, ak bon zèv nou yo gen enpòtans. Nou vle pou nou pami moun Estè dekri kòm moun ki “toujou abondan nan bon zèv”14yo. Men se pa vrèman akòz kèk chif ki anrejistre nan liv kontablite selès yo. Bagay sa yo enpòtan paske yo angaje nou nan travay Bondye a epi yo se mwayen ki pèmèt nou kolabore avèk Li pou pwòp transfòmasyon nou soti nan lòm natirèl pou nou vin yon sen.15 Sa Papa nou ki nan Syèl la ofri nou se Limenm ak Pitit Gason L lan, yon relasyon dirèk ak dirab avèk Yo atravè gras ak medyasyon Jezikri, Redanmtè nou an.

Nou se pitit Bondye, ki mete apa pou imòtalite ak lavi etènèl. Destine nou se pou nou vin eritye Li, “ko-eritye avèk Kris la.”16 Papa nou dispoze pou L gide chak nan nou sou chemen alyans Li a avèk etap ki te kreye pou bezwen endividyèl nou e ki koresponn avèk plan Li pou bonè nou avèk Li alafen. Nou ka atann yon konfyans ak lafwa k ap grandi nan Papa a ak Pitit Gason an, yon santiman lanmou Yo k ap ogmante, ak rekonfò ak gidans Sentespri a sanrete.

Malgre sa, wout sa a ka pa fasil pou okenn nan nou. Gen twòp pèfèksyònman ki nesesè pou l ta fasil. Jezi te di:

“Gade, mwen se pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe l.

“Tout branch ki pa donnen nan mwen [Papa a] koupe yo: epi tout branch ki donnen, li netwaye yo, pou yo ka donnen plis toujou.”17

Pa nesesite, pwosesis netwayaj ak pirifikasyon Bondye dirije a ap pwovoke doulè ak lapenn pafwa. Sonje deklarasyon Pòl la, nou se “ko-eritye avèk Kris la; si pou sa fèt nou gendwa soufri avèk li, yon fason pou nou ka glorifye ansanm.”18

Donk, nan mitan dife k ap rafine sa a, olye nou fache kont Bondye, rapwoche n pi pre Bondye. Rele Papa a nan non Pitit Gason an. Mache avèk yo nan Lespri a, jou apre jou. Kite yo manifeste nou fidelite yo atravè letan. Vin konnen Yo reyèlman epi konnen tèt nou reyèlman.19 Kite Bondye pran kòmand.20 Sovè a ba nou asirans:

“Koute moun ki se avoka devan Papa a, k ap plede kòz nou devan li a—

“Ki di: Papa, gade soufrans ak lanmò moun ki pa t fè peche a, moun ki te fè ou plezi a; gade san Pitit Gason ou nan ki te koule a, san moun ou te bay pou oumenm ou te kapab glorifye a;

Se poutèt sa, Papa, epanye frè m sa yo ki kwè nan non mwen yo, pou yo kapab vin jwenn mwen epi pou yo genyen lavi etènèl.”21

Konsidere kèk egzanp sou gason ak fi fidèl ki te kwè nan Bondye, ki te konfyan ke benediksyon L pwomèt yo t ap vini pou yo nan lavi sa a oubyen nan lanmò. Lafwa yo te baze non pa sou sa Bondye te fè oubyen pa t fè nan yon sikonstans oubyen yon moman patikilye, men sou konnen Li kòm bon Papa yo ak Jezikri kòm Redanmtè fidèl yo.

Lè Abraam te prèske sakrifye anba men prèt Ejipsyen Elkana a, li te kriye bay Bondye pou L te sove li, epi Bondye te sove l.22 Abraram te viv ase lontan pou l te vin papa fidèl ke atravè posterite li tout fanmi sou tè a t ap beni an.23 Poutan, avansa, sou menm lotèl sa a, menm prèt sa a te ofri twa vyèj ki, “akòz yo te gen vèti … te refize koube pou yo adore dye anbwa oswa anwòch yo.”24 Yo te mouri la kòm mati.

Joseph, ke pwòp frè l yo te vann kòm esklav pandan l te jèn, nan angwas li, te vire vè Bondye. Gradyèlman, li te leve nan plas enpòtan nan kay mèt li a an Ejip la men apresa tout pwogrè l yo te disparèt akoz fo akizasyon madanm Pwotifa a. Joseph te gen dwa panse “Kidonk prizon se sa m jwenn poutèt mwen kenbe lwa chastete a.” Olyedesa, li te kontinye vire gade Bondye epi li te pwospere nan prizon an. Joseph te soufri yon lòt desepsyon kriyèl ankò lè prizonye ki te zanmi l lan, malgre pwomès li te fè Joseph, te bliye l apre yo te fè l retounen nan yon pozisyon konfyans nan lakou Farawon an. Moman an te rive, jan nou konnen, kote Senyè a te entèvni pou mete Joseph nan pi gwo pozisyon konfyans ak pouvwa tou pre Farawon, sa k te pèmèt li sove kay Izrayèl la ak anpil lòt moun. Asireman Joseph te gen dwa temwaye “ke tout bagay travay ansanm pou byen moun ki renmen Bondye yo.”25

Abinadi te detèmine pou l te ranpli misyon divin ni an. “Ma p fini mesaj mwen an,” li te di, “epi apresa li pa enpòtan [sa ki rive m], si se sa ki pou ede m sove.”26 Li pa t epanye anba yon lanmò mati, men asireman li te sove nan wayòm Bondye a, epi youn nan konvèti presye l yo, Alma, te chanje trajektwa istwa Nefit yo ki te mennen nan moman Kris la te vini an.

Alma ak Amilèk te delivre soti nan prizon nan Amoniya a an repons a siplikasyon yo, epi pèsekitè yo te detwi.27 Sepandan, anvansa, menm pèsekitè sa yo te voye fi ak timoun ki te kwayan yo jete nan yon dife cho. Alma, ki te temwen sèn orib sa a, nan agoni, te anba kontrent Lespri a pou l pa t egzèse pouvwa Bondye pou l te “sove yo anba flanm dife yo”28 pou Bondye te ka resevwa yo nan laglwa.29

Pwofèt Joseph Smith te langi nan prizon Liberty, Missouri, a, enkapab pou l te ede Sen yo pandan moun t ap piye yo ak pouse do yo fè yo kite kay yo nan yon sezon ivè byen frèt. “O Bondye, Ki Kote w Ye?” Joseph te kriye. Pandan konbyen tan w ap kache men ou?”30 An repons, Senyè a te pwomèt: “Advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman; epi apre sa, si ou te sipote byen, Bondye ap leve ou anlè. … Ou poko tankou Jòb.”31

Alafen, Joseph te ka deklare tankou Jòb, “[Bondye] te mèt touye m, m ap kontinye konfye m nan li.”32

Èldè Brook P. Hales te rakonte istwa Sè Patricia Parkinson ki te fèt avèk yon vizyon nòmal men nan laj 11 zan li te vin avèg.

Èldè Hales te rakonte: “Sa fè dèzane depi m konn Pat, epi dènyèman m te di l ke m admire fason l toujou pozitif epi l toujou kontan an. Li te reponn, “Bon, ou pa t lakay mwen avèk mwen, pa vre? M gen move moman m. M te travèse dè moman gwo depresyon, epi m te konn kriye anpil.” Men, li te ajoute, “Nan moman m te kòmanse pèdi vizyon m nan, sa te etranj, men m te konnen Pè Selès ak Sovè a te avèk mwenmenm ak fanmi mwen. Lè moun mande m èske m fache poutèt m avèg la, m reponn: “kont kiyès pou m ta fache? Pè Selès la avèk mwen nan bagay sa a; m pa poukont mwen. Li avèk mwen tout tan.’”33

Alafen, se benediksyon yon relasyon pi rapwoche ak dirab avèk Papa a ak Pitit gason an n ap chèche. Sa fè tout diferans la epi sa etènèlman vo lapèn. Nou va temwaye avèk Pòl “ke soufrans yo nan peryòd [mòtèl] kounya a pa merite pou konpare avèk laglwa ki pral revele pou nou.”34 Mwen rann temwayaj ke kèIkeswa sa eksperyans nou nan mòtalite a ka pote, nou ka fè Bondye konfyans epi jwenn lajwa nan Li.

“Konfye w nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.”

“Toujou sonje Senyè a nan tout sa w ap fè. Li menm la montre ou chemen pou ou pran.”35

Nan non Jezikri, amèn.