Konferans Jeneral
Nou Chak Gen Yon Istwa
Konferans Jeneral Avril 2022


Nou Chak Gen Yon Istwa

Tanpri, vini pou w jwenn fanmi ou, tout jenerasyon ou, epi mennen yo tounen lakay.

Zanmi m, frè ak sè m yo, nou chak gen yon istwa. Lè nou dekouvri istwa nou, nou konekte kòm fanmi, nou fè pati yon fanmi, nou vin tounen fanmi.

Non m se Gerrit Walter Gong. Gerrit se yon non Olandè, Walter (non papa m) se yon non Ameriken, epi Gong, natirèlman, se yon non Chinwa.

Ekspè yo estime ke gen 70–110 milya moun ki deja viv sou tè a. Se petèt yon sèl ladan yo ki rele Gerrit Walter Gong.

Nou chak gen yon istwa. Mwen renmen “lapli k ap tonbe sou figi m ak van an lè l ap soufle fò.”1 Mwen balanse avèk pengwen nan Antarctique yo. Mwen bay òfelen nan Gwatemala, timoun nan lari Kanbòdj, fi Massai nan Mara Afrikèn yo premye foto yomenm.

Mwen tann nan lopital la pandan chak nan pitit mwen yo ap fèt—apre doktè a fin ede m.

Mwen fè Bondye konfyans. Mwen kwè ke “[nou] fèt, pou [nou] ka gen lajwa,”2 ke gen yon tan ak yon sezon pou chak bagay anba syèl la.3

Èske w konn istwa w? Kisa non w vledi? Popilasyon mond lan ogmante soti nan 1.1 bilyon moun an 1820 pou l vin apeprè 7.8 bilyon an 2020.4 Ane 1820 an sanble l se yon pwen siyifikatif nan listwa. Anpil moun ki fèt apre ane 1820 yo gen souvni ki vivan ak rejis pou yo idantifye plizyè jenerasyon fanmi yo. Èske w ka panse a yon bèl souvni espesyal ou te genyen avèk gran paran ou oswa yon lòt manm fanmi ou?

Kèlkeswa kantite moun ki te viv sou tè a, li limite, li ka konte, yon moun alafwa. Oumenm avèk mwen, nou chak enpòtan.

Epi, tanpri konsidere bagay sa a: keseswa nou konnen yo ou pa, nou chak gen yon manman ak yon papa. Epi chak manman ak papa gen yon manman ak yon papa.5 Pa nesans oubyen pa lineyaj adoptif, nou tout finalman konekte nan fanmi imen an ak fanmi Bondye a.

Trantyèm aryè granpè m, First Dragon Gonb, ki te fèt an 837 apre J.K., te fonde vilaj familyal nou an nan Sid peyi LaChin. Premye fwa m te vizite vilaj Gong nan, moun yo te di, “Wenhan huilaile” (“Gerrit retounen”).

Nan bò manman m, ab jeneyalojik nou an gen dè milye non zansèt familyal, avèk plis toujou pou nou dekouvri.6 Nou chak gen plis fanmi ke nou ka konekte avèk yo. Si w panse ke aryè gran tant ou te fin fè tout jeneyaloji fanmi an, tanpri, chèche kouzen w yo ak kouzen kouzen w yo. Konekte non fanmi w ki vivan yo avèk 10 milya non w ka konsilte nan FamilySearch kounyea nan koleksyon anliy li an ak 1.3 bilyon moun li genyen nan Ab Familyal li yo.7

Imaj
Abjeneyalojik pou vivan avèk rasin ak branch

Mande zanmi oubyen fanmi pou yo desine yon ab jeneyalojik pou vivan. Jan Prezidan Russell M. Nelson anseye a, ab vivan yo gen rasin ak branch.8 Keseswa w se premye oubyen 10 zyèm jenerasyon yo konnen, konekte yè pou demen. Konekte rasin yo ak branch yo nan ab jeneyalojik vivan w lan.9

Kesyon, “Ki kote w soti?” a mande lineyaj, lye nesans, peyi oswa peyi orijin. Globalman, gen 25 pousan nan nou ki retrase peyi natal yo a Lachin, 23 pousan a End, 17 pousan a lòt Azi Pasifik la, 18 pousan a Ewòp, 10 pousan a Afrik, epi 7 pousan a Amerik yo.10

Kesyon, “Ki kote w soti?” a envite nou pou nou dekouvri idantite divin nou ak objektif espirityèl nou nan lavi a.

Nou chak gen yon istwa.

Yon fanmi m konnen te konekte avèk senk jenerasyon fanmi lè yo te vizite ansyen kay yo a nan Winnipeg, nan Kanada. La, granpapa a te rakonte pitit pitit li yo istwa sou jou de misyonè (li te rele yo zanj ki te soti nan syèl la) ki te pote levanjil retabli Jezikri a, sa ki te chanje lavi fanmi an ajamè.

Yon manman m konnen te envite pitit li yo avèk kouzen yo pou yo te mande aryè granmè yo pou l te pale yo de eksperyans anfans li. Avanti aryè granmè a te viv ak leson lavi li vin tounen yon liv familyal presye ki ini kat jenerasyon kounyea.

Yon jenòm ke m konnen ap konpile sa l rele yon “Jounal papa.” Sa gen kèk ane, yon machin te frape papa l epi l te touye li. Kounyea, pou l ka byen konnen papa l, jenòm plen kouraj sa a ap konsève souvni anfans li ak istwa li jwenn nan men fanmi ak zanmi.

Lè yo mande yo ki sans lavi a genyen, pifò moun klase fanmi anpremye.11 Sa enkli moun ki vivan nan fanmi an ak sa ki ale. Natirèlman, lè nou mouri, nou pa sispann egziste. Nou kontinye viv nan lòtbò vwal la.

Zansèt nou yo ki ankò trè vivan, merite pou nou sonje yo.12 Nou sonje eritaj nou atravè istwa yo rakonte nou, rejis klan nou ak istwa sou fanmi nou, souvni oubyen lye souvni, selebrasyon avèk foto, manje, oswa objè ki raple nou moun ki chè pou nou yo.

Panse a kote w ap viv la—èske sa pa mèveye ke peyi w ak kominote w sonje e onore zansèt yo, fanmi yo, lòt moun ki te sèvi e ki te fè sakrifis yo? Paregzanp, nan sezon lamwason otòn nan, nan South Moulton, Devonshire, an Angletè, Sè Gong avèk mwen te konn renmen ale nan ti Legliz ak ti kominote kote anpil jenerasyon zansèt Bawden nou yo te viv la. Nou onore zansèt nou yo lè nou ouvri syèl yo atravè travay tanp ak istwa familyal13 epi lè nou vin tounen yon lyen solid14 nan chenn jenerasyon nou yo.15

Nan epòk “M chwazi tèt mwen” sa a, sosyete yo benefisye lè jenerasyon yo konekte nan fason siyifikatif. Nou bezwen pou rasin yo gen zèl—moun reyèl, relasyon reyèl, sèvis siyifikatif, yon lavi ki ale odela fasèt pasaje medya sosyal yo.

Konekte avèk zansèt nou yo ka chanje lavi nou nan fason ki etonan. Nan eprèv yo ak akonplisman yo, nou jwenn lafwa ak fòs.16 Nan lanmou yo ak sakrifis yo, nou aprann padone ak avanse devan. Pitit nou yo vin rezistan. Nou jwenn pwoteksyon ak pouvwa. Lyen nou avèk zansèt nou yo ogmante lyen familyal, rekonesans, ak mirak. Lyen sa yo ka pote èd soti nan lòtbò vwal la.

Menmjan lajwa vini nan fanmi yo, se konsa chagren ka vini tou. Okenn moun pa pafè, ni okenn fanmi. Lè moun ki dwe renmen, nouri ak pwoteje nou yo pa fè sa, nou santi nou abandone, anbarase, blese. Fanmi ka vin yon koki vid tou. Men, avèk èd syèl la, nou ka vin konprann fanmi nou epi fè lapè youn ak lòt.17

Pafwa, yon angajman inebranlab pou nou respekte relasyon familyal yo ede nou akonpli bagay ki difisil. Nan kèk ka, kominote a vin tounen fanmi. Yon jènfi remakab ki te gen yon fanmi twouble ki te ap demenaje trè souvan te jwenn yon fanmi plen lanmou nan Legliz la kote yo te nouri li epi l te jwenn plas li. Jenetik ak modèl familyal yo enfliyanse nou men yo pa detèmine kiyès nou ye.

Bondye vle pou fanmi nou gen bonè epi pou yo etènèl. Ajamè ap twò long si nou youn rann lòt malere. Kontan ap twò kout si relasyon ki presye pou nou yo sispann nan lavi sa a. Atravè alyans sakre, Jezikri ofri lanmou Li, pouvwa L ak gras Li pou chanje nous18 ak geri relasyon nou yo. Sèvis dezenterese pou moun ki chè pou nou yo fè Ekspyasyon Sovè a vin reyèl pou yomenm avèk nou. Sanktifye, nou ka retounen lakay nan prezans Bondye kòm fanmi ki ini etènèlman.19

Chak nan istwa nou yo se yon vwayaj ki ap kontinye pwogrese, pandan n ap dekouvri, kreye, ak vin jwenn posiblite ki depase imajinasyon nou.

Pwofèt Joseph Smith te di: “Pou kèk moun, sanble doktrin n ap pale a twò dirèk—yon pouvwa ki anrejistre oubyen ki lye sou tè a epi ki lye nan syèl la.”20 Sosyabilite nou kreye isit la ka egziste avèk laglwa etènèl laba a.21 Anfèt, “noumenm [san manm fanmi nou yo] pa kapab vin pafè; ni tou yo pa kapab vin pafè san noumenm,” ki vledi, nan “yon inyon toutantye epi ki konplè epi ki pafè.”22

Kisa nou ka fè kounyea?

Premyèman, imajine ke imaj ou reflete nan yon ale vini ant de miwa letènite. Nan yon direksyon, imajine oumenm kòm pitit fi, pitit pitit fi, aryè pitit pitit fi; nan lòt direksyon an, souri bay tèt ou kòm matant, manman, grann. Ala tan an pase vit! Nan chak tan ak chak wòl sa yo, remake kiyès ki avèk ou. Rasanble foto yo, jounal yo; fè istwa yo ak souvni yo vin reyèl. Ekri non yo, eksperyans yo, dat kle yo. Yo se fanmi ou—fanmi w genyen an ak fanmi w vle genyen an.

Pandan w ap dekouvri, onore, ak akonpli sèvis nan tanp pou manm fanmi w yo, espri Eli a, yon manifestasyon Sentespri a ki rann temwayaj sou nati divin fanmi an,”23 ap makonnen kè yo avèk papa, manman, ak pitit yo ansanm nan lanmou.24

Dezyèmman, fè avanti istwa familyal la vin entansyonèl ak tou natirèl. Rele grann ou. Gade pwofondeman nan je nouvo tibebe sa a. Pran tan w—dekouvri letènite—nan chak etap nan vwayaj ou a. Aprann epi rekonèt gratitid ak onètete eritaj familyal ou. Selebre epi vin pozitif epi, lè sa nesesè, enbleman fè tout sa k posib pou w pa transmèt bagay ki negatif. Fè bon bagay yo kòmanse avèk oumenm.

Twazyèmman, vizite FamilySearch.org. Telechaje aplikasyon ki disponib pou aparèy mobil yo. Yo gratis epi yo amizan. Dekouvri, konekte, pran apatenans ou. Gade kijan w gen lyen parante avèk kèk moun ki nan yon sal; kijan l fasil ak anrichisan pou w ajoute non nan ab jeneyalojik vivan w lan, pou w jwenn ak beni rasin ou ak branch ou.

Katriyèmman, ede ini fanmi yo etènèlman. Sonje done demografik yo nan syèl la. Gen pi plis toujou nan lòtbò vwa la pase nan bò sa a. Amezi plis tanp ap vin pi pre nou nan plis kote, nou gen privilèj pou n ofri moun k ap tann òdonans tanp yo opòtinite pou yo resevwa yo.

Pwomès la, nan Pak ak tout tan, sèke, nan Jezikri epi atravè Li, nou ka vin pi bon istwa nou, epi fanmi nou ka vin gen plis kontantman e pou tout tan. Nan tout jenerasyon nou yo, Jezikri geri moun ki gen kè brize yo, libere kaptif yo, delivre moun y ap maltrete yo.25 Apatenans nou nan yon alyans avèk Bondye epi youn avèk lòt la26 enkli konnen ke espri nou ak kò nou ap reyini nan rezirèksyon an epi relasyon ki pi presye nou yo ka kontinye odela lanmò avèk yon plenitid lajwa.27

Nou chak gen yon istwa. Vini dekouvri pa w la. Vin jwenn vwa ou, chan w la, amoni ou nan Li. Sa nan bi sa a menm Bondye te kreye syèl yo ak tè a epi Li te wè ke yo te bon nèt.28

Louwe plan bonè Bondye a, Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, retablisman kontinyèl nan levanjil Li a ak Legliz Li a. Tanpri, vini pou w jwenn fanmi ou, tout jenerasyon ou, epi mennen yo tounen lakay. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Mon Père Céleste m’aime,” Chants pour les enfants, 16.

  2. 2 Nefi 2:25.

  3. Gade Eklezyas 3:1.

  4. Baze sou United Nations Secretariat, The World at Six Billion (1999), 5, table 1; “World Population by Year,” Worldometer, worldometers.info.

  5. Anpil moun gen benediksyon pou yo gen paran ki pa t fizikman sipòte yo, men yo ini antanke fanmi atravè lyen afeksyon ak adopsyon ak alyans sakre sèlman yo.

  6. Mwen eksprime apresyasyon m pou moun k ap fè esè nan fason pou òganize gwo kantite non manm fanmi yo nan ab jeneyalojik yo.

  7. An 2021, yo te ajoute prèske 99 milyon non nan ab jeneyalojik piblik yo. Epi, resamman, yo te dijitalize 2.4 milyon mikwofim ki gen anviwon 37 bilyon non moun ladan yo (gen kèk ki se diplikata). Rejis non endividyèl sa yo ka prepare kounyea pou moun chèche ladan yo, jwenn, ak ajoute nan ab jeneyalojik limanite a.

  8. Gade Russell M. Nelson, “Roots and Branches,” Liahona, Me 2002, 27–29.

  9. Natirèlman, pandan n ap dekouvri ak bati ab jeneyalojik pou vivan nou an, tanpri, kenbe 100 pou san respè pou vi prive ak patisipasyon volontè manm fanmi yo, vivan ak mouri.

  10. Angus Maddison, The World Economy: A Millennial Perspective (2001), 241, table B-10.

  11. Gade Laura Silver, et al., “What Makes Life Meaningful? Views from 17 Advanced Economies,” Pew Research Center, Nov. 18, 2021, pewresearch.org.

  12. 1 Nefi 9:5; 1 Nefi 19:3; Pawòl Mòmon 1:6–7; ak Alma 37:2 pale de kenbe rejis ak sonje “nan yon bi ki saj,” enkli pou beni jenerasyon fiti yo.

  13. Russell M. Nelson and Wendy W. Nelson, “Ouvrir les cieux grace a l oeuvre de l histoire familiale et du temple,” Ensign, Okt. 2017, 34–39; Liahona, Okt. 2017, 14–19; gade tou “RootsTech Family Discovery Day—Opening Session 2017” (video), ChurchofJesusChrist.org.

  14. Gade Doktrin ak Alyans 128:18.

  15. Gade Gordon B. Hinckley, “Kenbe Chenn nan San Kase l” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 30 Nov. 1999), speeches.byu.edu. Yo site Prezidan Hinckley tou nan David A. Bednar, “A Welding Link” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Sept. 10, 2017), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

  16. Paregzanp, nan fanmi pa m, Henry Bawden, ki soti Devonshire, Angletè, te marye avèk Sarah Howard, ki te imigre avèk fanmi li apre yo te fin antre nan Legliz la. Pandan Sarah te nan St. Louis lè l te yon jèn adolesan, papa l, manman l, ak senk frè ak sè li te mouri. Henry ak Sara te fè 10 pitit. Sara te elve sis pitit premye madanm Henry an, Ann Ireland, te genyen tou, apre l te mouri. Sara te sèvi kòm manman pou de pitit pitit fi l tou, apre bèlfi li (bèlfi Sara) te mouri. Malgre pil pwoblèm lavi yo, Sara te plen chalè, lanmou, ak konpasyon, epi natirèlman, li te travay di anpil. Yo te afektyezman rele l “Ti Grann.”

  17. Osi difisil sa sanble, si nou padone tèt nou epi nou youn padone lòt avèk èd Kris la, n ap vin tounen “pitit Bondye” (Matye 5:9).

  18. Gade, paregzanp, Mozya 3:19.

  19. Gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org.

  20. Doktrin ak Alyans 128:9.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 130:2.

  22. Doktrin ak Alyans 128:18.

  23. Russell M. Nelson, “Une nouvelle époque de récoltes,” L etoile, Me 1998, 34; gade tou Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Ouvrir les cieux grace à l oeuvre de l histoire familial et du temple,” 16–18.

  24. Gade nan Mozya 18:21.

  25. Gade Lik 4:18.

  26. Yo di m ke mo Ebre pou fanmi an—mishpachah—soti nan mo ki gen rasin Ebre (shaphahh) a, kivle di “ini oubyen liye ansanm.” Chak wòl andedan fanmi an fèt pou fòtifye lyen familyal.

  27. Gade Doktrin ak Alyans 88:15–16, 34; 93:33; 138:17.

  28. Gade Jenèz 1:4, 31.