Konferans Jeneral
Fè sa ki pi enpòtan an
Konferans Jeneral Avril 2022


Fè sa ki pi enpòtan an

Si nou santre lavi nou sou Jezikri, n ap resevwa benediksyon fòs spirityèl, kontantman, ak lajwa.

Sa pa gen twò lontan, yon bon zanmi m te resevwa yon enpresyon pou l t al vizite yon sè nan pawas li a. Li te inyore enspirasyon an paske li te apèn konnen sè a—sa pa t fè sans pou li. Men etandone panse a te kontinye ap vini nan lespri li, li te deside aji sou enspirasyon sa a. Paske li te deja santi l malalèz pou l t al fè vizit prese sa a, li te deside ke pote yon bagay pou sè a t ap ede l kalme anksyete li. Li te sètènman pa t kapab ale avèk men l vid! Konsa, li te achte yon po krèm glase, epi li te derape pou kòmanse fè yon vizit li te panse ki ta pral yon vizit anbarasan.

Li te frape nan pòt sè a, epi rapidman sè a te ouvri. Zanmi m nan te lonje po krèm glase a ki te nan yon sachè papye mawon, epi konvèsasyon an te kòmanse. Sa pa t pran anpil tan pou zanmi m nan te konprann poukisa vizit la te nesesè. Pandan yo te chita ansanm sou galri devan an, fi a te revele yon pakèt pwoblèm li t ap rankontre. Apre inèdtan konvèsasyon nan chalè sezon ete a, zanmi m nan te remake krèm nan t ap fonn nan sachè papye mawon an.

Li te di, “Mwen dezole anpil dèske krèm ou an fonn!”

Sè a te reponn byen janti, “Pa gen pwoblèm! M gen pwoblèm laktoz!”

Nan yon rèv, Senyè a te di pwofèt Lehi, “Ou beni Leyi, poutèt bagay ou te fè yo.”1

Lè w se yon disip Jezikri, sa enplike plis pase jis espere oubyen kwè. Sa mande efò, mouvman, ak angajman. Sa egzije pou nou fè yon bagay, pou nou se “moun k ap mete pawòl la an pratik, epi pou nou pa sèlman moun k ap koute.”2

Nan ka krèm nan ki te fonn nan, kisa k te pi enpòtan? Krèm nan? Oubyen pou zanmi m nan te senpleman fè yon bagay?

Mwen te fè yon bèl eksperyans avèk yon jènfi adorab ki te poze m yon kesyon trè sensè: “Sè Craven, kòman w fè konnen ke tout bagay ki konsène legliz la vrè? Paske mwen pa santi anyen.”

Anvan m te kouri ba l yon repons, mwen te poze l kèk kesyon toudabò. “Pale m de etid pèsonèl ou nan ekriti yo.”

Li te reponn, “Mwen pa li ekriti yo.”

M te mande, “E avèk fanmi ou?” Èske nou etidye Vini, Suiv Mwen an ansanm?”

Li te di, “Non.”

Mwen te poze l kesyon sou priyè l yo, “Kisa ou santi lè w ap priye?”

Li te reponn mwen, “M pa priye.”

Repons mwen te ba li a te senp, “Si w vle konn yon bagay, ou gen pou w fè yon bagay.”

Èske se pa yon verite pou tout sa nou vle aprann oswa konnen? Mwen te envite nouvo zanmi m nan pou l te kòmanse pratike levanjil Jezikri a: priye, etidye, sèvi lòt moun, ak fè Senyè a konfyans. Konvèsyon p ap vini san nou pa fè anyen. Li vini atravè pouvwa Sentespri a lè nou fè yon efò entansyonèl pou n konnen pandan n ap mande, chèche, ak frape. Li vini pandan n ap aji.3

Nan Doktrin ak Alyans, Senyè a di pafwa,“Sa pa gen enpòtans.”4 Sa fè m panse ke si gen kèk bagay ki pa gen enpòtans, oubyen ki gen mwens enpòtans, dwe gen kèk bagay ki gen plis enpòtans tou. Nan efò nou pou nou fè yon bagay oubyen pa fè anyenan, nou ka mande tèt nou,“Kisa ki pi enpòtan?”

Piblisite yo souvan itilize slogan tankou “Esansyèl” oswa “Endispansab” nan lespwa pou fè nou kwè ke pwodui y ap vann nan nesesè pou bonè nou oswa byennèt nou. Men èske sa y ap vann nan vrèman esansyèl? Èske nou dwe vrèman genyen l? Èske li vrèman gen enpòtans?

Men kèk ide pou nou konsidere: Kisa ki pi enpòtan?

  • Konbyen “J aime (like)” nou jwenn nan sa nou poste sou rezo sosyal? Oswa konbyen Pè Selès la renmen nou ak apresye nou?

  • Mete dènye rad ki alamòd la? Oswa montre respè pou kò nou pandan nan abiye yon fason ki modès?

  • Jwenn repons yo atravè yon rechèch sou entènèt? Oswa resevwa repons Bondye atravè Sentespri a?

  • Mande plis? Oswa kontante nou avèk sa yo ba nou?

Prezidan Russell M. Nelson anseye:

“Avèk Sentespri a kòm konpanyon nou, nou kapab wè klè atravè kilti selebrite ki frape sosyete nou an. Nou kapab pi entelijan pase jan jenerasyon anvan yo te ye. …

“Tabli yon egzanp pou rès mond lan!”5

Sa mande efò pou nou rete konsantre sou sa ki vrèman esansyèl pou yon lajwa dirab. Pa gen anyen Satan t ap renmen pi plis pase fè nou pèdi valè etènèl nou, pou l fè nou pou gaspiye tan presye nou, talan, oswa fòs espirityèl nou nan bagay ki pa enpòtan. Mwen envite nou chak pou reflechi nan lapriyè sou bagay ki detounen nou de sa ki pi enpòtan yo.

Pwofesè pi gran pitit gason nou an ki nan twazyèm ane te anseye klas li a pou yo “dirije sèvo yo.” Li te vle raple jèn elèv li yo ke yo te gen kontwòl sou panse yo epi konsa, yo te kapab kontwole sa y ap fè. Mwen toujou raple tèt mwen pou m “dirije sèvo mwen ” lè m twouve m ap derape al nan bagay ki gen mwens enpòtans.

Sa pa gen twò lontan, yon elèv segondè te di m li te vin popilè pami kèk jèn nan Legliz la paske l te dezobeyi kòmandman yo avèk yon plan kalkile pou l repanti nan apre. Yo te di m “Se tankou w pran yon badj onè”. Sètènman, Senyè a ap kontinye padone moun ki repanti enbleman “avèk entansyon reyèl.”6 Men, nou pa dwe janm itilize Sakrifis Ekspyatwa Sovè a nan yon fason mokri konsa. Nou konn parabòl brebi egare a. Se sèten, yon bèje ap kite 99 lòt brebi yo pou l al chèche youn ki egare. Men èske nou ka imajine lajwa moun ki chwazi pou yo pami 99 yo pote pou Bon Bèje a? Moun ki sipòte youn lòt epi ki ede youn lòt viv alyans yo? Èske nou ka imajine kòman mond lan, oswa lekòl nou, travay nou, oswa lakay nou t ap ye si rete obeyisan sete bagay alamòd pou nou fè a? Sa pa vle di viv yon lavi ki pafè—men se chèche lajwa pandan n ap fè sa nou kapab pou nou viv alyans nou fè avèk Senyè a.

Pandan ke mond lan ap eksprime plis dout konsènan Bondye, epi konfizyon ak presyon ap ogmante, se moman pou nou rete pi pwòch pwofèt la. Kòm pòtpawòl Senyè a, nou kapab kwè sa l ekzòte, konseye ak sipliye nou pou nou fè yo se sa ki pi enpòtan.

Menmsi sa ka pa fasil, toujou gen yon fason pou nou fè sa ki bon. Pandan l t ap pale avèk yon gwoup zanmi nan lekòl li, yon jènfi te vin tris lè konvèsasyon an te vire sou kritike prensip Legliz yo. Li te reyalize ke li pa t ka rete an silans—li te dwe fè yon bagay. Avèk respè, li te pale de lanmou Pè Selès la ak fason kòmandman Li etabli yo beni ak pwoteje pitit Li yo. Sa t ap petèt pi fasil pou l pa t fè anyen. Men kisa k te pi enpòtan? Melanje avèk foul la? Oswa kanpe kòm temwen Bondye “tout tan, nan tout bagay ak nan tout kote”?7

Si Legliz retabli Jezikri a dwe sòti nan obskirite, nou dwe sòti nan obskirite tou. Antanke fi ki ap kenbe alyans, nou dwe fè limyè levanjil la briye tout kote nan mond lan pandan nou ap kanpe epi fè yon diferans. Nou fè sa ansanm kòm pitit fi Bondye—yon fòs ki gen 8.2 milyon fi soti 11 zan ak plis, ki gen egzakteman menm travay la. N ap rasanble Izrayèl pandan n ap patisipe nan travay sali ak ekzaltasyon an: pandan n ap fè efò pou nou viv levanjil Jezikri a, pran swen moun ki nan bezwen, envite tout moun resevwa levanjil la, ak ini fanmi yo pou letènite.8 Levanjil Jezikri a se yon levanjil aksyon ak yon levanjil lajwa! Ann nou pa souzestime kapasite nou pou nou fè bagay ki pi enpòtan yo. Eritaj diven nou an ba nou kouraj ak konfyans pou nou fè epi pou nou se tout sa Pè Selès eman nou an konnen nou kapab ye.

Tèm pou jèn yo ane sa a sòti nan Pwovèb 3:5–6:

“Konfye w nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.”

“Toujou sonje Senyè a nan tout sa w ap fè. Li menm la montre ou chemen pou ou pran.”

Yon eleman kle nan konfyans nan Senyè a se avanse, pandan n ap kwè ke L ap gide nou menm lè nou pa gen tout repons yo.

Sè m yo, se pa yon kesyon de krèm alaglas. Epi se pa yon kesyon pou n fè plis. Se yon kesyon fè sa ki enpòtan an. Se aplike doktrin Kris la nan lavi nou pandan n ap fè efò pou nou sanble pi plis avèk Li.

Plis nou efòse nou pou nou rete fèm sou chemen alyans lan, se plis lafwa nou ap grandi. Plis lafwa nou grandi, se plis n ap gen dezi pou nou repanti. Epi plis nou repanti, se plis n ap ranfòse relasyon alyans nou avèk Bondye. Relasyon sa a atire nou nan tanp, paske kenbe alyans nou fè nan tanp yo se fason nou andire jiska lafen.

Si nou santre lavi nou sou Jezikri, n ap jwenn direksyon pou nou fè sa ki pi enpòtan yo. Epi n ap beni avèk fòs spirityèl, satisfaksyon, ak lajwa! Nan non Jezikri, amèn.