Konferans Jeneral
Preche Levanjil Lapè a
Konferans Jeneral Avril 2022


Preche Levanjil Lapè a

Nou gen responsablite sakre pou nou pataje pouvwa ak lapè Jezikri a avèk tout moun ki vle koute nou.

Chè frè m ak sè m yo, byenveni nan konferans jeneral la! M t ap tann jou sa a avèk anpil enpasyans. M priye pou nou chak jou. M te priye tou pou konferans sa a sèvi kòm yon moman renouvèlman spirityèl pou tout moun.

Depi dènye konferans lan, difikilte nan mond lan ap kontinye. Pandemik global la kontinye ap afekte lavi nou. Epi kounyea mond lan sekwe pa yon lagè ki ap simen laterè sou dè milyon gason, fi, ak timoun inosan.

Pwofèt yo te predi epòk nou an, kote t ap gen lagè ak rimè lagè, epi kote tout mond lan t ap an boulvès.1 Antanke disip Jezikri, nou sipliye lidè nasyon yo pou yo chèche jwenn yon solisyon pasifik pou pwoblèm yo. Nou mande moun toupatou pou yo priye pou moun ki nan bezwen yo, pou yo fè sa yo kapab pou ede moun ki nan detrès yo, epi pou yo chèche èd Senyè a pou mete fen a tout konfli devastè.

Frè m ak sè m yo, mond lan pa t janm otan bezwen levanjil Jezikri a plis pase jodia. Konfli vyole tout bagay Senyè ap defann ak tout sa L te ansenye. Mwen renmen Senyè a Jezikri epi mwen temwaye ke Levanjil Li a se sèl solisyon dirab pou lapè. Levanjil Li a se yon levanjil lapè.2|

Levanjil Li a se sèl repons lè anpil kantite moun nan mond lan anvayi pa laperèz.3 Sa souliye ijans ki genyen pou nou suiv enstriksyon Senyè a te bay disip Li yo pou yo “ale … nan tout mond lan, e preche a tout tout kreyati.”4 Nou gen responsablite sakre pou nou pataje pouvwa ak lapè Jezikri a avèk tout moun ki vle koute e ki ap vle kite Bondye triyonfe nan lavi yo.

Chak moun ki fè alyans avèk Bondye fè pwomès pou yo pran sen lòt ak sèvi moun ki nan nesesite. Nou ka demontre lafwa nan Bondye e toujou pare pou nou reponn moun ki poze nou kesyon sou rezon “esperans ki nan [nou] an.”5 Chak nan nou gen yon wòl pou l jwe nan rasanbleman Izrayèl la.

Jodi a mwen reyafime avèk fòs ke Senyè a mande chak jènjan ki diy, e ki kapab, pou yo prepare yo pou sèvi yon misyon. Pou jènjan Sen Dènye Jou yo, sèvis misyonè se yon responsablite prètriz. Noumenm jènjan, nou te rezève pou peryòd sa a kote pwomès rasanbleman Izrayèl la ap pran plas la. Pandan n ap sèvi misyon, n ap jwe yon wòl esansyèl nan evenman san presedans sa a!

Nou menm jèn sè ki kapab yo, yon misyon se yon opòtinite puisan tou, men li se yon opòtinite opsyonèl. Nou renmen sè misyonè yo e nou swete yo byenveni ak tout kè. Kontribisyon nou nan travay sa a mayifik! Priye pou w konnen si Senyè a vle w sèvi yon misyon, epi Sentespri a ap reponn nan kè w ak nan lespri w.

Chè jèn zanmi m yo, nou chak vital pou Senyè a. Li te rezève nou pou kounyea pou nou ka ede rasanble Izrayèl. Desizyon w pou w sèvi yon misyon an, keseswa yon misyon pou preche levanjil oswa yon misyon sèvis, ap beni oumenm ak anpil lòt moun. Nou swete byenveni a koup aje yo tou lè sikonstans yo pèmèt yo fè sa. Efò yo tou senpleman iranplasab.

Tout misyonè ansenye ak temwaye de Sovè a. Tenèb spirityèl nan mond lan fè nou bezwen limyè Jezikri a plis toujou. Tout moun merite jwenn chans pou yo konnen levanjil retabli Jezikri a. Chak moun merite konnen ki kote yo ka jwenn lapè ki “[depase] tout konpreyansyon.”6

Ke konferans sa a se yon moman lapè ak festen spirityèl pou nou. Ke nou chèche epi resevwa revelasyon pèsonèl pandan sesyon sa yo, se priyè m nan non sakre Jezikri, amèn.