Konferans Jeneral
Pou Geri Mond lan
Konferans Jeneral Avril 2022


Pou Geri Mond lan

Blesi yo ak diferans yo ka rezoud e menm geri lè nou onore Bondye, Papa nou tout la, ak Jezikri, Pitit Gason L la.

Frè m ak sè m yo, nan sezon Pak gloriye sa a, nou beni anpil pou nou reyini epi resevwa konsèy ak direksyon nan men sèvitè Bondye yo.

Gidans ak ansèyman sakre nou resevwa nan men Papa nou ki nan Syèl la ede nou oryante lavi nou nan moman periye sa yo. Jan sa te pwofetize a, “dife ak tanpèt,” “lagè ak rimè lagè, ak tranblemanntè nan anpil kote,” ”epi tout kalite abominasyon,”1 “fleyo,”2 “ famin, ak epidemi”3 ap ravaje fanmi yo, kominote yo e menm nasyon yo.

Gen yon lòt fleyo ankò k ap ravaje mond la: atak sou libète relijye pa w ak pa mwen. Santiman k ap grandi sa a ap chèche retire relijyon ak lafwa nan Bondye nan lye piblik yo, nan lekòl, nan valè kominote yo, ak nan diskou sivik. Opozan libète relijye yo ap chèche enpoze restriksyon sou ekspresyon konviksyon sensè yo. Yo menm kritike ak ridikilize tradisyon relijye yo.

Yon atitid konsa mete moun aleka, devalorize prensip pèsonèl, jistis, respè, espirityalite, ak lapè konsyans.

Kisa libète relijyon ye?

Se libète pou adore nan tout aspè li: libète pou nou rasanble, libète lapawòl, libète pou nou aji selon kwayans pèsonèl nou, ak libète pou lòt moun fè menm jan an tou. Libète relijyon pèmèt nou chak deside pou tèt pa nou kisa nou kwè, kijan n ap viv ak aji selon lafwa nou, ak kisa Bondye atann de nou.

Efò pou detwi libète relijye sa yo pa nouvo. Atravè tout listwa, moun ki gen lafwa yo konn soufri anpil anba men lòt moun. Manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pa fè eksepsyon nan sa.

Depi nan kòmansman nou, anpil moun ki t ap chèche Bondye te atire nan Legliz sa a akoz ansèyman doktrin diven l yo, ki enkli lafwa nan Jezikri ak nan Sakrifis Ekspyatwa L la, repantans, plan bonè a, ak Dezyèm Vini Senyè nou an.

Opozisyon, pèsekisyon, ak vyolans te vide sou premye pwofèt dènye jou nou an, Joseph Smith, ak moun ki te suiv li yo.

Nan mitan pèsekisyon 1842 a, Joseph Smith te pibliye 13 prensip fondamantal pou Legliz la ki t ap grandi a, enkli sa a: “Nou reklame privilèj pou nou adore Bondye Toupisan an daprè lide pwòp konsyans pa nou, epi nou akòde tout moun menm privilèj sa a, se pou yo adore nan fason, nan kote, oubyen sa yo kapab.”4

Deklarasyon l la enkli tout moun, li liberatè epi li respektye. Sa se vrè sans libète relijyon

Pwofèt Joseph Smith te deklare tou:

“Mwen fyè pou m deklare devan syèl la ke m osi pare pou m mouri nan defann dwa yon Presbiteryen, yon Batis, oubyen yon bon moun nan nenpòt lòt denominasyon; paske menm prensip ki t ap pyetine dwa Sen … yo t ap pyetine dwa Katolik Women yo tou oubyen dwa tout lòt relijyon ki ka pa popilè oubyen twò fèb pou defann tèt yo.

“Se yon lanmou pou libète [ki] enspire nanm mwen—libète sivil ak relijye pou tout ras imen an.”5

Poutan, yo te atake premye manm Legliz yo epi yo te chase yo ale sou plizyè milye kilomèt, soti nan New York ale nan Ohio rive nan Missouri, kote gouvènè a te bay yon lòd ke manm Legliz la “dwe trete kòm ènmi epi yo dwe ekstèmine yo oswa chase yo nan eta a.”6 Yo te kouri ale Illinois, men pèsekisyon an te kontinye. Yon foul moun te asasinen Pwofèt Joseph Smith, nan lide ke tiye li t ap detwi Legliz la epi epapiye kwayan yo. Men fidèl yo te kenbe fèm. Siksesè Joseph la, Brigham Young, te kondui plizye milye moun nan yon vwayaj fòse , sou2860 kilomèt a lwès ale kote ki rele Eta Utah a kounyea.7 Zansèt mwen yo te pami premye pyonye kolontè sa yo.

Depi epòk gwo pèsekisyon sa yo, Legliz Senyè a te grandi san rete rive nan prèske 17 milyon manm, avèk plis pase mwatye ladan yo k ap viv andeyò Etazini.8

An Avril 2020 a, Legliz nou an te selebre 200 tyèm anivèsè Retablisman levanjil la avèk yon pwoklamasyon pou mond lan, ki te prepare pa Premye Prezidans nou an ak Kolèj Douz Apot yo. Li kòmanse konsa, “Nou pwoklame solanèlman ke Bondye renmen pitit Li yo nan chak nasyon nan mond lan.”9

Pwofèt byeneme nou an, Russell M. Nelson te eksplike pi lwen:

“Nou kwè nan libète, bonte, ak jistis pou tout pitit Bondye.

“Nou tout se frè ak sè, nou chak se yon pitit yon Papa eman ki nan Syèl la. Pitit Gason L la, Senyè a Jezikri, envite tout moun vin jwenn li, ‘nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi.’ (2 Nefi 26:33).”10

An nou konsidere kat fason sosyete a avèk chak moun endividyèlman benefisye de libète relijye.

Premyèman. Libète relijye onore premye ak dezyèm gran kòmandman yo, nan plase Bondye nan sant lavi nou. Nou li nan Matye:

“Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.”11

“Epi dezyèm nan menmjan avèk li, Se pou ou renmen pwochen ou menmjan ou renmen tèt ou.”12

Kit se nan yon chapèl, sinagòg, moske, oswa yon joupa ki gen twati tòl, disip Kris yo, ak tout kwayan ki panse menmjan avèk yo, kapab eksprime devosyon pou Bondye nan adore Li ak nan dispoze pou yo sèvi pitit Li yo.

Jezikri se egzanp pafè yon lanmou ak sèvis konsa. Pandan ministè Li, Li te pran swen pòv,13 geri moun ki malad14 ak moun ki avèg.15 Li te nouri moun ki grangou,16 louvri bra Li bay timoun piti yo,17 epi Li te padone moun ki te fèl mal yo, ki te menm krisifye L yo.18

Ekriti yo dekri ke Jezi “te mache toupatou ap fè byen.”19 Nou dwe fè konsa tou.

Dezyèmman. Libète relijye ankouraje ekspresyon kwayans, lespwa, ak lapè.

Kòm yon legliz, nou mete ansanm ak lòt relijyon pou n pwoteje moun nan tout lafwa ak konviksyon ak dwa yo pou yo pale de konviksyon yo. Sa pa vledi nou aksepte kwayans yo a, ni yo aksepte pa nou an, men nou gen plis ankomen avèk yo pase moun ki vle fè nou fè silans yo.

Sa pa gen lontan, mwen t al reprezante Legliz la nan Fowòm entèrelijye anyèl G20 an nan Itali. Yo te ankouraje m e menm sipòte m, lè m te rankontre ak gouvènman ak dirijan relijye toupatou nan mond lan. Mwen te reyalize ke blesi ak diferans yo ka rezoud e menm geri lè nou onore Bondye, Papa nou tout la, avèk Jezikri, Pitit Gason L la. Pigran Gerisè tout bagay la se Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.

Mwen te viv yon moman enteresan lè m t ap klotire avèk diskou m nan. Sèt premye oratè yo pa t klotire avèk okenn modèl tradisyon lafwa yo oswa nan non Bondye. Pandan m t ap pale a, mwen te panse, “Èske m dwe di mèsi sèlman epi chita, oubyen èske m dwe fini ‘nan non Jezikri’?” Mwen te sonje kiyès mwen te ye, epi mwen te konnen Senyè a t ap renmen mwen site non Li pou m konkli mesaj mwen an. Epi se sa m te fè. Lè m gade dèyè, sete opòtinite pa m pou m te eksprime kwayans mwen; epi m te gen libète relijye pou m te rann temwayaj mwen de non sakre Li.

Twazyèmman. Relijyon enspire moun pou ede lòt.

Lè relijyon jwenn espas ak libète pou l fleri, kwayan yo akonpli aksyon sèvis senp ak ewoyik pafwa. Ansyen fraz Juif la “tikkun olam” ki vledi “repare oswa geri mond lan,” reflete jodi a nan efò anpil moun. Nou travay an patnè avèk Catholic Charities, ki koni kòm Caritas International, Sekou Islamik, ak yon kantite lòt òganizasyon Juif, Endou, Boudis, Sikh, ak òganizasyon Kretyen tankou Salvation Army ak National Christian Foundation. Ansanm, nou sèvi dè milyon moun ki nan bezwen, tou dènyèman nan ede refijye lagè avèk tant, sak kouchaj, ak manje,20 epi nou bay vaksinasyon, enkli polio21 ak COVID.22 Lis sa nou fè yo long, men bezwen yo anpil tou.

Pa gen okenn dout ke, moun lafwa, k ap travay ansanm, kapab pote gwo kontribisyon enpòtan. Se menmjan tou, sèvis dirèk moun ak moun souvan pase inapèsi men yo chanje anpil vi trankilman.

Mwen panse a egzanp nan Lik la lè Jezikri te lonje men bay vèv Nain nan. Jezi, ki te akonpaye pa yon gwoup disip, te kontre ak posesyon antèman sèl pitit gason vèv la. San pitit gason an, li t ap fè fas ak destrisyon emosyonèl, espirityèl e menm finansye. Lè Jezi te wè dlo k ap koule sou figi li, Li te di, “Pa kriye, tande.”23 Apre sa Li pwoche, Li manyen sèkèy la. Moun ki t ap pote l yo ret kanpe.

Li di “Jennonm,” se mwen menm k ap pale avè ou, Leve.

“Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Epi [Jezi] renmèt li bay manman li.”24

Leve mò se yon mirak, men chak aksyon bonte ak jantiyès pou yon moun k ap lite se yon mwayen nou chak tou kapab “[mache] fè byen,” paske nou konnen “Bondye [la] avèk [nou].”25

Epi katriyèmman. Libète relijye aji kòm yon fòs k ap ini ak rasanble pou fòme valè ak moralite.

Nan Nouvo Testaman an nou li sou anpil moun ki vire do bay Jezikri, ki bougonnen kont doktrin Li a, “Pawòl sa a twò rèd; ki moun ki ka pran li?”26

Nou tande menm plenyen sa a jodi a nan men moun k ap chèche elimine relijyon nan diskou ak enfliyans yo. Si relijyon pa la pou ede nan fòme karaktè ak pote solisyon nan moman difisil yo, kiyès ki ap la? Kiyès ki pral anseye, onètete, rekonesans, padon, ak pasyans? Kiyès ki pral demontre charite, konpasyon, ak jantiyès pou moun yo bliye yo ak moun y ap pilonnen yo? Kiyès ki pral anbrase moun ki diferan yo, men ki merite menm jan ak tout pitit Bondye yo? Kiyès ki pral louvri bra yo bay moun ki nan bezwen, san yo pa chèche rekonpans. Kiyès ki pral respekte lapè ak obeyisans a lwa yo ki pi gran pase tandans yo nan moman an? Kiyès ki pral reponn demann Sovè a pou “Ale, fè menm bagay la tou” a?27

Se Noumenm! Wi, frè m ak sè m yo, se noumenm.

Mwen envite nou pou nou defann kòz libète relijye a. Se yon ekspresyon prensip libabit Bondye bay la.

Libète relijye pote ekilib nan filozofi ki an konpetisyon yo. Sa ki bon nan relijyon, nan sa l ka fè, ak aksyon lanmou kotidyen relijyon enspire yo ap miltipliye sèlman lè nou pwoteje libète pou nou eksprime kwayans fondamantal yo epi aji ann akò avèk yo.

Mwen temwaye ke Russell M. Nelson se pwofèt vivan Bondye. Mwen temwanye ke Jezikri ap dirije ak gide Legliz sa a. Li te ekspye pou peche nou, li te krisifye sou yon kwa epi li te resisite sou twazyèm jou a.28 Gras avèk Li, nou kapab viv ankò pou tout letènite; epi, moun ki vle sa yo kapab viv avèk Papa nou ki nan Syèl la. Mwen pwoklame verite sa a bay tout mond lan. Mwen rekonesan pou libète mwen genyen pou m fè sa a. Nan non Jezikri, amèn.