Konferans Jeneral
Chemen Alyans lan: Chemen pou Lavi Etènèl
Konferans Jeneral Avril 2022


Chemen Alyans lan: Chemen pou Lavi Etènèl

Chemen ki mennen nan pèfeksyon an se chemen alyans lan, epi Jezikri se sant tout òdonans ak alyans yo.

Yon wa puisan te swete pou pitit gason l la ta dirije youn nan wayòm li yo. Prens lan te gen pou l te aprann ak grandi nan sajès pou l te ka chita sou twòn nan. Yon jou, wa a te rankontre avèk prens lan epi li te pataje plan l la. Yo te dakò ke prens lan ta prale nan yon lòt vil pou l te ka pran eksperyans. Li t ap gen pou l rankontre difikilte men l t ap fè anpil bon eksperyans la tou. Aprèsa, wa a te voye l nan vil la, kote prens lan te gen pou l te pwouve fidelite li a wa a epi demontre ke l te pare pou l te resevwa privilèj ak responsabilite wa a te sere pou li yo. Prens la te gen libète pou l te chwazi resevwa privilèj ak responsabilite sa yo oswa pou l pa t resevwa yo, selon dezi l ak fidelite li. Mwen sèten nou vle konnen kisa k te rive prens la. Èske l te retounen vin eritye wayòm nan?

Chè frè m ak sè m yo, chak grenn nan nou se yon prens oswa prensès. Yon Pè Selès plen lanmou voye nou nan mòtalite a pou nou ka jwi benediksyon yon kò ki t ap vin imòtèl atravè Sakrifis Ekspyatwa ak Rezirèksyon Jezikri a. Yo atann pou nou prepare pou n retounen nan prezans Bondye nan pwouve ke n ap “fè tout bagay Senyè Bondye [nou] an pral kòmande [nou]” (Abraam 3:25).

Pou ede nou, Sovè a te vin rachte nou epi montre chemen pou n retounen al jwenn Bondye a. Kòm pitit Bondye, yo envite nou pou nouvin jwenn Sovè a epi pou pèfeksyone nou nan li. Nan ekriti yo, nou jwenn envitasyon pou vin jwenn Senyè a repete plis pase 90 fwa, epi plis pase mwatye nan yo se envitasyon pèsonèl Senyè a fè Limenm. Aksepte envitasyon Sovè a vle di patisipe nan òdonans Li yo epi kenbe alyans nou fè avèk Li. Jezikri se chemen an, verite a, ak lavi” a (Jan 14:6), epi Li envite “tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li” (2 Nefi 26:33).

Sa n ap aprann ak sa n ap anseye nan levanjil la apwofondi konvèsyon nou nan Pè Selès la ak nan Jezikri epi ede nou vin pi plis menmjan avèk Yo. Menmsi tout bagay pa revele konsènan moman egzak ak fason egzak n ap resevwa benediksyon egzaltasyon yo, sa pa anpeche nou asire de yo malgre sa (M. Russell Ballard, “Esperans nan Kris la,” Liahona, Me 2021, 55).

Alma, gran prèt la, pandan l t ap anseye nan peyi Zarahemla a, te raple moun yo yon envitasyon pwofon Jezikri ki di:

“Gade, li voye yon envitasyon bay tout moun, paske ponyèt mizèrikòd li lonje pou yo, epi li di: Si nou repanti m ap resevwa nou.

“Wi, li di: vin jwenn mwen e n ap manje nan fwi pyebwa ki bay lavi a” (Alma 5:33–34).

Sovè a li menm envite nou pou vin jwenn Li epi pou nou pran jouk Li sou nou pou nou ka gen repo nan mond boulvèse sa a (gade Matye 11:28–29). Nou vinn jwenn Kris la lè nou egzèse lafwa nan Li, repanti chak jou, fè alyans avèk Bondye pandan n ap resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo, epi pèsevere jiska lafen, nan respekte alyans sa yo” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2.1, ChurchofJesusChrist.org). Chemen ki mennen nan pèfeksyon an se chemen alyans lan, epi Jezikri se sant tout òdonans ak alyans yo.

Wa Benjamen te anseye ke gras ak alyans nou fè yo, nou vin pitit gason ak piti fi Kris la, paske gade, jodi a li te ba nou nesans espirityèlman, e pa gen okenn lòt tit ki kapab ba nou libète,“pa gen okenn lòt non k ap pote sali a” (gade Mozya 5:7–8). Epi nou sove pandan n ap andire jiska lafen nan “suiv egzanp Pitit Gason Bondye ki vivan an” (2 Nefi 31:16). Nefi te konseye ke tou bagay pa fèt lè nou senpleman rantre nan chemen etwat ak kwense a; nou dwe “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun” (gade 2 Nefi 31:19–20).

Doktrin Kris la ede nou jwenn ak rete sou chemen alyans lan, epi levanjil la òganize yon fason pou nou resevwa benediksyon Senyè a pwomèt atravè òdonans ak alyans sakre yo. Pwofèt Bondye a, Prezidan Russell M. Nelson, te ekzòte nou nan emisyon televize l la jou 16 Janvye 2018 la pou nou “rete sou chemen alyans lan. Angajman nou pou nou suiv Sovè a nan fè alyans avèk li epi apresa respekte alyans sa yo ap ouvri pòt pou tout benediksyon espirityèl ak privilèj ki disponib pou gason, fi, ak timoun toupatou. … Fen nou chak ap fè efò pou nou atenn nan se dote avèk pouwa nan kay Senyè a, sele kòm fanmi, rete fidèl nan alyans nou fè nan yon tanp yo ki kalifye nou pou pi gwo kado Bondye a, ki se lavi etènèl la” (“Pandan n ap Avanse Ansanm,” Liahona, Avril. 2018).

Bondye p ap abandone relasyon Li avèk okenn moun fidèl k ap kenbe alyans, ni Li p ap kenbe benediksyon lavi etènèl Li pwomèt yo a. Epi, si nou onore alyans sakre yo, n ap rapwoche pi pre Sovè a. Èldè David A. Bednar te anseye nou yè ke alyans ak òdonans levanjil yo opere nan lavi nou tankou yon bousòl pou ba nou direksyon kadinal pou nou vin jwenn Kris la epi vin menmjan avèk Li.

Alyans yo make chemen pou nou retounen al jwenn Bondye a. Òdonans batèm ak resevwa don Sentespri a, òdinasyon nan prètriz la, ak sentsèn nan, dirije nou al nan tanp Senyè a pou n patisipe nan òdonans egzaltasyon Lyo.

Mwen ta renmen mansyone de bagay Sovè a aksantye pou ede nou kenbe alyans yo fidèlman:

  1. Sentespri a kapab anseye nou, fè nou sonje ansèyman Sovè a, epi rete avèk nou pou toujou (gade nan Jan 14:16, 26). Li kapab konpayon konstan pou gide nou sou chemen alyans lan. Pwofèt nou an, Russell M. Nelson, anseye nou ke “nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san enfliyans gidan, rekonfòtan, ak konstan Sentespri a” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96).

  2. Sovè a te enstitiye òdonans sentsèn nan, pou nou ka toujou sonje Li epi pou nou gen Lespri L avèk nou. Batèm ouvè pòt lavi etènèl la, epi sentsèn nan ede nou avanse avèk fèmte sou chemen alyans lan. Lè nou pran sentsèn, nou temwanye bay Papa a ke n ap toujou sonje Pitit Gason L la. Epi si nou toujou sonje Li epi nou kenbe kòmandman L yo, n ap gen Lespri Li avèk nou. Anplis pwomès sa a, Senyè a renouvle pwomès Li fè pou remisyon peche a si nou repanti enbleman pou peche nou.

Pandan n ap rete fidèl a alyans yo, nou dwe efòse nou pou nou toujou gen Lespri a pou nou prepare pou n resevwa sentsèn nan diyman, epi, menm jan tou, nou patisipe regilyèman nan sentsèn pou nou ka toujou gen Lespri a avèk nou.

Lè pitit fi m nan te gen senkan, li te gen yon ti machin ki te fonksyone avèk pil epi li te renmen kondui l toupatou nan kay la. Yon jou swa, li te vin bò kote m epi li te di m, “Papa, machin mwen an pa vle mache ankò. Èske w ka pran yon ti gaz nan machin pa w la pou w mete ladan l pou l ka mache ankò? Petèt li bezwen gaz menmjan ak machin ou an pou l ka mache.”

Nan apre, m te wè ke batri a te dechaje, konsa, m te di l nou t ap kapab fè l mache nan apeprè inèdtan. Avèk anpil eksitasyon, li te di, “Wi! Nou pral mennen l nan ponp gazolin nan.” Mwen te senpleman konekte batri a nan yon sous elektrik pou l te chaje, epi apre inèdtan li te kapab kondui machin nan, ki te fonksyone avèk batri ki te chaje a. Li te aprann apresa ke l toujou enpòtan pou l te rechaje batri a nan jis konekte l nan yon sous elektrik.

Menm jan pitit fi m nan te aprann relasyon ki genyen ant batri a ak kouran pou machin jwèt li a, se konsa tou nou aprann osijè Jezikri, sentsèn, ak Lespri a. Nou bezwen Lespri a pou ede nou navige atravè mòtalite a ak sentsèn nan pou bay lavi espirityèl nou enèji. Renouvle alyans nou te fè nan dlo batèm nan ak pran sentsèn mennen nan fidelite pou tout lòt alyans yo. Nou gen asirans yon fen k ap bèl si nou etidye ak onore envitasyon Sovè a epi nou jwi benediksyon L pwomèt yo. Li te di, “Epi pou nou kapab pwoteje tèt nou kont salte mond lan, nou dwe ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sen mwen an” (Doktrin ak Alyans 59:9).

20–24, Moun ki jis yo resevwa pwomès lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond ki pral vini an” (Doktrin ak Alyans 59:23). Mwen temwanye ke si nou patisipe regilyèman nan anblèm Sovè a atravè sentsèn nan, n ap gen Lespri a pou gide nou sou chemen alyans lan epi pou fè nou rete fidèl a alyans nou yo. Nan non Jezikri, amèn.