Konferans Jeneral
Lapè Kris la Aboli Ostilite
Konferans Jeneral Oktòb 2021


12:51

Lapè Kris la Aboli Ostilite

Lè lanmou Kris la anvlope lavi nou,nou apwoche dezakò avèk imilite, pasyans ak jantiyès.

Chè frè m ak sè m yo, pandan yon egzèsis pou tès strès pou kè, kantite travay kè a ogmante. Kè ki ka sipòte mach yo ka gen difikilte pou yo sipòte egzijans kouri monte mòn. Nan fason sa a, tès strès la ka revele maladi kache ki pa vizib otreman. Konsa, nenpòt pwoblèm yo idantifye ka trete anvan yo koze pwoblèm serye nan lavi kotidyen.

Epidemi COVID-19 la se sètènman yon tès strès mondyal! Tès la montre rezilta ki melanje. Bonjan vaksen ki efikas te devlope.1 Pwofesyonèl medikal, pwofesè, enfimè, ak lòt moun te fè sakrifis ewoyik—epi yo kontinye fè sa. Anpil moun te demontre jenewozite ak jantiyès—epi yo kontinye fè sa. Malgre sa, anpil dezavantaj kache vin manifeste. Moun ki vilnerab yo soufri—epi yo kontinye ap soufri. Nou dwe ankouraje ak remèsye moun k ap travay pou rezoud pwoblèm ki kache sa yo.

Pandemi an se yon tès strès espirityèl pou Legliz Sovè a ak manm li yo tou. Rezilta yo melanje menmjan an tou. Lavi nou beni pa sèvis pastoral nan yon “fason pi elve ak pi sen,”2 ak pwogram aprantisaj levanjil Vini Suiv Mwen an, ki santre sou fwaye e sipòte pa Legliz la. Anpil moun te pote montre konpasyon yo sou fòm èd ak rekonfò pandan moman difisil sa yo epi yo kontinye ap fè sa.3

Men, nan kèk ka, tès strès espirityèl la te revele tandans kontansyon ak divizyon. Sa sigjere ke nou gen travay pou nou fè pou n ka chanje kè nou epi vin ini kòm vrè disip Sovè a. Se pa yon difikilte ki nouvo, men se youn ki enpòtan.4

Lè Sovè a te vizite Nefit yo, Li te anseye, “Pa dwe gen diskisyon nan pami nou. … Yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt.”5 Lè n ap goumen youn kont lòt avèk kòlè, Satan ri epi Bondye nan syèl la tris.6

Satan ri epi Bondye tris pou omwen de rezon. Premyèman, kontansyon afebli temwayaj kolektif nou konsènan mond Jezikri a ak redanmsyon ki vini atravè “merit, … mizèrikòd, ak gras Li a.”7 Sovè a te di, “M ban nou yon nouvo kòmandman, Pou nou youn renmen lòt. … Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”8 Kontrè a se verite tou—tout moun konnen nou pa disip Li lè nou pa demontre lanmou youn pou lòt. Travay dènye jou L la konpwomèt lè kontansyon ak ostilite9 egziste nan mitan disip Li yo.10 Dezyèmman, kontasyon pa bon pou sante espirityèl nou, endividyèlman. Li prive nou de lapè, lajwa, ak repo, epi kapasite nou pou nou santi Lespri a konpwomèt.

Jezikri te eksplike ke doktrin Li a pa “pou pouse kè lèzòm nan fè kòlè youn kont lòt; men, doktrin [Li] [se] pou bagay konsa sispann.”11 Si m rapid pou m santi m ofanse oubyen reyaji devan diferans opinyon nan mete m an kolè fasil oubyen nan pote jijman, m “pa pase” tès strès spirityèl la. Pa pase tès la pa vle di ke m se yon ka dezespere. Men, okontrè, sa montre ke m bezwen chanje. Epi sa bon pou m konnen.

Apre vizit Sovè a nan Amerik yo, pèp la te ini; “pa t gen chirepit nan tout peyi a.”12 Èske w panse pèp la te ini paske yo tout te menm, oubyen paske yo pa t gen opinyon diferan? Mwen doute sa. Olyede sa, kontansyon ak ostilite te disparèt paske yo te demontre ke yo se disip Sovè anvan tout lòt bagay. Diferans yo pa t anyen an konparezon avèk lanmou yo tout te genyen pou Sovè a, epi yo te ini kòm “eritye wayòm Bondye a.”13 Kòm rezilta “pa t ka gen yon lòt pèp ki pi kontan … ke men Bondye te kreye.”14

Inite mande efò.15 Li devlope lè nou kiltive lanmou Bondye nan kè nou16 epi nou konsantre sou destine etènèl nou.17 Nou ini pa idantite prensipal nou gen ansanm kòm pitit Bondye18 a ak angajman nou nan verite levanjil retabli yo. Lanmou nou pou Bondye, ak angajman nou kòm disip Jezikri fè nou sousye tou natirèlman pou lòt moun. Nou valorize kaleidoscope karaktè ak pwendvi, ak talan lòt moun.19 Si nou pa kapab mete lavi nou kòm disip Jezikri anlè enterè ak pwendvi pèsonèl, nou ta dwe re-egzamine priyorite nou epi chanje.

Nou ta ka gen tandans di, “Natirèlman nou ka gen inite—si sèlman ou ta dakò avè m!” Yon pi bon apwòch se mande, “Kisa m ka fè pou m ankouraje inite? Kijan m ka reyaji pou m ka ede moun sa a vin pi pre Kris la? Kisa m ka fè pou m diminye kontansyon epi bati yon kominote Legliz ki baze sou konpasyon ak byenveyans?”

Lè lanmou Kris la anvlope lavi nou,20 nou apwoche dezakò avèk imilite, pasyans ak jantiyès.21 Nou sousye mwens de pwòp sansiblite pa nou e plis pou pa pwochen nou. Nou chèche moderasyon ak inite.”22 Nou pa angaje nou nan “diskisyon plen dout,” ni jije moun ki pa dakò avèk nou, oubyen eseye fè yo tonbe.23 Okontrè, nou asime ke moun ki an dezakò avèk nou yo ap eseye fè tout sa yo kapab avèk eksperyans y ap fè nan lavi yo a.

Madanm mwen te travay kòm avoka pandan plis pase ventan. Kòm yon avoka, li te souvan travay avèk moun ki te konn klèman ap defann pwendvi opoze. Men, li te aprann pou l pa t dakò avèk yo san l pa t enpoli. Li te ka di moun ki opoze yo, “Mwenka wè ke nou pa p dakò sou kesyon sa a. Mwen apresye nou. Mwen respekte opinyon nou. Mwen espere nou ka ofri m menm koutwazi a tou.” Sa te souvan mennen respè youn pou lòt, e menm amitye malgre diferans yo.

Menm ansyen ennmi ka vin ini kòm disip Sovè a.24 An 2006, m te asiste konsekrasyon tanp Helsinki nan peyi Finlande pou m te onore papa m ak gran-paran m yo ki te fè pati premye konvèti nan Legliz la nan Finlande. Finlandè yo, enkli papa m, te reve pou te gen yon tanp nan Finland depi lontan. Alepòk, distrik tanp la te enkli Finlande, Estonie, Lettonie, Lituanie, Biélorussie, ak La Russie.

Nan konsekrasyon an, m te aprann yon bagay siprenan. Premye jou operasyon jeneral la te rezève pou manm Larisi yo te ka fè òdonans tanp. Li difisil pou m eksplike nou nan ki pwen sa te etonan. Larisi ak Finlande te fè anpil goumen nan lagè pandan plizyè santèn ane. Papa m pa t fè Larisi konfyans epi li te rayi non sèlman Larisi, men tout Ris yo tou. Li te konn eksprime santiman sa yo avèk pasyon, epi santiman l te tipik de ostilite Finlandè yo te genyen anvè Larisi a. Li te memorize powèm peyi l ki te rakonte lagè 19èm syèk ant Finlandè ak Ris yo. Eksperyans li pandan Dezyèm Gè Mondyal la, kote Finland ak Larisi te advèsè ankò, pa t fè anyen pou te chanje opinyon l.

Yon ane anvan konsekrasyon tanp Helsinki nan Finland nan, komite tanp lan, ki te konpoze pa manm Finlandè sèlman, te reyini pou yo te diskite sou plan pou dewoulman konsekrasyon an. Pandan reyinyon an, yon moun te fè remak ke Sen Ris yo t ap gen pou yo te vwayaje pandan plizyè jou pou yo te ka vin asiste konsekrasyon an epi siman yo te espere pou yo ta resevwa benediksyon tanp yo anvan yo retounen lakay yo. Prezidan komite a, Frè Sven Eklund, te sigjere pou Finlandè yo ta rete tann yon tijan pi lontan, pou Ris yo te ka premye manm ki fè òdonans tanp nan Tanp Helsinki a nan Finland nan. Tout manm nan komite a te dakò. Sen Dènye Jou Finlandè fidèl yo te repòte benediksyon tanp pa yo pou yo te ka fè plas pou Sen Ris yo.

Prezidan Entèrejyon an, Èldè Dennis B. Neuenschwander, ki te prezan nan reyinyon komite tanp la, te ekri nan apre: “M pa t janm pi fyè de Finlandè yo pase nan moman sa a. Yo te mete istwa difisil Finlandè yo avèk vwazen yo ki nan Lès la … ansanm ak kontantman yo paske yo te finalman gen [yon tanp] ki te konstwi nan peyi pa yo a akote. Kite Ris yo antre nan tanp la anpremye a [sete] yon demonstrasyon lanmou ak sakrifis.”25

Lè m te rapòte papa m jantiyès sa a, kè l te touche epi li te kriye, yon bagay ki pa t konn fèt fasilman pou Finlandè solid sa a. Depi lè sa a jiskaske l te mouri, twazan apre, li pa t janm eksprime yon santiman negatif kont Larisi ankò. Paske egzanp Finlandè parèy li yo te inspire l, papa m te chwazi plase lavi disip li kòm disip Kris la pi wo pase tout lòt konsiderasyon. Finlandè yo pa t mwens Finlandè; Ris yo pa t mwens Ris; ni okenn nan yo pa t abandone kilti yo, istwa yo, oubyen eksperyans yo pou yo te sispann ostilite. Yo pa t bezwen fè sa. Okontrè, yo te chwazi fè lavi yo kòm disip Jezikri vin premye konsiderasyon yo.26

Si yo ka fè sa, nou ka fè l tou. Nou ka pote eritaj, kilti, ak eksperyans nou nan Legliz Jezikri a. Samyèl pa t rejte eritraj li kòm yon Laminit,27 ni tou, Mòmon pa t rejte eritaj li kòm Nefit.27 Men, yo chak te mete yo kòm disip Sovè a an premye.

Si nou pa fè yonn, nou pa pou Li.29 Envitasyon m se pou nou vanyan nan mete lanmou nou pou Bondye ak angajman nou kòm disip Sovè a pi wo pase tout lòt konsiderasyon.30 Annou kenbe alyans ki atache avèk nou kòm kòm disip la—alyans pou nou vin fè youn nan.

An nou suiv egzanp Sen yo atravè mond la ki vin tounen disip Kris la avèk siksè yo. Nou ka repoze sou Jezikri, ki se “lapè nou, ki … te kraze miray separasyon nan mitan nou an; lè L te aboli ostilite atravè [sakrifis ekspyatwa] L la.”31 Temwayaj nou konsènan Jezikri pou mond lan ap fòtifye, epi n ap rete ansante spirityèlman.32 Mwen temwaye ke si nou “kouri pou kontansyon” epi nou vin “sanblab avèk Senyè a nan lanmou epi ini avèk Li nan lafwa,” lapè Li ap avèk nou.33 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “Premye Prezidans lan mande Sen Dènye Jou yo pou yo mete mask lè sa nesesè ak pou yon vaksinen kont COVID-19,” Newsroom, 12 Out 12, 2021, newsroom.ChurchofJesusChrist.org; “Vaccines Explained,” World Health Organization, who.int/emergencies/diseases/novel-coronavirus-2019/covid-19-vaccines/explainers; “Safety of COVID-19 Vaccines,” Centers for Disease Control and Prevention, Sept. 27, 2021, cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/vaccines/safety/safety-of-vaccines.html; “COVID-19 Vaccine Effectiveness and Safety,” Morbidity and Mortality Weekly Report, Centers for Disease Control and Prevention, cdc.gov/mmwr/covid19_vaccine_safety.html.

  2. Russell M. Nelson, “Patisipasyon sè yo nan rasanbleman Izrayèl,” Liahona, Nov. 2018, 69.

  3. Gade nan Doktrin ak Alyans 81:5

  4. Plizyè apot ak pwofèt te adrese inite ak kontansyon atravè ane pase yo. Gade tou nan, paregzanp: Marvin J. Ashton, “Pas de temps pour les querelles,” L Etoile, Me 1978, 11–15; Marion G. Romney, “L unité,” L Etoile, Me 1983, 31–33; Russell M. Nelson, “Le chancre de la querelle,” L etoile, Me 1989, 61–63; Russell M. Nelson, “Enfants de l alliance,” L Etoile, Me 1995, 37–42; Henry B. Eyring, “Pou nou ka Fè Youn,” Lyawona, Me 1998, 75–78; D. Todd Christofferson, “Vini nan Siyon,” Liahona, Nov. 2008, 37–40; Jeffrey R. Holland, “Ministè Rekonsilyasyon an,” Liahona, Nov. 2018, 77–79; Quentin L. Cook, “Kè Nou Makonnen nan LajIstis ak Inite,” Liahona, Nov. 2020, 18–22; Gary E. Stevenson, “Kè Ini Ansanm,” Liahona, Me 2021, 19–23.

  5. 3 Nefi 11:28–29.

  6. Gade Moyiz 7:26, 28, 33. Sa pa sigjere ke sakrifis ekspyatwa Sovè a ap kontinye oubyen Li ap kontinye soufri; Jezikri konplete Ekspyasyon an. Sepandan, charite ak konpasyon enfini ak pafè ke Li reklame kòm rezilta akonpli sakrifis ekspyatwa L la pèmèt Li santi desepsyon ak tristès.

  7. 2 Nefi 2:8.

  8. Jan 13:34–35.

  9. Inimitye se sitiyasyon oubyen santiman kote nou opoze a yon moun oubyen a yon bagay; sa vle di ostilite, antagonis. animozite. rankè, ak rayiman pwofon oubyen malveyans. Mo Grèk ki tradui “inimitye” a tradui kòm “rayi” tou. Li se opoze mo Grèk agapèa, ki siyifi “amou.” Gade James Strong, The New Strong’s Expanded Exhaustive Concordance of the Bible (2010), seksyon diksyonè grèk la, nimewo 2189.

  10. Gade nan Jan 17:21, 23.

  11. 3 Nefi 11:30.

  12. 4 Nefi 1:18.

  13. 4 Nefi 1:17.

  14. 1 Nefi 1:16.

  15. Prezidan Russell M. Nelson te di, “Senyè a renmen efò” (nan Joy D. Jones, “Yon Apèl Espesyalman Nòb,” Liahona, Me 2020, 16).

  16. Gade 4 Nephi 1:15 Gade nan se moun sa yo ki akonpli kalte inite sa a. Nan epòk Enòk la, “Senyè a te rele pèp li a Siyon, paske yo te gen yon sèl kè ak yon sèl panse, epi yo te viv nan lajistis; epi pa t gen pòv pami yo” (Moyiz 7:18).

  17. Gade nan Mozya 18:21.

  18. Gade nan Travay 17:29; Sòm 82:6.

  19. Gade nan 1 Korentyen 12:12–27.

  20. Gade nan Mowoni 7:47–48.

  21. Gade nan Doktrin ak Alyans 107:30–31.

  22. Gade Dallin H. Oaks, “Defann Konstitisyon Divinman Enspire Nou an,” Liahona, Me 2021, 107.

  23. Gade nan Women 14:1–3, 13, 21.

  24. Sovè a te kritike “disip Li yo nan tan lontan an [ki] t ap chèche okazyon pou youn akize lòt, epi youn pa t padone lòt nan kè yo; epi poutèt mal sa a, yo te aflije epi yo te chatye anpil. “Se poutèt sa,”ezi te konseye disip Li yo nan dènye jou yo, “m di nou, nou youn dwe padone lòt” (Doktrin ak Alyans 64:8–9).

  25. Elder Dennis B. Neuenschwander, kominikasyon pèsonèl.

  26. Nan yon fason pwòp a Finlandè, lè Frè Eklund te pale de desizyon an, li te di sa te tou senplemen lojik. Olye ke l te fè lwanj pou grandè Finlandè yo, li te eksprime apresyasyon l pou Ris yo. Finlandè yo te rekonesan pou kontribisyon enpòtan Ris yo te pote nan travay ki te fèt nan Tanp Helsinki nan Finland nan. (Sven Eklund, kominikasyon pèsonèl.)

  27. Gade nan Elaman 13:2–5.

  28. Gade nan 3 Nefi 5:13, 20.

  29. Gade nan Doktrin ak Alyans 38:27.

  30. Gade nan Lik 14:25–33.

  31. Efezwen 2:14–15.

  32. Gade nan Efezyen 2:19..

  33. Russell M. Nelson,, “Le Chancre de la Querelle,” L Etoile, Jiyè 1989, 61-63.