Konferans Jeneral
Ankre Plis nan Kris la: Parabòl Pant la
Konferans Jeneral Oktòb 2021


10:1

Ankre Plis nan Kris la: Parabòl Pant la

Nan kalandriye Senyè a, se pa kote nou kòmanse a ki pi konte, men se kote n ap dirije nou an.

Lè m te yon jèn tigason, mwen te gen gwo aspirasyon. Yon jou apre lekòl, m te mande: “Manman, kisa m ta dwe ye lè m vin gran: yon jwè baskèt pwofesyonèl oswa yon vedèt mizik?” Malerezman, Clark “yon chenèt nan dan” an pa t montre okenn siy laglwa pou mizik ak espò fiti. Epi, malgre anpil efò, mwen te resevwa refi sanrete pou admisyon m nan pwogram etid siperyè nan lekòl mwen an. Pwofesè m yo te finalman sigjere pou m te jis rete nan klas nòmal la. Tan te pase epi m te vin devlope kèk abitid pou etidye. Men, sete jis apre misyon m nan Japon ke m te santi posiblite entelektyèl ak spirityèl mwen te kòmanse parèt. Mwen te kontinye travay di. Men, pou premye fwa nan lavi m, mwen te sistematikman enplike Senyè a nan devlopman mwen, epi sa te fè tout diferans la.

Joseph Ssengooba lè l te tigason
Èldè Andersen lè l te yon misyonè

Frè m ak sè m yo, nan Legliz sa a, nou kwè nan potansyèl diven pitit Bondye yo ak nan kapasite nou pou nou vin tyon bagay anplis nan Kris la. Nan kwonomèt Senyè a, se pa kote nou kòmanse a, men se kote n ap dirije nou an ki plis konte.1

Pou demontre prensip sa a, m ap itilize kèk matematik debaz. Pa panike paske nou tande mo math la nan konferans jeneral. Pwofesè matematik BYU-Idaho nou an asire m ke menm moun ki debitan yo ap konprann konsèp sa a. Li kòmanse avèk fòmil ekwasyon yon liy. Entèsepsyon an, pou objektif nou, se kòmansman liy nou an. Entèsepsyon an ka gen oubyen yon pwen depa elve oubyen yon pwen depa ki ba. Lè sa a, pant liy nan ka enkline pozitivman oubyen negativman.

Nou tout gen entèsepsyon diferan nan lavi a—nou kòmanse nan diferant andwa avèk kapasite lavi ki diferan. Gen kèk nan nou ki fèt avèk entèsepsyon elve, plen opòtinite. Gen lòt ki konfwonte sikonstans pou kòmanse ki difisil e ki parèt enjis.2 Apresa, nou pwogrese sou yon pant pwogresyon pèsonèl. Avni nou pral detèmine mwens pa pwen depa nou an e plis pa pant nou an. Jezikri wè potansyèl diven nou kèlkeswa kote nou derape a. Li te wè l nan mandyan an, pechè a, ak enfim nan. Li te wè l nan pechè pwason an, kolektè taks la, e menm zelòt la. Keseswa kote nou kòmanse a, Kris la ap konsidere sa nou fè avèk sa yo ba nou an.3 Pandan ke mond lan fokis sou entèsepsyon nou an, Bondye fokis sou pant nou an. Nan kalkilis Senyè a, L ap fè tout sa L kapab pou ede nou vire pant nou an al nan direksyon syèl la.

Prensip sa a ta dwe pote rekonfò pou moun k ap lite yo ak yon poz pou moun ki sanble yo gen tout avantaj yo. Kite m kòmanse adrese m a moun ki nan sikonstans difisil pou derape yo, sa ki enkli pòvrete, enposiblite pou fè etid, sitiyasyon familyal difisil. Gen lòt ki fè fas a pwoblèm fizik, kontrent sante mantal, oswa gwo dispozisyon pou pwoblèm jenetik.4 Pou nenpòt nan nou ki gen difikilte pou derape yo, tanpri rekonèt ke Sovè a konnen difikilte nou yo. Li “[pran] enfimite [nou] yo sou tèt Li, pou zantray li [kapab] plen mizèrikòd … pou L [kapab] konnen … kijan pou L pote [nou] sekou daprè enfimite [nou] yo.”5

Kite m pataje de domèn ankourajman pou moun k ap travèse sikonstans difisil odepa yo. Premyèman, fokis sou kote nouprale a e non pa sou kote nou te kòmanse a. Li pa t ap bon pou n ta inyore sikonstans nou—yo reyèl epi nou bezwen adrese yo. Men fokis twòp sou yon pwen depa difisil kapab lakoz li defini nou e menm limite kapasite nou pou nou chwazi.6

jènjan nan yon klas

Sa gen kèk ane, mwen t ap sèvi avèk yon gwoup jèn nan sant vil Boston, nan Massachusetts, ki te an majorite nouvo nan levanjil la ak nan sa Legliz la mande. Mwen te tante pou m te konfonn senpati ak sousi m pou sitiyasyon yo te ye a avèk yon dezi pou bese prensip Bondye yo.7 Mwen te finalman reyalize ke mwayen ki pi puisan pou m montre yo lanmou mwen sete pa janm bese sa m t ap atann nan men yo. Avèk tout sa m te konn pou m te fè yo, nou te fokis sou potansyèl yo, epi chak nan yo te kòmanse leve pant yo. Pwogresyon yo nan levanjil la tepwogresif menonstan. Jodia, yo fin sèvi misyon, diplome nan inivèsite, marye nan tanp, epi y ap mennen lavi pèsonèl ak pwofesyonèl remakab.

Jènjan Boston yo ki grandèt kounyea

Dezyèmman, enplike Senyè a nan pwosesis pou nou relve pant nou an. Pandan m t ap sèvi kòm Prezidan BYU—Pathway Mondyal la, mwen sonje m te chita nan yon gwo devosyon nan Lima, Perou, kote Èldè Carlos A. Godoy t ap pale. Pandan l t ap gade asanble a, li te parè pwofondeman touche pou l te wè si anpil etidyan inivèsite fidèl premye jenerasyon an. Petèt Èldè Godoy t ap panse a pwòp chemen pa l atravè menm sikonstans yo, lè l te deklare avèk emosyon, Senyè a “ede nou plis pase nou ka ede tèt nou. [Donk] enplike Senyè a nan pwosesis sa a.”8 Pwofèt Nefi te anseye “ke se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè.”9 Nou dwe fè pi byen nou kapab,10 sa ki enkli repantans, men se sèlman atravè gras Senyè a nou ka reyalize potansyèl diven nou.11

Devosyon BYU–Pathway nan Lima, Pérou
Èldè Godoy ap pale nan Lima, Pérou

Finalman, kite m pataje de domèn konsèy pou moun ki gen pwen depa ki wo yo. Premyèman, èske nou ka montre yon ti imilite pou sikonstans ke nou gendwa pa t kreye noumenm? Jan Rex E. Lee, ansyen Prezidan BYU a, te di etidyan l yo: “Nou tout bwè nan sous ke nou pa t fouye noumenm epi nou chofe pa dife ke nou pa t konstwi.”11 Apresa li te mande etidyan l yo pou yo te bay anretou epi pou yo te ranpli sous edikasyon premye pyonye yo te konstwi yo. Enkapasite pou replante jaden lòt moun te plante yo, ka ekivalan a retounen yon pyès ltalan san enterè.

Dezyèmman, fokis sou yon pwen depa ki wo ka souvan fè nou tonbe nan pyèj pou nou santi n ap pwospere, pandan ke, anfèt, pant enteryè nou an gen dwa rete anplas. Pwofesè Havard la, Clayton M. Christensen, te anseye ke moun ki pi reyisi yo se moun ki pi enb yo paske yo gen ase konfyans pou kite nenpòt moun korije yo ak aprann de nenpòt moun.12 Èldè D. Todd Christofferson te konseye nou pou nou “dispoze pou n jwenn mwayen pou aksepte e menm chèche koreksyon.”13 Menm lè bagay yo sanble y ap mache byen, nou dwe chèche opòtinite pou amelyore atravè petisyon nan lapriyè.

Kit nou derape nan sikonstans difisil oubyen abondan, reyalize potansyèl final nou ap sèlman fèt lè nou fè Bondye vin patnè nou. M te gen yon konvèsasyon dènyèman avèk yon pwofesè ki gen renome nasyonal, ki t ap poze kesyon sou siksè pwogram BYU—Pathway a. Li te entelijan epi kesyon l la te sensè, men sa te klè ke l te vle yon repons pwofàn. Mwen te pale l de pwogram retansyon ak efò ankadreman nou yo. Men m te fini konsa: “Tout bagay sa yo se bon pratik, men, vrè rezon ki fè etidyan nou yo pwogrese a se paske nou anseye yo potansyèl diven yo.” Imajine ke tout lavi w, yo di w ou pa p janm ka reyisi. Apresa, konsidere enpak sa fè sou ou lè yo aprann ou ke w se yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye ki gen posiblite divin?” Li te fè yon poz, epi l te reponn senpleman: “Sa puisan anpil.”

Frè m ak sè m yo, youn nan mirak Legliz sa a, Legliz Senyè a, sèke nou chak ka vin yon bagay anplis nan Kris la. Mwen pa konnen okenn lòt òganizasyon ki bay manm li yo plis opòtinite pou sèvi, pou bay anretou, repanti ak pou vin pi bon moun. Kit nou derape nan sikonstans spirityèl difisil oswa abondan, an nou kenbe je nou ak pant nou yo pwente nan syèl la. Si nou fè sa, Kris la ap leve nou monte yon kote ki pi wo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Clark G. Gilbert, “The Mismeasure of Man” (BYU–Pathway Worldwide devotional, Jan. 12, 2021), byupathway.org/speeches. Nan mesaj sa a mwen te eksplore kijan mond lan souvan mal mezire potansyèl imen an. Menm psikològ prensipal ki ap preche konsèp kouraj (Angela Duckworth) ak eta despri pwogresyon yo (Carol. S. Dweck) souzestime vrè kapasite lòm lè yo apiye yo sèlman sou chema yo aprann epi yo inyore potansyèl diven nou nan Kris la.

  2. Gade Dale G. Renlund, “Infuriating Unfairness,” Liahona, Me 2021, 41–45.

  3. Gade Matye 25:14–30. Nan parabòl talan an, chak sèvitè te resevwa yon kantite talan diferan nan men mèt yo a. Men jijman an pa t detèmine pa sa yo te resevwa a men pa fason yo te jere li. Sete enterè a ki te fè Senyè a di: “Bon travay, oumenm bon sèvitè fidèl; ou te fidèl nan yon ti kal bagay, m ap fè w dirije anpil bagays” (Matye 25:21).

  4. Gade Mozya 3:19. Youn nan enplikasyon ke petèt ekspozisyon nou nan atirans lòm natirèl la ka diferan akoz dispozisyon jenetik diferan. Menmjan nou chak dote ak don diferan an, se konsa tou nou gen difikilte fizik, mantal, ak emosyonèl diferen ke nou dwe aprann jere ak simonte.

  5. Alma 7:11–12. Kris la non sèlman ede nou simonte peche nou yo atravè repantans, men Li konnen kijan pou L rekonfòte nou nan pwoblèm lavi nou yo paske gras ak Ekspyasyon an, Li te santi e simonte tout soufrans imen.

  6. Èldè David A. Bednar raple nou ke nou se ajan epi nou dwe aji pa noumenm. Lè nou defini tèt nou selon etikèt mond lan, nou limite potansyèl nou epi, konsa, nou limite kapasite pou nou chwazi a. David A. Bednar, “And Nothing Shall Offend Them,” Liahona, Nov. 2006, 89–92).

  7. Gade Russell M. Nelson, “The Love and Laws of God” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, 17 Sept. 2019), speeches.byu.edu. Nan devosyon sa a, Prezidan Nelson anseye ke paske Bondye ak Pitit Gason L lan renmen nou, yo ba nou lwa ak atant ki ap ede nou. “Lwa Bondye yo reflete lanmou pafè L pou nou chak. Lwa L yo kenbe nou an sekirite spirityèlman e ede nou pwogrese etènèlman” (paj 2).

  8. Carlos A. Godoy (BYU–Pathway Connections Conference, Lima, Peru, Me 3, 2018).

  9. 2 Nefi 25:23.

  10. Paran m te etabli yon deviz pou fanmi Gilbert ki sete “FÈ PI BYEN NOU KAPAB.” Yon lòt modèl pou parabòl pant la se mete aksan pou fè konnen si nou fè pi byen nou kapab, nou ka gen konfyans ke Bondye ap antre epi L ap fè diferans lan pou nou.

  11. Gade Clark G. Gilbert, “From Grit to Grace” (Devosyon BYU–Pathway, 25 Sept. 2018), byupathway.org/speeches. Nan mesaj sa a, mwen eksplore ide ke, menmsi nou dwe aprann travay di ak devlope chema disiplin ki efikas, pou nou atenn vrè potansyèl nou nan Jezikri, nou dwe aprann itilize lagras Li.

  12. Rex E. Lee, “Some Thoughts about Butterflies, Replenishment, Environmentalism, and Ownership” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 15 Sept. 1992), 2, speeches.byu.edu; see also Detewonòm 6:11

  13. Gade Clayton M. Christensen, “How Will You Measure Your Life?,” Harvard Business Review, Jiyè–Out 2010, hbr.org. Alorijin, mesaj sa a te bay kòm diskou yon Jounen Klas ki liye avèk gradyasyon Harvard Business School la. Nan mesaj li a, pwofesè Christensen te avèti etidyan l yo kont separe konfyans yo avèk imilite, li te raple yo ke, pou yo kontinye pwogrese atravè lavi a, yo t ap bezwen gen ase imilite pou yo chèche koreksyon ak aprann nan men lòt moun.

  14. Gade D. Todd Christofferson, “Mwen Chatye ak Korije Moun Mwen Renmen,” Liahona, Me 2011, 97.