Konferans Jeneral
Sentete pou Senyè a
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Sentete pou Senyè a

Sakrifis se mwens konsènan “abandone” e plis konsène “pote bay” Senyè a.

Ane pase, pandan m t ap sèvi nan Prezidans Entèrejyon Azi Nò a, m te resevwa yon apèl Prezidan Russell M. Nelson ki te envite m pou m te vin sèvi kòm Dezyèm Konseye nan Episkopa Prezidan an. Li te jantiman envite madanm mwen, Lori, pou l te patisipe nan konvèsasyon an. Apre apèl la, nou te toujou nan yon eta chòk lè madanm mwen te mande, “Men, kisa Episkopa Prezidan an fè?” Apre yon ti moman refleksyon, m te reponn, “M pa konnen ekzakteman!”

Yon ane apre—e apre santiman imilite ak rekonesans pwofon—m ka reponn kesyon madanm mwen an avèk yon pi bon konpreyansyon. Pami lòt bagay, Episkopa Prezidan an sipèvize antrèd ak travay imanitè Legliz la. Travay sa a etann nan tout mond lan kounyea epi li beni plis pitit Bondye pase jamè oparavan.

Kòm Episkopa Prezidan, nou gen èd anplwaye ekselan yo nan Legliz la ak lòt moun, enkli Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, k ap sèvi avèk nou nan Komite Ekzekif Antrèd ak Otonomi Legliz la. Nan kapasite nou kòm manm komite sa a, Premye Prezidans lan te mande m—ansanm avèk Sè Eubank, ki te pale avèk nou yèswa—pou nou pataje yon mizajou sou efò imanitè resan Legliz la. Yo te mande patikilyèman pou nou eksprime rekonesans pwofon yo tou—paske, frè m ak sè m yo, se noumenm ki rann efò imanitè sa yo posib.

Imaj
Don Imanitè
Imaj
Don imanitè adisyonèl

Pandan n ap obsève avèk enkyetid efè ekonomik kriz KOVID-19 la nan tout mond lan, nou ta ka fasilman atann yon bès nan kontribisyon lajan Sen yo te kapab bay. Aprètou, pwòp manm nou yo pa t epanye anba retonbe epidemi an. Imajine santiman nou lè nou te obsève egzakteman opoze a! Don Imanitè an 2020 yo te pi wo pase tout lòt anvan—e y ap menm pi wo ane sa a. Kòm rezilta jenewozite ou, Legliz la te ka reyalize pwogram entèvansyon ki pi vas li depi kreyasyon Fon Imanitè a, avèk plis pase 1.500 pwojè sekou KOVID nan plis pase 150 peyi. Don sa yo, ke nou te bay Senyè a san mezire a, nou te konvèti yo an bagay pou soutni lavi tankou manje, oksijèn, ekipman medikal, ak vaksinasyon pou moun ki pa t ap ka jwenn bagay sa yo si se pa t pou nou.

Imaj
Refijye
Imaj
Refijye
Imaj
Refijye

Menm jan ak kontribisyon materyèl, te gen gwo kontribisyon tan ak enèji ke manm Legliz yo te bay pou koz ìmanitè. Menm pandan epidemi an t ap fè laraj, dezas natirèl, konfli sivil, ak enstabilite ekonimik te san vide rete epi yo kontinye fòse dè milyon moun kite lakay yo. Nasyonzini rapòte ke kounyea gen plis pase 82 milyon moun nan mond lan ki te oblije kite kay yo.1 Ajoute sou sa, gen dè milyon lòt moun ki deside kouri kite povrete oubyen opresyon pou al chèche yon lavi miyò pou tèt yo oubyen pou pitit yo, e nou ka kòmanse wè yon apèsi sou gwosè sitiyasyon mondyal sa a.

M kontan rapòte ke gras avèk tan ak talan tout volontè sa yo, Legliz la ap jere sant dakèy pou refijye ak imigran nan plizyè kote nan Etazini ak Ewòp. E gras ak kontribisyon w yo, nou bay pwodui, lajan, ak volontè pou ede nan menm kalite pwogram konsa ke lòt òganizasyon ap jere toupatou nan mond lan.

Kite m eksprime rekonesans sensè mwen pou Sen sa yo ki te lonje lamen pou nouri, abiye, bay amitye, ak ede refijye sa yo vin etabli tèt yo epi vin otonòm nan.

Yèswa, Sè Eubank te pataje avèk nou kèk nan efò Sen mèveye yo nan bagay sa a. Lè m reflechi sou efò sa yo, panse m souvan vire sou prensip sakrifis la ak koneksyon dirèk prensip sa a genyen avèk de gran kòmandman pou nou renmen Bondye ak pou nou renmen pwochen nou an.

Nan langaj modèn, tèm sakrifis la vin gen siyifikasyon konsèp pou “abandone“ kèk bagay pou Senyè a ak wayom Li a. Men, nan tan lontan, siyifikasyon mo sakrifis la te makonnen avèk de rasin laten l yo: sacer, ki vledi “sakre” oubyen “sen,” epi facere, ki vledi “fè.”2 Konsa, nan tan lontan, sakrifis te literalman vle di “fè yon bagay oubyen yon moun vin sen.”3 Lè nou konsidere l konsa, sakrifis se yon pwosesis kote nou vin sen epi nou vin konn Bondye, e non pa yon evènman oubyen yon rityèl kote nou “abandone” kèk bagay pou Senyè a.

Senyè a te di, “M vle [charite] e pa sakrifis; epi konesans Bondye plis pase ofrand sou otèl.“4 Senyè a vle pou nou vin pi sen,5 pou nou gen charite,6 epi pou nou vin konnen Li.7 Jan Apot Pòl te ansenye a, “E menm lè m bay tout posesyon m pou nouri pòv yo, e menm lè m bay kò m pou yo boule, e si m pa gen lacharite, sa pa p vo anyen.”8 Alafen, Senyè a vle kè nou; Li vle nou vin tounen nouvo kreyati nan Kris la.9 Jan L te di Nefit yo, “Ofri m yon kè brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis.”10

Imaj
Sentete pou Senyè a

Sakrifis mwens konsènan “ abandone” e plis konsène “pote bay” Senyè a. Pawòl “Sentete pou Senyè a” grave nan antre chak tanp nou yo. Lè nou respekte alyans nou atravè sakrifis, nou vin sen atravè lagras Jezikri, epi sou otèl tanp sakre a, avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, nou bay sentete nou a Senyè a. Elder Neal A. Maxwell te ansenye: “Soumèt volonte nou [oubyen kè nou11] se vrèman sèl bagay pèsonèl nou genyen pou nou mete sou lotèl Bondye a. … Men, lè oumenm avèk mwen soumèt tèt nou finalman, nan kite volonte Bondye anglouti volonte endividyèl nou, se lè sa a tout bon n ap ba Li yon bagay!”12

Si nou wè sakrifis nou fè pou lòt moun nan pèspektif “abandone” a, nou ka wè yo kòm yon fado epi nou ka vin dekouraje lè sakrifis nou yo pa rekonèt ni jwenn rekonpans. Men, lè nou wè yo nan pèspektif “bay” Senyè a, sakrifis nou fè pou lòt moun vin tounen kado, epi lajwa pou bay avèk jenewozite a vin tounen pwòp rekonpans li. Lè nou libere anba bezwen lanmou, apwobasyon, oubyen apresyasyon lòt moun, sakrifis nou yo vin tounen ekspresyon pi pur ak pi pwofon sou gratitid nou ak lanmou nou pou Sovè a ak pou pwochen nou. Tout santiman ògèy nan sakrifis la vin kite plas pou santiman gratitid, jenewozite, kontantman, ak lajwa.13

Yon bagay sanktifye—keseswa lavi nou, byen nou, tan nou, oubyen talan nou—non sèlman lè nou bay li, men, lè nou konsakre l14 bay Senyè a tou. Travay ìmanitè Legliz sa a se yon egzanp konsa. Se pwodui ofrand kolektif ak konsakre Sen yo, yon manifestasyon lanmou nou pou Bondye ak pou pitit Li yo.15

Imaj
Sè Canfield avèk moun l ap sèvi

Steve ak Anita Canfield se reprezantan Sen Dènye Jou yo toupatou nan mond lan ki te jwi pou tèt pa yo benediksyon transfòmatris moun resevwa lè yo bay Senyè a. Kòm misyonè antrèd ak otonomi, yo te mande Fanmi Canfields pou yo te pote èd nan kan refijye ak sant imigran an Ewòp yo. Nan karyè pwofesyonèl li, Sè Canfield sete yon Dekòratris Enteryè ki te gen renome mondyal, ki te gen kontra avèk kliyan rich pou l te dekore andedan kay granpri yo oubyen otèl gran pri yo. Soudènman, li te twouve l nan yon mond ki te konplètman opoze pandan l t ap sèvi nan mitan moun ki te pèdi prèske tout byen materyèl yo te posede. Selon pwòp tèm pa li, li te ranplase “sòl an mab pa sòl an tè,” epi pandan l t ap fè sa a, li te jwenn yon santiman satisfaksyon san mezi lè limenm ak mari l te kòmanse fè zanmi avèk—epi tousuit apre, renmen ak anbrase—moun sa yo ki te bezwen swen yo a.

Fanmi Canfield te di, “Nou pa t santi ke nou te “abandone” anyen pou nou sèvi Senyè a. Dezi nou sete tou senpleman pou nou “ba L” tan nou ak enèji nou pou beni pitit Li yo nan kèlkeswa fason Li te ka itilize nou. Pandan nou t ap travay bò kote frè ak sè nou yo, tout aparans eksteryè—tout diferans nan kote nou soti ak sa nou posede— te disparèt, epi nou te senpleman wè kè youn lòt. Pa gen okenn degre reyisit pwofesyonèl oubyen benefis materyèl ki ta ka fè nou santi sa eksperyans sa yo te fè nou santi a, pandan nou t ap sèvi pami pitit Bondye ki te pi enb yo, sa te anrichi nou.”

Istwa fanmi Canfield la ak anpil lòt menmjan avèk li ede m apresye pawòl yon chan primè senp, men ki pwofon:

“Donne ,” dit le ruisseau (Ti rivyè a di “Bay”,

En descendant du coteau (pandan l ap desann);

Je suis petit, mais là où je suis (M piti, men kote m ye a)

Les prés sont plus verts (jaden yo pi fleri).”

Wi, nou chak piti, men ansanm lè nou demele nou pou nou bay Bondye ak pwochen nou, kèlkseswa kote n ale, lavi moun anrichi ak beni.

Twazyèm kouplè chan sa a pa osi koni, men, li fini avèk envitasyon plen lanmou sa a:

Donne, Jésus l a dit (Bay, menm jan Jezi bay la)

Car tu peux aimer ausse (Gen yon bagay nou tout ka bay).

La pluie et le ruisseau nous l ont di: (Fè menm jan ruiso ak lapli a fè a):

Vis pour Dieu et tes amis (Viv pou Bondye ak pou lòt moun).16

Chè frè m ak sè m yo, lè nou viv pou Bondye ak lòt moun nan bay nan sa nou genyen, nan tan nou, e wi, menm noumenm, n ap kite mond lan yon ti jan pi fleri, n ap kite pitit Bondye yo yon ti jan gen plis lajwa, e, nan pwosesis la, n ap vin yon tijan pi sen.

Ke Senyè a beni nou abondaman pou sakrifis nou ba Li si gratis yo.

Mwen temwaye ke Bondye vivan. “Lòm Sentete se non Li.”17 Jezikri se Pitit Gason Li e se Li ki bay tout bon don.18 Ke nou vin sen atravè lagras Li ak respè alyans nou yo atravè sakrifis, epi ke nou toujou bay Senyè a plis lanmou ak sentete.19 Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “Global Trends: Forced Displacement in 2020,” UNHCR report, 18 Jen 2021, unhcr.org.

  2. Sakrifis se derive mo Laten sacrificium, ki konpoze pa de rasin Laten sacer ak facere, selon Diksyonè Merriam-Webster (gade merriam-webster.com). Mo sacer la vle di “sakre” oubyen “sen”, epi mo facere a, vle di “pou fè,” selon Diksyonè Laten Anglè a (gade latin-english.com).

  3. Gid Ekriti yo, “Sakrifis,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

  4. Oze 6:6; gade referans b, ki endike ke mizèrikòd an Ebre vledi “charite” oswa “bonte.” Gade tou Matye 9:10–13; 12:7.

  5. Gade Levitik 11:44.

  6. Gade Mowoni 7:47.

  7. Gade Mozya 5:13.

  8. 1 Korentyen 13:; gade tou Mozya 2:21.

  9. Gade 2 Korentyen 5:17.

  10. 3 Nefi 9:20, italik ajoute; gade tou vèsè 19.

  11. Mo a te ajoute la a kòm yon sinonim volonte.

  12. Neal A. Maxwell,“Anglouti nan Volonte Papa a,” Ensign, Nov. 1995, 24; Italik ajoute. Gade tou Omni 1:26; Women 12:1.

  13. Gade nan Mowoni 10:3.

  14. Konsakre vle di “deklare oubyen mete apa kòm sakre,” selon Diksyonè American Heritage Collegela.

  15. Gade nan Matye 22:36–40.

  16. “Donne,’ dit le Ruisseau,” Chants pour les enfants,, 116.

  17. Moyiz 6:57.

  18. Gade nan Mowoni 10:18.

  19. Gade nan Doktrin ak Alyans 97:8.