Restorasyon Kotidyen
Nou bezwen yon kantite limyè selès sanrete, chak jou. Nou bezwen “moman rafrechisman.” Moman restorasyon pèsonèl.
Nou reyini nan bèl maten Saba sa a pou nou pale de Kris la, pou nou rejwi nan levanjil Li a, epi pou nou youn ka sipòte ak soutni lòt pandan n ap mache sou “wout” Sovè nou an.1
Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou reyini pou bi sa a chak jou Saba a, pandan tout ane a. Si w pa manm Legliz la, nou akeyi w trè chalerezman e nou remèsye w paske w vin pou ini avèk nou pou nou adore Sovè a e aprann de li. Menmjan avèk ou, n ap fè efò—malgre nou pa pafè—pou nou vin pi bon zanmi, pi bon vwazen, ak pi bon kretyen vivan,2 epi n ap chèche fè sa nan suiv Modèl nou an, Jezikri.
Nou espere ou ka santi senserite temwayaj nou. Jezikri vivan! Li se Pitit Gason Bondye vivan an, epi L ap dirije pwofèt yo sou tè a nan epòk nou an. Nou envite tout moun pou yo vini, tande pawòl Bondye a, epi patisipe nan bonte Li! Mwen rann temwayaj pèsonèI mwen ke Bondye nan mitan nou epi L ap asireman rapwoche de tout moun ki pwoche kote li.3
Nou konsidere se yon onè pou nou mache avèk ou sou chemen disip etwat ak kwense Mèt la.
Abilte pou Mache sou yon Liy Dwat
Gen yon teyori nou souvan repete ki di ke moun ki pèdi gen tandans pou yo vire anwon. Sa pa gen lontan, syantis nan the Max Planck Institute for Biological Cybernetics [Enstiti Byoloji Sibènetik Max Planck] yo te teste teyori sa a. Yo te mennen kèk patisipan nan yon yon forè plen pyebwa epi yo te ba yo senp enstriksyon sa a: “Mache sou yon liy dwat.” Pa t gen okenn pwendrepè ki te vizib. Moun yo te dwe konte sèlman sou sans direksyon yo.
Kisa nou panse yo te fè?
Syantis yo te konkli, “Moun reyèlman [mache] anwon lè yo pa gen repè ki fyab pou dirije yo nan direksyon y ap pran.”4 Lè yo te kesyone yo apresa, kèk patisipan te reponn avèk konviksyon ke yo pa t fè menm yon ti devye. Malgre gwo konviksyon yo a, done GPS yo te montre ke yo te mache anwon ki te mezire 20 mèt an dyamèt.
Poukisa nou gen sitèlman pwoblèm pou nou mache sou yon liy dwat? Kèk chèchè bay ipotèz ke ti devyasyon ki aparaman ensiyifyan sou yon teren yo fè diferans la. Gen lòt ki te pwente sou lefètke nou tout gen yon janm ki lejèman pi solid pase lòt la. Sepandan, “pi Pwobableman,” nou gen difikilte pou nou mache dwat “[akoz] ensètitid k ap ogmante paske nou pa konn ki kote wout dwat devan an ye.”5
Kèlkeswa rezon an, se nan nati lòm sa ye: san pwenderepè fyab, nou devye kite trajektwa nou.
Egare lwen Wout la
Èske sa pa enteresan ke ti faktè ki aparaman ensiyifyan yo ka fè yon trè gwo diferans nan lavi nou.
M konnen sa apati eksperyans pèsonèl kòm yon pilòt. Chak fwa m te kòmanse apwoche m de yon ayewopò, mwen te konnen ke pifò nan travay m te rete pou m fè se ta pral fè ti chanjman trajektwa minim ki regilye pou dirije avyon an ansekirite sou pis aterisaj dezire a.
Petèt ou konn fè menm esperyans sa a lè w ap kondui yon machin. Van, move wout, kawotchou ki pa aliyen, mank atansyon—san mansyone aksyon lòt chofè—tout sa ka voye w jete lwen wout destinasyon w lan. Si w pa fè atansyon a faktè sa yo, ou gendwa fini pa pase yon move jounen.6
Sa a aplike pou nou fizikman.
Sa aplike pou nou espirityèlman.
Pifò nan chanjman nan lavi espirityèl nou yo—keseswa pozitif ak negatif—rive gradyèlman, yon etap alafwa. Tankou patisipan yo nan etid Max Planck la, nou gendwa pa reyalize kilè nou devye kite trajektwa nou. Nou gendwa menm gen gwo konviksyon ke n ap mache sou yon liy dwat. Men reyalite a sèke san èd pwendrepè pou gide nou, nou inevitableman devye kite trajektwa a epi n al tonbe nan kote nou pa janm panse nou t ap twouve nou.
Sa vrè pou chak moun. Sa vrè pou sosyete yo ak nasyon yo tou. Ekriti yo ranpli avèk egzanp.
Liv Jij la rapòte ke, apre Jozye te mouri, “yon lòt jenerasyon te leve … ki pa t konnen Senyè a, ni menm travay ke li te fè pou Izrayèl.”7
Malgre entèvansyon selès ekstraòdinè, vizit, delivrans, ak viktwa mirakile timoun Izrayèl yo te temwen pandan epòk lavi Moyiz ak Jozye a, nan lespas yon jenerasyon, moun yo te abandone Wout la epi yo te kòmanse mache selon pwòp dezi pa yo. Epi, evidaman, sa pa t pran anpil tan avan pou yo te peye pri pou konpòtman sa a.
Pafwa devyasyon sa a pran plizyè jenerasyon. Pafwa sa rive pandan kèk ane oubyen menm mwa.8 Men nou tout ka viktim. Kèlkeswa jan eksperyans espirityèl nou te solid nan lepase, antanke èt imen, nou gen tandans pou nou egare. Sa se yon chema ki egziste depi epòk Adan an rive jis jodia.
Men Bòn Nouvèl la
Men, tout bagay pa pèdi. Kontrèman a patisipan yo ki t ap vire won nan tès la, nou gen pwendrepè vizib ki fyab ke nou ka itilize pou evalye trajektwa nou.
E kisa pwendrepè sa yo ye?
Sètènman yo enkli priyè kontidyen ak medite sou ekriti yo epi itilize zouti enspire tankou Vini, Suiv Mwenan. Chak jou, nou ka apwoche twòn Bondye a nan imilite ak onètete. Nou ka medite sou aksyon nou yo epi repase moman yo nan jounen nou yo—pandan n ap konsidere volonte ak dezi nou parapò avèk pa Li. Si nou te devye, nou sipliye Bondye pou l restore nou, epi nou pran angajman pou nou fè pi byen.
Moman egzaminasyon sa a se yon opòtinite pou nou reyajiste nou. Se yon jaden refleksyon kote nou ka mache avèk Senyè a epi jwenn enstriksyon, edifye, epi pirifye pa pawòl ekri ak pale Pè Selès nou an ke Lespri a revele nou. Se yon moman sakre kote nou sonje alyans solanèl nou pou nou suiv Kris eman an, kote nou evalye pwogrè nou epi aliyen tèt nou avèk pwendrepè espirityèl Bondye bay pou pitit Li yo.
Konsidere sa kòm , restorasyon kotidyenpèsonèl nou. Nan vwayaj nou kòm pèleren sou wout laglwa a, nou konnen kijan li fasil pou nou ekate de wout la. Men, menmjan ti devyasyon minè yo ka rale nou soti sou Wout Sovè a, se konsa tou ti aksyon reyaliyman senp yo ka asireman mennen nou retounen. Lè tenèb glise antre nan lavi nou, jan sa souvan rive, restorasyon kotidyen nou an louvri kè nou pou limyè syèl la, ki klere nanm nou, ki pouse do lonbraj, krent, ak dout yo.
Ti gouvènay, Gwo Bato
Si nou chèche li, asireman “Bondye ap ba [nou] konesans atravè Sentespri li a, wi, atravè don indeskriptib Sentespri a.”9 Osi souvan nou mande L, L ap anseye nou Wout la epi ede L ap ede nou suiv li.
Sa, evidaman, mande pou nou fè efò konstan. Nou pa ka kontante nou de eksperyans espirityèl lepase nou yo. Nou bezwen yon flo eksperyans kontinyèl.
Nou pa ka konte sou temwayaj lòt moun endefiniman. Nou dwe bati pwòp pa nou.
Nou bezwen yon kantite limyè selès sanrete, chak jou.
Nou bezwen “moman rafrechisman.”10 Moman restorasyon pèsonèl.
“Dlo ka p koule” pa ka rete “sal lontan.”11 Pou kenbe panse nou ak aksyon nou yo pwòp, nou dwe kontinye woule!
Apretou, Retablisman levanjil la ak Legliz la se pa yon bagay ki te rive yon sèl fwa epi ki fini. Li se yon pwosesis kontinyèl—yon jou alafwa, yon kè alafwa.
Sa nou fè chak jou ap detèmine jan lavi nou pase. Yon ekriven te eksplike l nan fason sa a: “Yon jou se tankou tout yon lavi. Ou derape nan fè yon bagay, men ou fini pa fè yon lòt bagay, ou planifye pou w fè yon kous, men ou pa janm rive a destinasyon. … Epi nan fen lavi nou, ou reyalize ke tout egzistans ou sete menm menm kalite a tou. Lavi w annantye gen menm chema avèk lavi w pou chak grenn jounen.”12
Èske w vle chanje chema lavi ou?
Chanje chema jounen w lan.
Èske w vle chanje jounen ou?
Chanje l moman sa a menm.
Chanje sa w panse, sa w santi, ak sa w ap fè nan moman sa a menm.
Yon ti gouvènay ka dirije yon gwo bato.13
Ti brik yo ka vin tounen chato mayifik.
Ti semans yo ka vin tounen pyebwa jeyan.
Minit ak lè ki byen itilize yo se blòk fondasyon yon lavi byen ranpli. Yo ka enspire bonte, yo ka libere nou anba kaptivite enpèfeksyon, epi mennen nou tounen sou chemen redanmtè padon ak sanktifikasyon an.
Bondye Nouvo Depa yo
Avèk nou, mwen leve kè m pou m eksprime rekonesans mwen pou don mayifik nou genyen pou nouvo opòtinite, nouvo lavi, nouvo espwa a.
Nou leve vwa nou nan louwanj pou Bondye plen jenewozite ak padonan nou an. Paske asireman, Li se yon Bondye nouvo depa. Bi siblim tout travay Li se pou ede noumenm, pitit Li yo, gen siksè nan rechèch nou pou imòtalite ak lavi etènèl la.14
Nou ka vin tounen nouvo kreyati nan Kris la, paske Bondye pwomèt, “Osi lontan pèp mwen an repanti m ap padone yo pou ofans yo kont mwen”15 epi mwen “pa p sonje yo ankò.”16
Frè ak sè byenneme m yo, chè zanmi mwen, nou tout devye tanzantan.
Men nou ka retounen sou wout la. Nou ka navige sou wout nou atravè tenèb ak eprèv lavi sa yo epi rejwenn wout pou nou tounen kote Pè Selès eman nou an si nou chèche epi nou aksepte pwendrepè espirityèl Li prepare yo, anbrase revelasyon pèsonèl, epi fè efò pou restorasyon chak jou. Sa se fason nou vin vrè disip Sovè byenneme nou an, Jezikri.
Lè nou fè sa, Bondye ap ba nou yon souri. “Senyè a va … beni nou nan peyi ke Senyè a Bondye w la te ba nou an. Senyè a va etabli nou kòm yon pèp sakre devan limenm.”17
Priyè mwen se pou nou chèche restorasyon kontidyen sa a epi kontinye fè efò pou nou mache nan Chemen Jezikri a. Nan non Jezikri, amèn.