Ansyen Testaman 2022
14–20 Mas. Jenèz 42–50: “Bondye te Vle Sa pou Byen”


“14–20 Mas. Jenèz 42–50: “Bondye te Vle Sa pou Byen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Mas. Jenèz 42–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022

Jozèf an Ejip

ilistrasyon Jozèf an Ejip, tablo Robert T. Barrett

14–20 Mas.

Jenèz 42–50

“Bondye Te Vle Sa pou Byen”

Lè w li ekriti yo, sa envite Lespri a. Koute enspirasyon L pandan w ap li, menmsi yo pa sanble yo gen relasyon dirèk a sa w ap li a.

Ekri Enpresyon w yo

Sa te gen anviwon 22 zan depi frè Jozèf yo te vann ni an Ejip la. Li te soufri anpil tribilasyon, yo menm te akize l ak anprizone l fosman. Lè l te vin finalman wè frè l yo ankò, Jozèf te gouvènè tout Ejip, li te an dezyèm pozisyon apre Farawon. Li te ka fasilman pran revanj sou yo, epi konsideran sa yo te fè Jozèf, sa ta ka parèt jistifyab. Men, Jozèf te padone frè l yo. Non sèlman sa, li te ede yo wè objektif diven nan soufrans li yo. Li te di yo: “Bondye te vle sa pou byen” (Jenèz 50:20), paske sa te mete l nan pozisyon pou l te sove “tout fanmi papa l yo” (Jenèz 47:12) anba grangou.

Nan anpil fason, lavi Jozèf te yon paralèl avèk lavi Jezikri. Malgre peche nou lakoz li anpil soufrans, Sovè a ofri padon, li delivre nou tout anba yon fatalite ki plis pase grangou. Keseswa nou bezwen resevwa padon oubyen bay padon—nan yon pwen kèlkonk, nou tout bezwen fè toude—egzanp Jozèf pwente nou sou Sovè a, vrè sous gerizon ak rekonsilyasyon an.

senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 45:1–8; 50:20

“Bondye te voye m avan nou pou prezève nou.”

Pandan w t ap li konsènan Jozèf la, èske w te remake kèk similarite ant istwa l la ak misyon ekspyatwa Jezikri a? Ou ta ka medite sou fason wòl Jozèf nan fanmi li sanble avèk wòl Sovè a nan fanmi Bondye a. Ki paralèl ou wè ant eksperyans Jozèf yo ak misyon Sovè a Papa a te voye “pou sove [nou] pa yon gwo delivrans” lan? (Jenèz 45:7).

Jenèz 45; 50:15–21

Padon pote gerizon.

Lè w li konsènan Jozèf ki te padone frè l yo pou bagay tèrib yo te fè l yo, sa ka pouse w panse a yon moun ke w gen difikilte pou w padone. Oubyen petèt, yon tès padon difisil ki pral vini. De tout fason, sa ta ka ede si w ta medite sou rezon k fè Jozèf te ka padone. Ki siy nan karaktè ak atitid Jozèf ou jwenn nan Jenèz 45; 50:15–21? Kòman eksperyans li yo te enfliyanse l pou l vin pi padonan? Kisa egzanp Jozèf la sigjere sou fason w ka vin pi padonan avèk èd Sovè a?

Remake benediksyon ki te vin pou fanmi Jozèf poutèt li te padone a tou. Ki benediksyon ou wè nan padone? Èske w santi w enspire pou w lonje lamen bay yon moun ki te fè w mal?

Gade tou nan Jenèz 33:1–4; Doktrin ak Alyans 64:9–11; Larry J. Echo Hawk, “Menm jan Kris la Padone Ou w la, Se Konsa Ou Dwe Fè Tou,” Lyawona, Me 2018, 15–16.

Jenèz 49

Kisa senbòl yo nan benediksyon Jakòb la vle di?

Benediksyon Jakòb te bay posperite l yo gen imaj vivan, men, kèk moun k ap li ka wè yo parèt difisil pou konprann. Erezman, levanjil retabli a ba nou konpreyansyon adisyonèl. Lè w ap li benediksyon Jozèf la nan Jenèz 49:22–26 la, li vèsè sa yo tou, epi gade ki limyè yo pote: 1 Nefi 15:12; 2 Nefi 3:4–5; Jakòb 2:25; Doktrin ak Alyans 50:44.

Pandan w ap li benediksyon Jida a nan Jenèz 49:8–12, sonje ke ni Wa David ni Jezikri se desandan Jida. Ki pawòl ak fraz nan vèsè sa yo ki raple w Sovè a? Lè w ap etidye benediksyon Jida a, li ta bon pou w ta li Revelasyon 5:5–6, 9; 1 Nefi 15:14–15; Doktrin ak Alyans 45:59; 133:46–50 tou.

Si w ta renmen aprann plis sou pitit gason Jakòb yo ak tribi Izrayèl yo ki se desandan yo a, gen yon tit pou yo chak nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Jenèz 50:24–25; Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 (nan apendiks Bib la)

“Senyè Bondye m nan pral voye yon vwayan.”

Atravè rèv Jozèf yo (gade nan Jenèz 37:5–11) ak entèpretasyon lòt rèv li yo (gade nan jenèz 40–41), Senyè a te revele bagay ki ta pral rive nan jou oubyen ane nan lefiti yo. Men Senyè a te revele Jozèf kisa ki ta pral pase nan syèk ki pou vini yo tou. Espesyalman, li te aprann konsènan misyon pwofetik Moyiz ak Joseph Smith. Pandan w ap li pawòl Joseph yo nan Jenèz 50:24–25 ak nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 (nan apendiks Bib la), mande tèt ou kijan lefèt ke l te konn bagay sa yo, sa te beni Jozèf ak pitit Izrayèl yo. Poukisa w panse li te enpòtan pou Senyè a te retabli pwofesi sa a palentèmedyè Joseph Smith? (gade tou nan 2 Nefi 3).

Nan ki fason Joseph Smith te akonpli pwofesi yo ki nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50: 27–28, 30–33 yo? (gade nan Doktrin ak Alyans 1:17–23; 20:7–12; 39:11; 135:3).

Jozèf an Ejip ki te wè vizyon Joseph Smith ki t ap resevwa plak lò yo.

Ilistrasyon Jozèf an Ejip, tablo Paul Mann

senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 42–46.Fanmi w ta ka kontan jwe wòl sou istwa Jozèf k ap reyini avèk frè l yo. (“Jozèf ak Famin nan,” nan Istwa Ansyen Testaman yo ta ka ede.) Amize w avèk li—itilize kostim ak degizman si w vle. Ankouraje manm fanmi w yo pou yo eseye konprann emosyon ak pèspektif pèsonaj yo. Ou ta ka konsantre espesyalman sou santiman Jozèf pou frè l yo ak sou fason yo te siman santi yo lè l te padone yo. Sa ta ka mennen nan yon diskisyon sou fason padon ka beni fanmi ou.

Lè Jozèf te rankontre frè l yo ankò apre anpil ane, kòman yo te demontre ke yo te chanje depi dènye fwa l te wè yo a? Kisa nou ka aprann konsènan repantans nan eksperyans yo a?

Jenèz 45:3–11; 50:19–21.Jozèf te rekonèt, malgre eksperyans li yo an Ejip te difisil, “Bondye te vle sa pou byen” li (Jenèz 50:20). Èske fanmi w te fè eksperyans kèk tribilasyon ke Bondye te vire vin tounen benediksyon?

Yon kantik sou bonte Bondye pandan eprèv (tankou “Quels fondements fermes” [Cantiques, no. 42]) ta ka ede nan diskisyon an. Ki detay nan eksperyans Jozèf yo ki egzanplifye sa kantik la anseye yo?

Jenèz 49:9–11, 24–25.Kisa nou jwenn nan vèsè sa yo ki anseye nou wòl ak misyon Jezikri? (Pou èd pou konprann fraz ki nan vèsè sa yo, gade nan enfòmasyon sou Jenèz 49 la nan “Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl.”)

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Quels fondements fermes,,” Cantiques, no. 42.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik. Ede manm fanmi w yo chèche verite levanjil ki nan pawòl kantik yo and chan Primè yo. Chèche fason pou w fè mizik sakre vin yon pati regilye nan etid levanjil ou.

Jakòb k ap beni pitit gason l yo

Jakòb k ap beni pitit gason l yo, tablo Harry Anderson