Ansyen Testaman 2022
28 Fevriye–6 Mas Jenèz 28–33: “Asireman Senyè a Isit la”


“28 Fevriye–6 Mas. Jenèz 28–33: ‘Asireman Senyè a Isit la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“28 Fevriye–6 Mas. Jenèz 28–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Tanp Tijuana nan Meksik

28 Fevriye–6 Mas

Jenèz 28–33

“Asireman Senyè a Isit La”

Pandan w ap li Jenèz 28–33a, medite sou sa w aprann nan egzanp Jakòb ak fanmi li. Ekri tout enpresyon w resevwa.

Ekri Enpresyon w yo

Chapit 28 ak 32 nan Jenèz la rakonte de eksperyans spirityèl pwofèt Jakòb te fè. Toulède te rive nan dezè a men, nan sikonstans ki te trè diferan. Nan premye ekpseryans lan, Jakòb t ap vwayaje al nan peyi manman l pou l te jwenn yon madanm epi, sou wout la, li te pase yon nuit sou yon wòch kòm zòrye. Li petèt pa t atann ke l t ap jwenn Senyè a nan yon andwa dezole konsa, men Bondye te revele Tèt li bay Jakòb nan yon rèv ki chanje lavi li, epi Jakob te deklare, “Asireman Senyè a Isit la; epi m pa t konn sa” (Jenèz 28:16). Plizyè ane apresa, Jakòb te twouve l nan dezè a ankò. Fwa sa a, li te sou wout pou l te retounen Kanaan, pou l te fè fas a yon reyinyon ki te ka petèt mòtèl avèk frè l la, Ezayi, ki te fache kont li. Men, Jakb te konnen ke lè l te bezwen yon benediksyon, li te ka chèche Senyè a, menm nan dezè a (gade Jenèz 32).

Ou gen dwa twouve w nan pwòp dezè pa w ap chèche yon Benediksyon nan men Bondye. Petèt dezè w la se yon relasyon familyal difisil, tankou sa Jakob te genyen an. Petèt ou santi distans ant oumenm ak Bondye oubyen ou santi ke w bezwen yon benediksyon. Pafwa benediksyon an vini sanzatann;gen lòt fwa, li vini apre yon lit. Kèlkeswa sa w bezwen an, ou kapab dekouvri ke menm nan dezè w la, “Senyè a la.”

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 28; 29:1–18

Yo pwomèt mwen benediksyon Abraram yo nan tanp lan.

Sou wout li pou l t ale Haran pou l te jwenn yon madanm nan, Jakòb te reve yon nechèl ki te soti sou tè a monte rive nan syèl la, avèk Bondye kanpe anlè li. Nan rèv la, Bondye te renouvle avèk Jakòb menm alyans Li te fè avèk Abraram ak Izaak yo (gade Jernèz 28:10–17; gade tou Jenèz 12:2–3; 26:1–4). Prezidan Marion G. Romney te pataje refleksyon sa a konsènan kisa nechèl la ta ka reprezante: “Jakòb te reyalize ke alyans yo l te fè avèk Senyè a nan moman sa sete mach nechèl yo ke limenm li t ap gen pou l grenpe pou l te ka jwenn benediksyon yo te pwomèt li yo—benediksyon ki t ap ba l dwa pou l antre nan syèl la epi asosye l avèk Senyè a. … Tanp yo se pou nou sa Betèl te ye pou Jakob la” (Tanp yo—Pòtantre Syèl la,” Ensign, Mas 1971, 16).

Ki lòt pawòl ak fraz nan Jenèz 28:10–22 a ki sigjere w yon koneksyon ant eksperyans Jakòb la ak benediksyon tanp yo? Pandan w ap li vèsè sa yo,panse a alyans ou te fè yo; ki enpresyon ki vin jwenn ou?

Pandan w ap li Jenèz 29:1–18, medite sou fason maryaj Jakòb avèk Rachel la te enpòtan pou alyans Bondye te renouvle avèk Jakòb nan Betèl la (“kay Senyè a”; gade Jenèz 28:10–19). Kenbe eksperyans sa a nan lespri w pandan w ap kontinye li sou lavi Jakòb nan Jenèz 29–33 a. Kijan kay Senyè a tmennen w pi pre Bondye?

Gade tou Yoon Hwan Choi, “Pa Gade Akote, Gade AnlèLyawona, Me 2017, 90–92.

Jenèz 29:31–35; 30:1–24

Senyè a sonje m nan eprèv mwen yo.

Malgre Rachel ak Leya te viv nan epòk ak kilti diferan de pa nou yo, nou tout ka konprann kèk nan santiman yo te epwouve yo. Pandan w ap li Jenèz 29:31–35 ak 30:1–24, chèche jwenn pawòl ak fraz ki dekri mizèrikòd Bondye pou Rachèl ak Leya. Medite sou fason Bondye te “voye je sou afliksyon [ou]” epi “sonje” ou (Jenèz 29:32; 30:22).

Li enpòtan tou pou w sonje ke malgre Bondye tande nou, nan sajès Li, Li pa toujou ba nou egzakteman sa nou mande a. Konside etidye mesaj Èldè Brook P. Hale la “Repons pou Priyè” a nan (Lyawona, Me 2019, 11–14) pou w aprann konsènan diferan fason Pè Selès la reponn nou.

Pou plis enfòmasyon konsènan kontèks kiltirèl istwa sa a, gade Manyèl Etidyan Ansyen Testaman: Jenèz–2 Samyèl (2003) 86–88.

Imaj
Jakòb ak Ezayi ka p bay akolad

Ilistrasyon Jakòb ak Ezayi k ap bay akolad, tablo: Robert T. Barrett

Jenèz 32–33

Sovè a ka ede nou simonte diskòd nan fanmi nou yo.

Lè Jakob te retounen Kanaan, li te “pè anpil epi l te boulvèse” apwopo fason Ezati ta pral resevwa li (Jenèz 32:7). Pandan w ap li nan Jenèz 32–33 a sou rankont Jakòb ak Ezayi a ak santiman l osijè rankont sa a, ou gen dwa medite sou pwòp relasyon familyal pa w—petèt youn ki bezwen gerizon. Petèt istwa sa a ta ka enspire w pou w apwoche yon moun. Kesyon tankou sila yo ta ka ede gide w nan lekti w la:

  • Kijan Jakòb te prepare l pou l te rankontre Ezayi?

  • Kisa ki frapan pou ou nan priyè Jakòb la nou jwenn nan Jenèz 32:9–12 la.

  • Kisa w aprann konsènan padon nan egzanp Ezayi a?

  • Kijan Sovè a ka ede nou geri relasyon familyal nou?

Gade tou Lik 15:11–32; Jeffrey R. Holland, “Ministè Rekonsilyasyon an,” Lyawona, Nov. 2018, 77–79.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 28–33.Itilize “Jakob ak Fanmi li” (nan Istwa Ansyen Testaman yo) pou ede timoun yo konprann evènman yo nan chapit sa yo. Petèt manm fanmi yo ta ka fè yon poz sou chak imaj epi idantifye kisa k ap anseye a, tankou enpòtans yon maryaj, alyans yo, travay, ak padon.

Jenèz 28:10–22.Ou ta ka itilize yon nechèl (oswa foto yon nechèl) pou w pale de fason alyans nou yo se tankou yon nechèl. Ki alyans nou fè, epi kijan yo mennen nou pi pre Bondye? Manm fanmi yo ta ka byen kontan desine rèv Jakòb la, yo dekri nan Jenèz 28:10–22 la.

Kantik “Mon Dieu, plus près de toi,” a (Cantiques, no 54) te enspire pa rèv Jakòb la. Fanmi w ta ka chante chan sa a epi diskite kisa chak vèsè yo anseye.

Jenèz 32:24–32.Ou ta ka envite kèk manm fanmi w ki renmen fè lit Poukisa “lit” se yon bon fason pou n dekri rechèch benediksyon nan men Senyè a? Kisa Enòs 1:1–5; Alma 8:9–10 sigjere sou siyifikasyon “goumen … avèk Bondye”?

Jenèz 33:1–12.Apre yo te enmi pou anpil ane , Jakòb ak Ezayi te reyini. Si Jakòb ak Ezayi te ka pale avèk nou jodia, kisa yo te ka di pou ede nou lè gen kontansyon nan fanmi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Chers Enfants, sur vous Dieu veille,” Cantiques, no. 96.

Amelyore etid pèsonèl

Chèche Jezikri. Ansyen Testaman an temwaye sou Jezikri atravè istwa ak senbòl li yo. Panse pou w pran nòt oswa make vèsè ki pwente sou Sovè a epi ki spesyalman enpòtan pou ou.

Imaj
Jakòb ka p fè rèv sou zanj sou mach yo

Rèv Jakòb la nan Betèl, tablo: J. Ken Spencer