Ansyen Testaman 2022
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Kay Izrayèl la


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Kay Izrayèl la,” Come, Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Kay Izrayèl la,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Kay Izrayèl la

Yon kote nan dezè lès Kanaan an, ak kè sote, Jakòb te rete ap tann pou l te rankontre avèk frè marasa l la, Esaü. Dènye fwa Jakòb te wè Esaü, sa te gen 20 tan, Esaü te fè l menas pou l te touye l. Jakòb te pase tout nuit la ap lite nan dezè a, pou l chèche yon benediksyon nan men Bondye. Kòm rezilta lafwa, pèsistans ak detèminasyon Jakòb, Bondye te reponn priyè li. Jou swa sa a, non Jakòb te chanje vin tounen Izrayèl, yon non ki siyifi “li pèsevere avèk Bondye” (Jenèz 32:28, nòt anba paj b; gade tou nan Jenèz 32:24–32).1

Imaj
rivyè Jabòk

Tou pre Rivyè Jabòk la, Jakòb te resevwa non Izrayèl la.

Se premye fwa non Izrayèl la parèt nan Bib la, epi se yon non ki pèsevere atravè liv la ak atravè tout listwa. Non sa a te vin ben vit fè referans a plis pase yon sèl òm. Izrayèl te gen 12 pitit gason, epi kolektifman, desandan yo te vin pote non “kay Izrayèl,” “tribi Izrayèl,” “pitit Izrayèl,” oubyen “Izrayelit yo.”

Atravè tout listwa, pitit Izrayèl yo te atache gwo siyifikasyon a desandans yo ki soti nan yonn nan douz tribi Izrayèl yo. Lineyaj yo te yon pati enpòtan nan idantite alyans yo. Apot Pòl te pwoklame ke l te fè pati “tribi Benjamen an” (Women 11:1). Lè Leyi te voye pitit gason l yo Jerizalèm pou yo t al chèche plak eren yo, yonn nan rezon yo sete paske plak yo te gen “yon jenealoji zansèt li yo” (1 Nefi 5:14; gade tou nan 1 Nefi 3:3). Leyi te dekouvri ke l sete yon desandan Jozèf , epi paske posterite li te konnen koneksyon yo avèk kay Izrayèl la, sa te vin enpòtan pou yo nan ane k te vini apre yo (gade nan Alma 26:36; 3 Nefi 20:25).

Nan Legliz la jodia, ou ka tande pale de izrayèl nan ekspresyon tankou “rasanbleman Izrayèl.” Nou chante sou “Redanmtè Izrayèl,” “Espwa Izrayèl,” ak “Anciens d’Israel.”2 Nan ka sa yo, nou pap pale oubyen chante sèlman sou ansyen wayòm Izrayèl la oubyen nasyon modèn ki rele Izrayèl la. Okontrè, nou fè referans a sa ki ap rasanble soti nan pami tout nasyon nan mond lan pou vin nan Legliz Jezikri a. Nou fè referans a moun ki pèsevere avèk Bondye, k ap chèche benediksyon l yo avèk senserite, epi ki, atravè batèm vin tounen pèp alyans Li a.

Benediksyon patriakal ou deklare koneksyon ou nan yonn nan tribi kay Izrayèl yo. Sa plis pase yon moso enfòmasyon sou istwa familyal. Fè pati kay Izrayèl la vledi ke w gen yon relasyon alyans avèk Pè Selès la ak Jezikri. Sa vledi ke oumenm, menmjan ak Abraram, dwe yon ”benediksyon” pou pitit Bondye yo (Jenèz 12:2; Abraram 2:9–11). Sa vledi, daprè pawòl Pyè yo, ke “nou se yon jenerasyon chwazi, yon prètriz wayal, yon nasyon sen, yon pèp diferan; ke nou ta dwe montre lwanj poun moun ki aple nou sòti nan tenèb pou vinn nan bèl limyè a” (1 Pyè 2:9). Sa vle di ke ou se yon moun k ap “pèsevere avèk Bondye” pandan w ap onore alyans ou fè avèk Li.

Nòt

  1. Gen lòt siyifikasyon posib pou non Izrayèl la, enkli: “Bondye ap dirije” obyen “Bondye ap batay oubyen pèsevere.”

  2. Cantiques, nos. 6, 259, ak 319.

Imaj
Ab Jeneyalojik Jakòb

Ilistrasyon ab jeneyalojik Jakòb, tablo: Keith L. Beavers