Ansyen Testaman 2022
21–27 Mas. Egzòd 1–6: “M sonje Alyans Mwen”


“21–27 Mas. Exodus 1–6: ‘M sonje Alyans Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2022 (2021)

“21–27 Mas. Egzòd 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Moyiz ak ‘buisson ardent’ an

Moyiz ak buisson ardent an , tablo: Harry Anderson

21–27 Mas.

Egzòd 1–6

“M sonje Alyans Mwen”

Kòmanse etid ou avèk lapriyè epi mande èd pou w ka jwenn masaj nan Egzòd 1–6 la ki gen rapò avèk lavi w ak sèvis ou nan wayòm Bondye a.

Ekri Enpresyon w yo

Envitasyon pou l t al viv an Ejip la te literalman sove Jakòk ak fanmi li. Men, apre plizyè santèn ane, desandan l yo te tonbe nan esklavaj epi yo te teworize pa yon nouvo Farawon “ki pa t konnen Joseph” (Egzòd 1:8). Se t ap tou natirèl pou Izrayelit yo ta mande tèt yo poukisa Bondye te kite bagay sa a rive yomenm, pèp alyans Li a. Èske L te sonje alyans Li te fè avèk yo a? Èske yo te toujou pèp Li a? Èske L te wè konman yo t ap soufri?

Pafwa ou gen dwa santi w ta poze tèt ou menm kesyon sa yo. Ou ta ka mande tèt ou, èske Bondye konnen anba kisa m ap pase? Èske L ka koute siplikasyon m pou èd yo? Istwa nan Egzòd la sou delivrans Izrayèl an Ejip la reponn kesyon sa yo byen klè: Bondye pa bliye pèp Li a. Li sonje alyans Li fè avèk nou epi L ap akonpli yo nan tan pa L ak nan fason pa L (gade nan Doktrin ak Alyans 88:68). Li te deklare: “M ap rachte ou avèk bra m ouvri.” “M se Senyè Bondye w la, ki mennen w soti anba fado [w] yo” (Egzòd 6:6–7).

Pou yon koudèy jeneral sou liv Egzòd la, gade nan “Egzòd, liv ” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Egzòd 1–2

Jezikri se Liberatè mwen.

Yonn nan tèm santral nan Liv Egzòd la sèke Bondye gen pouvwa pou libere pèp Li a anba opresyon. Nou ta ka konsidere esklavaj Izrayelit yo jan sa dekri nan Egzòd 1 an kòm yon senbòl kaptivite ke nou tout ka rankontre poutèt peche ak lanmò (gade nan 2 Nefi 2:26–27; 9:10; Alma 36:28). Epi Moyiz, liberatè Izrayelit yo, kòm yon tip oubyen yon reprezantasyon Jezikri (gade nan Detewonòm 18:18–19; 1 Nefi 22:20–21). Li Egzòd 1–2 avèk konparezon sa yo nan lespri ou. Ou ta ka remake, paregzanp, ke Moyiz ak Jezi te prezève anba lanmò lè yo te timoun piti (gade nan Egzòd 1:222:10; Matye 2:13–16) epi yo chak te pase tan nan dezè a anvan yo te kòmanse ministè yo (gade nan Egzòd 2:15–22; Matye 4:1–2). Ki lòt bagay ou aprann nan Egzòd konsènan kaptivite spirityèl? konsènan delivrans Sovè a?

Gade nan D. Todd Christofferson, “Redanmsyon,” Lyawona, Me 2013, 109–12.

Imaj
Ti Bebe Moyiz nan yon Panye

Moyiz nan Rivyè a, © Providence Collection/licensed from goodsalt.com

Egzòd 3–4

Bondye bay moun Li aple pou fè travay Li yo pouvwa.

Jodia, nou rekonèt Moyiz kòm yon gran pwofèt ak dirijan. Men, Moyiz pa t wè tèt li konsa lè Senyè a te aple l premye fwa a. “Moyiz te mande,” kiyès mwen ye, “pou m al devan Farawon?” (Egzòd 3:11). Sepandan, Senyè a te konnen kiyès Moyiz te reyèlman ye—ak kiyès li ta ka vin ye. Pandan w ap li Egzòd 3–4, note kijan Senyè a te rasire Moyiz epi L te soulaje enkyetid li. Kisa w jwenn nan chapit sa yo ki ta ka enspire w lè w santi w pa alawotè? Kòman Senyè a beni sèvitè L yo avèk ogmantasyon pouvwa pou yo fè volonte L? gade nan Moyiz 1:1–10, 24–39; 6:31–39, 47). Kilè w konn wè Bondye fè travay Li atravè ou menm oubyen lòt moun?

Pou plis konsènan lavi ak ministè Moyiz, gade nan “Moyiz” nan Diksyonè Bib la oubyen Gid pou Ekriti yo.

Egzòd 5–6

Objektif Senyè a ap akonpli nan tan pa Li.

Malgre Moyiz te ale devan Farawon avèk kouraj, jan Bondye te kòmande a, epi l te di l pou l lage Izrayelit yo, Farawon te refize. Anfèt, li te fè lavi Izrayelit yo vin pi rèd. Moyiz ak Izrayelit yo te ka mande tèt yo poukisa sa pa t mache malgre ke Moyiz t ap fè sa Bondye te mande l fè a (gade nan Egzòd 5:22–23).

Èske w janm konn santi w t ap fè volonte Bondye men ou pa t wè siksè w te espere a? Revize Egzòd 6:1–8, pou ou chèche sa Senyè a te di pou ede Moyiz pèsevere. Kòman Senyè a konn ede w pèsiste nan fè volonte L?

Egzòd 6:3

Kiyès ki Jewova?

Jewova se yonn nan non Jezikri ki refere a Sovè premòtèl la. Tradiksyon Joseph Smith la klarifye ke pwofèt Abraram, Isaak, ak Jakòb te konnen Senyè a pa non Li (gade nan Egzòd 6:3, nòt anba paj c). Jenaralman, lè fraz “Senyè a” parèt nan Ansyen Testaman an, li refere a Jewova. Nan Egzòd 3:13–15, tit “Mewn Menm” nan refere a Jewova tou (gade tou nan Doktrin ak Alyans 38:1; 39:1).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 1–2.Plizyè fi te jwe wòl enpòtan nan plan Bondye a pou leve yon liberatè pou Izrayèl. Kòm yon fanmi, ou ta ka li konsènan fanm saj yo, Safira ak Pira (Egzòd 1:15–20); Manman Moyiz, Jozabèt ak sè li a, Miryam (Egzòd 2:2–9; Nonb 26:59); pitit fi Farawon an (Egzòd 2:5–6, 10); ak madanm Moyiz, Sephorah (Egzòd 2:16–21). Kòman fi sa yo te fè plan Bondye a avanse? Kòman eksperyans yo raple nou misyon Jezikri a? Ou ta ka rasanble foto fi ki nan fanmi ou ak zansèt ou pou w pataje istwa konsènan yo. Kòman fi ki jis sa yo te beni nou? Mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Yon Siplikasyon devan Sè Yo” (Lyawona, Nov. 2015, 95–98) ta ka ajoute sou diskisyon w lan.

Egzòd 3:1–6.Lè Moyiz te apwoche kote buisson ardent an, Senyè a te di l pou l retire soulye l kòm yon siy reverans. Kòman nou ka montre reverans pou kote ki sakre? Paregzanp, kisa nou ka fè pou nou fè fwaye nou vin tounen yon kote sakre, kote Lespri Senyè a ka rete? Kòman nou ka montre plis reverans nan lòt kote ki sakre?

Egzòd 4:1–9.Senyè a te bay Moyiz pouvwa pou l te akonpli twa mirak kòm siy pou montre pitit Izrayèl yo ke Li te voye Moyiz. Kisa siy sa yo anseye nou sou Jezikri?

Egzòd 5:2.Kisa sa ta ka vle di pou nou “konnen” Senyè a? Kòman pou nou fè vin konnen L? (paregzanp, gade nan Alma 22:15–18). Kòman relasyon nou avèk Li ka afekte volonte nou pou obeyi L? (gade tou nan Jan 17:3; Mozya 5:13).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Le recueillement, c’est l’amour,” Chants pour les enfants,31.

Amelyore Aprantisaj Nou

Kenbe yon jounal pèsonèl. Petèt li ta bon pou w ta itilize yon jounal oubyen yon kaye pou ekri panse, ide, kesyon, oswa enpresyon ou te resevwa pandan w t ap etidye a.

Imaj
Pitit fi Farawon an ki jwenn Moyiz, ti bebe a.

Pitit fi Farawon an ki jwenn Moyiz nan marekaj raje a, tablo: George Soper