Ansyen Testaman 2022
21–27 Mas. Egzòd 1–6: “Mwen Sonje Alyan Mwen”


“21–27 Mas. Egzòd 1–6: ‘Mwen Sonje Alyans Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“21–27 Mas. Egzòd 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Moyiz ak touf bwa ki ap boule a

Moyiz ak Touf Bwa ki ap Boule a, pa Harry Anderson

21–27 Mas.

Egzòd 1–6

“Mwen Sonje Alyans Mwen”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti Egzòd 10–15. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre plizyè objè ki gen rapò avèk istwa ki nan chapit sa yo—pa egzanp, yon gwo panye oubyen yon poupe twal. Envite timoun yo pou yo itilize objè sa yo pou yo pataje pati yo pi renmen nan istwa Moyiz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Egzòd 1–2

Bondye kapab travay atravè mwen pou akonpli objektif Li.

Moyiz te gen yon gwo wòl pou l te jwe nan libere Izrayèl anba esklavaj. Men li pa t ap kapab akonpli sa si manman l, sè l la, pitit fi Farawon an, ak lòt fi fidèl pa t pwoteje l ak pran swen li.

Aktivite posib

  • Itilize paj aktivite semèn sa a ak “Miriam” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an) pou w di timoun yo kijan Jochebèd, (manman Moyiz), Miriam, (sè li), ak pitit fi Farawon an te pran swen Moyiz. Fè yo wè ke akozde medam yo ak lòt fi fidèl, Moyiz te rete an sekirite epi yon jou li tap mennen pitit Izrayèl yo an sekirite. Envite timoun yo pou yo desine foto moun ki pran swen yo.

    Imaj
    Ti bebe Moyiz nan yon panye

    Moses in the Bulrushes [Moyiz nan Jon yo], © Providence Collection/licensed ki soti nan goodsalt.com

  • Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “‘Donne’, dit le ruisseau” (Chants pour les enfants,116). Ede timoun yo panse a kèk bagay senp yo kapab fè pou ede lòt moun lakay yo, nan legliz la, ak nan lekòl yo.

Egzòd 3

Jezi ap ede m fè bon bagay.

Moyiz t ap mande tèt li kijan l t ap fè kapab delivre Izrayelit yo anba men Lejip. Men, Senyè a te pwomèt ke L t ap ede Moyiz. Ede timoun yo gen lafwa ke Sovè a ap ede yo tou.

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de fason Senyè a te bay Moyiz yon djòb enpòtan pou l te fè. Li kèk vèsè ouseleksyone nan Egzòd 3, oubyen li “Moïse le prophète” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Di kijan Moyiz te santi l (gade nan Egzòd 3:6, 11) ak kisa Senyè a te di li (gade vèsè 12 ak 14). Envite timoun yo pou yo repete avèk ou gwoup mo sa a “Asireman M ap avèk ou,” epi pale de yon lè kote Senyè a te avèk ou lè w te gen yon bagay enpòtan pou w te fè pou Li.

  • Ede yo panse a sitiyasyon kote yo ta ka mande yo pou yo fè yon bagay ki sanble l difisil. Eksplike ke menm jan Jezi te ede Moyiz la, Jezi ap ede yo tou. Chante yon kantik sou fason Jezi ede nou, tankou “Je marche avec Jésus” (ChurchofJesusChrist.org). Temwaye ke Sovè a ap ede nou lè nou enkyè oubyen lè nou pè.

  • Koupe kè an papye epi ekri sou yo fason Senyè a ede timoun yo. Mete kè yo tèt anba atè a. Envite timoun yo pou yo chak vin chwazi yon kè, epi ede yo li sa k ekri nan kè sa yo.

Egzòd 3:1-5.

Mwen ka gen reverans nan lye sakre yo.

Itilize istwa Moyiz ak touf bwa ki t ap boule a pou ede timoun yo konprann poukisa nou trete bagay sakre yo avèk reverans.

Aktivite posib

  • Li Egzòd 3:1–5, epi eksplike ke Moyiz te montre reverans kote l te retire soulye nan pye li. Kisa nou fè pou nou montre reverans nan legliz la? Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Le recueillement, c’est l’amour” (Chants pour les enfants,12). Ede timoun yo idantifye mo nan chan an ki anseye nou kijan pou nou montre reverans. Poukisa Senyè a vle pou nou gen reverans?

  • Montre kèk foto sou sitiyasyon kote nou ta dwe gen reverans ak kèk kote nou pa bezwen gen reverans, tankou nan yon reyinyon sentsèn, nan yon priyè, yon pak, ak yon fèt anivèsè. Mande timoun yo pou yo triye foto yo pou yo ka montre ki kote nou bezwen gen reverans.

  • Envite yo pou yo desine yomenm, epi montre desen yo a pandan w ap diskite sou fason yo ka gen reverans avèk divès pati nan kò yo, tankou zye yo, zòrèy yo, bouch yo, men yo, ak pye yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Egzòd 1–2

Bondye travay atravè nou chak pou reyalize objektif Li yo.

Anpil moun te ede bi Bondye yo akonpli paske yo te prezève lavi jèn Moyiz. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann wòl vital nou tout jwe nan akonplisman volonte Bondye?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pataje sa yo konnen sou Moyiz lè l te yon tibebe. Itilize paj aktivite semèn sa a ak Egzòd 1:22; 2:1–10 pou rezime istwa anfans Moyiz. Li referans ekriti ki sou paj aktivite yo, epi mande timoun yo kisa chak nan medam yo te fè pou yo te prezève lavi Moyiz.

  • Pale yo de moun ou admire poutèt fidelite yo nan sèvi Bondye ak moun bò kote yo, menm lè yo sèvi nan ti fason. Envite yo pou yo pale de moun yo konnen ki sèvi Bondye ak lòt moun fidèlman. Ki wòl ou nan travay Bondye a?

Egzòd 3–4

Senyè a ap ede m akonpli volonte Li

Moyiz te santi l pa alawotè apèl sa a, men Senyè a te pwomèt Li t ap avèk Moyiz pou ede li. Kijan enstriksyon sa a ta ka beni timoun w ap ansenye yo?

Aktivite posib

  • Pandan w ap itilize istwa ki nan Egzòd 3; 4:1–17, fè chak timoun pran tan pou l pretann li se Moyiz. Si posib, pote kèk objè pou yo itilize, tankou yon flach ak yon plant pou reprezante touf bwa k t ap boule a.

  • Mande timoun yo pou yo li Egzòd 3:11; 4:1, 10 epi jwenn kijan Moyiz te santi l pou l te mande Aawon pou l te libere Izrayelit yo. Kilè yo te gen kalite santiman sa yo? Ki konsèy timoun yo ta pataje avèk Moyiz pou ede li? Ede yo dekouvri kijan Senyè a te ankouraje Moyiz (gade nan Egzòd 3:12; 4:2–9, 11–12).

  • Pataje yon eksperyans kote w te santi Bondye t ap ede w ranpli yon apèl oubyen sèvi Li nan yon lòt fason. Envite yo pou yo pale de yon lè kote Senyè a te ede yo.

Egzòd 3:1-5.

Mwen ka gen reverans nan lye sakre yo.

Senyè a te mande Moyiz pou l te retire soulye l nan touf bwa ki t ap boule a kòm yon siy respè ak reverans. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo sou reverans?

Aktivite posib

  • Li Egzòk 3:1–5, epi mande timoun yo pou yo rezime vèsè sa yo nan lespri yo. Kisa nou ka fè pou nou montre referans nan lye sakre yo, tankou yon legliz oubyen nan yon tanp. Ede timoun yo kreye “valiz referans” pou pote lakay yo, ki gen kèk moso papye avèk ide sou fason pou yo gen reverans. Ankouraje yo pou yo pataje ide sa yo avèk fanmi yo.

  • Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Le recueillement, c’est l’amour” (Chants pour les efants,31) epi mande yo chak pou yo ekri ak pataje yon definisyon sou reverans baze sou pawòl yo.

  • Itilize foto Jezi ki ap pwòpte tanp lan (Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 51) pou rakonte yo istwa a nan Matye 21:12–13. Ki diferans ki te genyen ant atitid Moyiz nan Egzòd 3:1–5 e atitid moun ki t ap chanje kòb yo? Poukisa Sovè a vle pou nou trete bagay sakre yo avèk reverans?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Pou ede timoun yo pataje sa yo te aprann nan Egzòd 1–6, ankouraje yo pou yo desine foto youn nan moun yo te aprann enfòmasyon sou yo nan klas la pou yo pataje avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun benefisye de repetisyon. Pa pè refè aktivite yo plizyè fwa, espesyalman pou timoun ki pi piti yo. Sa ap ede yo sonje sa w anseye yo a

Enprime