Ansyen Testaman 2022
7–13 Mas. Jenèz 37–41: “Senyè a Te Avèk Joseph”


“7–13 Mas. Jenèz 37–41: “Senyè a Te Avèk Joseph,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Mas. Jenèz 37–41,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Joseph, moun Ejip la, nan prizon

Ilistrasyon Joseph, Moun Ejip la, nan prizon, pa Jeff Ward

7–13 Mas

Jenèz 37–41

“Senyè a te avèk Joseph”

Ki verite nan Jenèz 37–41 an timoun nan klas ou a bezwen pi byen konprann? Prete atansyon a enspirasyon w ap resevwa pandan w ap prepare pou w anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Bay timoun yo kèlke minit pou yo desine yon bagay yo te aprann apwopo levanjil la lakay yo oubyen nan legliz la. Mande yo pou yo pataje desen yo epi pale de yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 37

Mwen ka janti avèk fanmi m.

Frè Joseph yo te gen jalouzi kont li epi yo pa t trete l byen. Kijan w ka ede timoun yo konprann jan li enpòtan pou yo janti avèk lòt moun , sitou manm fanmi yo?

Aktivite posib

  • Pou w rakonte istwa Joseph ak frè l yo ki nan Jenèz 37la, ou ta gen dwa itilize foto ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ou “Joseph en Egypte” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman). Fè timoun yo ede w nan pataje detay yo konnen sou istwa a. Poze yo kesyon tankou: “Ki fason frè Joseph yo te mal aji avèk li?” Ede timoun yo panse a sa frè Joseph yo te ka fè pou yo te montre lanmou pou Joseph. Kisa nou ta dwe fè lè nou santi nou an kòlè kont manm fanmi nou?

  • Montre foto yon fanmi (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 112), oubyen envite timoun yo desine foto fanmi yo. Mande yo pou yo pataje fason yo ka janti avèk manm fanmi yo.

  • Chante yon kantik sou lanmou nan fanmi nou, tankou “Un foyer heureux” (Chants pour les enfants,104). Kisa nou ka fè pou fè fanmi nou kontan?

  • Fè timoun yo kolore paj aktivite semèn sa a epi, nan espas yo bay la, desine foto manm fanmi ki ap fè jantiyès.

Jenèz 37:18–28; 39:20–23

Bondye ka ede m lè move bagay rive.

Anpil move bagay te rive Joseph, men li te chwazi pou l te respekte kòmandman yo epi Senyè a te avèk li. Jèn timoun yo ka aprann nan bagay sa a ke Bondye vle ede yo pandan moman difisil yo nan lavi yo.

Aktivite posib

  • Dekri kèk bagay difisil ki te rive Joseph (gade nanJenèz 37:23–28; 39:20; ou “Joseph et ses rêves” ak “Joseph en Egypte,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman). Apre w fin di timoun yo chak difikilte Joseph te travèse, envite yo pou yo repete: “Senyè a te avèk Joseph” (Jenèz 39:2).

  • Pataje foto Sovè a ki t ap ede moun ki t ap travèse pwoblèm (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 40–43). Envite timoun yo pou yo di kijan Sovè a t ap ede moun yo. Pataje temwayaj ou ke Senyè a ka ede nou lè move bagay rive nou.

  • Chante ansanm yon kantik sou kijan Sovè a ap pran swen nou, tankou “Jésus est notre ami” (Chants pour les enfants,37). Pataje yon eksperyans kote w te santi lanmou Bondye pandan yon moman difisil. Montre yon foto Jezi, epi envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo konsènan Li.

Jenèz 41:15–36, 47–57

Bondye ka avèti m kont danje.

Bondye te ede Joseph konprann ke rèv Farawon yo se te yon avètisman pou l te prepare l pou move tan ki te gen pou vini alavni yo. Ede timoun yo konprann ke Bondye ka avèti yo kont danje, enkli danje espirityèl.

Imaj
Joseph nan prizon k ap entèprete rèv

Joseph ki ap entèprete rèv majòdòm nan ak boulanje a, pa François Gérard

Aktivite posib

  • Gaye foto manje nan tout sal la, epi envite timoun yo pou yo rasanble yo epi “sere” yo nan yon veso. Itilize aktivite sa a pou di timoun yo kijan Bondye te avèti Farawon pou l te prepare l pou yon moman kote pa ta pral gen manje (gade Jenèz 41:15–36, 47–57). Fè timoun yo desine foto bagay Farawon te reve yo epi apresa itilize foto yo pou anseye fanmi yo lakay yo.

  • Montre foto pwofèt aktyèl la. Pale timoun yo de ansèyman oswa avètisman Bondye ba nou atravè li. Eksplike ke n ap beni ak pwoteje si nou suiv pwofèt la. Envite timoun yo pou yo jwe senaryo sou sa yo ka fè pou yo suiv konsèy pwofèt la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 39:1–3, 20–23; 41:38

Si m fidèl, Bondye ap ede m pandan moman difisil yo.

Malgre Joseph te travèse anpil eprèv difisil, li te rete fidèl epi “Senyè a te avèk li” (Jenèz 39:3). Eksperyans li yo ka ede timoun yo gen konfyans ke Bondye ap ede yo pandan eprèv yo.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo chèche mo oubyen gwoup mo nan Jenèz 39:1–3, 20–23; 41:38 ki montre ke Bondye te avèk Joseph pandan moman difisil li yo. Si posib, envite timoun yo pou yo fè yon ti pannkat ki montre youn nan fraz yo jwenn yo. Ankouraje yo pou yo pote pannkat la lakay yo pou raple yo ke Senyè a ap avèk yo pandan eprèv yo.

  • Envite timoun yo pou yo di kisa yo panse gwoup mo “Senyè a te avèk Joseph” la vle di (Jenèz 39:2). Envite yo pataje eksperyans kote yo te santi Senyè a te avèk yo oubyen fanmi yo pandan yon moman difisil. Pataje menm kalite eksperyans la sou lavi w tou.

Jenèz 37:3-28.

M ka kontan lè bon bagay rive lòt moun.

Jalouzi te pouse frè Joseph yo fè chwa ki te terib. Move chwa yo te lakoz yo te fè Joseph mal epi yo te brize kè papa yo. Istwa sa a ka ede timoun yo chwazi pou yo kontan lè Senyè a beni lòt moun.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo repase Jenèz 37:3–11 epi desine manto Joseph la ak de rèv li yo. Kisa frè Joseph yo te santi pou li? Ki lòt fason yo te ka reyaji? Di poukisa li enpòtan pou nou kontan lè bon bagay rive lòt moun.

  • Mande timoun yo pou yo pataje sitiyasyon kote yon moun gen dwa santi l jalou de yon lòt moun. Chante ansanm yon kantik sou montre lanmou pou lòt moun, tankou “Aimez vos frères” (Chants pour les enfants, 174). Souliyen ke Pè Selès la ka ede nou ranplase santiman jalouzi yo avèk santiman lanmou.

Jenèz 39:7-12.

Avèk èd Senyè a, mwen ka kouri pou tantasyon.

Lè timoun w ap anseye yo fè fas a tantasyon nan lavi yo, yo ka jwenn fòs nan egzanp Joseph la ki te kouri pou tantasyon an.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Joseph ak madanm Potifa a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 11), epi pataje istwa ki nan Jenèz 39:7–12la. Kijan Joseph te reziste anba tantasyon? Ede timoun yo chèche pawòl nan Jenèz 39:7–12 ki reponn kesyon sa a—pa egzanp, Joseph te konnen ke si l te obeyi madanm Potifa a, se t ap yon “peche kont Bondye” (vèsè 9).

  • Envite timoun yo panse a sitiyasyon kote timoun laj yo gen dwa jwenn tantasyon pou yo fè move chwa. Mande yo pou yo jwe yon senaryo sou fason yo ta ka suiv egzanp Joseph la nan sitiyasyon sa yo—pa egzanp, ki fason nou ka sonje Bondye lè nou jwenn tantasyon?

  • Montre de leman, ki reprezante Bondye avèk Satan, ak yon ti objè metalik tankou yon klips, ki reprezante nou. Itilize leman yo pou ilistre ke pi plis nou pre Bondye, se pi plis enfliyans Li sou nou ap fò, e se menm bagay la tou si nou pi pre Satan. Kisa nou ka fè pou nou rete pwòch Sovè a? Kijan Sentespri a ka ede nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje fason yo ka konplete fraz sa a: “M ka tankou Joseph .” Mande yo pou yo pataje avèk fanmi yo kijan yo te konplete fraz la.

Amelyore Ansèyman nou

Envite pataj. Pandan w ap diskite sou prensip levanjil la, mande timoun yo pou yo pataje panse yo, santiman yo, ak eksperyans yo. W ap wè ke yo gen anpil ide ki siyifikatif.

Enprime