Ansyen Testaman 2022
14–20 Mas. Jenèz 42–50: “Bondye Te Chanje L an Byen”


“14–20 Mas. Jenèz 42–50: “Bondye Te Chanje L an Byen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Mas. Jenèz 42–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jozèf, Moun Ejip la

Ilistrasyon sou Joseph, Moun Ejip la, pa Robert T. Barrett

14–20 Mas.

Jenèz 42–50

“Bondye Te Chanje L an Byen”

Li enpòtan pou w konnen ekriti w ap anseye yo, men li enpòtan tou pou w konnen timoun w ap anseye yo. Pran tan pou w medite ak priye sou de bagay sa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Paske istwa ki nan Jenèz 42–50 lan se yon kontinyasyon istwa ki nan leson semèn pase a, nan Jenèz 37–41, pran tan nan kòmansman klas la pou w kite timoun yo pataje sa yo sonje osijè Joseph, enkli sa yo te aprann nan Primè a ak lakay yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 45:4–15

M ka montre lanmou pou fanmi m.

Pou timoun ki pi piti yo, ou ka petèt vle mete aksan sou pati nan istwa sa a kote Joseph te montre lanmou pou fanmi l lan.

Aktivite posib

  • Itilize “Joseph et sa famille” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an) oswa foto nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, rakonte timoun yo istwa reyinyon Joseph avèk frè l yo. Di yo kijan Joseph te montre lanmou pou frè l yo.

  • Li gwoup mo ki nan Jenèz 45:4–15 ki dekri sa Joseph te fè pou l te montre ke l te renmen fanmi li. Envite timoun yo pou yo pretann ke y ap fè sa vèsè yo dekri a. Pa egzanp, yo ta ka pretann ke y ap mande yon manm fanmi pou l “vin pi pre” (vèsè 4) oubyen pou l bay yon manm fanmi manje (gade nan vèsè 11).

  • Chante ansanm yon kantik sou lanmou, tankou “Aimez vos frères” (Chants pour les enfants,74). Ede timoun yo desine yon kontou men yo epi ekri andedan li yon bagay yo ka fè pou montre lanmou pou fanmi yo.

Jenèz 48:8-9.

Benediksyon Prètriz yo ede mwen.

Jakòb te beni pitit gason l yo ak pitit pitit gason l yo (gade nan Jenèz 48–49). Jodi a nou ka resevwa benediksyon prètriz ki ba nou rekonfò, gerizon, konsèy, ak fòs espirityèl.

Imaj
yon tigason ki ap resevwa benediksyon

Nou ka resevwa benediksyon nan men moun ki gen prètriz la.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon foto Jakòb ki ap beni pitit gason l yo oubyen lòt foto sou benediksyon prètriz (gade foto yo nan plan leson sa a; gade tou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 12). Fè timoun yo dekri sa k ap pase nan foto yo.

  • Li pou yo Jenèz 48:8–9. Eksplike ke Izrayèl, ki te rele Jakòb tou, se te papa Joseph epi li te vle bay pitit Joseph yo yon benediksyon prètriz. Si genyen nan timoun ki te resevwa yon benediksyon prètriz, envite yo pou yo pale de eksperyans lan. Oubyen pataje yon eksperyans pa w.

  • Ede timoun yo panse a rezon ki ta kapab fè yo mande yon benediksyon prètriz. Epi tou ede yo site non kèk detantè prètriz yo ta ka mande sa, tankou yon papa, yon granpapa, oubyen yon frè sèvis pastoral.

Jenèz 50:15-21.

M ka padone.

Kisa timoun yo ka aprann sou padon nan egzanp Joseph ki ap padone frè l yo?

Aktivite posib

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo sonje kijan frè Joseph yo pa t janti avèk li. Li pou timoun yo Jenèz 50:17, pandan w ap montre ke frè yo te dezole pou sa yo te fè a epi yo te vle pou Joseph padone yo. Li vèsè 21 an pou montre ke Joseph te padone frè l yo—li pa t fache avèk yo ankò.

  • Chante ansanm “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants,52). Lè w chante sou padon, envite timoun yo pou yo lonje dwèt sou Joseph nan paj aktivite a. Lè w chante sou repantans, envite yo pou yo lonje dwèt sou frè Joseph yo.

  • Ede yo panse a kèk sitiyasyon kote yo ta ka bezwen padone yon moun. Envite timoun yo pou yo fè pratik sou sa yo ta kapab di oubyen fè pou montre yo padone moun sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 42–44; 45:1–15

Padon pote lapè.

Frè Joseph yo te fè l bagay terib. Men, Joseph te padone yo e sa te pote lapè nan fanmi l.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo jwe senaryo sou sèn ki nan Jenèz 42–44yo. Pandan y ap fè sa a, mande yo kijan yo panse Joseph te santi li lè l te wè frè l yo ankò oubyen kijan frè yo dwe te santi yo lè yo te finalman rekonèt Joseph.

  • Mande timoun yo kisa padone yon moun vle di. Ede yo konprann ke padone yon moun enkli trete l avèk amou kretyen. Mande yo kisa yo konnen sou istwa Joseph ki padone frè l yo, oubyen li avèk yo kèk vèsè nan Jenèz 45:1–15. Kisa Joseph te fè oubyen te di pou l te fè frè l yo konnen ke l te padone yo? Kisa nou ka fè oubyen di lè lòt moun mande nou pou nou padone yo?

  • Mande timoun yo pou yo panse a yon lè kote yo te padone yon moun oubyen yon lèkote yon moun te padone yo. Pou ba yo tan pou yo panse, pataje yon eksperyans pa w, epi rann temwayaj sou benediksyon ki soti nan repantans yo. Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans yo, si yo ta renmen fè sa. Kijan yo te santi yo? Kisa nou aprann osijè padon nan egzanp Sovè a? (gade nan Lik 23:33–34).

Jenèz 45:5–11

Pè Selès la te voye Jezikri pou sove mwen.

Istwa Joseph ki ap sove fanmi l anba grangou a ka anseye nou osijè Jezikri, ki sove nou anba peche ak lanmò.

Aktivite posib

Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:27–33 (nan apendiks Bib la).

Papa nou ki nan Syèl la te prepare Joseph pou l te vin yon pwofèt nan epòk nou an.

Plizyè milye ane alavans, Joseph, nan Ejip te wè Senyè a ta pral aple Joseph Smith pou l te fè yon gwo travay nan dènye jou yo. Anseye timoun yo kijan Senyè a beni nou atravè Pwofèt Joseph Smith.

Aktivite posib

  • Bay timoun yo kèk endis konsènan Joseph Smith, epi envite yo pou yo devine kiyès w ap dekri a. Itilize kèk endis nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:27–33 (nan apendiks Bib la), tankou “li te anseye nou sou alyans” (gade vèsè 28), “li te ba nou pawòl Senyè a” (gade vèsè 30), epi “li te gen menm non ak papa li” (gade vèsè 33). Lè timoun yo fin devine kòrèkteman, envite yo pou yo chèche endis sa yo nan vèsè yo. Ki lòt bagay nou aprann osijè Joseph Smith nan pwofesi Joseph nan Ejip la?

  • Montre timoun yo foto ki reprezante kèk bagay enpòtan Joseph Smith te fè oubyen l te anseye (gade, pa egzanp, nanLiv Ilistrasyon Levanjil la, no. 89–95, 97, 98, 117, 118). Ede timoun yo panse a benediksyon nou genyen gras a Joseph Smith. Pa egzanp, kijan travay li a ede nou vin pi pwòch Jezikri?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje paj aktivite semèn sa a avèk fanmi yo. Yo ka itilize l pou yo repase istwa Joseph ak frè l yo epi pou yo diskite sou enpòtans lanmou ak padon nan fanmi nou.

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj konsènan Jezikri. Menm si Ansyen Testaman an pa mansyone non Jezikri, li fè referans a Li sou lòt non, epi li rann temwayaj sou Li atravè senbòl ak istwa. Ede timoun yo aprann chèche verite osijè Sovè a chak fwa y ap li ekriti yo.