Scripture Stories
Jozèf ak Grangou a


“Jozèf ak Grangou a,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Jozèf ak Grangou a,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 42–46

Jozèf ak Grangou a

Chans yon frè pou ini fanmi li

Imaj
Jakòb k ap voye pitit gason l yo an Ejip

Fanmi Jakòb te nan grangou akoz yon rate manje. Konsa Jakòb te voye pitit gason l yo nan Ejip pou yo t al achte manje. Li te kite pi piti pitit gason l la, Benjamen, lakay. Li te pè pèdi Benjamen jan l te pèdi pitit gason l Jozèf la, plizyè ane anvan sa. Li pa t konnen ke pi gran pitit gason l yo te vann Jozèf kòm esklav.

Jenèz 42:1–4

Imaj
frè yo k ap mande Jozèf manje

Rive lè sa a, Jozèf sete yon gran chèf nan Ejip. Li te responsab pou vann manje pandan grangou a. Frè yo te rankontre avèk Jozèf epi yo te mande l manje. Yo pa t rekonèt li.

Jenèz 42:5–8

Imaj
Jozèf k ap pale

Jozèf te rekonèt yo, men li te fè tankou l pa t konnen yo. Li te mande yo nouvèl fanmi yo pou l te wè si papa li ak tifrè l la, Benjamen, te vivan.

Jenèz 42:10–14

Imaj
frè yo k aprale avèk manje

Apresa Jozèf te bay frè l yo manje. Li te di yo pou yo pa t tounen pou plis manje san yo pa t mennen pi jèn frè yo a, Benjamen, avèk yo.

Jenèz 42:15–20

Imaj
frè yo k ap retounen nan Ejip

Lè manje nan fanmi an te fini ankò, Jakòb te konnen li te dwe voye Benjamen avèk lòt pitit gason l yo tounen Ejip. Jakòb te toujou enkyete konsènan kite Benjamen ale. Men Jida, youn nan frè yo, te pwomèt li t ap asire sekirite Benjamen.

Jenèz 43:1–15

Imaj
Jozèf k ap akize frè l yo kòm vòlè kèp an ajan an

Lè frè yo te retounen nan Ejip, Jozèf te fè bagay yo sanble tankou Benjamen te vòlè yon kèp an jan. Li te vle wè si pi gran frè l yo te chanje. Jida te sipliye Jozèf pou l pa t pini Benjamen men okontrè pou l te pini limenm olyesa.

Jenèz 44

Imaj
Jozèf k ap montre kimoun li ye

Jozèf te kontan wè ke frè l yo te chanje. Yo te renmen Benjamen ase pou te pwoteje l. Konsa, finalman, Jozèf te di yo kimoun li te ye.

Jenèz 42:21–24; 45:1–4

Imaj
Jozèf k ap bay frè l yo akolad

Jozèf te padone frè l yo ki te vann ni kòm esklav la. Jozèf te di sete fason Senyè a pou te ede fanmi yo siviv anba epòk grangou a.

Jenèz 45:5–8

Imaj
frè yo k ap kouri al jwenn Jakòb

Frè Jozèf yo te retounen al jwenn papa yo, Jakòb, epi yo te di l tout sa ki te pase. Jakòb te deplase tout fanmi li ale nan Ejip.

Jenèz 45:24–28; 46:1–26

Imaj
Jozèf ak Jakòb nan Ejip, Farawon ap gade

Farawon te akeyi fanmi Jakòb. Li te ba yo tè ak bèt konsa pou yo te ka gen anpil manje. Fanmi Jakòb te viv nan lapè pandan anpil tan.

Jenèz 45:16–23

Enprime